Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon bèl kalite ki gen plis valè pase dyaman

Yon bèl kalite ki gen plis valè pase dyaman

Dyaman se yon pyè ki gen anpil valè nan je moun. Gen kèk pyès dyaman ki vo plizyè milyon dola. Men, èske gen yon bagay nan je Bondye ki gen plis valè lontan pase dyaman ak lòt kalite pyè presye?

Haykanush, yon pwoklamatris ki poko batize k ap viv nan peyi Ameni, te jwenn yon paspò toupre lakay li. Te gen kèk kat kredi anndan paspò a ak yon bon valè lajan. Li te fè mari l, ki te yon pwoklamatè ki potko batize tou, konnen sa l te jwenn.

Mesyedam yo te gen anpil pwoblèm ekonomik e yo te gen dèt. Men, yo te deside pote lajan an al nan adrès ki te nan paspò a. Mesye ki te pèdi dokiman yo te sezi anpil, e moun lakay li te sezi tou. Haykanush ak mari l te esplike yo se grasa sa yo te aprann nan Bib la ki fè yo onèt. Epi yo te pwofite okazyon an pou yo pale de Temwen Jewova yo e pou yo bay fanmi an kèk peryodik.

Fanmi an te vle bay Haykanush yon ti kòb pou yo rekonpanse l, men li pa t vle pran lajan an. Nan demen, pou madanm mesye a te montre rekonesans li, li t al lakay Haykanush ak mari l e l te ensiste pou Haykanush aksepte yon bag dyaman.

Menm jan ak fanmi sa a, anpil moun te ka sezi wè jan Haykanush ak mari l se moun ki onèt. Men, èske Jewova te sezi wè sa? Ki jan l te konsidere fason yo te montre yo onèt la? Èske sa te vo lapenn pou yo onèt?

YON SERI KALITE KI GEN PLIS VALÈ PASE BYEN MATERYÈL

Li pa difisil pou yon moun jwenn repons kesyon sa yo. Sa k fè n di sa? Paske sèvitè Bondye yo konnen lè yon moun imite kalite Jewova yo, sa pi enpòtan pase dyaman, lò, oswa nenpòt lòt bagay la. Wi, sa Jewova wè ki gen valè se pa sa pifò moun bay valè (Ezayi 55:8, 9). Mete sou sa, pou sèvitè l yo, efò y ap fè pou yo imite kalite Jewova yo gen anpil valè.

Nou ka wè sa lè n egzamine sa Bib la di konsènan bon konprann ak sajès. Men sa Pwovèb 3:13-15 di: “Byennere moun ki jwenn sajès ak moun ki vin gen bon konprann. Li pi bon pou yon moun gen sajès olye l gen ajan e li pi bon pou yon moun genyen l kòm byen olye l gen lò. Li gen plis valè pase koray. Pa gen anyen ou anvi genyen ki tankou l.” Li klè, pou Jewova, kalite sa yo gen plis valè pase nenpòt trezò materyèl.

Bon, ki sa n ka di konsènan onètete?

Jewova li menm se yon moun ki onèt. Li “pa ka bay manti”. (Tit 1:2.) Epi, men sa l te pouse apot Pòl ekri kretyen Ebre yo nan premye syèk la: “Kontinye priye pou nou, paske nou gen konviksyon konsyans nou klè, piske nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

Jezi Kris te kite yon bèl egzanp antanke yon moun ki onèt. Pa egzanp, lè Kayif, gran prèt la, te di Jezi: “M ap mande w pou w sèmante devan Bondye vivan an pou w di nou si se ou menm ki Kris la, Pitit Bondye a!” Jezi te onèt e l te fè konnen se li ki Mesi a. Li te di laverite byenke l te konnen Sanedren an t apral di li blasfeme e sa te ka lakòz yo touye l. — Matye 26:63-67.

E nou menm? Si nou nan yon sitiyasyon kote nou ka jwenn kèk avantaj ekonomik si n pa di yon moun tout laverite oubyen si n chanje kèk enfòmasyon, èske n ap toujou onèt?

SA K FÈ L DIFISIL POU YON MOUN ONÈT

Nan dènye jou sa yo, li ka difisil pou yon moun onèt paske moun yo ap vin “renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan”. (2 Timote 3:2.) Lè gen kriz ekonomik oswa lè l difisil pou moun jwenn travay, gen anpil moun ki pa gen pwoblèm pou yo vòlè, fè magwouy oswa lòt bagay malonèt. Etadespri sa a tèlman fin gaye, gen anpil moun ki panse sèl fason pou yon moun jwenn sa l bezwen jounen jodi a se lè l pa onèt. Menm kèk kretyen rive pran move desizyon e yo pèdi bon repitasyon yo nan kongregasyon an nan “chèche jwenn avantaj nan move kondisyon”. — 1 Timote 3:8; Tit 1:7.

Sepandan, pifò kretyen imite Jezi. Yo rann yo kont lè yo chèche gen kalite Bondye gen lakay li, sa pi enpòtan pase nenpòt richès oswa avantaj yon moun ka jwenn. Se sa k fè jèn kretyen yo pa pran poul pou yo ka gen pi gwo nòt nan lekòl yo (Pwovèb 20:23). Lè yon moun onèt, li pap toujou jwenn yon rekonpans menm jan ak Haykanush. Epoutan, sa Bondye vle se pou n onèt e sa pèmèt nou gen yon konsyans ki klè, yon bagay ki vrèman gen anpil valè.

Gagik se yon egzanp ki montre sa. Men sa l di: “Anvan m te vin kretyen, mwen t ap travay pou yon gwo konpayi e mèt konpayi a te rapòte sèlman yon pati nan benefis li paske l pa t vle peye taks. Antanke manadjè konpayi a, mwen te dwe jwenn yon ‘akò’ ak ajan enpo a pou l fèmen je l sou magwouy ki t ap fèt yo. Kòm rezilta, mwen te vin gen repitasyon yon moun ki malonèt. Lè m te vin aprann laverite, mwen te refize kontinye aji konsa, menm lè travay la te byen peye. Se konsa, mwen te vin ouvri pwòp biznis mwen. E depi premye jou a, mwen te anrejistre legalman tout sa k rantre nan konpayi m nan e m peye tout taks mwen.” — 2 Korentyen 8:21.

Men sa Gagik fè konnen: “Mwen te vin ap rantre mwatye sa m te konn touche, se sa k fè l te difisil pou m pran swen fanmi m. Sepandan, mwen pi kontan kounye a. Konsyans mwen klè devan Jewova. Mwen se yon bon egzanp pou de pitit gason m yo, e m vin kalifye pou m gen privilèj nan kongregasyon an. Ajan ki vin touche enpo nan men m yo ak moun m ap fè biznis avèk yo konnen m kòm yon moun ki onèt.”

JEWOVA EDE NOU

Jewova renmen moun ki fè louwanj pou li lè yo imite bèl kalite l yo tankou onètete (Tit 2:10). Epi lè nou fè sa, li pwomèt l ap ede nou. Men sa l te pouse wa David di: “Mwen te jèn yon lè, e kounye a mwen vin granmoun, men, mwen pa janm wè Bondye abandone yon moun ki jis, ni mwen pa janm wè pitit li ap mande charite.” — Sòm 37:25.

Lavi Rit, yon dam ki te fidèl, montre sa tou. Avèk fidelite, li te deside rete ansanm ak bèlmè l, Nawomi, olye l te abandone l paske l fin granmoun. Rit t al viv ann Izrayèl, kote l te kapab adore vrè Dye a (Rit 1:16, 17). Li te yon moun ki te onèt e l te travay di pou l ranmase sa travayè yo t ap kite dèyè yo, selon dispozisyon ki nan te Lalwa pou moun ki pòv yo. E menm jan David te di sa a, Jewova pa t janm abandone Rit ak Nawomi (Rit 2:2-18). Li pa t sèlman bay Rit sa l bezwen pou l viv. Li te chwazi l pou l fè pati liy fanmi wa David e menm liy fanmi Mesi Bondye te pwomèt la! — Rit 4:13-17; Matye 1:5, 16.

Li ka difisil anpil pou kèk sèvitè Jewova rive jwenn ase lajan pou yo achte sa yo bezwen pou yo viv. Sepandan, olye yo chèche yon mwayen ki pi rapid e ki malonèt, yo pito travay di e yo fè tout sa yo kapab. Lè yo fè sa, yo montre bèl kalite Bondye yo, tankou onètete, pi enpòtan pase nenpòt byen materyèl. — Pwovèb 12:24; Efezyen 4:28.

Menm jan ak Rit, kretyen yo toupatou nan monn nan gen konfyans Jewova ap ede yo. Yo met tout konfyans yo nan Sila a ki te fè pwomès ki vin apre a: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” (Ebre 13:5). Se pa ni de ni twa fwa Jewova pwouve li kapab ede moun ki onèt e l ap fè sa toutan. Li toujou kenbe pwomès li fè pou l bay sèvitè l yo sa yo bezwen pou yo viv. — Matye 6:33.

Se vre, lèzòm kapab bay dyaman ak lòt byen materyèl anpil valè. Men, nou mèt gen asirans Papa nou ki nan syèl la bay moun ki onèt e ki gen lòt bèl kalite ankò anpil valè e kalite sa yo gen pi plis valè pase nenpòt pyè presye!

Lè nou onèt, konsyans nou ap klè e n ap alèz pou n pale ak moun yo nan travay predikasyon an.