Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pinga w kite erè lòt moun fè w bite

Pinga w kite erè lòt moun fè w bite

“Se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou.” — KOLOSYEN 3:13.

KANTIK: 121, 75

1, 2. Ki jan Bib la te anonse akwasman nou wè nan pèp Jewova a?

TOUPATOU sou tè a, gen yon òganizasyon ki gen moun ki renmen Jewova ladan l e ki vle sèvi l. Moun sa yo se Temwen Jewova yo. Byenke yo se moun ki gen kèk defo e ki konn fè erè, Jewova sèvi ak lespri sen l pou l dirije pèp li a. Ann wè kèk fason li beni yo.

2 An 1914, te gen yon tikras moun ki t ap adore Jewova. Men, Jewova te beni travay predikasyon an. Kòm rezilta, plizyè milyon moun te vin aprann verite ki nan Bib la e yo te vin Temwen li. Men ki jan Jewova dekri kokennchenn akwasman sa a: “Sa ki pa anpil la ap tounen 1 000 e sa ki toupiti a ap tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Jewova, m ap akselere travay sa a nan lè l gen pou l fèt la.” (Ezayi 60:22). Jodi a, nou ka wè byen klè pwofesi sa a ap reyalize. Pèp Jewova a tankou yon gwo nasyon. An reyalite, gen anpil nasyon sou tè a ki gen mwens moun ladan yo pase kantite moun ki nan pèp Jewova a.

3. Ki jan sèvitè Bondye yo demontre lanmou?

3 Pandan dènye jou yo, Jewova ede moun nan pèp li a vin gen plis lanmou youn pou lòt. Piske “Bondye se lanmou”, yo imite l (1 Jan 4:8). Jezi te bay disip li yo lòd pou “youn renmen lòt”. Mete sou sa, li te di yo: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:34, 35). Nan epòk nou an, Temwen Jewova yo demontre menm kalite lanmou sa a youn pou lòt menm lè nasyon yo ap fè lagè. Pa egzanp, gen anviwon 55 milyon moun ki te pèdi lavi yo pandan dezyèm gè mondyal la. Men, pèp Jewova a pa t touye pèsonn nan gè sa a. (Li Miche 4:1, 3.) Se sa k fè yo “pa responsab san pèsonn”. — Travay 20:26.

4. Sa k fè se yon bagay estrawòdinè dèske pèp Jewova a ap vin pi plis jodi a?

4 Pèp Bondye a kontinye vin pi plis malgre yo gen yon ènmi ki pisan anpil, anpalan de Satan. Satan se “dye sistèm sa a”. (2 Korentyen 4:4.) Li gen kontwòl òganizasyon politik ki nan monn nan, ansanm ak mwayen kominikasyon yo, e li sèvi avèk yo pou l eseye kanpe travay predikasyon bon nouvèl la. Men, li pa ka kanpe travay sa a. Sepandan, Satan konnen li rete yon tikras tan, se sa k fè li kontinye ap eseye anpeche nou adore Jewova. — Revelasyon 12:12.

ÈSKE W AP RET FIDÈL MENMSI LÒT MOUN FÈ ERÈ?

5. Sa k fè pafwa lòt moun konn blese santiman nou? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

5 Sèvitè Bondye yo vin aprann li enpòtan anpil pou yo renmen Bondye e pou yo renmen lòt moun. Men sa Jezi te di: “‘Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.’ Sa a se pi gwo kòmandman an, e se premye a. Men dezyèm nan, ki menm jan avè l: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’” (Matye 22:35-39). Sepandan, Bib la montre tout moun fèt tou enpafè akoz peche Adan te fè a. (Li Women 5:12, 19.) Se sa k fè, pafwa, gen kèk moun nan kongregasyon an ki kapab di oswa fè yon bagay ki fè nou mal. Lè sa rive, ki sa w ap fè? Èske lanmou nou pou Jewova ap rete djanm? Èske n ap ret fidèl avè l e ak pèp li a? Bib la pale de kèk bagay sèvitè Bondye yo te di oswa fè ki te ofanse lòt moun. Ann wè ki sa n ka aprann nan sa k te rive moun sa yo.

Si w t ap viv nan epòk Eli ak pitit gason l yo, ki jan w t ap reyaji? (Gade paragraf 6.)

6. Nan ki sans Eli pa t rive disipline pitit gason l yo?

6 Pa egzanp, Eli te gran prèt ann Izrayèl, men de pitit gason l yo te dezobeyi lwa Jewova yo. Men sa Bib la di: “Pitit gason Eli yo t ap fè sa ki mal. Yo pa t gen okenn respè pou Jewova.” (1 Samyèl 2:12). Eli te konnen pitit gason l yo t ap fè bagay ki mal anpil. Malgre sa, li pa t ba yo ase disiplin. Avèk letan, Jewova te pini Eli ak de pitit gason l yo. Epi annapre, li pa t pèmèt desandan Eli yo kontinye sèvi kòm gran prèt (1 Samyèl 3:10-14). Si w t ap viv nan epòk Eli a e w te konnen jan l te kite pitit gason l yo fè yon seri move bagay, èske w t ap kite sa fè w bite? Èske w t ap kite sitiyasyon sa a febli lafwa w nan Jewova, epi fè w sispann sèvi l?

7. Ki peche grav David te fè, e ki sa Bondye te fè nan ka sa a?

7 David te gen anpil bèl kalite, se sa k fè Jewova te renmen l anpil (1 Samyèl 13:13, 14; Travay 13:22). Men, menm David te fè yon bagay ki grav anpil. Pandan Ouri t al nan lagè, David te vin gen relasyon seksyèl ak Batcheba, madanm Ouri a, e madanm nan te vin ansent. David pa t vle pèsonn konn sa l te fè a. Se sa k fè li te bay Ouri lòd pou l vin kote l, epi l te eseye konvenk Ouri pou Ouri al lakay li. David te espere Ouri t ap gen relasyon ak Batcheba, konsa moun t ap panse se Ouri ki papa pitit la. Men, Ouri pa t al lakay li. Se sa k fè David te fè touye Ouri nan batay la. David ak fanmi l te soufri anpil akoz peche grav li te fè yo (2 Samyèl 12:9-12). Aktout sa, Jewova te gen mizèrikòd e l te padone l. Li te konnen David te vle fè sa ki byen (1 Wa 9:4). Si w t ap viv nan epòk David la, ki sa w t ap panse de konduit David? Èske w t ap sispann sèvi Jewova?

8. a) Ki sa k fè apot Pyè pa t rive kenbe pawòl li? b) Apre erè Pyè te fin fè a, poukisa Jewova te kontinye sèvi avè l?

8 Ann egzamine egzanp apot Pyè. Se Jezi ki te chwazi l kòm apot. Malgre sa, pafwa Pyè te di oswa fè kèk bagay ki pa t kòrèk. Pa egzanp, Pyè te di li pa t ap janm abandone Jezi menmsi lòt moun ta fè sa (Mak 14:27-31, 50). Men lè yo te fin arete Jezi, tout apot yo, san wete Pyè te abandone l. Apre sa, nan twa okazyon diferan, Pyè te di li pa rekonèt Jezi (Mak 14:53, 54, 66-72). Sepandan, Pyè te vin tris anpil pou sa l te fè a. Se sa k fè Jewova te padone l e l te kontinye sèvi avè l. Si w te yon disip nan epòk la e w te konn sa Pyè te fè a, èske w t ap kontinye fè Jewova konfyans?

Nou mèt gen yon konfyans total Jewova ap toujou fè sa ki dwat ak sa ki jis.

9. Poukisa w gen konfyans Bondye toujou fè sa ki jis?

9 Egzanp sa yo montre nou byen klè gen kèk sèvitè Jewova ki te fè anpil move aksyon e ki te fè lòt moun mal anpil. Lè sa rive jodi a, ki sa w ap fè? Èske w ap sispann ale nan reyinyon yo oubyen w ap annik abandone Jewova ak pèp li a nèt? Oubyen, èske w ap rann ou kont Jewova gen mizèrikòd e l kapab ret tann yon moun repanti? Men, sa konn rive kote yon moun koupab akoz peche grav li fè e moun nan pa regrèt ditou sa l te fè yo. Èske w ap gen konfyans Jewova konn sa e l ap regle sa nan moman li dwe regle sa? Li ka menm retire moun sa a nan kongregasyon an si sa nesesè. Èske w gen konfyans Jewova ap toujou fè sa ki dwat ak sa ki jis?

RETE FIDÈL

10. Ki sa Jezi te konprann konsènan erè Jida Iskaryòt ak Pyè te fè yo?

10 Nan Bib la, nou li istwa anpil moun ki te ret fidèl ak Jewova ansanm ak pèp li a malgre lòt moun bò kote yo t ap fè peche ki grav. Jezi se pi bon egzanp nan domèn sa a. Apre l te fin pase yon nuit ap priye pou l mande Papa l èd, li te chwazi 12 apot yo. Men, gen youn ladan yo ki te vin trayi l annapre, anpalan de Jida Iskaryòt. Mete sou sa, apot Pyè te nye Jezi (Lik 6:12-16; 22:2-6, 31, 32). Lè kèk nan apot Jezi yo te fè l lapenn, Jezi pa t vin fache ak Jewova oubyen ak rès disip li yo. Okontrè, Jezi te ret pwòch ak Papa l e l te kontinye sèvi l fidèlman. Kòm rezilta, Jewova te rekonpanse l lè l te resisite l, epi annapre, li te mete l Wa nan Wayòm syèl la. — Matye 28:7, 18-20.

11. Ki sa Bib la te anonse konsènan sèvitè Jewova yo pou epòk nou an?

11 Egzanp Jezi montre nou enpòtans pou n fidèl ak Jewova e ak pèp li a. E n gen bonjan rezon pou n fè sa. Nou kapab wè jan Jewova ap dirije sèvitè l yo nan tan lafen an. L ap ede yo preche laverite sou tout tè a, e se sèl yo menm k ap fè travay sa a. Epitou, yo gen tèt ansanm e yo kontan pou tout sa Jewova ap anseye yo. Men ki jan Jewova esplike sa: “Gade! Sèvitè m yo ap rele tèlman y ap kontan, paske kè yo bon.” — Ezayi 65:14.

Li pa t ap saj e l pa t ap jis pou n ta kite Jewova ak pèp li a, sèlman paske yon moun fè yon erè.

12. Ki jan n dwe konsidere erè lòt moun fè?

12 Nou vrèman kontan dèske Jewova ap gide nou e l ap ede n fè anpil bon bagay. Yon lòt bò, moun yo nan monn Satan an pa gen kè kontan e yo pa gen okenn espwa pou lavni. Li pa t ap saj e l pa t ap jis ditou pou n ta kite Jewova ak pèp li a sèlman paske yon moun nan kongregasyon an di oswa l fè yon bagay ki pa kòrèk. Okontrè, nou dwe ret fidèl ak Jewova, epi suiv enstriksyon li bay. Anplis de sa, nou bezwen aprann ki jan pou n konsidere erè lòt moun fè ak fason pou n reyaji lè yon moun fè yon erè.

KI JAN W DWE REYAJI?

13, 14. a) Poukisa n dwe gen pasyans youn ak lòt? b) Ki pwomès nou bezwen toujou sonje?

13 Ki sa w dwe fè si youn nan frè w yo di oswa l fè yon bagay ki blese santiman w? Men sa Bib la di: “Pa kouri fache, paske se moun ki sòt ki plede fache.” (Eklezyas 7:9). Nou tout enpafè e nou fè erè. Se sa k fè nou pa kapab atann pou frè ak sè n yo toujou di oubyen fè sa ki dwat. Epi, li pa t ap bon pou nou si n ta toujou ap reflechi ak erè yo fè. Si n ta fè sa, nou t ap pèdi jwa nou nan sèvis Jewova a. Sa k pi mal la, lafwa n t ap vin fèb e n t ap kite òganizasyon Jewova a. Konsa, nou t ap sispann sèvi Jewova e nou pa t ap gen espwa viv nan monn nouvo li pwomèt la.

14 Kidonk, ki sa k kapab ede w kenbe jwa w nan sèvis Jewova a menm lè lòt moun aji yon fason ki deranje w? Toujou sonje pwomès ankourajan Bondye fè nou an: “Gade! m ap kreye yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo, e yo pap gen bagay konsa nan kè yo.” (Ezayi 65:17; 2 Pyè 3:13). Jewova ap ba w benediksyon sa yo si w ret fidèl avè l.

15. Ki sa Jezi te di nou dwe fè lè lòt moun fè erè?

15 Byennantandi, nou poko nan monn nouvo a. Se sa k fè si yon moun blese santiman nou, nou bezwen medite sou sa Jewova vle n fè. Pa egzanp, men sa Jezi te di: “Si nou padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. Men, si nou pa padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou pap padone nou tou lè nou peche.” E lè Pyè te mande Jezi si l ta dwe padone “jiska sèt fwa”, Jezi te di l: “M ap di w sa, se pa jiska sèt fwa, men, jiska 77 fwa.” Jezi anseye nou nou dwe toujou dispoze padone lòt moun. — Matye 6:14, 15; 18:21, 22.

16. Ki bèl egzanp Jozèf kite pou nou?

16 Egzanp Jozèf la montre n fason n dwe reyaji lè lòt moun ofanse nou. Se sèl Jozèf ak ti frè l la Jakòb te genyen ak Rachèl. Jakòb te gen dis lòt pitit gason, men l te renmen Jozèf plis pase yo tout. Sa te fè yo jalou Jozèf anpil. An reyalite, yo te tèlman rayi Jozèf, yo te vann li kòm esklav e yo te mennen Jozèf ann Ejip. Apre anpil ane, wa Ejip la te fè Jozèf vin dezyèm moun ki gen plis pouvwa nan peyi a paske l te sezi wè tout bèl travay Jozèf t ap fè. Annapre, frè Jozèf yo t al achte manje ann Ejip paske te gen yon gwo grangou. Lè yo wè Jozèf, yo pa t rekonèt li, men li menm, li te rekonèt yo. Malgre yo te mal aji avè l, li pa t pini yo. Olye de sa, li te teste yo pou l wè si yo chanje toutbon. Lè Jozèf te wè yo te chanje, li te fè yo rekonèt li. Annapre, li te konsole yo, epi l te di yo: “Nou pa bezwen pè. M ap kontinye bay ni nou menm ni timoun piti nou yo manje.” — Jenèz 50:21.

17. Ki sa w ap fè lè lòt moun fè erè?

17 Sonje tout moun konn fè erè, e ou menm tou ou kapab ofanse lòt moun. Se sa k fè, si w rann ou kont ou ofanse yon moun, suiv konsèy Bib la bay pou w rezoud pwoblèm nan. Mande moun nan pou l padone w, epi eseye fè lapè avè l. (Li Matye 5:23, 24.) Nou renmen lè lòt moun padone nou. Se sa k fè nou dwe fè menm bagay la pou yo tou. Men sa Kolosyen 3:13 di nou: “Se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” Si n vrèman renmen frè ak sè n yo, nou pap ret fache ak yo poutèt yon bagay yo te fè depi lontan (1 Korentyen 13:5). Epi, si n padone lòt moun, Jewova ap padone nou tou. Kidonk, lè lòt moun fè erè, se pou nou fè yo mizèrikòd menm jan Jewova, Papa nou, fè nou mizèrikòd. — Li Sòm 103:12-14.