Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rekonèt se Jewova ki Atizan k ap ban nou fòm nan

Rekonèt se Jewova ki Atizan k ap ban nou fòm nan

“O Jewova, [...] ou se Atizan ki ban nou fòm nan, nou tout se travay ou fè ak men w.” — EZAYI 64:8.

KANTIK: 89, 26

1. Ki sa k fè n ka di se Jewova ki pi gwo Atizan an?

NAN mwa novanm 2010, nan peyi Angletè, yo te fè yon vant ozanchè pou yon veso chinwa ki fèt ann ajil e yo te ofri prèske 70 milyon dola ameriken pou veso a. Sa vrèman bèl pou n wè kòman yon atizan ka sèvi ak yon senp ajil ki pa koute anpil lajan pou l fè yon bèl veso ki koute chè konsa. Jewova, Atizan k ap ban nou fòm nan, pi gran lontan pase nenpòt lòt atizan. Bib la fè konnen Jewova te sèvi ak “pousyè ki sot nan tè a”, tankou ajil, pou l te fè yon moun ki pafè (Jenèz 2:7). Moun sa a, anpalan de Adan, se te “pitit Bondye” e Bondye te kreye l ak kapasite pou l imite kalite l yo. — Lik 3:38.

2, 3. Ki jan nou ka montre nou menm jan ak Izrayelit ki te repanti yo?

2 Lè Adan te rebele kont Moun ki te kreye l la, li te vin pa pitit Bondye ankò. Men, gen anpil nan pitit pitit Adan yo ki chwazi Jewova kòm Dirijan yo (Ebre 12:1). Lefètke yo obeyi Kreyatè yo a avèk imilite, yo montre se li menm yo vle kòm Papa yo ak Atizan k ap ba yo fòm nan, se pa Satan (Jan 8:44). Fidelite yo anvè Bondye fè n sonje pawòl Izrayelit ki te repanti yo te di a: “O Jewova, ou se Papa nou. Nou se ajil, e ou se Atizan ki ban nou fòm nan, nou tout se travay ou fè ak men w.” — Ezayi 64:8.

3 Jodi a, menm jan an tou, vrè adoratè Jewova yo ap fè gwo efò pou yo aji ak imilite e pou yo obeyi l. Yo konsidere se yon onè sa ye pou yo di Jewova se Papa yo e yo vle pou se li menm ki Atizan k ap ba yo fòm nan. Èske n dispoze montre nou se ajil ki maleyab Bondye kapab bay fòm pou l vin tounen yon veso ki gen anpil valè? Èske n konsidere chak frè ak sè n yo kòm yon ajil Bondye toujou ap bay fòm? Pou ede n wè bagay yo menm jan ak Jewova, nou pral pale sou fason Jewova chwazi moun l ap bay fòm yo, sou rezon ki fè l ba yo fòm ak sou fason l fè sa.

JEWOVA CHWAZI MOUN L AP BAY FÒM YO

4. Ki fason Jewova chwazi moun li rale vin jwenn li yo? Bay kèk egzanp.

4 Lè Jewova ap gade moun yo, li pa wè yo menm jan nou menm nou wè yo a. Olye de sa, li egzamine kè nou e l wè kiyès nou chak nou ye toutbonvre. (Li 1 Samyèl 16:7b.) Jewova te montre sa lè l t ap fòme kongregasyon kretyen an. Li te rale anpil moun vin jwenn li menm ak Pitit gason l lan, e gen kèk nan yo yo te konsidere kòm moun ki pa gen valè (Jan 6:44). Pa egzanp, youn nan moun sa yo se te yon Farizyen ki te rele Sòl, “yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan”. (1 Timote 1:13.) Men, Jewova te wè sa k nan kè Sòl e l pa t panse Sòl te yon ajil ki pa gen valè (Pwovèb 17:3). Olye de sa, Jewova te wè li te ka bay Sòl fòm pou l tounen “yon enstriman [li] chwazi” pou preche ‘moun nasyon yo, wa yo ak pitit Izrayèl yo’. (Travay 9:15.) Anplis de sa, Jewova te chwazi lòt moun li kapab bay fòm “pou yon sèvis ki onorab”, tankou kèk moun ki te konn pran dwòg, ki t ap mennen yon vi imoral e ki te vòlè (Women 9:21; 1 Korentyen 6:9-11). Toutpandan moun sa yo t ap etidye Ekriti yo, yo te vin gen plis lafwa nan Jewova e yo te kite l ba yo fòm.

Se pa nou menm ki dwe jije moun yo nan tèritwa a oswa nan kongregasyon nou.

5, 6. Ki efè konfyans nou gen nan Jewova antanke Atizan k ap ban nou fòm nan dwe genyen sou fason n konsidere a) moun nan tèritwa nou yo? b) frè ak sè n yo?

5 Nou gen konfyans Jewova kapab chwazi bon moun pou l rale vin jwenn li. Se rezon sa a ki fè n pa dwe jije moun nan tèritwa nou yo oswa nan kongregasyon nou an. Pa egzanp, gade ki jan yon mesye ki rele Michael te reyaji lè Temwen Jewova yo te vin vizite l. Li di: “M te annik vire do m e m pa t okipe yo kòmsi yo pa t egziste. Mwen te vrèman di ak yo! Annapre, nan yon lòt okazyon, m te rankontre yon fanmi mwen te apresye pou bon konduit yo. Epi, yon jou, mwen te sezi lè m te aprann yo se Temwen Jewova! Konpòtman yo te pouse m egzamine rezon ki fè m te gen prejije kont yo. Byen vit, mwen te vin rann mwen kont se paske m pa t konnen yo epi m te konn koute sa lòt moun ap di ki fè m te gen prejije kont yo.” Michael te vle aprann plis bagay e l te aksepte yon etid Labib. Pi devan, li te batize e l te antre nan sèvis aplentan.

6 Lè n rekonèt se Jewova ki Atizan k ap ban nou fòm nan, n ap chanje fason nou konn aji anvè frè ak sè n yo tou. N ap vin konsidere yo chak kòm yon moun Jewova toujou ap bay fòm. Men ki fason Jewova wè yo: Li wè kiyès yo ye toutbon nan fon kè yo e l konnen enpèfeksyon yo la sèlman pou yon ti tan. Anplis de sa, li konnen ki kalite moun yo chak yo ka vin ye (Sòm 130:3). Nou kapab imite Jewova si n aji menm jan an ak frè nou yo. Nou ka menm travay ansanm ak Atizan k ap ban nou fòm nan pou n ede frè ak sè n yo fè pwogrè (1 Tesalonisyen 5:14, 15). Ansyen yo nan kongregasyon an dwe bay yon bon egzanp nan sans sa a. — Efezyen 4:8, 11-13.

POUKISA JEWOVA BAN NOU FÒM?

7. Ki sa k fè w bay disiplin Jewova valè?

7 Gen kèk moun ki kapab di: ‘M pa t janm vrèman konprann rezon ki fè paran m yo te konn disipline m jiskaske m vin gen pwòp pitit pa m.’ Tank n ap vin pi gran, nou ka vin apresye disiplin yo ban nou paske n ap wè l kòm yon prèv lanmou. (Li Ebre 12:5, 6, 11.) Wi, Jewova renmen nou tankou pitit li, se sa k fè, avèk pasyans, li disipline n oswa l ban nou fòm. Li vle pou n gen sajès e pou n renmen l antanke Papa nou (Pwovèb 23:15). Li pa renmen wè n ap soufri e l pa vle nou mouri antanke pechè ki pa repanti. — Efezyen 2:2, 3.

Jewova renmen nou tankou pitit li, se sa k fè, avèk pasyans, li disipline n oswa l ban nou fòm.

8, 9. Ki fason Jewova ap anseye nou jodi a, e ki jan fòmasyon sa a ap kontinye fèt alavni?

8 Anvan nou te vin konnen Jewova, petèt nou te gen anpil vye defo. Sepandan, Jewova te ban nou fòm e l te ede n chanje. Kòm rezilta, kounye a, nou gen yon pakèt bèl kalite (Ezayi 11:6-8; Kolosyen 3:9, 10). N ap viv nan yon paradi espirityèl ki se yon anviwònman espesyal Jewova kreye nan epòk nou an k ap pèmèt li ban nou fòm. Nan anviwònman sa a, nou santi n an sekirite menm lè n ap viv nan yon monn ki mechan. Kounye a, moun ki te grandi nan yon fanmi ki pa t gen lanmou vin jwenn bonjan lanmou nan men frè ak sè yo nan paradi espirityèl la (Jan 13:35). E nou aprann demontre lanmou pou lòt moun. Men, sa k pi enpòtan an, nou te vin konnen Jewova e kounye a, nou santi jan l renmen nou antanke Papa nou. — Jak 4:8.

9 Nan monn nouvo a, nou pral pi byen pwofite paradi espirityèl la. Anplis de sa, nou pral kontan viv nan yon paradi fizik anba direksyon Wayòm Bondye a. Pandan tan sa a, Jewova pral kontinye ban nou fòm e l ap kontinye anseye nou yon fason ki difisil pou n imajine kounye a (Ezayi 11:9). Epitou, Jewova pral fè lespri nou ak kò nou vin pafè. Sa pral fè l vin pi fasil pou n konprann enstriksyon l yo e pou n obeyi yo nèt. Kidonk, ann kontinye kite Jewova ban nou fòm, epi ann montre nou vrèman apresye fason l demontre lanmou anvè nou an. — Pwovèb 3:11, 12.

FASON JEWOVA BAN NOU FÒM

10. Ki fason Jezi te montre l gen pasyans e l maton menm jan ak Gran Atizan an?

10 Menm jan yon bon atizan byen konnen kalite aji l ap travay, Jewova, gran Atizan an, konnen nou fen e byen. Li konn feblès nou, limit nou, li wè pwogrè nou fè e l konsidere sikonstans nou chak lè l ap ban nou fòm. (Li Sòm 103:10-14) Nou ka aprann kòman Jewova wè nou lè n konsidere fason Jezi te konn aji ak apot li yo ki te enpafè. Pafwa, apot yo te konn fè diskisyon pou konn kiyès nan yo ki pi enpòtan. Si w te bò kot apot yo, ki jan w t ap konsidere atitid yo genyen an? Ou te gendwa panse yo pa tankou ajil ki maleyab. Sepandan, Jezi te konnen Bondye te ka ba yo fòm si yo te koute konsèy li te bay avèk jantiyès ak pasyans yo e si yo te demontre imilite menm jan avè l (Mak 9:33-37; 10:37, 41-45; Lik 22:24-27). Apre Jezi te fin resisite, lespri Bondye te desann sou apot yo e yo te sispann chèche konn kiyès nan yo ki pi enpòtan. Olye de sa, yo te konsantre yo sou travay Jezi te ba yo fè a. — Travay 5:42.

11. Nan ki sans David te montre l tankou yon ajil ki maleyab, e ki jan nou ka imite l?

11 Jodi a, Jewova sèvi ak Bib la, lespri sen l ansanm ak kongregasyon an pou l ban nou fòm. Ki fason Bib la ka ban nou fòm? Nou bezwen li l, medite sou sa n li a epi mande Jewova ede n aplike sa n aprann yo. Men sa wa David te ekri: “Mwen sonje w pandan m sou kabann mwen, tout lannuit se sou ou m ap medite.” (Sòm 63:6). Epitou, li te di: “M ap fè louwanj pou Jewova, paske li ban m konsèy. Menm nan nuit, panse m yo korije m.” (Sòm 16:7). Vrèmanvre, David te medite sou konsèy Jewova te ba l yo e l te kite yo bay panse ak santiman li genyen ki pi pwofon yo fòm menm nan moman kote l te difisil pou l aksepte konsèy (2 Samyèl 12:1-13). David kite yon bèl egzanp pou nou antanke moun ki te gen imilite e ki te obeyisan. Kidonk, mande tèt ou: ‘Lè m ap li Bib la, èske m medite sou sa m li a epi m kite konsèy Bondye yo touche panse ak santiman mwen genyen ki pi pwofon yo? Èske m ka fè sa plis toujou?’ — Sòm 1:2, 3.

12, 13. Ki jan Jewova sèvi ak lespri sen ansanm ak kongregasyon an pou l ban nou fòm?

12 Lespri sen kapab ban nou fòm plizyè fason. Pa egzanp, li ka ede n aprann imite Jezi, epi demontre plizyè kalite nan fwi lespri (Galat 5:22, 23). Lanmou se yon kalite nan fwi lespri a. Nou renmen Bondye, nou vle obeyi l e nou vle l ban nou fòm paske n konnen kòmandman l yo se pou byen nou. Mete sou sa, lespri sen ka ban nou fòs pou n pa kite monn mechan sa a ban nou fòm (Efezyen 2:2). Lè apot Pòl te jèn, chèf relijye Juif yo ki te gen ògèy te gen enfliyans sou li. Men, lespri sen te ede l chanje. Men sa l te ekri pi devan: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” (Filipyen 4:13). Nou menm tou, nou bezwen mande Jewova lespri sen l piske n konnen Jewova ap reponn priyè nou fè ak tout kè nou. — Sòm 10:17.

Jewova sèvi ak ansyen yo pou l ban nou fòm, men, nou dwe suiv konsèy yo bay. (Gade paragraf 12, 13.)

13 Anplis de sa, Jewova sèvi ak kongregasyon an ansanm ak ansyen yo pou l bay nou chak fòm. Pa egzanp, si ansyen yo remake nou gen kèk feblès, yo eseye ede nou. Sepandan, yo pa bay konsèy ki baze sou sa yo panse (Galat 6:1). Olye de sa, avèk imilite, yo priye Jewova pou yo ka jwenn sajès ak bon konprann. Apre sa, yo sèvi ak Bib la ansanm piblikasyon nou yo pou yo fè rechèch yon fason pou yo jwenn enfòmasyon k ap ede nou. Si ansyen yo vin kote w pou yo ede w avèk jantiyès e avèk lanmou, petèt y ap ba w konsèy sou fason w abiye, sonje se yon prèv ki montre Bondye renmen w. Lè w suiv konsèy yo ba w, w ap montre w se ajil ki maleyab Jewova kapab bay fòm e sa ap bon pou ou.

14. Byenke Jewova gen pouvwa sou nou ki tankou ajil, ki fason l montre l respekte libète nou genyen pou n deside a?

14 Si n konprann fason Jewova ban nou fòm, sa ka ede n gen bon relasyon ak frè ak sè n yo. Epitou, n ap vin pi byen wè moun nan tèritwa nou yo san wete etidyan Labib nou yo. Nan tan biblik yo, anvan yon atizan te bay yon ajil fòm, li te dwe netwaye ajil la epi retire wòch ak lòt bagay ladan l. Jewova, Gran Atizan an, ede moun ki vle l ba yo fòm yo. Li pa fòse yo chanje, men, olye de sa, li montre yo prensip li yo ki dwat. Apre sa, se moun yo ki dwe deside si y ap fè chanjman ki nesesè yo.

15, 16. Ki fason etidyan Labib yo ka montre yo vle pou Jewova ba yo fòm? Bay yon egzanp.

15 Ann wè sa k te rive yon sè nan peyi Ostrali ki rele Tessie. Li te fasil anpil pou l aprann sa Bib la di. Sepandan, li pa t fè anpil pwogrè e l pa t konn al nan reyinyon yo. Sè ki te etidye Labib avè l la te priye Jewova e l te deside sispann fè etid la. Epi, gen yon bagay estrawòdinè ki te rive. Pandan sè a t al fè etid la pou yon dènye fwa, Tessie te esplike l rezon ki fè l pa fè okenn pwogrè a. Li te di li santi l tankou yon ipokrit paske l renmen jwe aza. Men, kounye a, li te deside sispann jwe aza.

16 Sa pa t pran lontan pou Tessie kòmanse asiste reyinyon yo e l te demontre anpil bèl kalite menm lè kèk nan ansyen zanmi l yo te konn bat plezi sou do l. Rive yon lè, Tessie te vin batize e l te vin pyonye pèmanan aktout li te gen timoun piti. Sa klè, lè etidyan Labib yo kòmanse fè chanjman nan lavi yo ki fè Bondye plezi, Bondye ap pwoche kote yo e l ap ba yo fòm pou yo vin tounen veso ki gen anpil valè.

17. a) Ki efè sa gen sou ou lefètke w konnen Jewova se Atizan k ap ba ou fòm nan? b) Ki sa k gen rapò ak fason Jewova ban nou fòm nan nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 Jodi a, gen kèk atizan ki toujou byen pran san yo pou yo bay ajil fòm ak men yo pou yo fè l vin yon bèl veso. Menm jan an tou, avèk pasyans, Jewova sèvi ak konsèy li yo pou l ban nou fòm e l ap veye nou byen pou l wè fason n ap reyaji. (Li Sòm 32:8.) Èske w ka wè jan Jewova enterese nan ou? Èske w wè fason Jewova pran san l pou l ba w fòm? Si se wi, ki kalite k ap ede w rete tankou ajil ki maleyab Jewova kapab bay fòm? Ki defo w ta dwe evite genyen yon fason pou w pa vin menm jan ak ajil ki di yo pa ka bay fòm? Epi, ki jan paran yo ka kolabore ak Jewova pou yo bay pitit yo fòm? Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa yo.