Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Mwen swete li beni w poutèt ou gen bonsans!”

“Mwen swete li beni w poutèt ou gen bonsans!”

SE David, yon moun ki t ap viv nan Izrayèl tan lontan an, ki te di yon dam li te rankontre pawòl sa yo pou l fè lwanj pou li. Dam sa a te rele Abigayil. Ki sa k te pouse David fè lwanj pou li, e ki sa n ka aprann nan egzanp dam sa a?

David te rankontre dam marye sa a nan epòk li te nan mawon akoz wa Sayil. Abigayil te marye ak Nabal, yon mesye rich ki t ap pran swen yon gwo twoupo bèt li te genyen nan sid Jida, yon zòn ki gen anpil mòn. David ak mesye l yo te “tankou yon miray ki [te] pwoteje” bèje Nabal yo ak twoupo bèt li yo. Yon lè, David te voye kèk mesaje kot Nabal, li te mande l pou l ba yo ‘nenpòt sa l kapab’ pou yo manje (1 Sam. 25:8, 15, 16). Lè n konsidere jan David ak mesye l yo te pwoteje byen Nabal yo, li difisil pou yon moun ta panse demann sa a pa t rezonab.

Men, Nabal, yon moun non l vle di “Moun ki pa gen bonsans” oswa “Moun sòt”, te viv ann amoni ak siyifikasyon non l. Li te reponn yon fason ki di e ki derespektan, li pa t bay David sa l te mande a. Se sa k fè, David te prepare l pou l pini Nabal pou repons derespektan e ki pa rezonab li te ba l la. Nabal ak moun lakay li t ap gen pou yo peye pou aksyon moun sòt sa a. — 1 Sam. 25:2-13, 21, 22.

Etandone Abigayil te rann li kont jan aksyon san reflechi David t ap planifye a t ap gen gwo konsekans, li te met kouraj sou li pou l al kot David. Avèk respè, li te sipliye David sou baz relasyon David te gen ak Jewova a. Epitou, li te bay David, ki t ap vin pwochen wa a, anpil pwovizyon pou li menm ak mesye l yo. Konsa, David te vin rann li kont Jewova te sèvi ak Abigayil pou anpeche l fè yon aksyon ki t ap fè l vin koupab devan Bondye. David te di Abigayil: “Mwen swete [Bondye] beni w poutèt ou gen bonsans! Mwen swete pou Bondye beni w, paske jodi a, ou anpeche m fè san koule pou m pa vin koupab.” — 1 Sam. 25:18, 19, 23-35.

Li fasil pou n di nou pa t ap janm renmen vin menm moun ak Nabal, pou n pa ta gen rekonesans pou bon bagay yo fè pou nou. Mete sou sa, lè n wè yon move sitiyasyon ap devlope, l ap bon pou n fè sa n kapab pou n evite sa. Wi, nou kapab santi n menm jan ak youn nan moun ki te ekri sòm yo ki te di Bondye: “Montre m ki jan pou m gen bonsans ak konesans.” — Sòm 119:66.

Lòt moun ka wè jan n aji ak sajès oswa ak bonsans. Kit yo di sa, kit yo pa di sa, yo ka santi yo menm jan ak David ki te di: “Mwen swete [Bondye] beni w poutèt ou gen bonsans!”