TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Mas 2018

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 30 avril rive 3 jen 2018.

Batèm: Yon obligasyon pou kretyen yo

Ki sa Bib la di sou batèm? Ki etap yon moun dwe suiv anvan l batize? E poukisa yon anseyan ki kretyen dwe sonje enpòtans batèm genyen lè l ap anseye pitit li oswa lòt etidyan Labib?

Paran, èske n ap ede pitit nou fè pwogrè pou yo batize?

Ki asirans paran ki kretyen yo vle genyen anvan pitit yo batize?

QUESTIONS FROM READERS

Kesyon lektè yo poze

Poukisa Temwen Jewova yo prezante apot Pòl kòm yon moun ki te chòv oswa ki pa t gen anpil cheve?

Akeyi moun se yon bon abitid ki vrèman nesesè!

Poukisa Ekriti yo ankouraje kretyen yo pou youn akeyi lòt? Ki okazyon nou genyen pou n montre nou akeyan? Ki jan n ka venk obstak ki ka anpeche n akeyi lòt moun?

BYOGRAFI

Jewova pa janm lage m!

Erika Nöhrer Bright te sèvi kòm pyonye pèmanan, pyonye espesyal e kòm misyonè. Li rakonte ki jan Bondye ede l, ki jan l ba l fòs ak fason l soutni l pandan plizyè ane li pase ap sèvi l fidèlman.

Disiplin: Yon prèv ki montre Bondye renmen nou

Ki sa n ka aprann nan egzanp moun Bondye te disipline nan tan lontan yo? Lè n dwe bay disiplin, ki jan n ka imite egzanp Jewova?

“Koute lè y ap ban nou disiplin pou nou ka gen sajès”

Ki jan Jewova anseye n fason pou n disipline tèt nou? E ki jan n ka jwenn byenfè nan disiplin nou resevwa nan kongregasyon an?