Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Poukisa Temwen Jewova yo prezante apot Pòl kòm yon moun ki te chòv oswa ki pa t gen anpil cheve?

Onètman, pa gen pèsonn jodi a ki ka konnen ki aparans Pòl te genyen. Foto ak desen ki nan piblikasyon nou yo se reprezantasyon atistik yo ye, se pa imaj ki baze sou yon seri prèv akeyoloji bay.

Sepandan, gen kèk enfòmasyon konsènan aparans Pòl. Pa egzanp, nou jwenn youn nan yo nan Toudegad Siyon an, 1ye mas 1902, ki te di: “Konsènan aparans Pòl: [...] Liv ki rele ‘Travay Pòl ak Tèkle’ a [...], yon liv yo te ekri ozanviwon ane 150 apre Kris, dekri Pòl yon fason ki sanble se pi bon fason an, e ki se yon vrè tradisyon. Nan liv sa a, yo dekri l kòm yon moun ‘ki kout, ki chòv, ki gen pye kanbral, ki kosto, ki gen sousi kontre e ki gen nen pwenti.’”

Men sa yon liv referans fè konnen konsènan ansyen dokiman sa a: “Li pa enposib pou [liv] ‘Travay’ la gen kèk enfòmasyon istorik ki verite ladan l.” (The Oxford Dictionary of the Christian Church, edisyon 1997). Liv Travay Pòl ak Tèkle a te gen anpil enpòtans nan premye syèk yo, gen 80 maniskri nan liv sa a ki egziste nan lang grèk ansanm ak lòt vèsyon ki nan lòt lang ki pwouve sa. Konsa, fason atis yo reprezante apot Pòl nan piblikasyon nou yo ann amoni ak kèk ansyen enfòmasyon konsènan aparans li.

Sepandan, nou bezwen sonje gen lòt bagay ki pi enpòtan pase aparans Pòl. Pandan Pòl t ap akonpli sèvis li, gen kèk moun ki te gen pwennvi lachè ki te konn kritike l, e yo te konn di “lè l la an pèsòn, li pa enpresyone okenn moun e pawòl li yo san valè”. (2 Kor. 10:10.) Men, nou pa dwe bliye li te vin kretyen grasa yon mirak Jezi te fè l wè. Epitou, nou ka reflechi sou sa Pòl te akonpli antanke “enstriman [Kris te] chwazi pou pote non [Jezi] devan moun nasyon yo”. (Tra. 9:3-5, 15; 22:6-8.) Anplis de sa, reflechi sou kantite byenfè nou ka jwenn lè n egzamine liv ki nan Bib la Jewova te enspire Pòl pou l ekri yo.

Pòl pa t konn fè elòj pou sa l te reyalize anvan l te vin kretyen, ni li pa t konn pale sou aparans fizik li (Tra. 26:4, 5; Flp. 3:4-6). Men sa l te admèt: “Mwen se pi piti nan apot yo, e mwen pa merite pou yo rele m apot.” (1 Kor. 15:9). Men sa l te ekri annapre: “Se mwen menm, yon moun ki pi piti pase pi piti nan tout moun ki sen yo, yo bay favè san parèy sa a, pou m ka anonse nasyon yo bon nouvèl sou richès Kris la, yon richès moun pa ka mezire.” (Efe. 3:8). Se sèten, mesaj sa a gen plis enpòtans pase kèlkeswa kesyon nou ta ka genyen konsènan aparans Pòl.