Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Batèm: Yon obligasyon pou kretyen yo

Batèm: Yon obligasyon pou kretyen yo

“Batèm nan [...] ap sove nou tou kounye a.” — 1 PYÈ 3:21.

KANTIK: 52, 41

1, 2. a) Ki jan kèk paran ki kretyen konn reyaji lè pitit yo di yo vle batize? b) Poukisa yo mande kandida batèm yo si yo te vwe Jewova lavi yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

GEN yon jèn fi n ap bay non Marya ki kanpe ansanm ak lòt kandida batèm yo toutpandan paran l yo ki kretyen ap gade l. Li reponn de kesyon oratè a poze yo byen fò ak yon vwa ki klè. Yon ti tan annapre, li batize.

2 Paran Marya yo te santi yo fyè dèske pitit fi yo a te pran desizyon pou l vwe Jewova lavi l san rezèv e pou l batize. Aktout sa, kèk tan anvan sa, manman l te gen kèk kesyon ki t ap boulvèse lespri l. Li t ap mande tèt li: ‘Èske Marya pa twò jèn pou l batize? Èske l vrèman konprann tout enpòtans sa l pral fè a genyen? Èske l pa t ap pi bon pou l fè yon ti tann anvan l batize?’ Se kesyon sa yo anpil paran ki gen lanmou konn poze tèt yo lè pitit yo di yo vle batize (Ekl. 5:5). Dayè, ve ak batèm se de etap ki pi enpòtan nan lavi yon kretyen. — Gade kare ki gen tit “ Èske w vwe Jewova lavi w?

3, 4. a) Ki egzanp apot Pyè te pran pou l montre enpòtans batèm genyen? b) Poukisa n ka konpare batèm ak konstriksyon lach la nan epòk Noye a?

3 Pandan apot Pyè t ap pale konsènan batèm, li te fè referans ak lach Noye te konstwi a. Men sa l te di: “Sa k te pase a se yon senbòl ki koresponn ak batèm nan k ap sove nou tou kounye a.” (Li 1 Pyè 3:20, 21.) Lach la se te yon konstriksyon fizik ki te bay bonjan prèv ki montre Noye te vwe tèt li pou l fè volonte Bondye. Noye te fè travay Jewova te ba l fè a fidèlman. Vrèmanvre, aksyon vizib sa yo Noye te fè ki montre l gen lafwa te pèmèt li menm ak fanmi l sove lè delij la. Ki sa Pyè te vle montre nan egzanp li te pran an?

4 Menm jan lach la se yon prèv ki montre Noye te gen lafwa, se konsa tou, lè yon moun batize devan lòt moun li bay yon prèv ki vizib. Ki sa sa montre? Li montre yon kretyen te vwe Jewova lavi l sou baz lafwa l genyen nan rezirèksyon Kris la. Menm jan ak Noye, disip ki vwe Bondye lavi yo fè travay Bondye ba yo fè a avèk obeyisans. Menm jan Noye te sove lè delij la, moun ki fidèl ki batize yo pral sove lè monn mechan ki la kounye a rive nan bout li (Mak 13:10; Rev. 7:9, 10). Se sa k fè ve ak batèm se yon bagay ki enpòtan anpil. Yon moun k ap voye batèm li pou pita san nesesite riske pèdi posiblite l genyen pou l viv pou toutan an.

5. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

5 Lè n konsidere jis nan ki pwen batèm enpòtan, gen twa kesyon ki vin nan lespri nou. Ki sa Bib la di sou batèm? Ki etap yon moun dwe suiv anvan l batize? Poukisa yon anseyan ki kretyen dwe kenbe enpòtans batèm nan byen klè nan lespri l lè l ap anseye pitit li oswa yon lòt etidyan Labib?

SA BIB LA DI SOU BATÈM

6, 7. a) Esplike ki sa batèm Jan an te vle di. b) Ki batèm Jan te fè ki pa gen parèy?

6 Premye kote Bib la pale sou batèm gen rapò ak batèm Jan ki te konn batize moun nan te konn fè (Mat. 3:1-6). Moun ki t al batize nan men Jan yo te fè sa kòm prèv ki montre yo repanti pou peche yo te fè kont Lwa Moyiz la. Sepandan, li enpòtan pou n note batèm ki pi enpòtan Jan te fè a pa t gen anyen pou l wè ak repantans. Jan te gen privilèj san parèy pou l batize Jezi, Pitit Gason Bondye a ki te pafè (Mat. 3:13-17). Piske Jezi te san peche, li pa t bezwen repanti (1 Pyè 2:22). Batèm li te yon senbòl ki montre li te prezante tèt li pou l fè volonte Bondye. — Ebre 10:7.

7 Pandan sèvis Jezi sou tè a, disip li yo te batize moun tou (Jan 3:22; 4:1, 2). Menm jan ak batèm Jan te konn fè yo, batèm sa yo te yon senbòl ki montre moun yo te repanti pou peche yo te fè kont Lwa Moyiz la. Men, apre lanmò Jezi ak rezirèksyon l, batèm nan t ap gen yon lòt sans pou moun ki vin disip li yo.

8. a) Apre rezirèksyon Jezi, ki kòmandman l te bay disip li yo? b) Esplike ki sa batèm kretyen an vle di.

8 Nan ane 33 epòk nou an, Jezi ki resisite te parèt devan yon foul moun ki te gen plis pase 500 gason, fi e petèt menm timoun. Sanble se nan okazyon sa a li te di: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” (Mat. 28:19, 20; 1 Kor. 15:6). Sa klè, sanble gen plizyè santèn nan disip Jezi yo ki te la lè Jezi te bay lòd pou fè disip la. Konsa, Jezi te montre batèm se t ap yon obligasyon pou moun ki aksepte pran jouk kretyen an antanke disip (Mat. 11:29, 30). Nenpòt moun ki vle sèvi Bondye yon fason ki akseptab dwe rekonèt wòl Jezi jwe nan akonplisman objektif Jewova epi l dwe aksepte sa. Apre moun nan fin fè sa, l ap ka batize. Batèm sa a se sèl batèm ki fèt nan dlo Bondye apwouve. Istwa ki nan Bib la bay bonjan prèv ki montre nan premye syèk la nouvo disip Kris yo te konprann siyifikasyon batèm nan. E yo pa t konn di san nesesite y a gen tan batize. — Tra. 2:41; 9:18; 16:14, 15, 32, 33.

PA DI W A GEN TAN

9, 10. Ki sa egzanp Etyopyen ki te konvèti nan relijyon Juif yo ak egzanp apot Pòl ka aprann nou sou batèm?

9 Li Travay 8:35, 36. Ann pran egzanp Etyopyen ki te konvèti nan relijyon Juif yo ki t ap retounen lakay li apre l te fin sot Jerizalèm pou l adore. Gen yon zanj Jewova ki te pouse Filip al kot Etyopyen an epi Filip te “anonse l bon nouvèl konsènan Jezi a”. Ki fason Etyopyen an te reyaji? Sa l te fè annapre a bay bonjan prèv ki montre l te aksepte verite l te aprann yo ak tout kè l. Li te vle viv ann amoni ak dispozisyon Jewova pran yo, se sa k fè l te batize san pèdi tan.

10 Yon lòt egzanp nou ka pran se egzanp yon mesye Juif ki te konn pèsekite Kretyen yo. Li te fèt nan yon nasyon ki te vwe bay Bondye. Men, Juif yo te pèdi relasyon espesyal yo te gen ak Jewova a. Mesye sa a te zele anpil pou tradisyon ki nan relijyon Jidayis la, men, li te vin aprann yon bagay ki pi bon. Li te resevwa yon temwayaj pèsonèl nan men Jezi Kris ki resisite e ki nan glwa li. Ki fason mesye sa a te reyaji? Li te kontan jwenn èd nan men yon disip ki rele Anànyas. Men sa Bib la di konsènan mesye sa a: “Apre sa, li leve, li batize.” (Tra. 9:17, 18; Gal. 1:14). Se sèten w rann ou kont mesye sa a ki te Juif se li menm yo te vin rele apot Pòl la. Men, w ap remake yonfwa Pòl te fin aksepte verite konsènan wòl Jezi jwe nan akonplisman objektif Bondye, li te aji. Li te batize san pèdi tan. — Li Travay 22:12-16.

11. a) Ki sa k ankouraje etidyan Labib yo jodi a pou yo batize? b) Ki efè sa gen sou nou lè n wè moun ki fèk vwe Jewova lavi yo batize?

11 Jodi a, se prèske menm bagay la tou pou etidyan Labib yo, kit yo jèn kit yo granmoun. Moun ki gen lafwa ak bonjan apresyasyon pou verite ki nan Bib la chofe anpil pou yo vwe Jewova lavi yo e pou yo batize. Diskou yo bay espesyalman pou moun sa yo se yon pati enpòtan nan chak asanble ak kongrè. Temwen Jewova yo kontan lè yon etidyan Labib aksepte laverite epi l fè pwogrè pou l batize nan dlo. Èske paran ki kretyen yo pa kontan anpil lè yo wè pitit yo pami nouvo disip k ap batize yo? Pandan ane sèvis 2017 la, gen plis pase 284 000 moun ki “nan bon dispozisyon” ki te batize nan dlo pou yo montre yo vwe Jewova lavi yo (Tra. 13:48). Sa klè, nouvo disip sa yo te konprann batèm se yon obligasyon pou kretyen yo. Ki etap yo te suiv pou yo rive batize?

12. Ki etap yon etidyan Labib dwe suiv anvan l batize?

12 Anvan yon etidyan batize, li dwe gen lafwa ki baze sou konesans egzak sou Bondye, sou objektif Bondye ak sou dispozisyon Bondye pran pou moun sove (1 Tim. 2:3-6). Lafwa sa a ap pouse etidyan an rejte konduit ki pa fè Bondye plezi epi pou l viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis (Tra. 3:19). Nòmalman, yon moun pap kapab fè Bondye yon ve ki valab si l kontinye gen yon konduit k ap anpeche l jwenn Wayòm nan (1 Kor. 6:9, 10). Men, sa mande plis pase suiv prensip moral wo nivo Jewova yo. Yon moun k ap chèche fè sa ki jis dwe la nan reyinyon kongregasyon an tou epi l dwe patisipe regilyèman nan travay predikasyon ak travay fè disip la, yon travay k ap sove lavi moun. Jezi te fè konnen se vrè disip li yo ki t ap gen pou fè travay sa a (Tra. 1:8). Se sèlman apre yon nouvo disip fin suiv etap sa yo li ka fè yon priyè an prive pou l vwe Jewova lavi l epi annapre pou l montre ve l fè a piblikman lè l batize devan moun.

YON OBJEKTIF POU ETIDYAN LABIB YO

Èske w sonje enpòtans batèm genyen epi w fè etidyan w lan konn enpòtans sa a? (Gade paragraf 13.)

13. Poukisa anseyan Labib yo dwe sonje batèm se yon obligasyon pou yon kretyen?

13 Lè n ap ede pitit nou ak lòt etidyan Labib yo franchi etap ki enpòtan yo, nou dwe sonje yon vrè disip dwe batize. Si n kenbe sa byen klè nan lespri nou, n ap pi byen kominike ak etidyan nou yo. Nou pap evite pale ak yo nan moman apwopriye konsènan enpòtans ve ak batèm. Sa klè, nou vle pou pitit nou yo ak lòt etidyan Labib nou yo pwogrese pou yo rive batize!

14. Poukisa n pa dwe fè presyon sou kèlkeswa moun nan pou l batize?

14 Nòmalman, pèsonn pa dwe santi yon paran, yon anseyan Labib oswa nenpòt moun nan kongregasyon an ap fè presyon sou li pou l batize. Se pa fason sa a Jewova aji (1 Jan 4:8). Olye de sa, pandan n ap anseye moun sa yo, nou dwe atire atansyon yo sou enpòtans pou yo vin gen yon relasyon pèsonèl ak Bondye. Se bonjan rekonesans etidyan an gen pou laverite ak anvi l genyen pou l pran responsablite l antanke disip Kris k ap pouse l batize. — 2 Kor. 5:14, 15.

15, 16. a) Èske gen yon laj pou moun batize? Esplike. b) Poukisa yon etidyan Labib ta dwe batize antanke yon Temwen Jewova menmsi l te gentan batize nan yon lòt relijyon?

15 Pa gen yon laj fiks pou yon moun batize. Chak etidyan grandi epi l vin gen matirite yon fason diferan. Gen anpil nan yo ki batize pandan yo jèn e yo kontinye ret fidèl ak Jewova. Gen lòt ki twouve l enpòtan pou yo batize apre yo fin aprann verite ki nan Bib la pandan yo gen anpil laj, gen kèk ki menm gen plis pase 100 an!

16 Gen yon etidyan Labib ki aje ki te mande moun k ap anseye l la si sa vrèman nesesè pou l batize ankò. Li te gentan batize nan lòt relijyon sa gen plizyè ane. Moun ki t ap anseye l la te egzamine kèk vèsè enpòtan nan Bib la avè l ankò. Konsa, etidyan an te vin konprann sa Bib la di sou sa e l te batize tousuit apre. Aktout li te prèske gen 80 an, li pa t panse l pa nesesè pou l batize. Vrèmanvre, yon batèm ki valab se yon batèm ki baze sou yon konesans egzak sou volonte Jewova. Se sa k fè nouvo disip yo dwe batize menmsi yo te deja batize nan lòt relijyon. — Li Travay 19:3-5.

17. Sou ki bagay li apwopriye pou yon moun reflechi jou batèm li?

17 Jou batèm yon moun se yon moman ki bay anpil kè kontan. Se yon moman ki mande anpil refleksyon tou. Pou yon moun viv ann amoni ak ve l fè a, sa mande pou l fè anpil efò. Se rezon sa a ki fè Jezi te konpare lè yon moun vin disip ak lè yon moun ap pote yon jouk. Disip Jezi yo pa dwe “viv pou tèt yo ankò, men [...] pou sila a ki te mouri pou yo a e ki te leve a.” — 2 Kor. 5:15; Mat. 16:24.

18. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

18 Manman Marya te gen kèk panse konsa nan lespri l lè l te poze tèt li kesyon ki nan kòmansman atik la. Si w se yon paran, ou ka ap mande tèt ou: ‘Èske pitit mwen an vrèman pare pou l batize? Èske l gen bonjan konesans pou l fè yon ve ki valab? Èske l dwe gen yon bon fòmasyon ak yon djòb anvan l batize? E si pitit mwen an batize epi apre sa l fè yon peche ki grav?’ Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kesyon sa yo e n pral pale sou fason paran ki kretyen yo ka kontinye gen yon pwennvi ekilibre sou batèm.