Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Disiplin: Yon prèv ki montre Bondye renmen nou

Disiplin: Yon prèv ki montre Bondye renmen nou

“Jewova disipline moun li renmen.” — EBRE 12:6.

KANTIK: 123, 86

1. Byen souvan, ki fason Bib la prezante disiplin?

LÈ W tande mo “disiplin” nan, ki sa k vin nan lespri w? Petèt, ou panse ak pinisyon byen vit, men, disiplin gen plis bagay ladan l toujou. Byen souvan, Bib la prezante disiplin kòm yon bon bagay, pafwa, li asosye l ak konesans, sajès, lanmou ak lavi (Pwo. 1:2-7; 4:11-13). Rezon an se paske disiplin Bondye bay la se yon prèv ki montre lanmou l gen pou nou ak anvi l genyen pou l ban nou lavi ki pap janm fini an (Ebre 12:6). Byenke disiplin Bondye bay la ka gen pinisyon, li pa janm gen enjistis oswa mechanste ladan l. Anfèt, premye sans mo “disiplin” nan gen ladan l fòmasyon, tankou fòmasyon yon moun bay yon timoun li renmen.

2, 3. Ki jan disiplin ka gen ansèyman ak pinisyon ladan l? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

2 Ann pran yon egzanp: Yon tigason ki rele Johnny ap jwe ak yon boul nan kay la. Manman l di l: “Johnny, ou konnen w pa dwe jwe ak boul ou a anndan kay la! Ou ka kraze yon bagay.” Men, Johnny pa koute konsèy manman l ba li a, li kontinye jwe ak boul la epi, san l pa fè espre, li kraze yon po flè. Ki fason manman l ap disipline l? Disiplin l ap bay la ka gen ansèyman ak kèk pinisyon ladan l. Lè l ap anseye Johnny, li ka fè l sonje rezon ki fè fason l te aji a pa bon. Manman an vle l konprann jan l saj pou l obeyi paran l, l ap esplike l jan l nesesè ak jan l rezonab pou gen règ nan kay la. Annapre, pou l bay pawòl li yo fòs, li ka bay Johnny kèk pinisyon ki apwopriye. Pa egzanp, li ka pran boul la nan men Johnny epi l kenbe l pou yon ti tan. Sa ka fè Johnny konprann dezobeyisans gen konsekans.

3 Antanke moun ki nan kongregasyon kretyen an, nou fè pati fanmi Bondye (1 Tim. 3:15). Se sa k fè n respekte dwa Jewova genyen pou l fikse prensip pou n suiv e pou l disipline n avèk lanmou lè n pa suiv prensip sa yo. Anplis de sa, si aksyon nou yo lakòz nou sibi move konsekans, disiplin li bay la ka fè n sonje jis nan ki pwen l enpòtan pou n koute Papa nou ki nan syèl la (Gal. 6:7). Bondye gen anpil sousi pou nou e l pa ta renmen n gen pwoblèm. — 1 Pyè 5:6, 7.

4. a) Ki kalite fòmasyon Jewova beni? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

4 Lè n bay pitit nou oswa yon etidyan Labib disiplin ki baze sou Ekriti yo, nou ka ede yo vin yon disip Kris. Pawòl Bondye a, ki se prensipal zouti nou genyen pou n bay fòmasyon, pèmèt nou bay “disiplin selon prensip Bondye yo ki jis”. Konsa, pitit nou yo oswa etidyan n yo ka jwenn èd pou yo konprann e pou yo ‘obeyi tout bagay Jezi te ban nou lòd pou nou fè yo’. (2 Tim. 3:16; Mat. 28:19, 20.) Jewova beni kalite fòmasyon sa a, yon fòmasyon ki pèmèt etidyan Labib yo ede plis moun vin disip Kris. (Li Tit 2:11-14.) Kounye a, ann chèche repons pou twa kesyon enpòtan ki vin annapre yo: 1) Ki fason disiplin Bondye bay la demontre lanmou l gen pou nou? 2) Ki sa n ka aprann nan egzanp moun Bondye te bay disiplin nan tan lontan yo? 3) Lè n ap bay disiplin, ki jan n ka imite Jewova ak Pitit Gason l lan?

BONDYE DISIPLINE N AVÈK LANMOU

5. Nan ki sans disiplin Jewova bay la se yon prèv ki montre lanmou l gen pou nou?

5 Lanmou pouse Jewova korije nou, li anseye n epi l fòme n yon fason pou n ka rete nan lanmou l e pou n ret sou wout lavi a (1 Jan 4:16). Li pa janm imilye n ni manke n dega, sa ki te ka fè n mande tèt nou si n gen valè toutbon (Pwo. 12:18). Olye de sa, Jewova onore nou, li atann pou n demontre bon bagay nou gen nan kè nou e l respekte libète n genyen pou n deside a. Èske se konsa w konsidere disiplin Bondye bay la, kit se pa mwayen Pawòl li a, piblikasyon ki baze sou Bib la, paran kretyen yo oswa ansyen yo nan kongregasyon an? Anfèt, lè ansyen yo eseye redrese n avèk dousè e avèk lanmou lè n fè “yon fo pa” petèt san n pa rann nou kont, yo demontre lanmou Jewova gen pou nou. — Gal. 6:1.

6. Lè disiplin mande pou n bay restriksyon, ki jan sa demontre lanmou Bondye genyen?

6 Sepandan, pafwa, disiplin ka gen ladan l plis pase bay konsèy oswa koreksyon nan bouch. Si yon moun fè peche ki grav, sa ka fè l pèdi privilèj li nan kongregasyon an. Menm nan ka sa a, yon disiplin konsa montre lanmou Bondye gen pou nou. Pa egzanp, lè yon moun pèdi privilèj li te genyen, sa ka ede l rann li kont jan sa enpòtan pou l konsantre l plis toujou sou etid pèsonèl li fè nan Bib la, sou meditasyon ak lapriyè. Konsa, sa ka fè l vin djanm nan domèn espirityèl (Sòm 19:7). Rive yon lè, li ka vin gen privilèj ankò. Menm lè yo eskominye yon moun, sa montre lanmou Jewova genyen, paske sa pwoteje kongregasyon an kont move enfliyans (1 Kor. 5:6, 7, 11). Epitou, piske Bondye disipline moun nan degre yo merite, lè yo eskominye yon moun, sa ka fè l wè jan peche l fè a grav e sa ka pouse l repanti. — Tra. 3:19.

LI TE JWENN BYENFÈ NAN DISIPLIN JEWOVA BAY

7. Kiyès Chebna te ye, e ki vye mantalite li te kòmanse genyen?

7 Pou n konprann tout enpòtans disiplin genyen, ann pran egzanp de moun Jewova te disipline: Chebna, ki t ap viv nan epòk wa Ezekyas, ak Graham, yon frè nan epòk nou an. Antanke administratè ki te “responsab kay wa a”, petèt kay Ezekyas, Chebna te gen anpil otorite (Eza. 22:15). Men, malerezman, li te vin gen ògèy, li t ap chèche jwenn glwa pou tèt li. Li te menm fè fouye yon kokenn tonm pou li, e l te konn monte “bèl charyo”! — Eza. 22:16-18.

Lè n chanje atitid nou avèk imilite, sa fè n jwenn benediksyon Bondye. (Gade paragraf 8-10.)

8. Ki fason Jewova te disipline Chebna, e ki rezilta sa te bay?

8 Piske Chebna t ap chèche jwenn glwa pou tèt li, Bondye te ‘retire l nan travay li te ye a’ e l te met Elyakim nan plas li (Eza. 22:19-21). Chanjman sa a te fèt lè Senakerib, wa peyi Asiri a, te gen entansyon atake Jerizalèm. Kèk tan annapre, Senakerib te voye yon seri gwo chèf ansanm ak yon gwo lame nan Jerizalèm pou dekouraje Juif yo e pou bay Ezekyas presyon pou l rann tèt li (2 Wa 18:17-25). Wa a te voye Elyakim al pale ak chèf yo, men, li pa t voye l poukont li. Te gen de lòt moun avè l, youn nan yo se te Chebna, ki te vin sekretè kounye a. Èske sa pa montre Chebna pa t kite kòlè ak rankin anvayi l, men, olye de sa, li te aksepte responsablite ki pi ba li te vin genyen yo avèk imilite? Si se wi, ki leson n ka aprann nan istwa sa a? Ann konsidere twa leson.

9-11. a) Ki leson enpòtan nou ka aprann nan eksperyans Chebna te fè a? b) Ki ankourajman w jwenn nan fason Jewova te aji ak Chebna a?

9 Premyèman, Chebna te pèdi pozisyon l te genyen an. Eksperyans li a fè n sonje avètisman ki di: “Ògèy lakòz moun tonbe, e awogans lakòz moun bite.” (Pwo. 16:18). Si w gen privilèj nan kongregasyon an, petèt nan yon nivo ki fè w parèt, èske w ap fè efò pou w kontinye wè tèt ou avèk imilite? Èske w ap fè louwanj pou Jewova pou nenpòt don w genyen oswa pou nenpòt sa w akonpli (1 Kor. 4:7)? Men sa apot Pòl te ekri: “M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse, men pou l panse yon fason pou l vin gen bonsans.” — Wom. 12:3.

10 Dezyèmman, fason Jewova te reprimande Chebna avèk fòs ka montre Jewova pa t konsidere Chebna kòm yon ka pèdi (Pwo. 3:11, 12). Ala yon bèl leson pou moun ki pèdi privilèj yo nan kongregasyon Bondye a jodi a! Olye pou yo vin an kòlè e pou yo kenbe rankin, se pou yo kontinye sèvi Bondye ak tout kapasite yo nan sitiyasyon yo vin ye a, e pou yo konsidere disiplin yo resevwa a kòm yon prèv ki montre lanmou Jewova gen pou yo. Sonje sa, Papa nou an pap konsidere n kòm moun ki sanzespwa si n imilye tèt nou devan l. (Li 1 Pyè 5:6, 7.) Lè n resevwa disiplin avèk lanmou, se kapab yon fason Bondye ap ban nou fòm, kidonk, ann kontinye kite l fòme nou.

11 Twazyèmman, fason Jewova te aji ak Chebna a bay moun ki gen otorite pou bay disiplin yo, tankou paran yo ak siveyan yo, yon leson enpòtan. Ki leson? Toutpandan disiplin Jewova bay la ka montre jan l rayi peche, li ka montre sousi l genyen pou moun ki peche a tou. Antanke yon paran oswa yon siveyan, si w dwe bay disiplin, èske w ap imite Jewova lè w rayi sa ki mal toutpandan w ap chèche sa ki bon lakay pitit ou oswa kwayan parèy ou? — Jid 22, 23.

12-14. a) Ki fason kèk moun reyaji devan disiplin Bondye bay? b) Ki jan Pawòl Bondye a te ede yon frè chanje atitid li, e ki rezilta sa te bay?

12 Malerezman, apre kèk moun fin resevwa disiplin, yo konn pa ka bliye soufrans sa lakòz e yo konn menm vire do bay Bondye ak pèp li a (Ebre 3:12, 13). Men, èske sa vle di moun sa yo pa ka jwenn èd? Ann pran egzanp Graham, ki te eskominye, ki te vin reyentegre annapre, epi apre sa, li te vin inaktif nan domèn espirityèl. Kèk ane annapre, li te mande yon ansyen ki te zanmi l pou l etidye Labib avè l.

13 Men sa ansyen an fè konnen: “Graham te gen pwoblèm ògèy. Li te konn kritike ansyen ki te patisipe nan komite ki te eskominye l la. Se sa k fè, nan kèk etid nou te fè annapre, nou te pale sou vèsè ki pale sou ògèy ansanm ak konsekans li genyen. Graham te kòmanse wè tèt li byen klè nan Pawòl Bondye a ki tankou yon glas, e l pa t renmen sa l te wè a! Sa te gen yon gwo efè sou li! Apre l te fin rekonèt li te kite ògèy ki tankou yon ‘bout bwa’ bouche je l epi l te konprann tandans li genyen pou l kritike a se sa ki pwoblèm li, li te kòmanse fè chanjman byen vit pou l vin yon pi bon moun. Li te kòmanse asiste reyinyon regilyèman, li te fè efò pou l etidye Pawòl Bondye a e l te pran abitid priye chak jou. Anplis de sa, li te aksepte responsablite Bondye ba li antanke chèf fanmi, e sa te fè madanm li ak pitit li yo kontan anpil.” — Lik 6:41, 42; Jak 1:23-25.

14 Men sa ansyen an di ankò: “Yon jou, Graham te di m yon bagay ki te touche kè m. Li te di: ‘M gen plizyè ane depi m konn laverite, e m te menm pyonye. Men, se sèlman kounye a m kapab di onètman mwen renmen Jewova.’ Sa pa t pran anpil tan pou yo te ba l pase mikwo nan Sal Wayòm nan, yon privilèj li te apresye anpil. Egzanp li aprann mwen lè yon moun aksepte disiplin epi l imilye tèt li devan Bondye, l ap jwenn anpil benediksyon!”

ANN IMITE BONDYE AK KRIS LÈ N AP BAY DISIPLIN

15. Ki sa n dwe fè si n vle disiplin n ap bay la touche kè moun yo?

15 Pou n vin bon anseyan, toudabò, nou dwe se bon etidyan (1 Tim. 4:15, 16). Menm jan an tou, moun Bondye bay otorite pou bay disiplin yo dwe dispoze kontinye soumèt tèt yo devan direksyon Jewova bay. Lè yo soumèt tèt yo avèk imilite konsa, sa ap fè lòt moun respekte yo e sa ap fè yo alèz pou yo pale lè y ap bay lòt moun fòmasyon oswa koreksyon. Ann pran egzanp Jezi.

16. Bay kèk leson nou ka aprann nan men Jezi sou fason pou n bay disiplin ki apwopriye ansanm ak ansèyman ki efikas.

16 Jezi te toujou obeyi Papa l, menm nan moman kote l te difisil anpil pou l fè sa (Mat. 26:39). Epitou, li te fè konnen se nan Papa l sa l te konn anseye yo ak sajès li te genyen an soti (Jan 5:19, 30). Lefètke Jezi te gen imilite e l te obeyisan sa te atire moun ki gen bon kè yo vin jwenn li e sa te ede l vin yon bon anseyan ki gen konpasyon. (Li Matye 11:29.) Bon pawòl li te konn di yo te touche kè moun yo ki te tankou wozo ki panche oswa ki te tankou mèch lanp ki prèt pou etenn (Mat. 12:20). Menm lè pasyans Jezi te pase anba eprèv, li te demontre bonte ak lanmou. Sa te parèt klè lè l te korije apot li yo paske yo te montre yo gen yon atitid egoyis e yo te gen anbisyon. — Mak 9:33-37; Lik 22:24-27.

17. Ki bèl kalite k ap ede ansyen yo byen pran swen twoupo Bondye a?

17 Tout moun ki gen otorite pou bay disiplin ki baze sou Ekriti yo montre yo saj lè yo suiv egzanp Kris. Lè yo fè sa, yo montre anvi yo genyen pou yo kite Bondye ak Pitit Gason l lan ba yo fòm. Men sa apot Pyè te ekri: “Pran swen twoupo Bondye a ki sou kont nou, epi fè travay nou kòm siveyan. Pa fè sa nan fòse, men fè sa ak tout kè nou devan Bondye. Pa fè sa paske n ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon, men fè sa avèk dilijans. Pa fè sa tankou se domine n ap domine sou moun ki se eritaj Bondye konfye nou, men se pou nou tounen egzanp pou twoupo a.” (1 Pyè 5:2-4). Sa klè, siveyan ki kontan soumèt tèt yo devan Bondye ak Kris, ki se Chèf kongregasyon an, jwenn byenfè e sa pèmèt moun ki anba otorite yo jwenn byenfè tou. — Eza. 32:1, 2, 17, 18.

18. a) Ki sa Jewova mande pou paran yo fè? b) Ki fason Bondye ede paran yo ranpli responsablite yo?

18 Menm prensip fondamantal sa a aplikab nan fanmi an tou. Men sa Bib la di chèf fanmi yo: “Pa tingting pitit nou pou fè yo fache, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay.” (Efe. 6:4). Jis nan ki pwen sa enpòtan? Pwovèb 19:18 di: “Bay pitit ou disiplin pandan gen espwa toujou, e pinga w responsab lanmò l.” Wi, Jewova ap mande paran ki kretyen yo kont si yo pa bay pitit yo disiplin ki nesesè (1 Sam. 3:12-14)! Men, Jewova bay paran yo sajès ak fòs yo bezwen lè yo sipliye l avèk imilite ak lè yo konte sou Pawòl li a ak lespri sen l pou yo jwenn direksyon. — Li Jak 1:5.

ANN APRANN FASON POU N VIV POU TOUTAN NAN LAPÈ

19, 20. a) Ki byenfè n ap jwenn lè n aksepte disiplin Bondye bay? b) Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

19 Li t ap difisil pou n rive konte tout byenfè nou jwenn lè n aksepte disiplin Bondye bay e lè n imite Jewova ak Jezi lè n ap bay lòt moun disiplin. Yon bagay ki sèten, sa fè gen bonjan lapè nan fanmi yo ak nan kongregasyon an. Mete sou sa, moun yo santi yo vrèman renmen yo, yo santi yo gen valè e yo santi yo byen, tout sa se yon avangou sou benediksyon ki pral genyen yo (Sòm 72:7). Se sa k fè l pa egzajere pou n di disiplin Jewova bay la aprann nou fason pou n viv pou toutan nan lapè ak nan tèt ansanm antanke yon fanmi ki anba pwoteksyon Papa l. (Li Ezayi 11:9.) Lè n wè disiplin Bondye bay la fason sa a, n ap pi dispoze apresye l pou sa l ye toutbon an, sètadi yon bèl prèv ki montre lanmou san parèy Bondye gen pou nou.

20 Nan atik ki vin apre a, nou pral pale plis sou kèk fòm disiplin nou jwenn nan fanmi an ak nan kongregasyon an. Anplis de sa, nou pral pale sou fason n ka disipline tèt nou e n pral pale tou konsènan yon bagay ki ka menm pi rèd pase kèlkeswa soufrans disiplin ka lakòz yon moun jwenn pou yon ti tan.