Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Jewova pa janm lage m!

Jewova pa janm lage m!

Mwen te youn nan kat tifi yo te chwazi pou pote flè bay Adolf Hitler apre l te fin bay yon diskou yon lè. Poukisa yo te chwazi m? Se paske papa m te enplike anpil nan aktivite Nazi yo epi l te chofè lidè ki te responsab yon biwo pati sa a te gen nan zòn nan. Manman m te yon katolik devwe e l te vle pou m vin mè. Malgre de gwo enfliyans sa yo, m pa t vin ni yon Nazi ni yon mè. Kite m esplike n rezon an.

MWEN fèt nan vil Graz, nan peyi Otrich. Lè m te gen setan, yo te voye m nan yon lekòl pou m pran fòmasyon nan domèn relijye. Sepandan, m te choke anpil lè m te wè jan pè yo ak mè yo t ap fè imoralite seksyèl. Se sa k fè manman m te pèmèt mwen kite lekòl la apre ennan.

Fanmi nou ansanm ak papa m ak inifòm militè l sou li.

Annapre, m t al nan yon lekòl ki gen pansyon. Yon jou swa, papa m te vin chèche m pou l te mennen m yon kote ki an sekirite piske yo t ap lage anpil bonm sou vil Graz. Nou te pran refij nan vil Schladming. Apèn nou te fin rive epi n te travèse yon pon, pon an te eksploze. Yon lòt lè, gen yon seri avyon ki t ap vole byen ba e ki te tire sou granmè m avè m nan lakou lakay nou. Lè gè a te fini, sanble ni legliz ni gouvènman an te lage nou.

MWEN TE APRANN KONTE SOU YON ÈD KI SAN FAY

An 1950, gen yon Temwen Jewova ki te kòmanse pataje mesaj ki nan Bib la ak manman m. M te konn koute konvèsasyon an e m te konn menm akonpaye manman m nan kèk reyinyon kongregasyon an. Piske l te gen konviksyon Temwen Jewova yo gen laverite, li te batize an 1952.

Nan epòk sa a, m te wè kongregasyon an sanble ak yon klèb pou granmoun fi. Men, annapre, nou t al vizite yon kongregasyon kote te gen anpil jèn, se pa t yon klèb pou granmoun fi ditou! Lè m te retounen nan vil Graz, m te kòmanse asiste tout reyinyon yo, e yon ti tan apre, mwen menm tou m te vin gen konviksyon sa m t ap aprann yo se laverite. Epitou, m te vin aprann konnen Jewova antanke yon Bondye ki bay sèvitè l yo yon èd ki san fay. Li fè sa menm lè nou santi n poukont nou devan yon seri sitiyasyon ki enposib. — Sòm 3:5, 6.

M te vle pataje laverite ak lòt moun. M te kòmanse ak frè m ak sè m yo. M gen kat sè ki pi gran pase m ki te gentan kite kay la pou y al travay kòm pwofesè lekòl. Men, m t al vizite yo nan diferan vilaj yo te abite yo e m te ankouraje yo pou yo etidye Labib. Finalman, tout frè m ak sè m yo te fè sa e yo te vin Temwen Jewova.

Nan dezyèm semèn m t ap preche kay an kay la, m te rankontre yon dam ki nan trantèn li e m te kòmanse etidye Labib avè l. Li te fè pwogrè jiskaske l batize, e annapre, mari l ak de pitit gason l te fè menm bagay la. Etid sa a te gen yon gwo efè sou mwen nan domèn espirityèl. Sa k fè sa? Ebyen, anvan sa, m pa t janm gen yon bonjan etid Labib. M te dwe byen prepare chak etid. Nan yon sans, m te fè sa pou m te anseye tèt mwen anvan, ansuit, pou m te ka anseye etidyan m nan! Sa te fè m apresye laverite plis toujou. Ann avril 1954, m te batize nan dlo pou m montre m te vwe Jewova lavi m.

“YO PÈSEKITE NOU, MEN NOU PA LAGE POUKONT NOU”

An 1955, m te asiste kèk kongrè entènasyonal nan peyi Almay, Lafrans ak Angletè. Pandan m te nan vil Lonn, m te fè konesans ak Albert Schroeder. Li te yon enstriktè nan Lekòl Galaad, e annapre li te sèvi kòm manm Kolèj santral la. Pandan m t ap vizite British Museum, frè Schroeder te montre n kèk maniskri Labib. Yo te gen non Bondye ann ebre, e l te esplike n enpòtans yo. Sa te touche m ni nan domèn afektif ni nan domèn espirityèl, sa te fè m pi detèmine pou m fè konnen verite ki nan Pawòl Bondye a.

Mwen menm ak patnè m nan (adwat), n ap sèvi kòm pyonye espesyal nan Mistèlbak, ann Otrich.

M te kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan 1ye janvye 1956. Kat mwa annapre, m te jwenn envitasyon pou m al sèvi kòm pyonye espesyal nan peyi Otrich. Nan epòk sa a, pa t gen Temwen nan Mistèlbak, vil kote m t al sèvi a. Men, m te jwenn yon gwo difikilte. Mwen menm ak patnè m nan te vrèman diferan. M te prèske gen 19 an e m te leve nan vil, li menm li te gen 25 an e l te yon fi ki te leve andeyò. M te renmen leve ta chak maten, e li menm li te renmen leve bonè. Leswa, m pa t renmen dòmi bonè, men li menm li te vle al dòmi bonè. Aktout sa, lefètke n te aplike konsèy ki nan Bib la, nou te rive jere diferans nou yo e n te reyisi antanke patnè nan sèvis pyonye a.

Anfèt, nou te fè fas ak lòt difikilte ki pi gwo pase sa. Nou te menm jwenn kèk pèsekisyon, men nou pa t “lage poukont nou”. (2 Kor. 4:7-9.) Yon lè, pandan n t ap preche nan yon vilaj andeyò, moun yo te lage chen yo. Bridsoukou, te gen yon seri gwo chen ki te antoure mwen menm ak patnè m nan, yo t ap jape e yo t ap gwonde. Nou te kenbe men youn lòt, e m te menm fè yon priyè kote m te di: “Jewova, tanpri, lè yo pran nou, se pou n mouri byen vit!” Lè chen yo te rive toupre nou, yo te kanpe, yo te souke ke yo, epi yo t ale. Nou te santi Jewova te pwoteje n. Apre sa, nou te preche nan tout vilaj la, e n te kontan wè moun yo te vrèman koute n. Petèt yo te sezi paske yo te wè chen yo pa t fè n anyen mal oswa paske n te pèsevere apre yon eksperyans konsa ki te ban nou anpil laperèz. Finalman, gen kèk nan yo ki te menm vin Temwen.

Nou te fè yon lòt eksperyans ki te fè n pè. Yon jou, mèt kay kote n te rete a te vin nan kay la tou sou, li te menase l ap touye n, e l te fè konnen n ap deranje moun nan vwazinaj la. Madanm li te eseye kalme l men l pa t reyisi. Nou te tande tout pawòl sa yo pandan n te nan chanm nou ki te nan etaj la. San pèdi tan, nou te met chèz devan pòt nou an e n te kòmanse fè valiz nou. Lè n te ouvri pòt la, nou te wè mèt kay la kanpe sou tèt mach la ak yon gwo kouto nan men l. Se sa k fè n te chape nan pòt ki pa dèyè a e n te desann nan yon wout byen long nan jaden an ansanm ak tout sa n te posede, nou pa t janm tounen ankò.

Nou t al nan yon otèl e n te mande yon chanm. Alafen, nou te fè prèske ennan nan otèl la, sa ki te fè n jwenn bon rezilta nan sèvis nou. Nan ki sans? Otèl la te nan mitan vil la, e n te gen kèk nan etidyan Labib nou yo ki te vle fè etid la nan otèl la. San pèdi tan, nou te òganize reyinyon etid liv la ak etid Toudegad la ki te konn fèt chak semèn nan chanm otèl nou an, e te gen anviwon 15 moun ki te konn asiste l.

Nou te rete nan vil Mistèlbak pandan plis pase ennan. Apre sa, m te jwenn asiyasyon pou m al nan vil Fèldbak, nan sidès vil Graz. M te vin gen yon lòt sè ki pyonye ki te patnè m, men, yon lòt fwa ankò, pa t gen kongregasyon nan zòn nan. Nou te abite nan yon ti pyès nan etaj yon ti kay an bwa. Piske van te konn pase nan fant bwa yo, nou te eseye bouche twou yo ak papye jounal. Mete sou sa, nou te dwe al pran dlo nan yon pi. Men, sa te vo lapenn. Nan kèk mwa sèlman, gen yon gwoup ki te vin fòme. Finalman, gen anviwon 30 moun nan yon fanmi nou te etidye avèk yo ki te vin pran laverite!

Eksperyans sa yo fè m gen plis rekonesans pou èd san fay Jewova bay moun k ap kontinye fè travay Wayòm nan. Menm lè n pa jwenn moun pou ede n, Jewova toujou la. — Sòm 121:1-3.

‘BONDYE TE KENBE M AK MEN DWAT LI POU L MENNEN M NAN CHEMEN KI DWAT LA’

An 1958, te gen yon kongrè entènasyonal ki t ap gen pou fèt nan vil Nouyòk, nan Yankee Stadium ak nan Polo Grounds. M te ranpli yon fòmilè pou m te ka asiste l, e filyal peyi Otrich la te mande m si m ta renmen asiste 32yèm klas Lekòl Galaad la. Ki jan m te ka fè refize yon privilèj konsa? M te reponn “wi” tousuit!

Nan klas Lekòl Galaad la, m te chita bò kot Martin Poetzinger. Frè sa a te andire sitiyasyon ki terib nan kan konsantrasyon Nazi yo. Annapre, li te sèvi kòm manm Kolèj santral la tou. Nan klas la, pafwa, Martin te konn mande m tou ba: “Erika, sa sa vle di ann alman?”

Lè n te rive nan mwatye kou a, Nathan Knorr te fè n konnen asiyasyon nou. M te jwenn asiyasyon pou m al nan peyi Paragwe. Piske m te jèn anpil, m te bezwen pèmisyon papa m pou m te ka antre nan peyi sa a. Apre m te fin jwenn pèmisyon l, m te rive Paragwe an mas 1959. M te jwenn asiyasyon pou m t al nan yon mezon misyonè nan vil Asonnsyon, e m te gen yon nouvo sè kòm patnè.

Sa pa t pran tan pou m te fè konesans ak Walter Bright, yon misyonè ki te gradye nan 30yèm klas la. Rive yon lè, nou te marye e n te ka fè fas ak difikilte ki gen nan lavi a ansanm. Kèlkeswa lè n te jwenn yon pwoblèm ki difisil, nou te li pwomès Jewova fè nan Ezayi 41:10 la ki di: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs.” Sa te ban nou asirans depi n fè tout sa n kapab pou n ret fidèl ak Bondye e pou n met Wayòm li an an premye, li pap janm lage n.

Rive yon lè, nou te jwenn asiyasyon pou n al nan yon zòn ki toupre fwontyè peyi Brezil. Nan zòn sa a, dirijan legliz yo te chofe jèn yo pou yo voye wòch sou kay misyonè nou an ki te deja pa t an bon eta. Annapre, Walter te kòmanse etidye Labib ak chèf polis la. Chèf la te asire l gen kèk ofisye polis ki te poste toupre lakay nou pou yon semèn, konsa, moun ki t ap pèsekite n yo pa t ban n pwoblèm ankò. Yon ti tan annapre, nou t al abite nan yon apatman ki pi apwopriye ki sou fwontyè peyi Brezil. Sa te gen anpil avantaj paske nou te ka fè reyinyon ni nan peyi Paragwe ni nan peyi Brezil. Anvan n te kite asiyasyon sa a, te vin gen de ti kongregasyon ki fòme nan zòn nan.

Mwen menm ak mari m, Walter, lè n t ap sèvi kòm misyonè nan Asonnsyon, nan peyi Paragwe.

JEWOVA KONTINYE SOUTNI M

Doktè m yo te di m mwen pa ka fè pitit, donk, an 1962, nou te sezi lè n te aprann mwen ansent! Alafen, nou t al abite Oliwoud, nan Florid, toupre fanmi Walter. Pandan plizyè ane, Walter avè m pa t kapab pyonye. Nou te oblije pran swen fanmi nou. Aktout sa, nou te kontinye bay travay Wayòm nan priyorite. — Mat. 6:33.

Lè n te rive Florid an novanm 1962, nou te sezi wè tandans rasis ki gen nan zòn nan te pouse frè nwa yo fè reyinyon apa e frè blan yo fè reyinyon apa, epi yo te preche nan zòn separe. Piske Jewova pa fè distenksyon ant ras yo, sa pa t pran twòp tan pou kongregasyon yo te vin gen moun divès ras ladan yo. Men Jewova te parèt aklè nan dispozisyon sa a, piske gen plizyè douzèn kongregasyon nan zòn sa a kounye a.

Malerezman, Walter te mouri ak yon kansè nan sèvo an 2015. Li te yon bon mari pandan 55 an, li te renmen Jewova e l te ede anpil frè. Se pa ti tann m ap tann pou m wè l ankò lè l resisite ak yon bon sante. — Tra. 24:15.

Mwen gen anpil rekonesans dèske m fè plis pase 40 an nan sèvis aplentan, m jwenn anpil jwa ak rekonpans. Pa egzanp, Walter avè m te kapab asiste batèm 136 nan etidyan Labib nou yo. Natirèlman, nou te jwenn kèk difikilte. Men, nou pa t janm konsidere yo kòm yon rezon pou n sispann sèvi Bondye nou an ki fidèl. Okontrè, nou te vin pi pwòch avè l, nou te met konfyans nan li pou l rezoud pwoblèm nou yo nan moman ak nan fason l vle a. E se sa li fè! — 2 Tim. 4:16, 17.

M sonje Walter anpil, men sèvis pyonye a ede m fè fas ak sitiyasyon sa a. M twouve l pwofitab sitou pou m anseye lòt moun, e pou m menm pataje esperans rezirèksyon an ak yo. Vrèmanvre, m pa gen bouch pou m rakonte sa Jewova fè pou mwen, li pa janm lage m. Ann amoni ak pwomès li, li soutni m, li ban m fòs, e li kenbe m ak ‘men dwat li pou l mennen m nan chemen ki dwat la’. — Eza. 41:10.