Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Koute lè y ap ban nou disiplin pou nou ka gen sajès”

“Koute lè y ap ban nou disiplin pou nou ka gen sajès”

“Pitit mwen yo, [...] koute lè y ap ban nou disiplin pou nou ka gen sajès.” — PWO. 8:32, 33.

KANTIK: 56, 89

1. Ki jan n ka vin gen sajès, e ki byenfè n ap jwenn?

SE NAN Jewova sajès soti, e l pran plezi fè lòt moun jwenn sajès sa a. Men sa Jak 1:5 di: “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, [...] paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.” Youn nan fason nou ka vin gen sajès Bondye bay la, se lè n aksepte disiplin. E sajès sa a ka pwoteje n kont danje nan domèn moral ak espirityèl (Pwo. 2:10-12). Konsa, n ap kontinye “rete nan lanmou Bondye [...] avèk je nou fikse sou lavi ki pap janm fini an”. — Jid 21.

2. Ki jan n ka vin gen rekonesans pou disiplin Bondye bay?

2 Sepandan, tandans nou genyen pou n fè peche, fason n te leve, ansanm ak kèk lòt bagay ankò fè l difisil pou n aksepte disiplin oswa pou n konsidere l kòm yon bon bagay. N ap vin gen rekonesans pou disiplin lè n wè byenfè l pote, sa ki pwouve Bondye renmen nou. Pwovèb 3:11, 12 di: “Pitit mwen, pinga w rejte disiplin Jewova ba w, [...] paske Jewova korije moun li renmen.” Wi, nou pa dwe janm bliye Jewova vle sa ki pi bon an pou nou. (Li Ebre 12:5-11.) Etandone Bondye byen konnen nou, li toujou bay disiplin yon fason ki kòrèk e nan yon mezi ki apwopriye. Kounye a, ann egzamine kat aspè ki gen nan disiplin: 1) disiplin nou bay tèt nou, 2) disiplin paran yo bay, 3) disiplin yo bay nan kongregasyon kretyen an, e 4) yon bagay ki pi rèd pase soufrans disiplin lakòz pou yon ti tan.

LÈ N DISIPLINE TÈT NOU SA MONTRE NOU GEN SAJÈS

3. Ki jan yon timoun ka aprann disipline tèt li? Bay yon egzanp.

3 Disipline tèt nou gen ladan l aprann kontwole tèt nou yon fason pou n amelyore konduit nou ak fason n panse. Nou pa fèt ak tandans pou n disipline tèt nou. Nou dwe aprann fè sa. Ann pran yon egzanp: Lè yon timoun fèk ap aprann monte bekàn, an jeneral, paran l konn kenbe bekàn nan pou l pa tonbe. Men, toutpandan timoun nan ap pran ekilib li, avèk prekosyon, paran an konn lage l pou yon ti moman tanzantan. Paran an ap lage timoun nan nèt lè l ka kenbe ekilib li. Menm jan an tou, lè paran yo kontinye fòme pitit yo avèk pasyans “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”, se ede y ap ede timoun yo aprann disipline tèt yo e pou yo vin gen sajès. — Efe. 6:4.

4, 5. a) Poukisa disipline tèt nou se yon aspè enpòtan nan “nouvo pèsonalite a”? b) Poukisa n pa dwe bay legen menmsi n ta “tonbe sèt fwa”?

4 Menm prensip sa yo aplikab pou moun ki vin konn Jewova pandan yo gran. Se vre, yo ka deja atenn yon nivo nan fason yo disipline tèt yo. Men, yon nouvo disip poko gen matirite nan yon sans espirityèl. Tikras pa tikras, li ka vin gen matirite tank l ap aprann abiye l ak “nouvo pèsonalite a” ki sanble ak pa Kris la (Efe. 4:23, 24). Yon aspè enpòtan nan pwogrè sa a se aprann disipline tèt nou. Konsa, nou vin aprann “rejte konduit ki dezonore Bondye [ak] dezi ki nan monn nan, e pou nou viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a”. — Tit 2:12.

5 Pa bliye, nou tout fèt ak tandans pou n fè peche (Ekl. 7:20). Men, lè n tonbe yon fwa sa pa vle di nou fini nèt oswa n pa gen disiplin ditou. Pwovèb 24:16 di: “Moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò.” Ki sa k ap ede l reyisi? Se pa pwòp fòs li, men, se lespri Bondye. (Li Filipyen 4:13.) Metriz fè pati fwi lespri sa a pwodui, e se yon kalite ki gen yon rapò sere sere ak disiplin nou bay tèt nou.

6. Ki jan n ka vin pi maton antanke etidyan Pawòl Bondye a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

6 Anplis de sa, priyè n fè ak tout kè n, etid Labib ak meditasyon nou fè enpòtan anpil pou n aprann disipline tèt nou. Men, e si w twouve l difisil pou w etidye Pawòl Bondye a? Petèt ou pa konsidere tèt ou kòm yon moun ki renmen etidye. Sepandan, toujou sonje Jewova ap ede w si w kite l fè sa. Li ka ede w vin gen “yon gwo anvi” pou Pawòl li a (1 Pyè 2:2). Toudabò, priye Jewova pou l ede w bay tèt ou disiplin ki nesesè pou w etidye Pawòl li a. Epi, aji ann amoni ak priyè w fè yo, petèt lè w kontinye etidye pandan yon tan ki kout. Rive yon lè, l ap vin pi fasil pou w etidye e w ap jwenn plis plezi ladan l! Sa klè, w ap vin pi renmen tan w pase ap etidye yon kote ki kalm, lè w plonje nèt nan panse Jewova yo ki gen anpil valè. — 1 Tim. 4:15.

7. Lè n disipline tèt nou, ki jan sa ka ede n atenn yon objektif espirityèl?

7 Lè n disipline tèt nou, sa ede n atenn objektif espirityèl. Ann pran egzanp yon chèf fanmi ki te santi l pa twò chofe pou bagay espirityèl. Piske sa te fè l enkyè, li te fikse objektif pou l vin pyonye pèmanan e pou l li atik nan peryodik nou yo ki pale sou sijè a. Objektif sa a, ansanm ak priyè l te fè, te fè l vin djanm nan domèn espirityèl. Mete sou sa, li te pran dispozisyon pou l pyonye oksilyè lè l kapab. Ki rezilta sa te bay? Malgre l te jwenn pwoblèm, li te kite je l fikse sou objektif li te genyen pou l vin pyonye pèmanan an e finalman l te atenn objektif sa a.

LEVE TIMOUN YO NAN DISIPLIN JEWOVA

Timoun yo pa fèt tou konnen sa ki byen ak sa ki mal. Yo bezwen fòmasyon. (Gade paragraf 8.)

8-10. Ki sa k ka ede paran ki kretyen yo reyisi nan fason y ap leve pitit yo pou yo sèvi Jewova? Bay yon egzanp.

8 Paran ki kretyen yo gen yon privilèj ki gen anpil valè, se privilèj pou yo leve pitit yo “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”. (Efe. 6:4.) Se yon bagay ki difisil anpil, sitou nan monn n ap viv jodi a (2 Tim. 3:1-5). Nòmalman, timoun yo pa fèt ak konesans sou sa ki byen ak sa ki mal. Se vre yo fèt ak yon konsyans, men, konsyans sa a bezwen jwenn fòmasyon oswa disiplin (Wom. 2:14, 15). Gen yon diksyonè biblik ki fè konnen mo grèk lè yo tradui l yo met “disiplin” pou li a kapab vle di “fason yon timoun devlope”.

9 An jeneral, timoun ki jwenn disiplin avèk lanmou yo santi yo an sekirite. Yo aprann tout libète gen limit epi desizyon yon moun pran ak konpòtman l ap gen bon konsekans oswa move konsekans. Se sa k fè l vrèman enpòtan pou paran ki kretyen yo konte sou Jewova pou yo jwenn direksyon. Pa bliye ide yo ak metòd yo pa menm selon kilti moun yo e yo chanje jenerasyon apre jenerasyon. Lè paran yo koute Bondye, se pa chans k ap fè yo reyisi nan fòmasyon y ap bay timoun yo e sa pap depann de eksperyans oswa pwennvi lèzòm.

10 Ann pran egzanp Noye pou n esplike sa. Lè Jewova te di Noye konstwi lach la, Noye pa t ka konte sou eksperyans li paske l pa t janm konstwi yon lach anvan sa. Donk, li te dwe konte sou Jewova e se “egzakteman sa l te fè”, sètadi egzakteman jan Jewova te di l fè a (Jen. 6:22). Ki rezilta sa te bay? Noye te byen konstwi l yon sèl kou. Vrèmanvre, se sa l te dwe fè! Noye te reyisi antanke chèf fanmi tou, e se menm rezon yo ki fè sa, sètadi l te gen konfyans nan sajès Bondye. Se sa k fè l te byen anseye pitit li yo e l te ba yo bon egzanp, yon bagay ki te yon gwo defi nan epòk sa a anvan delij la, yon epòk ki te chaje ak mechanste. — Jen. 6:5.

11. Ki enpòtans egzanp paran yo bay genyen nan fòmasyon timoun yo?

11 Antanke paran, ki jan n ka aji “egzakteman” jan Bondye vle a? Se lè n koute Jewova. Se lè n kite l anseye n fason pou n leve pitit nou grasa Pawòl li a ansanm ak konsèy nou jwenn nan òganizasyon l lan. Rive yon lè, petèt pitit nou yo ap di n mèsi pou sa! Men sa yon frè te ekri: “M gen paran m yo anpil rekonesans pou fason yo te leve m. Yo te fè tout sa yo kapab pou yo touche kè m. Se yo menm ki merite pifò elòj pou pwogrè m fè nan domèn espirityèl.” Sepandan, gen kèk timoun ki vire do bay Jewova malgre tout efò paran yo fè. Malgre sa, paran ki eseye fè tout sa yo kapab pou antre laverite nan kè pitit yo gen yon bon konsyans. Epitou, yo ka gen espwa yon timoun ki rebèl ap retounen vin jwenn Jewova yon jou.

12, 13. a) Ki jan paran ki kretyen yo ka montre yo obeyi Bondye si yo gen yon timoun ki eskominye? b) Ki jan yon fanmi te jwenn byenfè lè paran yo te obeyi Jewova?

12 Youn nan pi gwo eprèv pou obeyisans kèk paran se kapab relasyon yo gen ak yon timoun ki eskominye. Ann pran egzanp yon manman ki te gen pitit fi l ki eskominye e ki te kite kay la. Men sa manman an admèt: “M te konn chèche kèk jwen nan piblikasyon nou yo yon fason pou m te ka pase tan ak pitit fi m nan ansanm ak pitit pitit fi m nan.” Men sa l ajoute: “Men, avèk jantiyès, mari m te ede m konprann nou pa responsab pitit nou an ankò e n pa dwe antre nan zafè l.”

13 Kèk ane annapre, pitit fi a te reyentegre. Men sa manman an di: “Kounye a, li rele m oswa l voye mesaj pou mwen prèske chak jou! Epi l gen anpil respè pou mari m avè m paske l konnen nou te obeyi Bondye. Nou gen yon bèl relasyon.” Si w gen yon pitit ki eskominye, èske w ap “fè Jewova konfyans ak tout kè w, [e w pap] konte sou entèlijans ou”? (Pwo. 3:5, 6.) Sonje sa, disiplin Jewova montre kokenn sajès ak lanmou l genyen. Pa janm bliye li te bay Pitit Gason l lan pou tout moun, san wete pitit ou a. Bondye pa ta renmen pèsonn detwi. (Li 2 Pyè 3:9.) Kidonk, montre w gen lafwa nan disiplin ak direksyon Jewova bay. Antanke paran, kontinye fè sa menm lè l difisil pou w fè sa Jewova di. Wi, aji ann amoni ak disiplin Bondye bay, pa aji kont disiplin nan.

NAN KONGREGASYON AN

14. Ki byenfè n jwenn nan enstriksyon Jewova bay pa mwayen “entandan fidèl” la?

14 Jewova pwomèt l ap pran swen kongregasyon kretyen an, l ap pwoteje l e l ap enstwi l. Li fè sa yon pakèt fason. Pa egzanp, li met Pitit Gason l lan alatèt kongregasyon an, e Pitit Gason l lan nome yon “entandan fidèl” pou l bay manje espirityèl nan bon moman (Lik 12:42). Manje sa a ki disponib sou plizyè fòm, pèmèt nou jwenn bonjan enstriksyon oswa disiplin. Mande tèt ou: ‘Konbyen fwa yon diskou oswa yon atik nan youn nan peryodik nou yo te pouse m fè ajisteman nan fason m panse oswa nan konduit mwen?’ Si repons lan pozitif, ou mèt kontan! Paske w kite Jewova ba w fòm oswa disiplin pou byen w. — Pwo. 2:1-5.

15, 16. a) Ki jan n ka jwenn byenfè grasa “gason kòm kado” ki nan kongregasyon an? b) Ki jan n ka fè travay ansyen yo pi fasil pou yo?

15 Kris bay kongregasyon an yon seri “gason kòm kado” tou, anpalan de ansyen yo, pou pran swen twoupo Bondye a (Efe. 4:8, 11-13). Ki jan n ka jwenn byenfè grasa kado sa yo ki gen anpil valè? Youn nan fason yo se lè n imite lafwa ansyen yo ansanm ak bèl egzanp yo bay. Yon lòt fason se lè n koute konsèy yo bay ki soti nan Ekriti yo. (Li Ebre 13:7, 17.) Sonje sa, ansyen yo renmen nou e yo vle n vin djanm nan domèn espirityèl. Pa egzanp, si yo remake n ap rate reyinyon oswa n vin frèt, li klè y ap aji byen vit pou vin ede n. Y ap koute nou, e apre sa, y ap eseye fè n vin djanm grasa bon ankourajman ansanm ak kèk konsèy apwopriye ki soti nan Ekriti yo. Èske n konsidere èd sa yo kòm yon prèv ki montre lanmou Jewova gen pou nou?

16 Toujou sonje l ka pa fasil pou ansyen yo pwoche kote n pou ban nou konsèy ki nesesè. Pa egzanp, imajine jan sa dwe te difisil pou pwofèt Natan t al pale ak David apre wa a te fin eseye kache yon peche grav li te fè (2 Sam. 12:1-14). Menm jan an tou, se sèten apot Pòl dwe te met kouraj sou li pou l te ka korije Pyè, youn nan 12 apot yo, ki te pran pou frè ki Juif yo (Gal. 2:11-14). Donk, ki jan w ka fè chay ki sou do ansyen yo vin fasil pou yo pote? Montre w gen imilite, ou abòdab e w gen rekonesans. Konsidere èd y ap ba w la kòm yon prèv ki montre lanmou Bondye gen pou ou. Nonsèlman sa ap fè w jwenn byenfè, men tou, sa ap fè yo jwenn plis jwa nan travay y ap fè a.

17. Ki fason yon sè te jwenn byenfè nan èd ki plen lanmou ansyen nan kongregasyon an te ba li?

17 Gen yon sè ki te twouve l difisil pou l renmen Jewova akoz kèk bagay ki te rive l. Men sa l di: “Lè sa k te rive m yo ansanm lòt pwoblèm mwen te genyen te vin fè m fè depresyon, m te konnen mwen dwe al pale ak ansyen yo. Yo pa t blame m ni kritike m, men, yo te ban m kouraj ak fòs. Apre chak reyinyon nan kongregasyon an, kèlkeswa kantite bagay yo te gen pou yo fè, gen omwen youn nan yo ki te konn mande m kòman m ye. Akoz sa k te rive m nan, m te twouve l difisil pou m merite lanmou Bondye. Men, detanzantan, Jewova te sèvi ak ansyen yo nan kongregasyon an pou l pwouve m li renmen m. M priye pou m pa janm kite l.”

KI SA K PI RÈD PASE KÈLKESWA SOUFRANS DISIPLIN BAY?

18, 19. Ki sa k pi rèd pase kèlkeswa soufrans yon disiplin ka pote? Bay kèk egzanp.

18 Byenke disiplin ka fè moun soufri, gen yon bagay ki menm pi rèd pase l: se pwoblèm yon moun ka jwenn lè l pa aksepte disiplin (Ebre 12:11). Ann pran egzanp de moun: Kayen ak wa Sedesyas. Lè Kayen te vin rayi Abèl nan pwen pou l touye l, men ki konsèy Bondye te bay Kayen: “Poukisa w fache e figi w mare konsa? Si w vin fè sa ki byen, èske w pap gen favè m? Men, si w pa fè sa ki byen, peche kouche ap tann ou nan papòt la, e tout sa l vle se domine w. Men, èske w ap rive gen kontwòl li?” (Jen. 4:6, 7). Kayen pa t koute. Konsa, peche te anvayi l nèt. Se pa ti pwoblèm ak soufrans ki pa t nesesè Kayen te jwenn (Jen. 4:11, 12)! Doulè l t ap jwenn akoz reprimann Jewova te ba l la t ap pi dous pou li.

19 Sedesyas, yon wa ki lach e ki te mechan, t ap dirije nan yon epòk ki te vrèman tris pou Jerizalèm. Pwofèt Jeremi pa t sispann pale ak Sedesyas pou l kite move konduit li te genyen an, men, wa a te refize aksepte disiplin. Yon lòt fwa ankò, bagay yo te fini mal (Jer. 52:8-11). Se pa ti vle Jewova vle anpeche n soufri san nesesite! — Li Ezayi 48:17, 18.

20. Alavni, ki sa k pral rive moun ki aksepte disiplin Bondye bay la ak moun ki refize aksepte l?

20 Nan monn nan, byen souvan, moun yo meprize disiplin, san wete disiplin nou bay tèt nou. Men, talè konsa, mechan yo pral sibi konsekans atitid sa a ki se atitid moun sòt (Pwo. 1:24-31). Kidonk, annou “koute lè y ap ban nou disiplin pou nou ka gen sajès”. Jan Pwovèb 4:13 fè konn sa, “kenbe disiplin, pinga w lage l. Konsève l, paske li se lavi w”.