Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Paran, èske n ap ede pitit nou fè pwogrè pou yo batize?

Paran, èske n ap ede pitit nou fè pwogrè pou yo batize?

“Poukisa w ap pèdi tan? Leve pou w al batize.” — TRA. 22:16.

KANTIK: 51, 135

1. Ki asirans paran ki kretyen yo vle genyen anvan pitit yo batize?

“PANDAN plizyè mwa, m pa t sispann di papa m ak manman m mwen vle batize e yo te konn pale de sa avè m souvan. Yo te vle gen asirans mwen konprann jis nan ki pwen desizyon m pran an enpòtan. Jou ki te 31 desanm 1934 la, moman an te rive pou evènman enpòtan sa a nan lavi m.” Se konsa sè Blossom Brandt te esplike sitiyasyon ki te gen rapò ak desizyon l te pran pou l batize a. Jodi a, paran ki kretyen yo demontre menm enterè sa a tou lè y ap ede pitit yo pran desizyon ki saj. Lè yon moun voye batèm li pou pita oswa l ap di l a gentan san okenn rezon, sa ka fè l jwenn pwoblèm nan domèn espirityèl (Jak 4:17). Sepandan, avèk sajès, paran yo vle gen asirans pitit yo pare pou respekte responsablite ki mache ak desizyon yo pran pou yo vin kretyen an anvan yo batize.

2. a) Poukisa kèk siveyan sikonskripsyon montre yo enkyè? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

2 Gen kèk siveyan sikonskripsyon ki montre yo enkyè paske yo konn rankontre kèk jèn ki prèske kite adolesans oswa ki nan kòmansman ventèn e ki grandi nan yon fanmi ki kretyen, men, ki poko batize. Nan pifò ka, jèn sa yo se jèn ki asiste reyinyon kongregasyon an e ki patisipe nan travay predikasyon an. Yo konsidere tèt yo kòm Temwen Jewova. Men, pou kèk rezon yo ezite vwe Jewova lavi yo epi pou yo batize. Ki sa k ka lakòz sa? Nan kèk ka, se paran yo ki ankouraje yo voye batèm yo pou pita. Nan atik sa a, nou pral egzamine kat enkyetid kèk paran kretyen genyen ki anpeche yo ede pitit yo pwogrese pou yo batize.

ÈSKE PITIT MWEN AN GEN LAJ POU SA?

3. Ki enkyetid paran Blossom yo te genyen?

3 Paran Blossom yo, nou te pale de yo nan premye paragraf la, te gen rezon ap enkyete yo pou yo konn si pitit fi yo a gen ase laj pou l konprann siyifikasyon ak enpòtans batèm. Ki jan paran yo ka rive konnen si yon timoun nan pozisyon pou l fè Jewova yon ve ki valab?

4. Ki jan lòd Jezi te bay nou jwenn nan Matye 28:19, 20 an ka ede paran yo pandan y ap anseye pitit yo?

4 Li Matye 28:19, 20. Jan n te esplike sa nan atik ki vin anvan an, Bib la pa bay yon laj fiks pou yon moun batize. Sepandan, paran yo ka jwenn byenfè lè yo reflechi sou sa fè yon disip vle di. Mo grèk lè yo tradui l yo met “fè disip” pou li nan Matye 28:19 la gen sans anseye avèk entansyon pou fè elèv oswa disip. Yon disip se yon moun ki aprann ansèyman Jezi yo, ki konprann yo e ki detèmine pou l obeyi yo. Donk, objektif tout paran ki kretyen se ta dwe anseye pitit yo depi yo toupiti nan entansyon pou ede yo vin disip Kris ki batize. Nòmalman, yon tibebe pap kalifye pou l batize. Men, Bib la montre menm timoun piti yo ka aprann epi apresye verite ki nan Bib la.

5, 6. a) Ki sa fason Bib la pale de Timote aprann nou sou batèm li? b) Ki jan paran ki gen bon konprann yo ka ede pitit yo yon fason ki efikas?

5 Timote te yon disip ki te aksepte laverite depi lè l te timoun. Apot Pòl fè konnen Timote te aprann verite ki nan Ekriti yo depi l toupiti. Menm lè Timote te grandi nan yon fanmi ki divize nan domèn relijyon, manman l ak granmè l ki te Juif te ede l konprann Ekriti yo jan Juif yo te konprann yo a. Se sa k fè Timote te gen yon lafwa ki solid (2 Tim. 1:5; 3:14, 15). Lè Timote te rive nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li, li te gentan yon disip ki te ka jwenn privilèj espesyal nan kongregasyon an. — Tra. 16:1-3.

6 Nòmalman, tout timoun pa menm. Se pa tout timoun ki rive atenn matirite nan menm nivo oswa nan menm moman nan lavi a. Gen kèk ki rive gen bonjan matirite nan domèn mantal ak afektif depi yo toupiti e yo montre anvi yo genyen pou yo batize. Gen lòt ki gendwa tann yo gen plis laj pou yo batize. Se sa k fè, paran ki gen bon konprann yo pa fè presyon sou pitit yo pou yo batize. Olye de sa, yo ede chak timoun fè pwogrè nan domèn espirityèl toutpandan y ap veye fason y ap pwogrese. Paran yo ka kontan lè yon timoun reflechi sou konsèy nou jwenn nan Pwovèb 27:11 lan. (Li vèsè a.) Sepandan, yo pa dwe janm bliye objektif yo se ede pitit yo vin disip Kris. Lè paran yo gen sa nan lespri yo, y ap vle reflechi sou kesyon ki vin annapre a: ‘Èske pitit mwen an gen ase konesans pou l vwe Bondye lavi l epi pou l batize?’

ÈSKE PITIT MWEN AN GEN ASE KONESANS?

7. Èske yon moun ki vle batize dwe gen anpil konesans sou Bib la? Esplike.

7 Antanke moun k ap anseye fanmi an, li toutafè nòmal pou paran yo vle pou pitit yo gen konesans kòm baz solid pou yo vwe Bondye lavi yo. Aktout sa, yon moun pa oblije gen anpil konesans pou l vwe Bondye lavi l epi pou l batize. Tout disip ki fin batize dwe kontinye grandi nan konesans egzak la. (Li Kolosyen 1:9, 10.) Kidonk, ki kantite konesans yon moun dwe genyen anvan l batize?

8, 9. Ki leson n ka aprann nan istwa Bib la rakonte sou Pòl ak gadyen prizon an?

8 Eksperyans yon fanmi te fè nan premye syèk la bay paran yo kèk ide sou sijè a (Tra. 16:25-33). Pòl te vizite vil Filip ozanviwon ane 50 epòk nou an pandan l te nan dezyèm vwayaj misyonè l la. Pandan l nan vil la, yo te lage fo akizasyon sou do li menm ak Silas, konpayon vwayaj li, yo te arete yo e yo mete yo nan prizon. Pandan nuit lan, gen yon tranblemanntè ki te sekwe fondasyon prizon an e sa te lakòz tout pòt ouvri. Piske gadyen prizon an te panse prizonye yo sove, li t apral touye tèt li, men, Pòl te di l pa fè sa. Pòl ak Silas te bay gadyen prizon an ak fanmi l yon bon temwayaj. Ki etap apresyasyon yo te genyen pou verite yo t ap aprann konsènan Jezi a te pouse yo franchi? Yo te batize san pèdi tan. Ki sa n ka aprann nan istwa sa a?

9 Selon koutim ki te gen nan epòk la, petèt gadyen prizon an te yon veteran nan lame ki te pran retrèt li. Li pa t konn Ekriti yo. Donk, pou l te vin gen yon fondasyon solid sou konesans ki nan Ekriti yo, li te bezwen aprann verite fondamantal ki nan Bib la, li te bezwen konprann sa sa vle di pou yon moun vin yon sèvitè Bondye e l te dwe detèmine pou l obeyi ansèyman Jezi yo. Nan yon ti tan ki tou kout, konesans de baz li te vin genyen sou verite ki nan Ekriti yo ansanm ak lanmou l te genyen pou verite sa yo te pouse l batize. Se sèten l te kontinye ajoute sou konesans li te genyen an apre l fin batize. Toutpandan n ap reflechi ak egzanp sa a, ki sa n ka fè lè pitit nou montre yo vrèman renmen ansèyman de baz ki nan Ekriti yo, sa ki gen ladan l siyifikasyon ak enpòtans ve ak batèm? Antanke paran ki kretyen, nou ka di l li ka al kot ansyen yo nan kongregasyon an pou yo wè si l kalifye pou l batize *. Menm jan ak lòt disip ki batize yo, l ap kontinye vin gen plis konesans sou objektif Jewova pandan tout vi l, oswa menm pou tout letènite. — Wom. 11:33, 34.

ÈSKE PITIT MWEN AN AP PRAN FÒMASYON POU L REYISI NAN LAVI A?

10, 11. a) Ki sa kèk paran konn panse? b) Ki premye enkyetid yon paran ta dwe genyen?

10 Gen kèk paran ki konn panse li t ap pi bon pou pitit gason yo oswa pitit fi yo voye batèm yo pou pita yon fason pou yo fè gwo etid pou yo ka asire avni yo anvan. Yo ka gen bon entansyon lè yo fè yon rezònman konsa, men, èske sa ap ede pitit yo reyisi toutbon nan lavi a? Sa k pi enpòtan an, èske sa ann amoni ak Ekriti yo? Ki sa Pawòl Jewova a ankouraje? — Li Eklezyas 12:1.

11 Li enpòtan pou n sonje monn sa a ansanm ak tout sa ki ladan l opoze ak sa k enterese Jewova ansanm ak sa l panse (Jak 4:7, 8; 1 Jan 2:15-17; 5:19). Yon relasyon sere ak Jewova se pi bon defans yon timoun ka genyen kont Satan, kont monn li an ak panse monn nan ki pa menm ditou ak sa Bondye panse. Lè yon paran bay objektif pwofàn twòp priyorite, sa ka lage yon timoun nan konfizyon e sa ka fè l pa bay sa k ap pi bon pou li yo enpòtans. Èske paran kretyen ki gen lanmou yo t ap vrèman vle pou monn sa a anpeche pitit yo konprann sa k ap fè yo reyisi toutbon? An reyalite, se sèlman lè n bay Jewova premye plas nan lavi nou kè n ap kontan toutbon e n ap reyisi. — Li Sòm 1:2, 3.

E SI PITIT MWEN AN TA FÈ YON PECHE?

12. Poukisa kèk paran konn vle pou pitit yo voye batèm yo pou pita?

12 Men sa yon manman ki kretyen te di pandan l t ap esplike rezon ki fè l pa t ankouraje pitit fi l la batize: “Mwen wont pou m di pi gwo rezon an se akoz dispozisyon pou eskominye moun nan.” Menm jan ak sè sa a, gen kèk paran ki panse l pi bon pou pitit yo voye batèm yo pou pita jiskaske yo pase laj kote timoun gen tandans aji tankou moun sòt (Jen. 8:21; Pwo. 22:15). Yo ka di tèt yo: ‘Depi pitit mwen an pa batize, yo pap ka eskominye l.’ Ki sa k fè yon rezònman konsa pa bon? — Jak. 1:22.

13. Lè yon moun voye batèm li pou pita, èske sa fè l gen mwens kont pou l rann Jewova? Esplike.

13 Nou konprann li nòmal dèske paran ki kretyen yo pa ta renmen pitit yo batize anvan yo gen ase matirite pou yo fè yon ve ki valab. Men, se t ap yon erè pou yo ta panse lè yon timoun pa batize sa fè l pa gen kont pou l rann Jewova. Sa k fè sa? Se pa lè yon moun batize li gen kont pou l rann Jewova. Okontrè, yon timoun gen kont pou l rann Bondye lè l konnen sa ki byen ak sa ki mal nan je Jewova. (Li Jak 4:17.) Kidonk, olye pou paran ki gen sajès yo pa ankouraje pitit yo batize, yo fè gwo efò pou yo bay bon egzanp. Yo vle ede pitit yo vin gen anpil apresyasyon pou prensip moral wo nivo Jewova yo depi yo toupiti (Lik 6:40). Yon apresyasyon konsa se pi bon pwoteksyon an paske sa ap ankouraje pitit ou pou l suiv chemen Jewova yo ki dwat. — Eza. 35:8.

LÒT MOUN KAPAB EDE N

14. Ki jan ansyen yo ka soutni efò paran yo ap fè pou ede pitit yo fè pwogrè pou yo batize?

14 Antanke bèje espirityèl, ansyen yo nan kongregasyon an ka soutni efò paran yo ap fè lè yo pale yon fason pozitif konsènan objektif espirityèl. Gen yon sè ki te fè plis pase 70 an ap sèvi kòm pyonye ki sonje efè yon konvèsasyon l te genyen ak frè Charles T. Russell te gen sou li lè l te gen sizan sèlman. Men sa l te di: “Li te fè 15 minit ap pale avè m konsènan objektif espirityèl mwen.” Vrèmanvre, pawòl pozitif ak ankourajman nou bay ka gen efè ki dire anpil tan (Pwo. 25:11). Mete sou sa, ansyen yo ka envite paran yo ak pitit yo pou yo patisipe nan pwojè k ap fèt nan Sal Wayòm nan, yo ka bay timoun yo kèk travay pou yo fè selon laj yo ak kapasite yo.

15. Bay kèk fason lòt moun nan kongregasyon an ka ankouraje jèn yo.

15 Moun nan kongregasyon an ka ede jèn yo lè yo montre yo vrèman enterese nan yo. Sa ka mande pou yo chèche wè pwogrè y ap fè nan domèn espirityèl. Èske yon jèn te fè yon kòmantè byen reflechi ak tout kè l, oswa èske l te patisipe nan pwogram reyinyon ki fèt nan mitan semèn nan? Èske yon jèn te rive fè fas ak yon eprèv ki te teste fidelite l oswa l te pwofite yon okazyon l jwenn pou l bay temwayaj nan lekòl li? Pa pran tan pou n bay bonjan felisitasyon. Poukisa n pa fikse objektif pou n pale ak yon jèn, pou n demontre bonjan enterè pou li, anvan oswa apre yon reyinyon? Nan fason sa yo ak lòt ankò, jèn yo ka vin rann yo kont yo gen plas yo nan “gwo kongregasyon an”. — Sòm 35:18.

EDE PITIT NOU FÈ PWOGRÈ POU YO BATIZE

16, 17. a) Ki rapò batèm yon moun genyen ak sa l ap tann alavni? b) Ki jwa tout paran ki kretyen ap fè efò pou yo genyen? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

16 Leve yon timoun nan “disiplin Jewova ak nan avètisman li bay” se youn nan pi gwo privilèj yon paran ki kretyen ka genyen (Efe. 6:4; Sòm 127:3). Kontrèman ak timoun nan nasyon Izrayèl tan lontan an, pitit paran ki kretyen yo pa fèt nan yon nasyon ki vwe bay Jewova. Anplis de sa, yo pa leve jwenn lanmou pou Bondye ak pou laverite kòm eritaj. Depi jou pitit yo fèt la, paran ki kretyen yo ta dwe gen objektif pou yo fè pitit yo vin disip, pou ede yo vin sèvitè Jewova ki vwe lavi yo ba li e ki batize. Ki sa k te ka gen plis enpòtans pase sa? Dayè, se ve chak moun fè, batèm yo ak sèvis fidèl y ap bay Bondye a k ap fè yo gen espwa pou yo resevwa mak k ap pèmèt yo sove pandan gwo tribilasyon ki gen pou vini an. — Mat. 24:13.

Paran yo dwe gen objektif pou yo ede pitit yo vin yon disip. (Gade paragraf 16, 17.)

17 Lè Blossom Brandt te pran desizyon pou l batize, paran l yo ki gen lakrentif pou Bondye te vle asire yo li pare pou l franchi etap sa a ki pi enpòtan nan lavi l. Yonfwa yo te fin asire yo li pare pou sa, yo te soutni desizyon l te pran an. Jou swa lavèy batèm li an, papa l te fè yon bèl bagay. Men sa Blossom rakonte: “Li te fè nou tout met ajenou, epi l te fè yon priyè. Li te di Jewova li kontan anpil dèske ti pitit fi l la pran desizyon pou l vwe lavi l ba li.” Men sa Blossom fè konnen plis pase 60 an annapre: “Nou mèt sèten, m pa gendwa janm bliye jou swa sa a!” Antanke paran, se pou nou menm tou nou goute lajwa ak satisfaksyon sa bay lè n wè pitit nou vin yon sèvitè Jewova ki vwe lavi l ba li e ki batize.

^ § 9 Paran yo ka egzamine bonjan enfòmasyon nou jwenn nan liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2, paj 304-310 ak pitit yo. Gade “Repons kesyon w yo” ki nan Ministè Wayòm avril 2011, paj 2 a tou.