Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Akeyi moun se yon bon abitid ki vrèman nesesè!

Akeyi moun se yon bon abitid ki vrèman nesesè!

“Se pou youn kontan akeyi lòt, san bougonnen.” — 1 PYÈ 4:9.

KANTIK: 100, 87

1. Ak ki sitiyasyon kretyen nan premye syèk yo t ap fè fas?

YON lè, ant ane 62 ak ane 64 epòk nou an, apot Pyè te ekri “moun ki depasaj yo, ki gaye nan Pon, nan Galasi, nan Kapadòs, ann Azi ak nan Bitini”. (1 Pyè 1:1.) Kongregasyon sa yo ki te ann Azi minè e ki te gen divès kilti te bezwen ankourajman ak konsèy. Yo t ap soufri akoz opozisyon e yo te konn pale yo mal. Yo te jwenn “gwo eprèv”. Epitou, yo t ap viv nan yon epòk ki difisil. Men sa Pyè te ekri: “Lafen tout bagay vin pi pre.” Vrèmanvre, sistèm juif la t apral fini yon fason ki vyolan nan mwens pase dizan. Ki sa k te ka ede kretyen ki t ap viv toupatou yo kenbe fèm nan moman terib sa yo? — 1 Pyè 4:4, 7, 12.

2, 3. Poukisa Pyè te ankouraje frè yo pou yo montre yo akeyan? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

2 Pami lòt bagay Pyè te di yo, men ki ankourajman l te bay frè yo: “Se pou youn kontan akeyi lòt.” (1 Pyè 4:9). Yon fason literal, mo grèk lè yo tradui l yo met “akeyi” pou li a vle di “atachman pou, oswa bonte anvè etranje”. Sepandan, n ap remake Pyè te ankouraje frè l ak sè l yo ki kretyen pou “youn kontan akeyi lòt”, anpalan de moun yo te deja konnen e ki te konn pase tan ak yo. Lefètke yo te kontan akeyi moun, ki jan sa t ap ede yo?

3 Sa t ap fè yo vin pwòch youn ak lòt. Fè yon ti reflechi sou pwòp eksperyans pa w. Èske w sonje bon moman w te pase ak yon moun ki te envite w lakay li? Èske w pa gen anpil bèl bagay ki vin nan tèt ou lè w ap panse ak okazyon sa a? Lè w te pase tan ak kèk moun nan kongregasyon an, èske sa pa t fè w vin pi bon zanmi yo? Lè n montre n akeyan, nou ka aprann konn frè n ak sè n yo yon fason ki pi entim pase nan lòt okazyon. Piske bagay yo t ap vin pi mal nan epòk Pyè a, kretyen yo te bezwen vin pi pwòch youn ak lòt. Se menm bagay la tou pou kretyen k ap viv nan “dènye jou” sa yo. — 2 Tim. 3:1.

4. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

4 Ki okazyon n genyen pou “youn” kontan akeyi “lòt”? Ki jan n ka venk obstak ki ka anpeche n montre n akeyan? Ki sa k ka ede n montre n se bon envite?

OKAZYON N GENYEN POU N MONTRE N AKEYAN

5. Ki jan n ka montre n akeyan nan reyinyon nou yo?

5 Nan reyinyon nou yo: Tout moun ki vin asiste reyinyon nou yo se moun ki vin manje nan domèn espirityèl menm jan avè n e nou kontan akeyi yo. Nou se envite Jewova ak òganizasyon l lan (Wom. 15:7). Lè gen moun ki vin asiste pou premye fwa, se kòmsi yo se envite nou tou. Poukisa w pa pran inisyativ pou w akeyi nouvo sa yo kèlkeswa jan yo abiye oswa aparans yo genyen (Jak 2:1-4)? Si w wè yo poko akeyi yon vizitè, èske w ka envite l chita bò kote w? Li ka apresye èd li jwenn pou l suiv pwogram nan e petèt pou l jwenn vèsè y ap li yo. Sa ap yon bon fason pou w “pran abitid akeyi moun”. — Wom. 12:13.

6. Ki moun sitou ki ta dwe pami moun n ap envite lakay nou?

6 Pou yon rafrechisman oswa yon ti manje: Nan tan biblik yo, nòmalman, pou yon moun te akeyi yon lòt moun, sa te mande pou l envite l vin manje avè l lakay li (Jen. 18:1-8; Jij 13:15; Lik 24:28-30). Lè yon moun te envite yon moun manje avè l se te yon fason pou l montre li vle zanmi l e l vle viv anpè avè l. Ki moun sitou ki ta dwe pami moun n ap envite yo? Se moun ki avè n regilyèman yo, anpalan de frè ak sè yo nan kongregasyon an. Lè moman difisil yo rive, èske nou youn pap soutni lòt? Nou bezwen gen zanmi ki fidèl e n bezwen viv anpè ak yo tout. Li enteresan pou n konnen, nan ane 2011, Kolèj santral la te chanje lè yo te konn fè etid Toudegad pou fanmi Betèl Etazini an, li te konn fèt a 6:45 nan aswè e yo vin mete l a 6:15. Poukisa? Nan anons lan, yo te fè konnen l ap pi fasil pou plis Betelit akeyi youn lòt lakay yo oswa aksepte envitasyon lòt Betelit fè yo lè reyinyon an fini pi bonè. Annapre, lòt filyal yo te fè menm bagay la tou. Dispozisyon sa a te fè fanmi betèl yo vin pi pwòch toujou.

7, 8. Ki jan n ka montre n akeyan lè moun ki reprezante òganizasyon Jewova a ap vizite n?

7 Lè oratè ki sot nan lòt kongregasyon, siveyan sikonskripsyon, e pafwa, moun ki reprezante biwo filyal la vin vizite nou, sa ban nou okazyon pou n montre nou akeyan. (Li 3 Jan 5-8.) Youn nan pi bon fason nou ka fè sa se lè n ba yo rafrechisman oswa n envite yo manje. Èske w te ka bay èd ou?

8 Men sa yon sè k ap viv Etazini sonje: “Sa fè plizyè ane depi mwen menm ak mari m gen posiblite akeyi anpil oratè ak madanm yo lakay nou. Chak moman sa yo se yon plezi, yo amizan, e sa k pi enpòtan an, yo fòtifye lafwa nou. Nou pa janm regrèt sa.”

9, 10. a) Ki moun ki ka bezwen yo akeyi yo pandan yon bon bout tan? b) Èske menm moun ki gen yon ti kay tou senp ka bay èd yo tou? Bay yon egzanp.

9 Envite k ap rete pandan yon bon bout tan: Nan tan lontan, byen souvan, lè yon moun t ap akeyi lòt moun li fè konfyans, li te konn ba yo lojman (Jòb 31:32; Flm. 22). Nan epòk nou an, nou bezwen fè sa tou. Byen souvan, siveyan sikonskripsyon yo konn bezwen lojman lè y ap vizite kongregasyon yo. Elèv k ap asiste lekòl teyokratik yo ak volontè nan konstriksyon yo konn bezwen lojman tou. Katastwòf natirèl ka lakòz kèk fanmi pèdi kay yo e yo ka bezwen lojman jiskaske operasyon sekou yo ede yo repare kay yo. Nou pa dwe panse se sèlman moun ki gen kay ki byen konfòtab ki ka ede. Yo ka deja fè sa plizyè fwa. Èske w ka ofri kay ou kòm lojman menmsi w pa gen gwo mwayen?

10 Gen yon frè nan Kore disid ki sonje jan l te konn akeyi elèv k ap asiste lekòl teyokratik yo lakay li. Men sa l ekri: “Okòmansman, m te renka paske nou te fèk fin marye e n t ap viv nan yon ti kay. Men, lefètke elèv yo te ret lakay nou se yon eksperyans ki te ban nou anpil jwa. Antanke moun ki fèk marye, nou te ka wè jan yon mari ak madanm li ka gen kè kontan lè y ap sèvi Jewova ak lè y ap pousuiv objektif espirityèl ansanm.”

11. Poukisa moun ki fèk vin nan kongregasyon w lan ka bezwen yo akeyi yo?

11 Moun ki fèk vin nan kongregasyon an: Gen moun oswa gen fanmi ki ka vin abite nan zòn ou an. Gen moun ki ka vin sèvi kote ki gen anpil bezwen. Yo ka voye kèk pyonye vin ede kongregasyon w lan. Okòmansman, yo tout nan yon sitiyasyon ki nouvo pou yo nan yon sans, yo nan yon nouvo kominote, yon nouvo kongregasyon, e petèt menm yon nouvo lang oswa yon lòt kilti. Lè n envite yo vin pran yon rafrechisman, yon ti manje, oswa nou soti ak yo sa ap ede yo gen nouvo zanmi e sa ka ede yo adapte yo ak sitiyasyon yo ki chanje.

12. Bay yon egzanp ki montre nou pa bezwen fè granpanpan pou n montre n akeyan.

12 Nou pa bezwen fè granpanpan pou n montre n akeyan. (Li Lik 10:41, 42.) Men sa yon frè di lè l ap rakonte kòmansman sèvis li antanke misyonè: “Nou te jèn, nou pa t gen eksperyans, e n te sonje lakay nou. Yon jou swa, madanm mwen te sonje lakay li anpil, e efò m te fè pou m ede l yo pa t mache. Annapre, vè 7:30 nan aswè, nou te tande y ap frape pòt la. Se yon dam ki t ap etidye Labib ki te vin wè n e l te pot twa zoranj. Li te vin akeyi nouvo misyonè yo. Nou te envite l antre e n te ba l yon vè dlo. Annapre, nou te fè te ak chokola ki cho. Nou potko konn pale lang swayili, e etidyan an pa t konn pale anglè. Men, evènman sa a te pèmèt nou kòmanse jwenn gwo kè kontan nan fè zanmi ak frè ak sè yo nan zòn nan.”

VENK OBSTAK KI ANPECHE N AKEYI MOUN

13. Ki byenfè w ap jwenn lè w montre w akeyan?

13 Èske w konn renka pou w akeyi moun? Si se wi, ou ka rate okazyon pou w pase tan ak moun k ap ba w kè kontan epi pou w fè zanmi k ap dire. Akeyi moun se youn nan pi bon remèd yon moun ka genyen lè l santi l poukò l. Men, ou ka ap mande tèt ou: ‘Poukisa pou yon moun ta renka pou l fè sa?’ Gendwa gen plizyè rezon.

14. Ki sa n ka fè si n pa gen anpil tan ak enèji pou n aksepte tout envitasyon yo fè n oswa pou n montre n akeyan?

14 Tan ak enèji: Sèvitè Jewova yo okipe anpil e souvan yo gen divès obligasyon. Gen kèk moun ki ka santi yo jis pa gen tan oswa enèji pou yo akeyi moun. Si se sitiyasyon pa w, ou ka bezwen egzamine pwogram aktivite w genyen yo. Èske w ka fè kèk ajisteman yon fason pou w ka jwenn tan ak enèji pou w aksepte envitasyon lòt moun fè w oswa pou w akeyi moun? Ekriti yo ankouraje kretyen yo pou yo montre yo akeyan (Ebre 13:2). Li pa mal pou n kreye tan pou sa. Anfèt, se sa nou dwe fè. Natirèlman, ou ka bezwen limite kèk aktivite ki pa twò enpòtan.

15. Anrapò ak akeyi moun, ki enkyetid kèk moun ka genyen?

15 Fason w konsidere tèt ou: Èske w konn anvi akeyi moun men w santi w pa kalifye pou sa? Gen moun ki timid e yo pè pou konvèsasyon pa dire twòp oswa pou moun yo envite yo pa santi yo raz. Gen lòt moun ki pa gen anpil lajan e yo kwè yo pap janm ka bay envite yo menm bagay ak lòt moun nan kongregasyon an. Pa bliye, sa k pi enpòtan nan yon kay se pa lefètke l estravagan, men se lefètke l gen lòd, li pwòp e l se yon kote ki akeyan.

16, 17. Ki sa k ka diminye enkyetid nou genyen pou n akeyi lòt moun?

16 Si w santi w pè pou w akeyi lòt moun, se pa ou menm sèl ki konsa. Men sa yon ansyen nan peyi Grann Bretay admèt: “Kapab gen yon ti strès lè w ap fè preparasyon pou w resevwa moun. Men, menm jan sa ye pou kèlkeswa bagay ki gen rapò ak sèvis n ap bay Jewova a, byenfè ak satisfaksyon n jwenn yo pi plis lontan pase kèlkeswa enkyetid la. Lefètke m chita sèlman ak moun mwen envite yo pou m bwè yon ti kafe e pou m pale ak yo, sa ban m lajwa.” Sonje lè n montre n enterese nan moun nou envite yo sa toujou bay bon rezilta (Flp. 2:4). Prèske tout moun renmen pataje eksperyans yo fè nan lavi a. Lè n reyini ansanm se ka sèl okazyon lòt moun genyen pou yo tande eksperyans nou te fè. Men sa yon lòt ansyen ekri: “Lè m envite frè ak sè nan kongregasyon an lakay mwen, sa ede m konprann yo pi byen e sa ban m tan pou m aprann konnen yo, sitou fason yo te pran laverite.” Lè n enterese nan lòt moun avèk lanmou sa ka bay kè kontan nan kèlkeswa okazyon an.

17 Men sa yon sè ki pyonye ki te akeyi plizyè elèv ki t ap asiste divès lekòl teyokratik te admèt: “Okòmansman, m t ap bay tèt mwen pwoblèm paske lakay mwen vrèman senp e se yon seri mèb dezyèm men mwen genyen. Madanm youn nan enstriktè yo te vrèman mete m alèz. Li te di m lè li menm ak mari l t ap sèvi nan travay sikonskripsyon an, pi bèl semèn yo te pase yo se lè yo te loje lakay moun ki kite lespri Bondye gide yo, moun ki gendwa pa gen anpil bagay materyèl men ki gen menm objektif ak yo ki se sèvi Jewova epi kontinye mennen yon vi senp. Sa te fè m sonje sa manman m te konn di nou lè n te timoun: ‘Pito n manje yon plat fèy kote ki gen lanmou.’” (Pwo. 15:17). Se pou lanmou kontinye pouse w akeyi moun, e w pa bezwen ap bay tèt ou pwoblèm.

18, 19. Lè n montre n akeyan, ki jan sa ede n venk santiman negatif nou gen pou lòt moun?

18 Fason w konsidere lòt moun: Èske gen yon moun nan kongregasyon w lan ki fè w fache? Okòmansman, ou ka gen santiman negatif pou moun sa a e santiman sa yo ka dire lontan si w pa fè anyen pou elimine l. Lefètke n pa gen menm tanperaman, sa ka detwi bon entansyon w genyen pou w akeyi moun. Oubyen yon moun gendwa te fè w yon bagay ki fè w mal, e w twouve l difisil pou w bliye sa.

19 Pou n amelyore relasyon nou gen ak lòt moun, menm ak moun ki ènmi n, Bib la mande pou n montre n akeyan. (Li Pwovèb 25:21, 22.) Lè n akeyi lòt moun, sa ka fè n vin alèz ak yo e sa redui santiman negatif. Sa ka fè n wè bèl aspè ki gen nan pèsonalite moun nan, yon seri aspè Jewova te wè lè l te atire moun sa a nan laverite (Jan 6:44). Si lanmou pouse n fè yon moun yon envitasyon san l pa t atann, se ka kòmansman yon gwo chanjman nan relasyon nou gen avè l. Ki jan w ka asire w se lanmou ki pouse w fè sa toutbon? Youn nan fason w ka fè sa se lè w suiv ankourajman ki nan Filipyen 2:3 a ki di: “Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” Lè n chèche wè nan ki domèn frè n ak sè n yo siperyè nou, pa egzanp nan lafwa yo, andirans yo, lefètke yo gen kran, oswa nan lòt kalite yo genyen, sa ap fè n gen plis lanmou pou yo e sa ap ouvri pòt pou n byen akeyi yo e pou n fè yo santi yo byen.

MONTRE W SE YON BON ENVITE

An jeneral, moun k ap akeyi moun yo envite toujou byen prepare pou yo. (Gade paragraf 20.)

20. Poukisa n dwe respekte yon envitasyon nou te aksepte, e ki jan n dwe fè sa?

20 Men sa David, youn nan moun ki te ekri sòm yo, te mande: “O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou?” (Sòm 15:1). Apre l te fin poze kesyon sa a, li te pale sou kalite espirityèl Bondye ap chèche lakay moun li envite yo. Youn nan kalite sa yo se lè yon moun kenbe pawòl li. Men sa l di: “Li kenbe pwomès li, menm lè sa koute l chè.” (Sòm 15:4). Si n aksepte yon envitasyon, nou pa dwe anile l pou ti krik ti krak. Moun ki envite n nan ka fè yon seri preparasyon, e l ka fè tout efò sa yo pou anyen si n anile envitasyon an (Mat. 5:37). Pafwa, gen kèk moun ki konn anile yon envitasyon yo te gentan resevwa yon fason pou yo ka aksepte yon lòt envitasyon ki sanble pi bon. Èske sa t ap montre n gen lanmou ak respè? Olye de sa, nou dwe aksepte envitasyon an e n dwe gen bonjan apresyasyon pou kèlkeswa sa moun ki envite n yo ofri n (Lik 10:7). Epitou, si ta gen kèk sitiyasyon nou vrèman pa ka evite ki ta fòse n anile envitasyon an, n ap montre n gen lanmou ak konsiderasyon pou moun ki envite n yo lè n fè yo konn sa byen vit.

21. Lè n respekte koutim moun nan zòn nan, ki jan sa ka ede n byen konpòte n antanke envite?

21 Anplis de sa, li enpòtan pou n respekte koutim moun nan zòn nan. Nan kèk kilti, moun yo kontan akeyi moun, menm lè yo pa t atann sa. Nan kèk lòt kilti, moun yo konn prefere fè preparasyon anvan. Gen kèk kote, lè yon moun ap akeyi yon lòt moun lakay li, li onore l ak pi bon bagay li te ka genyen, e fanmi an vin an dezyèm. Gen kèk lòt kote, yo sèvi tout moun ansanm. Nan kèk zòn, li nòmal pou moun yo envite yo pote yon bagay kòm patisipasyon pa yo nan okazyon an. Nan kèk lòt zòn, moun ki fè envitasyon an konn pi kontan lè moun li envite yo pa santi yo oblije pot yon bagay. Mete sou sa, nan kèk kilti, yo atann pou moun yo envite a refize premye envitasyon an oswa dezyèm nan avèk jantiyès. Gen lòt kote, lè yon moun refize yon envitasyon sa montre l pa apresye moun nan. Ann fè tout sa n kapab pou n fè moun ki envite n yo kontan dèske yo te fè sa.

22. Poukisa l enpòtan anpil pou “youn kontan akeyi lòt”?

22 Nan yon sans ki pi laj toujou, “lafen tout bagay vin pi pre”. (1 Pyè 4:7.) Nou pral fè fas ak pi gwo tribilasyon monn nan pa t janm konnen anvan sa. Tank ap gen plis presyon se tank n ap bezwen gen plis lanmou nan mitan nou antanke frè ak sè. Plis pase nenpòt lòt lè, nou bezwen aplike konsèy Pyè te bay kretyen yo ki di: “Se pou youn kontan akeyi lòt.” Se yon bon abitid ki vrèman nesesè e n ap toujou bezwen fè sa. — 1 Pyè 4:9.