TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Novanm 2016

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 26 desanm 2016 rive 29 janvye 2017.

“Se pou youn kontinye ankouraje lòt chak jou”

Poukisa ankourajman enpòtan anpil? Ki sa n kapab aprann nan fason Jewova, Jezi ak Pòl te ankouraje moun? E ki jan w ka bay moun bonjan ankourajman?

Nou òganize ann amoni ak Liv Bondye a

Jewova se òganizatè ki san parèy la. Èske n pa ta dwe atann pou adoratè l yo se moun ki òganize tou?

Èske w bay Liv Jewova a tout valè l genyen?

Pèp Bondye a jwenn bon rezilta lè yo fè tout sa yo kapab pou yo aplike konsèy yo jwenn nan Pawòl li a e yo soutni òganizasyon l lan fidèlman.

Li te rele nou sot nan fènwa

Nan ki sans pèp Bondye a te plonje nan fènwa nan dezyèm syèk epòk nou an? Ki jan e ki lè yo te kòmanse jwenn kèk eklèsisman?

Yo libere anba fo relijyon

Ki lè pèp Bondye a te libere nèt anba pouvwa Babilòn?