Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo libere anba fo relijyon

Yo libere anba fo relijyon

“Sot ladan l, pèp mwen.” — REVELASYON 18:4.

KANTIK: 101, 93

1. Ki jan n fè konnen pèp Bondye a te gen pou l libere anba Gran Babilòn nan, e ki kesyon nou pral reponn?

NAN atik ki vin anvan an, nou te aprann kretyen ki fidèl yo te prizonye nan Gran Babilòn nan. Bon nouvèl la sèke yo pa t ap ret nan prizon pou toutan. Nou konn sa paske, nan Bib la, Bondye bay pèp li a lòd pou l “sot” nan fo relijyon. (Li Revelasyon 18:4.) Sa montre kretyen yo t ap libere anba Gran Babilòn nan. Nou chofe pou n konnen ki lè yo t ap libere! Men toudabò, nou dwe reponn kesyon ki vin apre yo: Ki sa Etidyan Labib yo te detèmine pou yo fè anrapò ak Gran Babilòn nan, menm anvan ane 1914? Jis nan ki pwen frè ak sè n yo te zele nan travay predikasyon an pandan Premye Gè mondyal la? Èske se paske pèp Bondye a te bezwen fè kèk koreksyon ki fè yo te nan prizon nan Babilòn nan epòk sa a?

“BABILÒN TONBE”

2. Ki sa premye Etidyan Labib yo te deside fè menm anvan Premye Gè mondyal la?

2 Plizyè ane anvan Premye Gè mondyal la (1914-1918), Charles Taze Russell ak kèk lòt Etidyan Labib te rann yo kont relijyon ki di se kretyen yo ye yo pa t ap anseye verite ki nan Bib la. Se sa k fè yo pa t vle annafè ditou ak fo relijyon. Depi nan ane 1879, Toudegad Siyon an te fè konnen kèlkeswa legliz k ap soutni gouvènman yo, menmsi l di li se yon lamarye ki fidèl ak Kris, anfèt, li fè pati Gran Babilòn nan e Bib la rele l yon pwostitye. — Li Revelasyon 17:1, 2.

3. Ki sa Etidyan Labib yo te fè pou yo montre yo pa fè pati fo relijyon ankò? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Gason ak fi ki fidèl yo te konnen si yo te kontinye soutni fo relijyon Bondye pa t ap beni yo. Se sa k fè anpil nan yo te voye lèt nan legliz yo pou fè konnen yo pa vle manm legliz sa yo ankò. Genyen ki te menm li lèt yo a awotvwa devan tout moun nan legliz la. Si yon legliz pa t pèmèt yo fè sa, yo te voye yon lèt bay chak manm legliz la. Etidyan Labib yo te fè konnen aklè yo pa t vle annafè ditou ak fo relijyon! Plizyè ane anvan sa, yo te ka touye yo pou sa. Men, ozanviwon ane 1870, nan anpil peyi, gouvènman yo pa t soutni legliz yo jan yo te konn abitye fè sa. Kounye a, moun yo te ka pale jan yo vle konsènan Bib la e yo te ka menm pa dakò ak sa legliz yo di.

4. Pandan Premye Gè mondyal la, ki jan Etidyan Labib yo te wè Gran Babilòn nan? Esplike.

4 Etidyan Labib yo te konprann sa pa t sifi pou yo annik di fanmi yo, bon zanmi yo ak moun ki te nan menm legliz ak yo yo pa t ap soutni fo relijyon ankò. Yo te vle lemonnantye konnen Gran Babilòn nan se yon pwostitye nan domèn relijye! Se sa k fè, ant mwa desanm 1917 ak kòmansman ane 1918, kèk milye Etidyan Labib ki te genyen yo te chofe pou yo distribye 10 000 000 feyè ki te gen yon atik ki gen tit “Babilòn tonbe”. Nan feyè sa a, yo pa t pè bay laverite sou lakretyente. Jan nou ka imajine sa, se pa ti fache dirijan legliz yo te fache! Men, sa pa t fè Etidyan Labib yo kanpe. Yo te detèmine pou yo kontinye preche e pou yo obeyi ‘Bondye antanke chèf olye yo obeyi lèzòm’. (Travay 5:29.) Ki sa sa montre nou? Sa montre n, pandan Premye Gè mondyal la, kretyen sa yo, gason kou fi, pa t vin prizonye, okontrè, yo te libere tèt yo anba fo relijyon e yo te ede lòt moun fè menm jan an.

YO TE CHOFE PANDAN PREMYE GÈ MONDYAL LA

5. Poukisa nou di frè yo te chofe anpil nan travay predikasyon an pandan Premye Gè mondyal la?

5 Anvan sa, nou te konn di pèp Bondye a pa t gen favè Bondye pandan Premye Gè mondyal la paske yo pa t chofe nan travay predikasyon an. Pou rezon sa a, nou te panse Jewova te kite Gran Babilòn nan fè yo prizonye pandan yon ti tan. Men, annapre, frè ak sè fidèl ki t ap sèvi Bondye ant 1914 ak 1918 yo te fè konnen, antanke gwoup, yo te fè tout sa yo te kapab pou yo te kontinye preche. Lè n pi byen konprann sa k te rive Etidyan Labib yo nan epòk sa a, sa ap ede n konprann kèk evènman Bib la pale de yo.

Frè ak sè fidèl ki t ap sèvi Bondye ant 1914 ak 1918 yo te fè tout sa yo kapab pou yo kontinye preche.

6, 7. a) Ki difikilte Etidyan Labib yo te genyen pandan Premye Gè mondyal la? b) Ki sa k montre Etidyan Labib yo te chofe nan travay predikasyon an?

6 Anfèt, pandan Premye Gè mondyal la, Etidyan Labib yo te okipe anpil nan travay predikasyon an. Men, yo te jwenn anpil difikilte tou. Ann egzamine de ladan yo. Premyèman, Etidyan Labib yo pa t aprann preche ak Bib la sèlman. Yo te abitye distribye liv e se piblikasyon yo yo te konn kite esplike verite a. Se sa k fè lè gouvènman an te entèdi liv Mistè a rive nan bout li a nan kòmansman ane 1918, li te vin difisil pou anpil frè preche. Yon dezyèm difikilte yo te jwenn nan menm ane sa a se lè te vin gen grip espayòl la. Maladi terib sa a te trapan anpil e sa te fè l difisil pou frè yo vwayaje e pou yo preche. Sepandan, malgre difikilte sa yo, Etidyan Labib yo te fè tout sa yo kapab pou yo kontinye ak travay predikasyon an.

Etidyan Labib sa yo te chofe nan travay predikasyon an! (Gade paragraf 6, 7.)

7 An 1914, ti gwoup Etidyan Labib yo te prezante “Fotodram Kreyasyon an”. Prezantasyon sa a ki te gen foto, imaj k ap bouje ansanm ak son ladan l te yon bagay ki nouvo pou epòk la. Dram nan, jan yo te rele l la, te rakonte istwa limanite soti depi lè Bondye te kreye Adan pou rive nan fen rèy Kris la. An 1914, premye ane yo te pase dram nan, te gen plis pase 9 000 000 moun ki te wè l. Fè yon ti reflechi sou sa. Kantite sa a plis pase kantite Temwen Jewova ki gen nan monn nan jodi a! Gen lòt rapò ki montre nan ane 1916, te gen plis pase 809 000 moun ki te asiste reyinyon piblik yo te fè Ozetazini, e an 1918, kantite sa a te rive prèske 950 000. Se pa ti chofe Etidyan Labib sa yo te chofe nan travay predikasyon an!

Frè ki te alatèt yo te travay di anpil pou yo bay tout Etidyan Labib yo piblikasyon ki baze sou Bib la ak bonjan ankourajman.

8. Ki jan frè ki te alatèt yo te ankouraje Etidyan Labib yo pandan Premye Gè mondyal la?

8 Pandan Premye Gè mondyal la, frè ki te alatèt yo te travay di anpil pou yo bay tout Etidyan Labib yo piblikasyon ki baze sou Bib la ak bonjan ankourajman. Èd sa a te montre lanmou frè sa yo genyen e l te bay Etidyan Labib yo fòs pou yo kontinye preche. Men sa Richard H. Barber, yon pwoklamatè ki te chofe nan travay predikasyon an nan epòk la, te di: “Nou te reyisi ede yon ti kantite siveyan itineran kontinye fè travay yo, nou te kontinye distribye Toudegad e nou te reyisi voye Toudegad nan peyi Kanada kote travay la te anba entèdiksyon.” Men sa l te ajoute: “Mwen te gen privilèj voye liv Mistè a rive nan bout li sou fòma pòch, pa mwayen lapòs, bay yon pakèt zanmi ki te pèdi liv sa a paske otorite yo te sezi yo. Frè Rutherford te mande pou nou òganize kongrè nan plizyè vil nan lwès Etazini e l te voye kèk oratè pou ankouraje frè yo toutotan sa posib.”

KÈK KOREKSYON KI TE NESESÈ

9. a) Poukisa pèp Bondye a te bezwen korije kèk bagay ant ane 1914 ak ane 1919? b) Byenke yo te bezwen korije kèk bagay, ki sa n pa ta dwe kouri panse?

9 Te gen yon bagay Etidyan Labib yo te toujou bezwen korije. Yo pa t byen konprann sa Jewova te vle di lè l mande nou obeyi gouvènman yo (Women 13:1). Se sa k fè, antanke gwoup, yo pa t toujou kenbe netralite yo pandan gè a. Pa egzanp, lè prezidan Etazini an te mande pou moun yo priye pou lapè jou ki te 30 me 1918 la, Toudegad te ankouraje Etidyan Labib yo pou yo priye tou. Gen frè ki te bay kòb pou soutni gè a, e te menm gen kèk ladan yo ki te vin sòlda e yo t al nan lagè. Men, byenke yo te dwe korije kèk bagay, nou pa ta dwe kouri panse se pou rezon sa a yo te prizonye nan Gran Babilòn nan. An reyalite, nan epòk Premye Gè mondyal la, yo te prèske fin soti nan fo relijyon nèt. — Li Lik 12:47, 48.

Etidyan Labib yo pa t fin konprann sa sa vle di pou yo kenbe netralite yo. Men, yo te konnen se yon bagay ki mal pou moun touye moun.

10. Ki jan Etidyan Labib yo te montre yo gen respè pou lavi?

10 Vrèmanvre, Etidyan Labib yo pa t fin vrèman konprann sa sa vle di pou kretyen yo kenbe netralite yo. Men, yo te konnen se yon bagay ki mal pou moun touye moun. Se sa k fè, menm ti kantite frè ki te vin sòlda e ki te pote zam pandan Premye Gè mondyal la te refize touye moun ak zam ki te nan men yo. Yo te mete kèk nan frè ki te refize touye moun yo devan nèt pou ènmi te ka touye yo.

11. Ki jan gouvènman yo te reyaji lè Etidyan Labib yo te refize patisipe nan gè a?

11 Dyab la te fache anpil lè l te wè jan frè yo te fidèl ak Bondye. Se sa k fè, li te “sèvi ak lalwa pou [l] fè moun soufri”. (Sòm 94:20.) James Franklin Bell, yon jeneral nan lame ameriken an, te fè frè Rutherford ak frè Van Amburgh konnen gouvènman an te eseye fè yon nouvo lwa ki t ap pèmèt yo kondane amò nenpòt moun ki te refize patisipe nan gè a. Li te vle pale espesyalman de Etidyan Labib yo. Jeneral la te fache e l te di frè Rutherford yo pa t rive fè lwa sa a paske prezidan Etazini an te anpeche sa. Apre sa, jeneral la te di: “Men, nou konn ki jan n ap pran nou, e nou pral fè sa!”

12, 13. a) Poukisa yo te kondane uit frè pou yo pase anpil tan nan prizon? b) Èske prizon te fè frè yo pèdi detèminasyon yo genyen pou yo obeyi Jewova? Esplike.

12 Finalman, gouvènman an te jwenn yon fason pou l pini Etidyan Labib yo. Yo te arete frè Rutherford, frè Van Amburgh, ansanm ak sis lòt frè ki te reprezante Sosyete Watch Tower. Jij ki te sou ka a te fè konnen frè sa yo te pi danjere pase yon gwoup sòlda alman. Li te di yo te manke gouvènman an, lame a ak tout legliz yo dega e yo dwe ba yo gwo pinisyon pou sa. [1] (Gade nòt la.) Se sa k fè yo te kondane uit Etidyan Labib yo pou yo pase anpil tan nan prizon nan Atlanta, Jòji. Sepandan, lè gè a fini, yo te lage yo e yo te retire tout akizasyon yo te met sou do yo.

13 Menm lè yo te nan prizon, uit mesye sa yo te detèmine pou yo obeyi lwa Bondye. Ki jan n fè konn sa? Yo te ekri prezidan Etazini an pou yo mande l pou l fè yo sot nan prizon. Nan lèt la, yo te di Bib la fè n konnen nou pa dwe touye moun, se sa k fè nenpòt moun ki vwe lavi l bay Bondye e ki fè espre li dezobeyi l ap pèdi favè l e l ap detwi moun sa a. Yo te fè konnen se rezon sa a ki fè yo pa kapab touye moun e yo pap fè sa. Lefètke yo te ekri prezidan an pou yo di l sa, sa montre jan yo te brav! Pa gen okenn dout, frè yo pa t ap janm pèdi detèminasyon yo te pran pou yo obeyi Jewova.

PÈP BONDYE A TE RESI LIBERE!

14. Sèvi ak Bib la pou w esplike ki sa k te pase soti ane 1914 rive ane 1919.

14 Malachi 3:1-3 esplike ki sa k te pase Etidyan Labib yo ant ane 1914 ak kòmansman ane 1919. (Li vèsè yo.) Jewova Dye, “vrè Seyè a”, ak Jezi Kris, “mesaje alyans lan”, te vin enspekte “pitit gason Levi yo”, ki reprezante moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Apre Jewova te fin korije yo e l te fin pirifye yo, yo te pare pou yo resevwa yon nouvo asiyasyon. Nan ane 1919, Jezi te nome yon “esklav fidèl ki prevwayan” e l te ba l responsablite pou l gide tout sèvitè Bondye yo e pou l ba yo enstriksyon (Matye 24:45). Pèp Bondye a te resi libere anba Gran Babilòn nan. Depi lè sa a, yo te kòmanse aprann plis bagay konsènan volonte Bondye, e yo te vin gen plis lanmou pou li. Se pa ti rekonesans yo gen pou benediksyon l ba yo! [2] — Gade nòt la.

15. Ki jan n ka montre nou gen rekonesans dèske nou libere anba Gran Babilòn nan?

15 Nou gen anpil rekonesans dèske nou libere anba Gran Babilòn nan. Satan pa rive kraze vrè adorasyon an. Li echwe! Sepandan, nou bezwen sonje rezon ki fè Jewova libere nou. Objektif li se pou tout moun sove (2 Korentyen 6:1). Men, fo relijyon toujou gen kontwòl plizyè milyon moun ki sensè, e moun sa yo bezwen èd nou! Ann fè tout sa n kapab pou n imite frè ak sè nou yo ki fidèl lè nou ede lòt moun vin lib.

^ [1] (paragraf 12) Gade liv Lafwa ann aksyon (anglè), paj 99, se A. H. Macmillan ki te ekri l.

^ [2] (paragraf 14) Gen anpil bagay ki sanble ant sa k te rive Juif ki te prizonye nan peyi Babilòn yo ak sa k te rive kretyen yo apre apostazi a te kòmanse. Men, nou pa kapab di prizonye Juif yo te prizonye a te reprezante sa k te rive kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, se sa k fè nou pa dwe chèche bay yon esplikasyon pwofetik pou chak ti detay ki gen ladan l. Gen kèk diferans. Yon egzanp ki montre sa sèke Juif yo te prizonye pandan 70 an, men kretyen yo te prizonye pandan plis tan toujou.