Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li te rele nou sot nan fènwa

Li te rele nou sot nan fènwa

“[Jewova] te rele nou sot nan fènwa a pou nou vin nan bèl limyè l la.” — 1 PYÈ 2:9.

KANTIK: 116, 102

1. Ki sa k te rive lè yo t ap detwi Jerizalèm?

NAN ane 607 anvan Kris, wa Nebikadneza II ansanm ak gwo lame peyi Babilòn nan te atake vil Jerizalèm. Bib la fè konnen wa a te touye jèn gason yo ak kout epe. “Li pa t gen pitye ni pou jèn gason, ni pou vyèj, ni pou granmoun ni pou moun ki enfim.” Finalman, “li te boule kay vrè Dye a, li te kraze miray Jerizalèm nan, li te boule tout fòtrès ki te nan vil la e li te detwi tout bagay ki te gen valè yo”. — 2 Kwonik 36:17, 19.

2. Ki avètisman Jewova te bay, e ki sa k t ap rive Juif yo?

2 Destriksyon Jerizalèm pa t dwe yon sipriz pou Juif yo. Pandan plizyè ane, Bondye te voye pwofèt al avèti pèp la si yo te kontinye dezobeyi l, Babilónyen yo t ap atake yo. Anpil Juif t ap mouri anba kout epe, e petèt moun ki t ap chape yo t ap oblije al viv ann egzil nan peyi Babilòn (Jeremi 15:2). Ki jan moun yo t ap viv lè yo te ann egzil? Èske gen yon bagay ki sanble ak sa k te rive Juif ki te prizonye Babilòn yo ki te janm rive kretyen yo? Si wi, ki lè sa te fèt?

FASON MOUN KI TE ANN EGZIL YO T AP VIV

3. Ki diferans ki genyen ant fason Izrayelit yo t ap viv lè yo te ann egzil nan Babilòn ak fason yo t ap viv lè yo te esklav ann Ejip?

3 Jewova te fè Juif yo konnen lè yo t ap mennen yo ann egzil, yo te dwe aksepte nouvo sitiyasyon yo a e yo te dwe viv pi bon fason yo te kapab la. Men sa l te di yo pa mwayen pwofèt Jeremi: “Bati kay epi abite ladan yo. Fè jaden epi manje bagay ki sot nan jaden sa yo. Se pou nou travay pou gen lapè nan vil kote mwen voye nou ann egzil la, se pou nou priye Jewova pou vil la, paske, si gen lapè nan vil la, nou menm tou n ap viv anpè.” (Jeremi 29:5, 7). Juif ki te suiv enstriksyon Jewova te bay yo te viv yon fason ki prèske nòmal lè yo te ann egzil. Babilónyen yo te pèmèt Juif yo regle pifò aktivite pèsonèl yo e yo te lib pou yo vwayaje tout kote nan peyi a. Nan epòk sa a, Babilòn te yon kote moun te konn fè biznis. Gen kèk ansyen dokiman ki montre lè Juif yo te ann egzil, anpil ladan yo te aprann fè komès e yo te vin bon atizan. Gen kèk Juif ki te menm vin rich. Lavi a pa t difisil menm jan sa te ye pou Izrayelit ki te esklav ann Ejip yo sa gen plizyè santèn ane. — Li Egzòd 2:23-25.

4. Ki lòt moun ki te oblije soufri ansanm ak Juif ki pa t fidèl yo, e poukisa yo pa t kapab fè tout sa Lalwa te mande?

4 Gen kèk nan Juif ki te ann egzil yo ki t ap sèvi Bondye fidèlman. Byenke yo pa t fè anyen ki mal, yo te oblije soufri ansanm ak tout lòt moun nan nasyon an. Juif yo te gen sa yo te bezwen nan domèn materyèl, men, ki jan yo t ap ka adore Jewova? Yo te detwi tanp la ansanm ak lotèl la, e prèt yo pa t kapab travay yon fason ki òganize. Men, Juif ki te fidèl yo te fè sa yo kapab pou yo suiv Lwa Bondye a. Pa egzanp, Dànyèl, Chadrak, Mechak ak Abèdnego te refize manje manje Lalwa te entèdi Juif yo manje. Mete sou sa, Bib la fè konnen Dànyèl te konn priye Bondye regilyèman (Dànyèl 1:8; 6:10). Aktout sa, piske se yon nasyon ki pa t ap sèvi Bondye ki t ap dirije yo, li te enposib pou Juif ki fidèl yo fè tout sa Lalwa te mande.

Pwomès Bondye yo toujou reyalize!

5. Ki espwa Jewova te bay pèp li a, e poukisa se te yon bèl pwomès?

5 Èske Izrayelit yo t ap janm vin gen posiblite pou yo adore Bondye fason ki fè l plezi toutbon an ankò? Nan epòk sa a, sa te ka parèt enposib piske Babilòn pa t janm libere moun li te fè prizonye. Sepandan, Jewova Dye te fè pèp li a pwomès y ap vin lib, e sa te fèt vre. Pwomès Bondye yo toujou reyalize! — Ezayi 55:11.

ÈSKE KRETYEN YO TE JANM ESKLAV NAN BABILÒN?

6, 7. Poukisa li nesesè pou n fè ajisteman nan fason nou konprann bagay yo?

6 Èske kretyen yo te janm fè yon eksperyans ki sanble ak eksperyans Juif yo te fè lè yo te prizonye nan Babilòn nan? Pandan anpil ane, Toudegad te fè konnen kretyen fidèl yo te prizonye nan Babilòn nan ane 1918 e yo te libere yo nan ane 1919. Sepandan, nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral aprann poukisa li nesesè pou n fè ajisteman nan fason n konprann bagay yo.

Byen lontan anvan Premye Gè mondyal la, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo te deja ap soti nan fo relijyon.

7 Fè yon ti reflechi sou pwen sa a: Gran Babilòn nan reprezante tout fo relijyon ki nan monn nan. Men, pèp Bondye a pa t vin esklav okenn fo relijyon an 1918. Se vre nan epòk sa a, yo te pèsekite moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Men, nan pifò ka, se gouvènman yo ki te lakòz pèsekisyon sa yo, se pa t fo relijyon. Byen lontan anvan Premye Gè mondyal la, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo te deja ap soti nan fo relijyon. Kidonk, sanble pèp Jewova a pa t vrèman prizonye nan Gran Babilòn nan an 1918.

KI LÈ PÈP BONDYE A TE PRIZONYE NAN BABILÒN?

8. Ki sa k te pase apre lanmò apot yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

8 Nan Pannkòt ane 33, pa mwayen lespri sen, Bondye te chwazi plizyè milye kretyen pou al viv nan syèl la. Yo te vin “yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki vin yon byen espesyal”. (Li 1 Pyè 2:9, 10.) Toutotan apot yo te vivan, yo te byen veye sou kongregasyon yo. Sepandan, sitou apre lanmò apot yo, gen kèk mesye nan kongregasyon yo ki te kòmanse anseye yon seri ide ki pa laverite, e yo te vle fè disip yo kite laverite. Mesye sa yo te renmen filozofi Aristòt ak Platon yo e yo te kòmanse anseye pwòp ide pa yo olye yo te anseye verite ki nan Pawòl Bondye a (Travay 20:30; 2 Tesalonisyen 2:6-8). Anpil nan mesye sa yo te gen gwo renome e yo te siveyan nan kongregasyon yo. Byenke Jezi te di disip li yo yo “tout se frè”, te vin gen yon gwoup moun ki kòmanse fòme yon klèje. — Matye 23:8.

Kretyen fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl yo te tankou ble Jezi te pale de li a, e yo te fè tout sa yo kapab pou yo adore Bondye.

9. Esplike ki jan relijyon kretyen ki aposta a te kòmanse travay ansanm ak gouvènman women an. Ki rezilta sa te bay?

9 Nan ane 313 apre Kris, anperè Konstanten t ap dirije anpi women an, kote moun yo pa t ap adore Bondye, e l te fè swadizan relijyon kretyen sa a ki te aposta vin yon relijyon ofisyèl. Apre sa, Legliz te kòmanse travay kòtakòt ak gouvènman women an. Pa egzanp, Konstanten te fè yon gwo reyinyon ak chèf relijye yo nan vil Nise. Apre reyinyon an, anperè a te voye yon prèt ki rele Ariyis ann egzil paske l te refize kwè Jezi se Bondye. Annapre, Teyodòz te vin anperè Wòm, epi Legliz katolik te vin tounen relijyon ofisyèl anpi women an. Istoryen yo fè konnen, nan epòk anperè Teyodòz, Wòm ki te yon anpi ki pa t ap sèvi Bondye te vin swadizan kretyen. Men, alaverite, nan epòk sa a, kretyen ki te vin aposta yo te aksepte ansèyman nasyon ki pa t ap adore Bondye yo, konsa yo te deja vin fè pati Gran Babilòn nan. Sepandan, te toujou gen kèk kretyen fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl ki te la. Yo te tankou ble Jezi te pale de li a. Moun fidèl sa yo t ap fè tout sa yo kapab pou yo adore Bondye, men pa t gen anpil moun ki te koute sa yo t ap di yo. (Li Matye 13:24, 25, 37-39.) An reyalite, yo te prizonye nan Babilòn!

10. Poukisa moun yo te kòmanse gen dout sou legliz?

10 Pandan kèk syèk apre Kris, gen anpil moun ki te ka toujou li Bib la an grèk oswa an laten. Moun sa yo te ka konpare ansèyman ki nan Pawòl Bondye a ak ansèyman legliz yo. Lè kèk moun te wè ansèyman legliz yo pa laverite, yo te rejte ansèyman sa yo. Men, sa te yon danje pou yo pataje opinyon yo ak lòt moun, paske yo te ka menm touye yo pou sa.

11. Ki jan legliz te fè vin gen monopòl Bib la?

11 Tank tan t ap pase, pa t gen anpil moun ki te pale grèk oswa laten. Mete sou sa, dirijan legliz yo pa t pèmèt yo tradui Pawòl Bondye a nan lang pifò moun pale. Se sa k fè se sèlman dirijan legliz yo ak kèk moun ki te jwenn fòmasyon ki te ka li Labib poukont yo, e menm gen kèk nan dirijan sa yo ki pa t kapab li oswa ekri byen. Yo te bay nenpòt moun ki pa t dakò ak ansèyman legliz yo gwo pinisyon. Gen kretyen fidèl Bondye te chwazi pou al nan syèl ki te oblije reyini an ti gwoup, e gen kèk ladan yo ki pa t ka reyini ditou. Menm jan ak Juif ki te ann egzil nan peyi Babilòn yo, “klas prèt k ap sèvi kòm wa” Bondye chwazi pou al nan syèl la pa t kapab òganize yo pou yo adore Bondye. Gran Babilòn nan te kontwole moun yo nèt!

TE GEN REZON POU YO GEN ESPWA

12, 13. Bay de rezon ki fè vrè kretyen yo te gen espwa y ap libere. Esplike.

12 Èske vrè kretyen yo t ap janm vin lib pou yo adore Bondye e pou yo fè sa fason Bondye vle a? Wi! Gen de rezon enpòtan ki fè te vin gen yon ti espwa. Premye rezon an se envansyon yon machin enprimri ki gen lèt yo ka mete epi retire. Anvan yo te envante l ozanviwon ane 1450, yo te dwe kopye Labib alamen, yon bagay ki pa t fasil. Sa te ka pran dis mwa pou yon moun ki maton nan kopye te fè yon sèl kopi Bib la! Epitou, moun ki te konn kopye yo te konn ekri sou pachemen oswa sou yon materyèl ki fèt ak po bèt. Se sa k fè pa t gen anpil kopi bib, e sa k te genyen yo te chè anpil. Sepandan, yon moun ki byen konn itilize yon machin enprimri ki sèvi ak papye te kapab enprime plis pase 1 300 paj pa jou!

Envansyon machin enprimri a ak fason kèk moun ki te brav te chofe pou yo tradui Labib te bay espwa pèp Bondye a t ap libere anba men Babilòn. (Gade paragraf 12, 13.)

13 Dezyèm rezon an se te travay tradiksyon Bib la. Ozanviwon ane 1500, gen kèk mesye ki te gen kran ki te tradui Pawòl Bondye a nan lang pifò moun pale. Yo te fè travay sa a aktout yo te konnen yo te ka touye yo pou sa. Dirijan legliz yo te fache anpil pou sa. Poukisa? Paske yo te pè pou lè moun ki gen kè sensè yo li Bib la nan pwòp lang yo, pou yo pa vin ap mande tèt yo: ‘Ki kote nan Bib la ansèyman pigatwa a ye? Ki kote nan Bib la ki di yon moun dwe peye yon prèt pou l fè mès pou moun ki mouri? Ki kote nan Bib la yo pale de pap ak kadinal?’ Anpil nan fo ansèyman legliz te bay yo te baze sou filozofi Aristòt ak Platon, de mesye ki t ap viv plizyè santèn ane anvan Kris. Dirijan legliz yo te fache anpil lè moun poze yo kesyon. Yo te kondane gason kou fi ki te rejte ansèyman yo amò. Dirijan legliz yo te vle anpeche moun yo li Labib, yo te anpeche yo poze kesyon, e nan pifò ka, se sa k te fèt. Men, te gen kèk moun ki te brav ki te refize kite Gran Babilòn nan kontwole yo. Yo te dekouvri laverite ki nan Pawòl Bondye a, e yo te vle aprann plis toujou! Moun yo pa t lwen libere anba fo relijyon.

Gen kèk mesye ki te gen kran ki te tradui Pawòl Bondye a nan lang pifò moun pale.

14. a) Ki sa moun ki te vle etidye Labib yo te fè? b) Fè yon ti pale sou fason frè Russell te chèche laverite.

14 Anpil moun te vle li Labib, yo te vle etidye l, e yo te vle pale de sa yo te aprann yo. Yo pa t vle pou se dirijan legliz yo ki di yo sa yo dwe kwè. Se sa k fè yo te kouri al viv nan peyi kote moun te lib pou yo etidye Labib. Etazini te youn nan peyi sa yo. Nan peyi sa a, nan zòn ane 1870 yo, Charles Taze Russell ak kèk lòt moun te kòmanse yon etid pwofon nan Bib la. Okòmansman, frè Russell te vle chèche konn ki relijyon ki t ap anseye laverite. Li te pran tan pou l konpare ansèyman relijyon ki di yo se kretyen yo ak sa Bib la di, e menm ansèyman relijyon ki pa kretyen yo. Byen vit, li te vin rann li kont pa t menm gen youn nan relijyon sa yo ki t ap suiv Pawòl Bondye a nèt. Yon lè, li te pale ak dirijan plizyè legliz nan zòn nan. Frè Russell te gen espwa yo t ap aksepte verite li menm ak gwoup li a te jwenn nan Bib la e yo t ap anseye kongregasyon yo te genyen yo verite sa yo. Men, dirijan legliz yo pa t enterese fè sa. Etidyan Labib yo pa t pran tan pou yo konprann yo pap ka adore Bondye ansanm ak moun ki nan fo relijyon. — Li 2 Korentyen 6:14.

15. a) Ki lè vrè kretyen yo te vin prizonye nan Babilòn? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik ki vin apre a?

15 Nan atik sa a, nou te aprann vrè kretyen yo te vin prizonye nan Babilòn yon ti tan apre lanmò dènye apot la. Sepandan, nou toujou bezwen konn repons kesyon ki vin apre yo: Ki jan n fè konnen kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl yo te libere toutbon anba Gran Babilòn nan nan ane ki te vin anvan 1914 yo? Èske se vre Jewova pa t pran plezi nan sèvitè l yo paske yo te ralanti nan travay predikasyon an pandan Premye Gè mondyal la? Èske gen nan frè nou yo nan epòk sa a ki te fè konpwomi ak netralite yo antanke kretyen e ki te pèdi favè Jewova? Anfen, si kretyen yo te vin prizonye fo relijyon apre lanmò apot yo, ki lè yo te libere? Kesyon sa yo se yon seri bèl kesyon, e n ap jwenn repons yo nan atik ki vin apre a.