Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Achte laverite e pinga w janm vann li”

“Achte laverite e pinga w janm vann li”

“Achte laverite e pinga w janm vann li, achte sajès, disiplin ak bon konprann e pinga w janm vann yo tou.” — PWO. 23:23.

KANTIK: 94, 96

1, 2. a) Ki bagay nou genyen ki gen plis valè? b) Ki verite nou bay anpil valè, e poukisa? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

KI BAGAY ou genyen ki gen plis valè? Èske w t ap dispoze bay bagay sa a pou yon lòt bagay ki gen mwens valè? Pou adoratè ki vwe Jewova lavi yo, repons kesyon sa yo senp. Bagay ki gen plis valè nou genyen se relasyon nou ak Jewova, e nou pap bay li pou anyen. Anplis de sa, nou bay verite ki nan Bib la anpil valè, yon verite ki pèmèt nou vin gen kalite lyen sa a ak Papa nou ki nan syèl la. — Kol. 1:9, 10.

2 Jis fè yon ti reflechi ak tout sa Gran Pwofesè nou an anseye n grasa Pawòl li a, Labib! Li fè n konnen laverite konsènan siyifikasyon non l e l fè n konn bèl kalite l genyen yo. Li anseye n laverite sou ranson an ki se yon gwo kado li te bay pou nou avèk lanmou pa mwayen Pitit Gason l lan, Jezi. Mete sou sa, Jewova fè n konnen laverite sou Wayòm Mesi a, e l pèmèt moun li chwazi yo gen esperans pou y al viv nan syèl la, epi “lòt mouton” yo gen espwa pou yo viv sou tè a k ap vin yon paradi (Jan 10:16). Li anseye n fason pou n viv. Nou bay verite sa yo anpil valè paske yo pèmèt nou pwoche bò kote Kreyatè nou an. Yo fè lavi n gen yon sans.

3. Ki sa achte laverite pa vle di?

3 Jewova se yon Bondye ki renmen bay. Li bay moun k ap chèche laverite yo sa ki bon. Jewova te menm bay lavi Pitit Gason li renmen anpil la kòm kado. Se sèten Bondye pap mande n bay lajan pou n gen laverite. Pa egzanp, lè yon mesye ki rele Simon te ofri apot Pyè lajan pou l ka vin gen pouvwa pou l bay moun lespri sen, Pyè te reprimande l e l te di l: “Se pou lajan w lan peri ansanm avè w. Ou panse avèk lajan ou ka gen bagay Bondye bay gratis?” (Tra. 8:18-20). Nan ka sa a, ki sa konsèy nou jwenn nan Bib la ki mande pou n “achte laverite” a vle di?

KI SA “ACHTE” LAVERITE VLE DI?

4. Nan atik sa a, ki sa n pral aprann konsènan laverite?

4 Li Pwovèb 23:23. Nou pa ka jwenn verite ki nan Pawòl Bondye a san n pa fè efò pou sa. Nou dwe dispoze fè kèlkeswa sakrifis ki nesesè pou n jwenn li. Jan moun ki gen sajès ki te ekri nan liv Pwovèb la fè konn sa, yonfwa n fin “achte laverite”, sa vle di nou vin genyen l, nou dwe fè atansyon pou n pa “vann” li, sa vle di pou n pa pèdi l. Ann fè yon ti pale sou ki sa “achte” laverite vle di, e nan yon sans, ki pri nou ka peye pou li. Konsa, n ap ka vin pi renmen laverite e n ap vin gen plis detèminasyon pou n pa janm “vann” li. Jan nou pral wè sa, sa vo lapenn pou n achte laverite.

5, 6. a) Ki jan n ka achte laverite san lajan? Bay yon egzanp. b) Ki fason laverite fè n jwenn byenfè?

5 Menm yon bagay ki gratis ka koute yon bagay. Mo ebre lè yo tradui l yo met “achte” pou li nan Pwovèb 23:23 a ka vle di “chèche genyen” tou. Ni mo a ni ekspresyon an mande pou n fè yon efò oswa pou n boukante yon bagay pou yon lòt bagay ki gen valè. Ann pran yon egzanp pou n esplike ide achte laverite a. Ann di yo ta fè konnen y ap bay “bannann gratis” nan yon mache. Èske bannann sa yo t ap annik rete konsa yo parèt sou tab lakay nou? Non. Nou dwe fè efò pou n al nan mache a pou n ka jwenn bannann yo. Èske bannann yo gratis vre? Wi, men, nou dwe fè efò e n dwe pran tan pou n al nan mache a. Menm jan an tou, nou pa bezwen lajan pou n achte laverite. Sepandan, nou dwe fè efò pou n genyen l.

6 Li Ezayi 55:1-3. Pawòl sa yo Jewova te enspire Ezayi pou l ekri ban nou plis esplikasyon sou ki sa achte laverite vle di. Nan pasaj sa a ki nan Bib la, Jewova konpare pawòl li a ak dlo, ak lèt e ak diven. Menm jan ak yon vè dlo fre, verite ki nan Pawòl Bondye a rafrechisan. Epitou, menm jan lèt fè nou vin djanm e l ede timoun grandi, pawòl Jewova a ki la pou nouri nou fè n vin djanm e l ede n grandi nan domèn espirityèl. Anplis de sa, pawòl Jewova a menm jan ak diven. Nan ki sans? Nan Bib la, diven gen rapò ak kè kontan (Sòm 104:15). Donk, lè Jewova di pèp li a pou yo vin “achte diven”, li ban nou asirans lè n viv ann amoni ak pawòl li n ap gen kè kontan (Sòm 19:8). Ala yon bèl fason Jewova montre byenfè nou jwenn lè n aprann verite ki nan Pawòl li a e n viv ann amoni avè l! Nou ta ka konpare efò nou fè a ak yon pri nou peye. Donk, nan ka sa a, ann egzamine senk bagay nou ka oblije abandone pou n achte laverite.

KI SA W ABANDONE POU W ACHTE LAVERITE?

7, 8. a) Poukisa n dwe pran tan pou n achte laverite? b) Ki kantite bagay yon jèn etidyan te dispoze kite, e ki sa l te jwenn?

7 Tan. Se yon pri tout moun ki achte laverite dwe peye. Sa mande tan pou n koute mesaj Wayòm nan, pou n li Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la, pou n fè etid pèsonèl, pou n prepare reyinyon yo e pou n asiste yo. Pou n rive fè bagay sa yo, nou dwe “achte” oswa pran tan sou kèk lòt aktivite ki gen mwens enpòtans. (Li Efezyen 5:15, 16 ak nòt la.) Konbyen tan sa ap pran pou n vin gen yon konesans egzak sou ansèyman fondamantal ki nan Bib la? Sa depann de sitiyasyon nou. Pa gen okenn limit sou sa n ka aprann konsènan sajès Jewova, fason l aji ak travay li (Wom. 11:33). Nan premye Toudegad ki te soti a, yo te konpare laverite ak “yon ti flè tou senp”, e men sa yo te di: “Pa kontante w ak yon sèl flè verite. Si yon sèl te sifi pa t ap bezwen gen lòt. Kontinye keyi, chèche jwenn plis.” Nou kapab mande tèt nou: ‘Ki gwosè bouke flè laverite m nan ye?’ Menm lè n gen yon etènite devan nou, nou ka toujou aprann plis bagay sou Jewova. Jodi a, li enpòtan pou n byen sèvi ak tan nou yon fason pou n achte kantite verite sitiyasyon n pèmèt nou. Ann konsidere egzanp yon moun ki te swaf jwenn laverite.

8 Mariko *, yon jèn fi ki moun peyi Japon, te vin viv Nouyòk, Ozetazini, pou l te ka al lekòl. Nan epòk sa a, li t ap soutni yon mouvman relijye ki te kòmanse nan peyi Japon nan fen ane 1950 yo. Gen yon sè ki pyonye ki te rankontre Mariko pandan l t ap preche kay an kay. Lè Mariko te kòmanse aprann verite ki nan Bib la, li te tèlman kontan li te mande pyonye a pou l fè etid la de fwa pa semèn. Aktout Mariko te gen yon pwogram nan lekòl li ki chaje anpil e l t ap travay amitan, byen vit, li te kòmanse asiste reyinyon kongregasyon an. Anplis de sa, li te sispann pase tan nan kèk aktivite sosyal yon fason pou l te ka jwenn tan pou l aprann laverite. Lefètke l te fè sakrifis sa yo, sa te ede l pwogrese byen vit nan domèn espirityèl. Li te batize sou ennan. Sis mwa annapre, an 2006, li te vin pyonye e l toujou ap sèvi kòm pyonye.

9, 10. a) Lè n achte laverite, ki efè sa genyen sou fason n konsidere byen materyèl? b) Ki posiblite yon jèn fi te abandone, e ki jan l santi l lefètke l te fè sa?

9 Avantaj materyèl. Pou n achte laverite, nou ka oblije abandone yon travay oswa yon karyè k ap fè n fè lajan. Lè Jezi te mande Pyè ak Andre, de pechè pwason, pou yo vin “pechè moun”, yo te “abandone filè yo”. (Mat. 4:18-20.) Natirèlman, pifò nan moun ki aprann laverite jodi a pa ka annik vire do bay travay yo. Selon Bib la, yo gen responsablite (1 Tim. 5:8). Sepandan, moun ki aprann laverite yo dwe chanje ni pwennvi yo genyen sou byen materyèl ni bagay yo bay priyorite, e yo dwe fè sa souvan. Jezi te montre sa yon fason klè lè l te di: “Sispann anpile trezò sou tè a [...]. Okontrè, anpile trezò nan syèl la.” (Mat. 6:19, 20). Ann konsidere egzanp yon jèn fi.

10 Maria te konn jwe gòlf anvan menm li te gen laj pou l al lekòl. Li te kontinye vin pi fò nan jwe gòlf pandan l te nan segondè, e finalman, li te jwenn yon bous pou l al nan inivèsite. Tout lavi l te santre sou jwe gòlf, e l te gen objektif pou l fè yon karyè ki bay lajan antanke jwè gòlf pwofesyonèl. Apre sa, Maria te kòmanse etidye Labib, e li te renmen verite li t ap aprann yo. Li te kontan wè chanjman laverite te ede l fè nan lavi l. Men sa l te di: “Plis mwen te adapte konduit mwen ansanm ak fason m ap viv ak prensip ki nan Bib la, se plis kè m te vin kontan.” Maria te rann li kont li t ap difisil pou l kouri dèyè richès espirityèl ak richès materyèl anmenmtan (Mat. 6:24). Li te abandone objektif li te genyen depi byen lontan an pou l vin yon jwè gòlf pwofesyonèl ansanm ak posiblite pou l gen richès ak renome. Sepandan, lefètke l te achte laverite, l ap sèvi kòm pyonye kounye a e li fè konnen li gen “lavi ki bay plis kè kontan an e ki gen plis sans lan”.

11. Lè n achte laverite, ki sa k ka rive relasyon nou gen ak kèk moun?

11 Relasyon ak lòt moun. Lè n chwazi viv ann amoni ak verite ki nan Bib la, relasyon n gen ak zanmi nou ak moun nan fanmi nou ka vin chanje. Sa k fè sa? Nan yon priyè Jezi te fè pou disip li yo, li te di: “Fè yo vin sen grasa laverite. Pawòl ou se laverite.” (Jan 17:17, nòt). “Fè yo vin sen” ka vle di tou “mete yo apa”. Lè n aksepte laverite, nou vin apa parapò ak monn nan paske n pa nan moul li a ankò. Moun yo wè n yon lòt jan paske sa ki gen valè pou nou yo vin chanje. Nou viv ann amoni ak verite ki nan Bib la. Byenke n pa vle lakòz divizyon, gen kèk nan zanmi nou ak kèk moun nan fanmi nou ki ka pran distans ak nou oswa ki ka opoze ak nouvo kwayans nou yo. Sa pa dwe fè n sezi. Men sa Jezi te di: “Wi, ènmi yon moun se pral moun lakay li.” (Mat. 10:36). Mete sou sa, li te ban n asirans rekonpans n ap jwenn lefètke n achte laverite ap pi plis lontan pase kèlkeswa pri nou te ka peye pou li. — Li Mak 10:28-30.

12. Ki pri yon mesye ki Juif te peye pou laverite?

12 Depi lè Aaron, yon biznismann Juif, te timoun, yo te anseye l li pa dwe site non Bondye. Sepandan, Aaron te swaf laverite. Li te sezi lè yon Temwen te montre l si l met vwayèl nan kat konsòn ebre ki konpoze non Bondye a, li te ka pwononse l “Jewova”. Li te tèlman kontan, li t al nan sinagòg la pou l fè raben yo konnen bèl bagay sa a li te aprann nan. Aaron pa t atann li ak reyaksyon yo te genyen an. Olye yo te kontan menm jan avè l paske yo te aprann laverite konsènan non Bondye, yo te krache sou li e yo te trete l tankou yon voryen. Te vin gen pwoblèm nan relasyon l te gen ak fanmi l. Aktout sa, li te kontinye achte laverite, e l te yon Temwen Jewova ki gen kran pandan tout rès vi l. Menm jan ak Aaron, pou n mache nan laverite, nou dispoze peye pri a sa vle di aksepte nenpòt chanjman ki ka rive nan pozisyon nou nan sosyete a oswa nan relasyon nou ak fanmi nou.

13, 14. Ki chanjman n dwe fè nan panse nou ak nan konduit nou pou n ka achte laverite? Bay yon egzanp.

13 Konduit ak panse ki pa fè Bondye plezi. Pou n aksepte laverite e pou n viv ann amoni ak prensip moral ki nan Bib la, nou dwe dispoze fè kèk chanjman nan panse nou ak nan konduit nou. Gade ki sa apot Pyè te ekri konsènan chanjman sa yo: “Tankou timoun ki obeyisan, sispann aji selon dezi nou te genyen anvan yo, lè nou te nan inyorans. Men, se pou nou vin sen nan tout konduit nou.” (1 Pyè 1:14, 15). Pou moun ki t ap viv nan vil Korent yo, yon vil ki te kòwonpi nan domèn moral, achte laverite te vle di pou yo fè yon seri gwo chanjman nan fason yo t ap viv (1 Kor. 6:9-11). Menm jan an tou, jodi a, pou anpil moun kapab achte laverite, yo vire do bay yon seri konduit ki pa fè Bondye plezi. Men sa Pyè te fè kretyen nan epòk li a sonje: “Tan nou te pase ap fè volonte nasyon yo sifi. Lè sa a, nou te lage kò nou nan konduit derespektan, nan pasyon, nan bwè twòp bwason ki gen alkòl, nan banbòch, nan gagòt bwason ak nan idolatri, yon bagay ki repiyan.” — 1 Pyè 4:3.

14 Pandan plizyè ane, Devynn ak Jasmine te de tafyatè. Byenke Devynn te yon kontab ki fò anpil, li pa t ka kenbe yon travay akoz li te konn bwè anpil alkòl. Yo te konnen Jasmine kòm yon moun ki agresif e ki vyolan. Yon jou, pandan Jasmine t ap mache bò yon wout tou sou, li te rankontre de misyonè Temwen Jewova. Misyonè yo te pran randevou pou yo etidye Labib avè l, men, lè yo t al lakay Devynn nan semèn ki vin apre a, ni Jasmine ni Devynn te sou. Yo pa t panse misyonè yo te enterese nan yo ase pou yo ta vin lakay yo. Bagay yo pa t pase menm jan an nan lòt vizit la. Depi nan premye etid la, Jasmine ak Devynn te montre yo se etidyan Labib ki zele, e yo te kòmanse aplike sa yo t ap aprann nan. Nan espas twa mwa, yo te deside sispann bwè alkòl e annapre yo te marye. Tout moun te vin okouran chanjman yo te fè yo, e sa te pouse anpil moun nan vilaj yo t ap viv la vin etidye Labib.

15. Ki youn nan pri ki ka pi difisil pou yon moun peye pou laverite, e poukisa?

15 Koutim ak pratik ki pa ann amoni ak Bib la. Abandone koutim ak pratik ki pa ann amoni ak Bib la kapab se youn nan pri ki pi difisil pou yon moun peye pou laverite. Byenke kèk moun ka twouve l fasil pou yo aksepte rezon Ekriti yo bay pou n abandone pratik sa yo, gen lòt moun ki ka ezite pou yo peye pri sa a akoz presyon moun nan fanmi yo, kòlèg travay yo ak zanmi pwòch yo ap fè sou yo. Gen sitiyasyon kote bagay yo ka vin pi stresan, sitou si se yon koutim ki mande pou yo fè seremoni pou onore manm fanmi ki mouri (Det. 14:1). Egzanp ki demontre kouraj lòt moun bay ka ede n fè chanjman ki nesesè yo. Ann egzamine yon aksyon ki demontre kouraj kèk moun ki t ap viv nan vil Efèz nan premye syèk la te fè.

16. Ki sa kèk moun nan vil Efèz te fè pou yo te achte laverite?

16 Tout moun te konnen Efèz kòm yon vil kote yo pratike maji. Ki sa kretyen ki te fèk konvèti e ki te konn pratike maji yo te fè pou yo te ka abandone pratik sa yo ki pa ann amoni ak Ekriti yo e pou yo te ka achte laverite? Men sa Bib la esplike: “Anpil moun ki te konn pratike maji te rasanble liv maji yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun. Yo te kalkile pri yo te koute, e yo jwenn yo te vo 50 000 pyès ann ajan. Se konsa, pawòl Jewova a te kontinye gaye avèk pisans, e se li ki te gen plis fòs.” (Tra. 19:19, 20). Kretyen ki fidèl yo te fè gwo sakrifis sa a e yo te jwenn benediksyon ki san parèy.

17. a) Ki bagay nou ka oblije sakrifye pou n jwenn laverite? b) Ki kesyon n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 Ki sa w te peye pou w gen laverite? Nou tout te pase tan ap ranmase flè laverite. Anplis de sa, gen kèk moun ki te peye pou yo gen laverite lè yo te vire do bay yon seri avantaj materyèl e lè yo te fè fas ak chanjman ki te vin genyen nan relasyon yo ak lòt moun. Gen anpil moun ki oblije fè chanjman nan fason yo panse ak nan konduit yo e ki oblije abandone koutim ak pratik ki pa ann amoni ak Ekriti yo. Kèlkeswa sa sa koute n, nou gen konviksyon verite ki nan Bib la gen plis valè lontan pase kèlkeswa pri nou dwe peye a. Li fè n vin gen bagay ki gen pi plis valè a, anpalan de yon relasyon sere ak Jewova. Lè n reflechi sou benediksyon nou jwenn lefètke n konn laverite, li difisil pou n imajine yon moun vle vann li. Ki jan sa ka rive, e ki jan n ka evite fè yon gwo erè konsa? Nou pral reponn kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

^ § 8 Gen kèk non moun yo chanje nan atik sa a.