Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fè Jewova konfyans e w ap gen lavi!

Fè Jewova konfyans e w ap gen lavi!

“Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou.” — PWO. 3:5.

KANTIK: 3, 8

1. Poukisa nou tout bezwen konsolasyon?

NOU tout bezwen konsolasyon. Petèt nou gen enkyetid, e n jwenn desepsyon ak pwoblèm nan lavi nou. Nou kapab ap soufri akoz laj k ap antre, akoz maladi oswa yon moun pa nou ki mouri. Gen kèk nan nou k ap fè fas ak opozisyon. Vyolans ap vale teren toutotou n. Vrèmanvre, nou gen konviksyon ‘tan sa yo ki di e ki difisil pou moun sipòte’ se prèv ki montre n ap viv nan “dènye jou yo” e chak jou ki pase fè n vin pi pre monn nouvo a (2 Tim. 3:1). Epitou, sa ka fè yon bon ti tan depi n ap tann pou n wè pwomès Jewova yo reyalize e pwoblèm nou yo ka vin pi plis. Donk, ki kote nou ka jwenn konsolasyon?

2, 3. a) Ki sa n konnen sou Abakouk? b) Poukisa nou pral egzamine liv Abakouk la?

2 Pou n jwenn repons kesyon sa a, ann egzamine liv Abakouk la. Se vre Labib pa bay detay sou lavi Abakouk ak aktivite l t ap mennen, men liv ki pote non l lan se yon sous ankourajman pou nou. Petèt, non l vle di “Gwo akolad”. Sa ka fè referans ak yon akolad ki bay rekonfò Jewova bay oswa ak fason moun k ap adore l yo ret atache avè l avèk konfyans. Abakouk te pale ak Bondye, li te poze l kesyon pou l te ka konprann yon seri bagay. Piske Jewova te enspire Abakouk pou l ekri konvèsasyon sa a, li te konnen repons kesyon sa yo t ap itil nou tou. — Aba. 2:2.

3 Konvèsasyon pèsonèl sa a ant sèvitè Bondye a ki te enkyè ak Jewova se sèl enfòmasyon Ekriti yo bay sou pwofèt la. Liv li te ekri a fè pati “tout bagay ki te ekri nan tan lontan” yo Bondye konsève nan Pawòl li a, Labib, “yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”. (Wom. 15:4.) Ki jan nou chak ka jwenn byenfè nan liv Abakouk la? Li ka ede n konprann sa sa vle di fè Jewova konfyans. Mete sou sa, pwofesi Abakouk la ban nou asirans li posib pou n vin anpè e pou n kontinye gen lapè sa a malgre soufrans ak pwoblèm nou yo. Toutpandan n ap kenbe sa nan lespri n, ann egzamine liv Abakouk la plis an detay.

PRIYE JEWOVA

4. Poukisa Abakouk te enkyè?

4 Li Abakouk 1:2, 3. Abakouk te viv nan yon epòk ki te difisil anpil. Li te tris anpil akoz li te antoure ak moun ki mechan e ki vyolan. Ki lè yo t ap sispann fè mechanste? Poukisa Jewova pran tout tan sa a anvan l aji? Tout sa Abakouk te wè se moun menm peyi avè l ki t ap fè lòt moun enjistis e ki t ap toupizi yo. Li te santi l san sekou. Se sa k fè nan peryòd fènwa sa a, li te priye Jewova pou l aji. Petèt Abakouk te kòmanse panse sa pa di Jewova anyen. Sanble Bondye pa t ap aji ase vit. Èske w konn santi w menm jan ak sèvitè Bondye sa a?

5. Ki leson enpòtan nou jwenn nan liv Abakouk la? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

5 Èske Abakouk te pèdi konfyans nan Jewova? Èske l te pèdi lafwa nan pwomès Bondye yo? Jamè! Lefètke se Jewova li te konfye pwoblèm li yo ak enkyetid li yo, se pa t lèzòm, sa montre li pa t pèdi espwa. Se sèten sa te bay Abakouk pwoblèm lefètke l pa t ka konprann poukisa Jewova t ap pran tan pou l aji oswa rezon ki fè Jewova te kite l nan sitiyasyon sa a ki t ap fè l soufri konsa. Lefètke Jewova te enspire Abakouk pou l ekri konsènan enkyetid li te genyen, Jewova ban nou yon leson enpòtan: Nou pa dwe pè fè l konnen enkyetid ak dout nou genyen yo. Anfèt, avèk jantiyès, li envite n ouvri kè n ba li nan lapriyè (Sòm 50:15; 62:8). Pwovèb 3:5 ankouraje n tou pou n “fè Jewova konfyans ak tout kè [n]” e pou n pa “konte sou entèlijans [nou]”. Li posib pou Abakouk te konnen pawòl sa yo e l te ba yo enpòtans.

6. Poukisa lapriyè enpòtan?

6 Abakouk te pran inisyativ pou l pwoche bò kote Bondye, Zanmi ak Papa li fè konfyans lan. Abakouk pa t ret ap enkyete l konsènan sitiyasyon l, sa ki te ka fè l konte sou entèlijans li. Okontrè, li te priye Bondye konsènan santiman ak enkyetid li te genyen, konsa, li kite yon bèl egzanp pou nou. Mete sou sa, Jewova, Sila a ki tande lapriyè a, envite n priye l pou n fè l konnen enkyetid nou yo, konsa, n ap montre nou fè l konfyans (Sòm 65:2). Lè n fè sa, n ap rive wè repons Jewova bay la, anpalan de direksyon li ban nou avèk lanmou ki tankou yon bèl akolad (Sòm 73:23, 24). L ap ede n konn panse l sou kèlkeswa pwoblèm nou genyen. Lè n priye Bondye ak tout kè n se youn nan pi bèl fason nou montre n fè l konfyans.

KOUTE JEWOVA

7. Ki jan Jewova te reyaji devan enkyetid Abakouk te genyen yo?

7 Li Abakouk 1:5-7. Apre Abakouk te fin kite enkyetid ak sousi l yo nan men Jewova, li te gendwa ap mande tèt li ki jan Jewova t ap reyaji. Antanke yon Papa ki konn mete l nan plas moun e ki konprann moun, Jewova pa t reprimande l paske l t ap plenyen. Bondye te konnen se paske l t ap soufri e l te nan lapenn ki fè l te pale konsa. Nan pawòl Jewova te di yo, yon seri pawòl li te di pou Juif ki rebèl yo, li te fè Abakouk konnen sa k t apral rive anvan lontan. Sanble Abakouk se premye moun Jewova te fè konnen epòk vyolan sa a te prèske rive nan bout li.

8. Poukisa repons Jewova te bay la te fè Abakouk sezi?

8 Jewova te montre Abakouk Li te pare pou l aji. Destriksyon jenerasyon sa a ki vyolan e ki mechan te prèske rive. Jewova te sèvi ak ekspresyon “pandan nou vivan an” pou l montre jijman l lan t ap rive pandan pwofèt la oswa moun ki t ap viv nan menm epòk ak pwofèt la te toujou vivan. Repons Jewova te bay la se yon repons Abakouk pa t ap atann ditou. Èske se te repons rèl li te fè pou l montre l pa ka tann ankò a? Se sèten, sa Jewova te di l la te montre t ap vin gen plis soufrans nan tout Jida *. Moun peyi Kalde yo (Babilónyen yo) te san pitye e yo te sovaj, yo te pi vyolan pase moun ki te sot nan menm peyi ak Abakouk yo, yon seri moun omwen ki te konnen prensip Jewova yo. Poukisa Jewova t ap sèvi ak nasyon payen sa a ki mechan pou l pini pèp li a? Ki jan w t ap reyaji apre w fin tande repons Bondye te bay la?

9. Ki kesyon Abakouk gendwa te poze tèt li?

9 Li Abakouk 1:12-14, 17. Abakouk te byen konprann Jewova t ap sèvi ak Babilòn pou l jije mechan ki te toutotou l yo e pou l pini yo, men li te toujou yon jan enkyè. Poutan, avèk imilite, li te di Jewova te toujou “Mas Wòch” li (Det. 32:4; Eza. 26:4). Avèk pasyans, Abakouk t ap kontinye gen konfyans nan lanmou ak bonte Bondye. Detèminasyon pwofèt la te genyen an te fè l santi l alèz pou l rele Jewova ankò. Poukisa Bondye t ap kite sitiyasyon an vin pi mal toujou nan Jida? Poukisa l pa t aji tousuit? Poukisa Toupisan an ta aksepte vin gen plis malè? Poukisa l ta “ret an silans” pandan mechanste ap vale teren? Piske Jewova se “Sila a ki sen an”, li “pa ka wè sa ki mal devan je” l.

10. Ki jan n ka santi n menm jan ak Abakouk pafwa?

10 Pafwa, nou ka santi n menm jan ak Abakouk. Nou koute Jewova. Nou gen yon konfyans total nan li, nou li Pawòl li a e nou etidye l, e sa ban nou espwa. Nou tande pale de pwomès li yo pa mwayen enstriksyon òganizasyon l lan bay. Men, nou ka toujou ap mande tèt nou: ‘Ki lè soufrans nou ap fini?’ Ki sa n ka aprann nan sa Abakouk te fè annapre?

RET TANN JEWOVA

11. Ki sa Abakouk te detèmine pou l fè apre l te fin koute Jewova?

11 Li Abakouk 2:1. Konvèsasyon Abakouk te gen ak Jewova a te fè kè l poze. Se sa k fè, avèk konfyans, li te detèmine pou l kontinye ret tann Jewova aji. Se pa t jis yon bagay li te fè sou kout tèt, paske l te repete detèminasyon l te pran an lè l te fè konnen pi devan l ap “ret tou dousman ap tann jou malè k ap tonbe sou yo a”. (Aba. 3:16.) Gen lòt sèvitè Bondye ki fidèl ki te demontre menm konfyans ak pasyans sa a, sa ki ankouraje n pou n pa bouke tann pou Jewova aji. — Miche 7:7; Jak 5:7, 8.

12. Bay kèk leson nou aprann nan men Abakouk.

12 Ki sa n aprann nan detèminasyon Abakouk te pran an? Premyèman, nou pa dwe janm sispann priye Jewova, kèlkeswa eprèv n ap fè fas la. Dezyèmman, nou bezwen koute sa Jewova di nou pa mwayen Pawòl li a ak òganizasyon l lan. Twazyèmman, nou dwe ret tann Jewova avèk pasyans, toutpandan nou gen yon konfyans total l ap soulaje soufrans nou yo nan lè l fikse a. Si n kontinye pale ak Jewova ak tout kè n e nou koute l avèk pasyans, jan Abakouk te fè a, nou menm tou kè n ap vin poze, sa k ap ede n andire. Esperans nou genyen an ap fè n gen plis pasyans, e kòm rezilta sa ap fè n gen lajwa malgre tout difikilte nou ka ap rankontre. Esperans nou an ban nou konfyans Papa nou ki nan syèl la ap aji. — Wom. 12:12.

13. Ki bèl asirans nou jwenn nan Abakouk 2:3?

13 Li Abakouk 2:3. Se sèten desizyon Abakouk te pran pou l ret tann nan te fè Jewova plezi. Toupisan an te byen konnen nan ki sitiyasyon difisil Abakouk te ye. Kidonk, Bondye te konsole pwofèt la lè l te ba l asirans l ap jwenn repons pou kesyon sensè l te poze yo, e Bondye te fè sa avèk lanmou e ak jantiyès. Li pa t ap pran twòp tan anvan l jwenn soulajman pou tout enkyetid li te genyen yo. Anfèt, se kòmsi Bondye te di Abakouk: “Pran pasyans, fè m konfyans. Repons mwen an ap vini menmsi l ta sanble l anreta!” Jewova te fè l sonje Li gen yon tan li fikse pou l reyalize pwomès li yo. Li te konseye Abakouk pou l ret tann objektif li yo reyalize. Alafen, pwofèt la pa t ap desi.

Poukisa n detèmine pou n bay tout nou menm nan sèvis Jewova a? (Gade paragraf 14.)

14. Ki detèminasyon n dwe pran nan moman difisil yo?

14 Lè n ret tann Jewova avèk pasyans e lè n byen suiv sa l di nou, sa ap fè n gen konfyans e sa ap fè kè n poze malgre difikilte ak eprèv. Jezi te montre nou ka fè Jewova konfyans antanke Sila a ki konn pi bon lè pou l aji a, pou nou pa konsantre n sou “tan oswa epòk” Bondye poko fè n konnen yo (Tra. 1:7). Kidonk, pinga nou dekouraje men se pou n ret tann avèk imilite, lafwa ak pasyans lè n byen sèvi ak tan nou pou n bay tout nou menm nan sèvis Jewova a. — Mak 13:35-37; Gal. 6:9.

SI N FÈ JEWOVA KONFYANS, N AP GEN LAVI AK YON BÈL AVNI

15, 16. a) Ki pwomès nou ka jwenn nan liv Abakouk la? b) Ki sa pwomès sa yo aprann nou?

15 Men pwomès Jewova fè moun ki jis e ki met konfyans nan li yo: “Moun ki jis la ap kontinye viv, paske li fidèl” epi “tè a pral plen konesans sou glwa Jewova”. (Aba. 2:4, 14.) Vrèmanvre, moun ki fè Bondye konfyans e ki gen pasyans ap jwenn lavi kòm rekonpans.

16 Lè n fèk gade pwomès nou jwenn nan Abakouk 2:4 la, li ta ka sanble ak yon senp deklarasyon. Sepandan, apot Pòl te tèlman wè asirans Jewova bay la gen enpòtans, li te site vèsè sa a twa fwa (Wom. 1:17; Gal. 3:11; Ebre 10:38). Kèlkeswa difikilte moun ki jis la ta rankontre, grasa lafwa ak konfyans li genyen, l ap kontinye viv pou l wè objektif Bondye yo reyalize. Jewova vle nou wè pi lwen pase sa k ap pase kounye a.

17. Ki asirans liv Abakouk la ban nou?

17 Liv Abakouk la bay nou tout k ap viv nan dènye jou sa yo yon leson enpòtan. Jewova fè kèlkeswa moun ki jis e ki demontre l gen lafwa ak konfyans nan Li pwomès pou l ba l lavi. Kèlkeswa pwoblèm ak enkyetid n ap fè fas, ann kontinye ranfòse lafwa ak konfyans nou gen nan Bondye. Pa mwayen Abakouk, Jewova ban nou asirans l ap soutni nou e l ap delivre n. Avèk jantiyès, li mande n pou n fè l konfyans e pou n ret tann moman li fikse a avèk pasyans lè tout tè a pral ranpli ak moun k ap adore l ki gen kè kontan e ki gen tanperaman dou anba dominasyon Wayòm Bondye a. — Mat. 5:5; Ebre 10:36-39.

FÈ JEWOVA KONFYANS E W AP GEN KÈ KONTAN

18. Ki efè pawòl Jewova te di yo te gen sou Abakouk?

18 Li Abakouk 3:16-19. Pawòl Jewova te di yo te gen yon gwo efè sou Abakouk. Li te medite sou aksyon Jewova te fè nan tan lontan pou pèp li a ki fè moun gen respè ak admirasyon. Kounye a, li te ka vin gen plis konfyans toujou. Li te konnen Jewova t ap aji anvan lontan. Sa te konsole pwofèt la, menm lè l te konnen li te ka kontinye ap soufri pandan yon tan. Abakouk pa t gen dout ankò, okontrè, li te vin gen yon konfyans total Jewova kapab sove l. Li te di yon bagay petèt ki se youn nan pi bèl deklarasyon ki demontre konfyans yon moun te fè. Gen kèk biblis ki panse vèsè 18 la vle di yon fason literal: “M ap sote ponpe tèlman m kontan nan Seyè a. M ap vire tou won tèlman m kontan nan Bondye.” Ala yon gwo asirans sa ye pou nou tout! Nonsèlman Jewova fè nou yon seri bèl pwomès, men tou, li ban nou asirans l ap travay vit pou l reyalize gwo objektif li genyen an.

19. Ki jan n ka jwenn menm konsolasyon Abakouk te jwenn nan?

19 Pa gen dout, mesaj enpòtan Abakouk bay la se pou n fè Jewova konfyans (Aba. 2:4). Nou ka vin gen konfyans sa a e n ka kontinye genyen l si n ranfòse relasyon nou gen ak Jewova a lè n 1) pèsevere nan lapriyè, nou fè Jewova konnen tout enkyetid ak sousi nou genyen yo, 2) suiv sa Pawòl Jewova a di ak kèlkeswa direksyon òganizasyon l lan ban nou, e 3) ret tann Jewova ak fidelite e ak pasyans. Se sa Abakouk te fè. Byenke l te kòmanse liv li a yon fason ki tris, men l fini l ak yon deklarasyon ki bay konfyans ak kè kontan. Ann suiv egzanp ankourajan sa a yon fason pou nou menm tou nou ka santi Jewova ban nou akolad menm jan ak yon papa! Ki pi gwo konsolasyon nou ka jwenn nan monn fènwa sa a?

^ § 8 Nan Abakouk 1:5, yo sèvi ak mo “nou” an pou montre malè sa a t ap tonbe sou tout Jida.