Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki kado nou ka bay Jewova?

Ki kado nou ka bay Jewova?

MEN sa Jezi te di yon lè: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Tra. 20:35). Nou ka aplike verite fondamantal sa a nan relasyon nou ak Jewova. Sa k fè sa? Se paske Jewova ban nou anpil kado ki fè kè n kontan, men nou ka jwenn plis kè kontan toujou lè nou bay Jewova yon kado. Ki kado nou ka bay Jewova? Pwovèb 3:9 di: “Onore Jewova avèk sa w genyen ki gen valè yo.” Pami “sa w genyen ki gen valè yo” gen tan w, talan w, fòs ou ak bagay materyèl ou posede. Lè nou itilize bagay sa yo nan vrè adorasyon an, se bay nou bay Jewova yon kado e sa fè nou gen anpil kè kontan.

Ki sa k ka ede n sonje bay Jewova yon kado pami bagay nou genyen nan domèn materyèl yo? Apot Pòl te di kretyen nan vil Korent yo pou yo “mete yon ti bagay apa” kòm ofrann (1 Kor. 16:2). Ki sa w ka fè si w vle gen plis enfòmasyon sou diferan fason ou ka fè ofrann nan zòn ou? Tanpri gade kare ki pi ba a.

Se pa nan tout peyi moun ka fè ofrann sou Entènèt. Men, n ap jwenn enfòmasyon sou lòt fason pou n fè ofrann sou paj pou n fè ofrann ki sou sit la. Nan kèk peyi, gen yon dokiman ki sou paj sa a ki bay repons pou kesyon moun poze souvan anrapò ak fè ofrann.