Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès k ap enfliyanse panse w?

Kiyès k ap enfliyanse panse w?

“Sispann konfòme nou ak sistèm sa a.” — WOM. 12:2.

KANTIK: 88, 45

1, 2. a) Lè Pyè te bay Jezi konsèy pou l pa di sa k t apral rive l, ki repons Jezi te ba l? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Poukisa Jezi te reponn fason sa a?

DISIP Jezi yo pa t ka kwè sa yo tande a. Jezi, sila a yo te atann ki t ap retabli wayòm Izrayèl la, te di li t apral soufri e l t ap mouri anvan lontan. Apot Pyè te pran lapawòl. Men sa l te di: “Pa di bagay konsa non, Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” Jezi reponn li: “Pase dèyè m, Satan! Ou se yon obstak pou mwen, paske se pa panse Bondye ou gen nan tèt ou, men se panse lèzòm.” — Mat. 16:21-23; Tra. 1:6.

2 Lè Jezi te di pawòl sa yo, li te montre gen yon diferans ant panse ki soti nan Bondye ak panse ki soti nan monn sa a Satan ap dirije a (1 Jan 5:19). Pyè te montre l gen menm atitid ak moun nan monn nan ki egoyis. Men, Jezi te konnen panse Papa l yo te diferan. Li te konnen Bondye te vle pou l prepare l pou soufrans ak lanmò ki t ap tann li. Nan repons Jezi te bay Pyè a, yon fason klè, li te rejte panse monn nan e l te kenbe panse Jewova yo.

3. Poukisa l difisil pou n rejte panse monn nan e pou n kenbe panse Jewova yo?

3 E nou menm? Èske nou gen panse Bondye oswa panse monn sa a? Se vre, nou ka deja konfòme konduit nou ann amoni ak sa Bondye mande. Men, e panse nou yo? Èske n chèche fè panse n ak fason n wè bagay yo vin ann amoni ak panse Jewova? Sa mande anpil efò pou n rive fè sa. Yon lòt bò, nou pa bezwen fè efò pou n panse menm jan ak monn nan. Rezon an se paske lespri monn nan toutotou nou (Efe. 2:2). Epitou, kòm fason monn nan panse a souvan fè n panse ak tèt pa nou, li ka atire nou pi fasil. Wi, sa mande efò pou n panse menm jan ak Jewova, men li pi fasil pou n panse menm jan ak monn nan.

4. a) Ki sa k ap rive n si n kite monn nan enfliyanse panse n? b) Ki jan atik sa a ap ede n?

4 Sepandan, si n kite monn nan enfliyanse panse n, n ap vin egoyis e n ap vle deside pou tèt nou sa ki byen ak sa ki mal (Mak 7:21, 22). Kidonk, li enpòtan anpil pou n chèche gen “panse Bondye” olye n gen “panse lèzòm”. Atik sa a ap ede n fè sa. N ap egzamine rezon ki fè lè n chèche fè panse n vin ann amoni ak panse Jewova sa pa limite n twòp men, sa fè n jwenn byenfè. Epitou, n ap wè fason pou n pa kite panse monn nan enfliyanse nou. Nan atik ki vin apre a, n ap egzamine fason nou ka vin gen panse Jewova sou plizyè sijè ak fason n ka fè panse l vin panse pa n.

PANSE JEWOVA POT BYENFÈ

5. Poukisa kèk moun pa dakò ak ide gen moun k ap enfliyanse yo?

5 Gen kèk moun ki pa dakò ak ide gen moun k ap enfliyanse panse yo. Yo di se yo menm ki dwe pran pwòp desizyon yo, e se nòmal pou yo fè sa. Yo pa vle pou moun kontwole yo, ni yo pa vle pou yo fòse yo aji menm jan ak tout moun *.

6. a) Ki kalite libète Jewova ban nou? b) Èske libète sa a san limit?

6 Sepandan, nou ka gen asirans lè n fè panse n vin ann amoni ak panse Jewova sa pa vle di nou abandone tout opinyon pèsonèl nou genyen. Jan sa parèt nan 2 Korentyen 3:17 la, “kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète”. Nou lib pou n gen pwòp pèsonalite nou. Nou chak ka gen bagay nou prefere e n ka chwazi bagay ki enterese nou. Anfèt, Jewova te kreye nou konsa. Sepandan, nou pa ka sèvi ak libète nou an san limit. (Li 1 Pyè 2:16.) Konsènan sa ki byen ak sa ki mal, Jewova vle se panse l nou jwenn nan Pawòl li a ki pou gide n. Èske sa fè n limite twòp, oswa èske sa fè n jwenn byenfè?

7, 8. Poukisa lè n chèche wè bagay yo menm jan ak Jewova sa pa fè n limite twòp? Bay yon egzanp.

7 Ann pran yon egzanp. Paran yo fè tout sa yo kapab pou yo anseye pitit yo bon prensip. Yo ka aprann timoun yo pou yo onèt, pou yo renmen travay e pou yo gen konsiderasyon pou lòt moun. Sa pa limite yo twòp. Okontrè, paran yo ap prepare timoun yo pou yo reyisi nan lavi a antanke moun ki endepandan. Lè timoun yo vin gran e yo kite kay la, y ap vin lib pou yo pran pwòp desizyon yo. Si timoun yo chwazi viv ann amoni ak prensip paran yo te aprann yo, l ap pi fasil pou yo pran desizyon yo pap regrèt pi devan. Konsa, y ap evite tèt yo yon pakèt pwoblèm ak enkyetid.

8 Menm jan ak yon bon paran, Jewova vle pou pitit li viv yon fason ki bay plis satisfaksyon posib (Eza. 48:17, 18). Se sa k fè, li ban nou yon seri prensip fondamantal sou fason pou n aji ak sou fason pou n konpòte n ak lòt moun. Anrapò ak bagay sa yo, li ankouraje n chèche gen menm panse avè l e pou n viv ann amoni ak prensip li yo. Olye sa limite nou twòp, sa fè n vin gen plis sajès e sa ede n pran pi bon desizyon (Sòm 92:5; Pwo. 2:1-5; Eza. 55:9). Sa ede n fè chwa k ap fè n gen kè kontan toutpandan sa pèmèt nou chak kontinye fè pwogrè (Sòm 1:2, 3). Vrèmanvre, lè n panse menm jan ak Jewova sa fè n jwenn byenfè!

SE PANSE JEWOVA KI PI BON

9, 10. Ki prèv ki montre panse Jewova pi bon pase panse monn nan?

9 Yon lòt rezon ki fè adoratè Jewova yo vle fè panse yo vin ann amoni ak panse Jewova se paske panse Jewova pi bon lontan pase panse monn sa a. Monn nan bay konsèy sou fason pou moun kondui yo nan domèn moral, sou relasyon nan fanmi, sou travay ki bay satisfaksyon ak nan kèk lòt domèn nan lavi a. Pifò nan konsèy sa yo depaman ak panse Jewova. Pa egzanp, souvan monn nan ankouraje moun met tèt yo anvan. Li ankouraje moun fè imoralite seksyèl tou. Pafwa, li konseye moun pou yo separe oswa divòse pou nenpòt rezon kòm yon mwayen pou yo ka gen plis kè kontan. Yon konsèy konsa depaman ak sa ki nan Ekriti yo. Men, èske pa gen kèk nan konsèy monn nan bay yo ki fè plis sans nan epòk nou an pase konsèy Bib la bay yo?

10 Men sa Jezi te di: “Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès.” (Mat. 11:19). Se vre monn nan fè gwo pwogrè nan domèn teknoloji, men l pa rive rezoud pwoblèm ki pi enpòtan ki anpeche n gen kè kontan yo, tankou lagè, rasis ak krim. E ki sa n ka di konsènan sitirans ki genyen nan domèn moral? Olye sa rezoud pwoblèm yo, gen anpil moun ki rekonèt sa lakòz plis fanmi kraze, plis maladi ak lòt pwoblèm ankò. Yon lòt bò, kretyen ki gen menm pwennvi ak Bondye yo kontan wè relasyon nan fanmi yo ap amelyore, yo jwenn byenfè nan domèn fizik paske yo pwòp nan domèn moral, e yo anpè ak kwayan parèy yo nan lemonnantye (Eza. 2:4; Tra. 10:34, 35; 1 Kor. 6:9-11). Èske sa pa montre panse Jewova pi bon pase panse monn nan?

11. Ki panse ki t ap gide Moyiz, e ki rezilta sa te bay?

11 Sèvitè fidèl Jewova nan tan lontan yo te konnen se panse Jewova ki pi bon. Pa egzanp, menm lè Moyiz te jwenn fòmasyon “nan men Ejipsyen yo nan tout domèn”, li te konte sou Bondye pou l te ka “vin gen sajès nan kè [l]”. (Tra. 7:22; Sòm 90:12.) Epitou, men sa l te mande Jewova: “Ede m konn chemen w yo.” (Egz. 33:13). Kòm se panse Jewova ki t ap gide l, li te travay anpil pou pèmèt objektif Jewova reyalize epi Ekriti yo pale an byen de li antanke yon moun ki te gen yon lafwa ki estrawòdinè. — Ebre 11:24-27.

12. Sou ki sa apot Pòl te baze rezònman l yo?

12 Apot Pòl te yon moun ki entèlijan e ki enstwi, e l te pale omwen de lang (Tra. 5:34; 21:37, 39; 22:2, 3). Sepandan, anrapò ak prensip, li te rejte sajès monn nan. Li te baze rezònman l yo sou Ekriti yo. (Li Travay 17:2; 1 Korentyen 2:6, 7, 13.) Konsa, Pòl te reyisi nan travay predikasyon an, li te gen kè kontan, e l t ap tann yon rekonpans ki etènèl. — 2 Tim. 4:8.

13. Kiyès ki gen responsablite pou fè panse n vin ann amoni ak panse Jewova?

13 Pa gen dout, panse Bondye pi bon pase panse monn nan. Lè n viv ann amoni ak panse Bondye sa ap fè n gen pi gwo kè kontan an e n ap reyisi toutbon. Sepandan, Jewova pap fòse n vin gen panse l. Ni “esklav fidèl ki prevwayan an”, ni ansyen yo pap chèche kontwole panse nou (Mat. 24:45; 2 Kor. 1:24). Okontrè, chak kretyen gen responsablite pou l fè panse l vin ann amoni ak panse Bondye. Ki jan n ka fè sa?

PINGA W KONFÒME W AK SISTÈM SA A

14, 15. a) Sou ki sa n dwe medite pou n ka panse menm jan ak Jewova? b) Ann amoni ak Women 12:2, poukisa n dwe evite nouri tèt nou ak panse monn nan? Bay yon egzanp.

14 Men konsèy nou jwenn nan Women 12:2: “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” Pawòl sa yo Bondye enspire montre n kèlkeswa bagay ki te enfliyanse lespri n anvan n te aprann laverite, li posib pou n fè panse n vin pi ann amoni ak panse Bondye. Byenke bagay nou pran nan fanmi nou ak eksperyans nou fè gen enfliyans sou panse n nan yon sans, men, panse nou fasil pou chanje e li ka kontinye chanje. Nan yon sans ki laj, sa nou kite antre nan lespri n ak sa n chwazi reflechi sou yo ap detèmine chanjman k ap fèt yo. Lè n reflechi oswa n medite sou fason Jewova panse, n ap pwouve tèt nou pwennvi l yo kòrèk. Konsa, tou natirèlman n ap anvi fè panse n vin ann amoni ak panse Jewova.

15 Sepandan, n ap remake pou n bay lespri n yon lòt direksyon pou l ka panse menm jan ak Jewova, nou bezwen “sispann konfòme nou ak sistèm sa a”. Nou dwe sispann nouri tèt nou ak panse oswa ak pwennvi ki opoze ak panse Bondye. Pou montre n jan premye etap sa a enpòtan, ann pran egzanp manje. Yon moun ka ap chèche amelyore sante l lè l manje manje ki gen bonjan vitamin. Men, ki enpòtans sa t ap genyen si moun sa a toujou ap manje manje ki kontamine? Menm jan an tou, sa pap gen anpil enpòtans pou n nouri tèt nou ak panse Jewova si n ap kòwonp lespri nou ak panse monn nan.

16. Kont ki sa nou bezwen pwoteje tèt nou?

16 Èske n ka evite tout kontak ak panse monn nan? Non, paske nou pa ka kite monn nan yon fason literal. Li enposib pou n evite tout kontak ak panse l yo (1 Kor. 5:9, 10). Pa egzanp, lè n nan travay predikasyon an, nou an kontak ak yon seri fo kwayans. Sepandan, nan ka kote n pa ka evite gen kontak ak panse monn nan, se sèten nou pa dwe pran plezi nan yo ni aksepte yo. Menm jan ak Jezi, nou dwe kouri rejte tout panse ki ann amoni ak objektif Satan. Mete sou sa, nou ka pwoteje tèt nou lè n pa ekspoze tèt nou yon fason ki pa nesesè anba panse monn nan. — Li Pwovèb 4:23.

17. Bay kèk fason nou ka evite ekspoze tèt nou yon fason ki pa nesesè anba panse monn nan.

17 Pa egzanp, nou dwe pran prekosyon lè n ap chwazi moun pou vin bon zanmi nou. Bib la avèti nou si nou kontinye bon zanmi ak moun ki pap sèvi Jewova, fason yo panse ap detenn sou nou (Pwo. 13:20; 1 Kor. 15:12, 32, 33). Anplis de sa, nou bezwen chwazi kalite detant n ap pran. Lè n rejte detant k ap ankouraje moun kwè nan teyori evolisyon, fè vyolans, oswa imoralite, nou evite anpwazonnen lespri n ak panse ki “kont konesans Bondye”. — 2 Kor. 10:5.

Èske n ede pitit nou rejte detant ki danjere? (Gade paragraf 18, 19.)

18, 19. a) Poukisa n dwe fè atansyon ak pwennvi monn nan ap fè pwomosyon pou yo anba anba? b) Ki kesyon n dwe poze tèt nou, e poukisa?

18 Epitou, l ap bon pou n idantifye panse monn nan menm lè l pa parèt aklè e pou n rejte l. Pa egzanp, medya yo ka bay yon nouvèl yon fason ki favorize kèk opinyon politik. Gen istwa ki ankouraje moun gen yon seri objektif ki ann amoni ak fason monn nan wè bagay yo e pou yo reyalize yon seri bagay moun admire. Gen fim ak liv ki fè pwomosyon pou yon seri ide ki fè moun met tèt yo ak fanmi yo anvan tout bagay, e yo fè ide sa yo parèt rezonab, atiran e menm kòrèk. Pwennvi sa yo depaman ak pwennvi Bib la ki montre nou menm ak fanmi nou ap gen kè kontan lè n renmen Jewova plis pase tout bagay (Mat. 22:36-39). Mete sou sa, gen istwa yo fè pou timoun, byenke anpil moun aksepte yo, ki gendwa gen bagay anba anba ki fè timoun yo aksepte konpòtman ki imoral.

19 Sa pa vle di li mal pou n pran detant ki kòrèk. Malgre sa, l ap bon pou n poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske n idantifye ansèyman monn nan menm lè y ap fè pwomosyon pou yo anba anba? Èske n pwoteje pitit nou ak tèt nou pou n pa gade oswa tande yon seri pwogram e pou n pa li yon seri bagay? Èske n sèvi ak pwennvi Jewova yo pou n konbat panse monn nan pitit nou yo tande oswa yo wè?’ Lè n fè diferans ant panse Bondye ak panse monn nan, nou ka evite “konfòme nou ak sistèm sa a”.

KIYÈS K AP ENFLIYANSE W KOUNYE A?

20. Ki sa k ap montre si se panse Bondye oswa panse monn nan k ap enfliyanse n?

20 Pa bliye, gen de sous enfòmasyon: Jewova ak monn nan ki anba kontwòl Satan. Kiyès nan sous sa yo k ap enfliyanse n? Repons lan se sous kote n ap pran enfòmasyon yo. Si se panse monn nan nou met nan tèt nou, l ap enfliyanse panse nou, e l ap fè n panse epi aji menm jan ak moun nan monn nan. Se rezon sa a ki fè n dwe fè atansyon ak sa n ap reflechi.

21. Sou ki domèn enpòtan nou pral pale nan atik ki vin apre a?

21 Jan n te di sa anvan sa, pou n ka panse menm jan ak Jewova, nou dwe fè plis pase anpeche move panse antre nan lespri n. Epitou, nou dwe nouri tèt nou ak panse Bondye pou n ka fè l vin panse pa n. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki fason n ka fè sa.

^ § 5 An reyalite, menm moun ki panse l pi endepandan an pa ka anpeche lòt moun enfliyanse l. Kit yon moun ap reflechi sou yon bagay ki pwofon anpil, tankou orijin lavi a, kit l ap deside ki jan l ap abiye, moun enfliyanse l nan yon sans. Sepandan, nou ka chwazi kiyès n ap kite enfliyanse n.