Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kiyès ki te “papa bon kè” Jezi te fè referans ak yo nan nuit anvan l te mouri a, e poukisa yo te rele yo konsa?

Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te bay apot li yo konsèy pou yo pa chèche gen gwo pozisyon pami kwayan parèy yo. Men sa l te di yo: “Wa nasyon yo domine sou moun yo, e moun ki gen otorite sou yo, yo rele yo ‘papa bon kè’. Men nou menm, nou pa dwe konsa.” — Lik 22:25, 26.

Kiyès ki te “papa bon kè” Jezi te fè referans ak yo a? Yon seri bagay yo grave, pyès monnen ak dokiman montre Grèk yo ak Women yo te gen koutim bay moun k ap dirije oswa moun ki gen gwo repitasyon tit Evèjèt oswa “papa bon kè” pou onore yo. Yo te konn ba yo tit sa a lè moun yo te fè yon bagay ki itil sosyete a.

Gen plizyè wa ki te gen tit “papa bon kè” a. Pami yo nou jwenn yon seri dirijan nan Peyi Ejip, tankou Toleme III (anviwon 247-222 anvan epòk nou an) ak Toleme VIII (anviwon 147-117 anvan epòk nou an). Gen dirijan women Jil Seza (48-44 anvan epòk nou an) ak Seza Ogis (31 anvan epòk nou an rive 14 epòk nou an) ki te gen tit sa a tou, ansanm ak Ewòd Legran, wa Jida. Nan ka pa Ewòd, siman yo te ba l tit la lè l te fè ble vin nan peyi a pou soulaje moun yo anba yon grangou ki te genyen e l te fè moun ki nan nesesite yo jwenn rad.

Selon yon biblis alman ki rele Adolf Deissmann (Adòlf Daysmann), tit “papa bon kè” a te gaye anpil. Men sa l te di: “Nan yon tikras tan, li t ap fasil pou n jwenn plis pase 100 fwa kote [yo sèvi ak tit sa a] sou bagay ki grave.”

Donk, ki sa Jezi te vle di lè l te di disip li yo: “Men nou menm, nou pa dwe konsa”? Èske Jezi te vle di pou yo pa fè byen pou lòt moun? Jamè. Sanble sa k te enkyete Jezi se te rezon ki te pouse moun yo fè bon aksyon yo.

Nan epòk Jezi a, moun ki te rich yo te vle moun pale de yo an byen, konsa, yo te konn bay kòb pou òganize espektak ak evènman spò nan stad yo, pou konstwi plas piblik ak tanp e pou soutni lòt aktivite nan menm sans lan. Men, yo te konn fè sa nan objektif pou moun fè lwanj pou yo, pou yo vin popilè oswa pou moun vote pou yo. Men sa yon liv referans fè konnen: “Byenke gen nan moun sa yo ki te sensè lè yo te fè don, souvan se nan enterè politik pa yo yo te fè don sa yo.” Se etadespri sa a Jezi te ankouraje disip li yo pou yo evite, yon etadespri ki montre moun nan gen anbisyon e se enterè l l ap defann.

Kèk ane annapre, apot Pòl te mete aksan sou menm verite sa a, anpalan de enpòtans pou se bon rezon ki pouse nou bay. Men sa l te ekri kwayan parèy li yo ki te nan vil Korent: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” — 2 Kor. 9:7.