Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“M ap mache nan verite w yo”

“M ap mache nan verite w yo”

“O Jewova, montre m chemen w yo. M ap mache nan verite w yo.” — SÒM 86:11.

KANTIK: 31, 72

1-3. a) Ki santiman n genyen konsènan verite ki nan Bib la? Bay yon egzanp. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki kesyon n pral egzamine nan atik sa a?

NAN anpil peyi, li kouran pou moun pote yon bagay yo te fin achte tounen. Selon yon rapò yo fè, nan kèk peyi, moun yo pote anviwon 9 pousan bagay tounen nan magazen yo apre yo te fin achte yo. Kantite bagay moun retounen apre yo te fin achte yo sou Entènèt ka rive plis pase 30 pousan. Petèt moun ki te achte bagay sa yo vin rann yo kont sa yo achte a pa satisfè yo, yo pa bon oswa yo jis pa nan gou yo. Konsa, yo deside chanje bagay sa yo oswa yo mande pou yo remèt yo lajan yo.

2 Se vre, nou ka mande yo remèt nou lajan nou apre n te fin achte yon bagay materyèl, men nou pap janm vle remèt oswa “vann” “konesans egzak” sou verite ki nan Bib la nou te achte a. (Li Pwovèb 23:23; 1 Tim. 2:4.) Jan n te wè sa nan atik ki vin anvan an, pou n te vin gen laverite, nou te pran tan pou n aprann konnen l. Anplis de sa, pou n te achte laverite, petèt nou te oblije abandone yon karyè ki bay anpil lajan, nou te fè fas ak chanjman ki te vin genyen nan relasyon nou ak lòt moun epi n te fè chanjman nan fason n panse ak nan konduit nou, oswa n te abandone koutim ak pratik ki pa fè Bondye plezi. Sepandan, pri nou te peye a piti lè n konpare l ak benediksyon nou jwenn.

3 Pou sa ki gen rapò ak verite ki nan Bib la, nou gen menm santiman ak yon mesye Jezi te pale de li nan yon egzanp tou kout li te bay. Pou Jezi montre jis nan ki pwen verite konsènan Wayòm Bondye a gen anpil valè pou moun ki jwenn li, li te pale konsènan yon komèsan k ap vwayaje pou l chèche bèl pèl e ki te jwenn youn. Anfèt, pèl sa a te tèlman gen anpil valè, “tousuit li [te] vann” tout sa l genyen pou l achte l (Mat. 13:45, 46). Menm jan an tou, verite nou te jwenn yo, anpalan de verite konsènan Wayòm Bondye a ansanm ak tout lòt verite ki gen anpil valè nou te aprann nan Pawòl Bondye a, te tèlman gen anpil valè pou nou nou te dispoze fè sakrifis ki nesesè yo tousuit pou n genyen yo. Toutotan laverite gen valè pou nou, nou pap “janm vann li”. Malerezman, gen kèk moun pami pèp Bondye a ki bliye jan laverite gen anpil valè e yo menm vann li. Nou swete pou sa pa janm rive n! Pou n montre jis nan ki pwen nou bay laverite anpil valè e n pap janm vann li, nou dwe koute konsèy Bib la bay pou n “kontinye [...] mache nan laverite”. (Li 3 Jan 2-4.) Mache nan laverite mande pou n viv li, sa vle di ba l premye plas nan lavi nou epi aji ann amoni avè l. Kounye a, ann konsidere kesyon sa yo: Ki sa k ka fè kèk moun “vann” laverite e ki jan yo ka fè sa? Ki jan n ka evite fè vye erè sa a? Ki jan n ka ranfòse detèminasyon n pran pou n “kontinye [...] mache nan laverite”?

REZON KI FÈ KÈK MOUN “VANN” LAVERITE AK FASON YO FÈ SA

4. Nan premye syèk la, poukisa kèk moun te “vann” laverite?

4 Nan premye syèk la, gen kèk moun ki te byen reyaji okòmansman devan ansèyman Jezi yo, men, yo pa t kontinye mache nan laverite. Pa egzanp, apre Jezi te fin fè yon mirak pou l bay yon gwo foul moun manje, foul moun nan te suiv li rive pa lòt bò Lanmè Galile a. Pandan Jezi nan zòn nan, li te di yon bagay ki te fè yo pè. Men sa l te di: “Si nou pa manje chè Pitit lòm nan, e si nou pa bwè san l, nou pap gen lavi.” Olye yo te mande Jezi esplike yo sa l di a, yo te kite pawòl li yo fè yo trebiche e yo te di: “Pawòl sa yo chokan, kiyès ki ka koute yo?” Kòm rezilta, “anpil nan disip li yo [te] retounen nan bagay yo te kite dèyè yo e yo vin sispann mache avè l.” — Jan 6:53-66.

5, 6. a) Nan ane ki sot pase yo, poukisa kèk moun te sispann kenbe laverite? b) Ki jan yon moun ka kite laverite tikras pa tikras?

5 Malerezman, jodi a gen kèk moun ki sispann kenbe laverite. Gen kèk moun ki trebiche akoz yon chanjman ki te fèt nan fason n te konprann yon pasaj nan Bib la oswa akoz sa yon frè ki gen anpil enfliyans te di oubyen l te fè. Gen lòt ki vin fache akoz yo te resevwa yon konsèy ki baze sou Bib la, oswa yo kite laverite akoz yo pa t antann yo ak yon kretyen parèy yo. Mete sou sa, gen lòt ki vin pran pozisyon pou aposta yo ak lòt opozan k ap di sa k mal sou kwayans nou. Kòm rezilta, gen kèk ladan yo ki chwazi “kite” Jewova ak kongregasyon an (Ebre 3:12-14). Li t ap pi bon lontan si yo te kontinye gen lafwa e yo te kontinye met konfyans yo nan Jezi, jan apot Pyè te fè sa! Lè Jezi te mande apot li yo si yo te vle kite l, Pyè te reponn san pèdi tan: “Seyè, kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an.” — Jan 6:67-69.

6 Gen lòt moun ki kite laverite tikras pa tikras, petèt san yo pa menm rann yo kont. Yon moun ki kite laverite tikras pa tikras sanble ak yon bato ki prale lwen yon rivaj tou dousman poukont li. Bib la pale de chanjman sa a ki fèt tou dousman tankou yon bagay k ap ‘pote yon moun ale’. (Ebre 2:1.) Kontrèman ak yon moun ki chwazi kite laverite, yon moun yon bagay ap pote ale pa chwazi sa. Sepandan, yon moun konsa pran distans li ak Jewova e l ka menm pèdi relasyon l gen avè l la. Ki jan n ka anpeche yon malè konsa rive n?

KI JAN N KA EVITE VANN LAVERITE?

7. Ki premye etap k ap ede n evite vann laverite?

7 Pou n mache nan laverite, nou dwe aksepte tout sa Jewova di e n dwe obeyi yo. Nou dwe bay laverite premye plas nan lavi nou e n dwe viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Men sa wa David te di Jewova nan yon priyè: “M ap mache nan verite w yo.” (Sòm 86:11). David te detèmine pou l fè sa. Nou menm tou nou dwe pran bonjan detèminasyon pou n kontinye mache nan verite Bondye bay la. Si n pa fè sa, nou ka kòmanse wè pri nou te peye pou n gen laverite a yon lòt fason, e petèt nou ka kòmanse anvi rejwenn yon pati nan pri nou te peye a. Olye de sa, nou dwe veye pou n kenbe tout laverite nèt. Nou konnen nou pa gen dwa chwazi ki verite n ap aksepte e kiyès n ap rejte. Dayè, nou dwe mache nan “laverite nèt”. (Jan 16:13.) Ann reflechi sou senk bagay petèt nou te peye pou n gen laverite. Lè n fè sa, sa ap ranfòse detèminasyon nou pran pou n pa anvi rejwenn menm yon pati nan pri n te peye a. — Mat. 6:19.

8. Lè yon kretyen pa byen sèvi ak tan l, ki jan sa ka lakòz li kite laverite san l pa rann li kont? Bay yon egzanp.

8 Tan. Pou n evite kite laverite san n pa rann nou kont, nou dwe byen sèvi ak tan nou. Si n pa fè atansyon, nou ka kòmanse pase anpil tan nan detant, nan pastan, nan navige sou Entènèt oswa nan gade televizyon. Byenke bagay sa yo pa mal nan yo menm, tan nou pase ladan yo ka kòmanse pran pye sou tan nou te konn pase ap fè etid pèsonèl ak lòt aktivite ki gen rapò ak Wayòm nan. Ann wè sa k te rive yon sè ki rele Emma *. Depi lè Emma jèn, li te renmen cheval anpil. Li te konn monte cheval chak fwa l te gen posiblite a. Rive yon lè, li te kòmanse santi l pa alèz akoz tout tan li te konn pase nan pastan sa a. Li te fè kèk chanjman, e finalman, li te rive kite detant nan plas li. Anplis de sa, li te jwenn ankourajman nan eksperyans Cory Wells, yon sè ki te konn bay cho sou cheval *. Kounye a, Emma pran plezi pase plis tan nan aktivite espirityèl yo ansanm ak fanmi l ak zanmi l ki kretyen. Li santi l pi pwòch Jewova e l santi l anpè paske l konnen li byen sèvi ak tan l.

9. Ki jan kouri dèyè avantaj materyèl lakòz kèk moun met objektif espirityèl yo sou kote?

9 Avantaj materyèl. Si n vle kontinye mache nan laverite, nou dwe kite bagay materyèl nan plas yo. Lè n te aprann laverite, enterè nou te genyen pou bagay materyèl te vin an dezyèm parapò ak objektif espirityèl yo. Nou te kontan fè sakrifis yon fason pou n te ka mache nan laverite. Sepandan, rive yon lè, nou ka wè lòt moun ap achte aparèy elektwonik dènye modèl oswa ap jwi yon seri lòt avantaj materyèl, e n ka kòmanse santi n manke yon bagay. Nou ka sispann kontante n ak bagay ki nesesè pou n viv yo e n ka met objektif espirityèl yo sou kote pou n chèche gen byen materyèl. Yon konpòtman konsa fè n sonje Demas. Lanmou l te genyen pou “sistèm ki la kounye a” te fè l abandone yon karyè li te gen nan sèvis li t ap fè ansanm ak apot Pòl la (2 Tim. 4:10). Poukisa Demas te abandone Pòl? Èske se paske l te renmen bagay materyèl plis pase aktivite espirityèl yo? Oswa, èske se paske l pa t dispoze kontinye fè sakrifis pou l sèvi bò kote Pòl? Bib la pa di anyen sou sa. Se sèten nou pa vle vin gen dezi pou bagay materyèl ankò e pou n kite bagay sa yo atire n pou fè n pèdi lanmou n gen pou laverite a.

10. Pou n kontinye mache nan laverite, ak ki presyon nou dwe reziste?

10 Relasyon ak lòt moun. Pou n kontinye mache nan laverite, nou pa dwe sede devan presyon lòt moun ap fè sou nou. Lè n te kòmanse mache nan laverite, relasyon n te gen ak zanmi nou ansanm ak moun nan fanmi nou ki pa Temwen te vin chanje. Gen kèk nan yo ki pa t gen pwoblèm ak sa, men gen lòt ki te vin opoze avè n (1 Pyè 4:4). Byenke n fè efò pou n gen bon relasyon ak moun nan fanmi nou e n byen boule ak yo, nou dwe fè atansyon pou n pa fè konpwomi ak laverite pou n ka fè yo plezi. N ap kontinye fè efò pou n byen boule ak moun nan fanmi nou. Ann amoni ak avètisman klè ki nan 1 Korentyen 15:33 a, n ap bon zanmi sèlman ak moun ki renmen Jewova.

11. Ki jan n ka evite pratik ki pa fè Bondye plezi?

11 Panse ak konduit ki pa fè Bondye plezi. Tout moun k ap mache nan laverite dwe sen. (Eza. 35:8; li 1 Pyè 1:14-16.) Lè n t ap pran laverite, nou tout te dwe fè yon seri chanjman pou n te ka konfòme n ak prensip biblik yo ki jis. Gen moun ki te dwe fè gwo chanjman. Kèlkeswa jan sa ye, nou pa dwe janm boukante vi pwòp e ki sen n ap mennen an pou imoralite ak salte ki gen nan monn sa a. Ki jan n ka evite tonbe nan konduit imoral? Medite sou gwo pri Jewova te peye pou n ka sen an, sètadi san Jezi Kris, Pitit Gason l lan, ki gen anpil valè a (1 Pyè 1:18, 19). Pou n kontinye ret pwòp devan Jewova, nou bezwen toujou sonje enpòtans sakrifis ranson Kris la genyen an nan lespri n ak nan kè n.

12, 13. a) Poukisa l enpòtan pou n gen menm pwennvi ak Jewova sou kesyon fèt? b) Ki sa n pral egzamine apre sa?

12 Koutim ak pratik ki pa ann amoni ak Bib la. Moun nan fanmi nou, kòlèg travay nou ak kondisip nou ka eseye fè n patisipe nan fèt y ap fete. Ki jan n ka reziste ak presyon pou n aksepte koutim ak fèt ki pa onore Jewova? Nou ka fè sa lè n kenbe pwennvi Jewova gen sou bagay sa yo byen klè nan lespri n. Lè n egzamine sijè nan piblikasyon nou yo ki montre orijin fèt popilè yo sa ka ede n. Lè n medite sou rezon ki baze sou Bib la ki fè n pa patisipe nan fèt sa yo, n ap gen konviksyon n ap mache yon fason ki “fè Seyè a plezi”. (Efe. 5:10.) Lè n met konfyans nou nan Jewova ak nan Pawòl verite l la, sa ap pwoteje n pou n pa “tranble devan moun”. — Pwo. 29:25.

13 Mache nan laverite se yon bagay n ap kontinye fè, se yon chemen nou swete suiv pou tout letènite. Ki jan n ka ranfòse detèminasyon n pran pou n kontinye mache nan laverite? Ann egzamine twa fason.

RANFÒSE DETÈMINASYON N PRAN POU N MACHE NAN LAVERITE

14. a) Lè n kontinye achte laverite, ki jan sa ka fè n vin pi detèmine pou n pa janm vann li? b) Poukisa sajès, disiplin ak bon konprann enpòtan anpil?

14 Premyèman, kontinye etidye verite ki gen anpil valè ki nan Pawòl Bondye a epi medite sou yo. Wi, se pou n achte laverite lè n rezève tan regilyèman pou n nouri tèt nou ak verite ki gen anpil valè ki nan Pawòl Bondye a. Konsa, n ap vin pi apresye laverite e n ap vin pi detèmine pou n pa janm vann li. Anplis achte laverite, Pwovèb 23:23 di nou dwe achte “sajès, disiplin ak bon konprann”. Konesans sèlman pa sifi. Nou dwe kite laverite aji nan lavi nou. Grasa bon konprann, nou rive wè amoni ki gen nan tout sa Jewova di. Sajès ap pouse n aji ann amoni ak konesans nou genyen. Pafwa, laverite disipline nou, li montre n ki kote n bezwen fè chanjman. Se pou n toujou suiv direksyon l ban nou. Li gen plis valè lontan pase ajan. — Pwo. 8:10.

15. Lè n mare laverite nan ren nou tankou yon sentiwon, ki jan sa pwoteje nou?

15 Dezyèmman, se pou n pran bonjan detèminasyon pou n viv ann amoni ak laverite chak jou. Mare laverite nan ren nou tankou yon sentiwon (Efe. 6:14). Nan tan biblik yo, sentiwon sòlda yo te konn mete yo te kenbe senti yo fèm e l te pwoteje yo ak ògàn ki pa anndan yo. Sepandan, pou sentiwon an te pwoteje sòlda a, sòlda a te dwe mare l sere. Yon sentiwon ki pa t mare sere pa t ap kenbe l fèm. Lè n mare laverite nan ren nou tankou yon sentiwon, ki jan sa pwoteje n nan domèn espirityèl? Si n mare laverite byen sere nan ren nou tankou yon sentiwon, l ap pwoteje n kont fo rezònman e l ap ede n pran bon desizyon. Lè n jwenn tantasyon oswa eprèv, verite ki nan Bib la ap fè n gen plis detèminasyon pou n fè sa k dwat. Menm jan yon sòlda pap janm panse al nan batay san sentiwon, menm jan an tou nou dwe detèmine pou n pa janm desere oswa retire sentiwon nou an ki se laverite. Okontrè, nou fè tout sa n kapab pou n mare sentiwon nou sere nan ren nou lè n viv ann amoni ak laverite. Yon lòt posiblite sentiwon sòlda a te ba l sèke li te pèmèt li gen yon kote ki apwopriye pou l met epe l. Sa mennen nou nan pwochen bagay k ap ranfòse detèminasyon n pran pou n mache nan laverite a.

16. Lè n pataje laverite ak lòt moun, ki jan sa ranfòse detèminasyon n pran pou n kontinye mache nan laverite?

16 Twazyèmman, fè tout sa n kapab pou n anseye lòt moun verite ki nan Bib la. Lè n fè sa, n ap kenbe epe espirityèl nou an byen di, sètadi “pawòl Bondye a” (Efe. 6:17). Nou tout ka fè gwo efò pou n amelyore kapasite n genyen antanke anseyan lè nou “manyen pawòl verite a kòrèkteman”. (2 Tim. 2:15.) Pandan n ap sèvi ak Bib la pou n ede lòt moun achte laverite e pou yo rejte manti, nou antre sa Bondye di yo pi fon nan lespri n ak nan kè n. Lè n fè sa, nou ranfòse detèminasyon n pran pou n kontinye mache nan laverite.

17. Sa k fè laverite gen anpil valè pou ou?

17 Laverite se yon kado ki gen anpil valè Jewova ban nou. Grasa kado sa a, nou vin gen bagay ki gen plis valè pou nou an, anpalan de relasyon sere nou gen ak Papa nou ki nan syèl la. Bagay li deja aprann nou yo se jis yon kòmansman! Bondye pwomèt nou letènite anplis laverite nou deja achte a. Kidonk, bay laverite valè menm jan ak yon bèl pèl. Kontinye “achte laverite e pinga w janm vann li”. Konsa, menm jan ak David, w ap kenbe pwomès sa a ou fè Jewova a: “M ap mache nan verite w yo.” — Sòm 86:11.

^ § 8 Yo chanje non moun nan.

^ § 8 Ale sou Tele JW, epi gade nan ribrik ENTÈVYOU AK TEMWAYAJ > LAVERITE CHANJE LAVI MOUN.