TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Oktòb 2016

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 28 novanm rive 25 desanm 2016.

“Pa bliye montre nou janti ak etranje yo”

Ki jan Bondye wè etranje yo? Ki sa w ka fè pou w ede yon moun ki sot nan yon lòt peyi santi l alèz nan kongregasyon an?

Kenbe bon relasyon ak Jewova pandan w nan yon tèritwa lang etranje

Sa ki ta dwe priyorite tout kretyen se pwoteje relasyon yo gen ak Jewova ansanm ak relasyon fanmi yo gen ak Jewova. Poutan, si w nan yon tèritwa lang etranje, w ap jwenn kèk lòt difikilte.

Fòtifye lafwa w nan sa w espere a

Nou ka tire leson nan anpil bèl egzanp moun ki gen lafwa bay, kit se nan tan lontan kit se nan epòk nou an. Ki jan w ka kenbe lafwa w djanm?

Demontre ou gen lafwa nan pwomès Jewova yo

Ki sa lafwa ye egzakteman? Epi, sa k pi enpòtan an, ki jan w ka demontre l?

BYOGRAFI

Nou te fè tout sa nou kapab pou n imite bon egzanp

Ankourajman kretyen ki gen matirite yo bay kapab ede lòt moun fikse bonjan objektif epi reyalize yo. Thomas McLain rakonte fason lòt moun te ba l bon egzanp ak fason li menm li fè efò pou l ede lòt moun.

Èske w te konnen?

Ki dwa Wòm te bay otorite juif yo nan premye syèk la? Èske se vre nan tan lontan moun te konn simen move zèb nan jaden lòt moun?