Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Demontre ou gen lafwa nan pwomès Jewova yo

Demontre ou gen lafwa nan pwomès Jewova yo

“Lafwa [...] se prèv klè [yon moun] genyen sou yon seri bagay reyèl li pa wè.” — EBRE 11:1, nòt.

KANTIK: 54, 125

1. Ki jan nou dwe santi n dèske nou gen lafwa?

LAFWA se pa yon bagay tout moun genyen (2 Tesalonisyen 3:2). Men, Jewova bay tout moun k ap adore l lafwa (Women 12:3; Galat 5:22). Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova ban nou lafwa!

2, 3. a) Ki byenfè nou jwenn lè n gen lafwa? b) Ki kesyon nou pral egzamine kounye a?

2 Jewova te bay Pitit Gason li renmen anpil la pou tout moun ki demontre lafwa nan Jezi ka jwenn padon pou peche yo. Sa vin fè l posib pou moun vin zanmi Jewova e pou yo viv pou toutan (Jan 6:44, 65; Women 6:23). Se pa ti bon Jewova bon avèk nou! Malgre nou se pechè e nou merite lanmò, Jewova te wè nou gen kapasite pou n fè bon bagay (Sòm 103:10). Li te ede n konnen bon nouvèl konsènan Jezi ak sakrifis li te fè a. Lè n te kòmanse gen lafwa nan Jezi e n te kòmanse ap suiv Jezi, nou te vin gen esperans lavi ki pap janm fini an! — Li 1 Jan 4:9, 10.

3 Men, ki lòt bagay ankò nou ka aprann sou lafwa? Si n annik konn sa Bondye fè pou nou ak sa l pral fè pou nou alavni, èske sa vle di nou gen lafwa? Ann wè kèk lòt bagay nou dwe fè.

“GEN LAFWA NAN KÈ W”

4. Lè n gen lafwa, ki efè sa gen sou nou?

4 Lè n gen lafwa nan Jewova ak Jezi, nou pa sèlman konnen sa yo fè pou nou ak sa yo pral fè pou nou. Mete sou sa, nou vin anvi viv fason yo anseye nou viv la. Epi, nou vrèman anvi ede lòt moun aprann konnen yo. Men sa apot Pòl te di: “Si w deklare ak bouch ou an piblik Jezi se Seyè a, e si w gen lafwa nan kè w Bondye te leve l sot nan lanmò, w ap sove. Paske, se nan kè a yon moun gen lafwa pou l ka vin jis nan je Bondye, men se avèk bouch la yon moun fè deklarasyon piblik pou l ka sove.” — Women 10:9, 10; 2 Korentyen 4:13.

5. Poukisa lafwa enpòtan konsa, e ki sa n dwe fè pou lafwa nou solid? Bay yon egzanp.

5 Li klè, pou n gen lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo Bondye pwomèt la, nou dwe gen lafwa e nou dwe kontinye gen yon lafwa solid. Lafwa tankou yon plant. Nou bezwen kontinye wouze yon plant pou l ka ret anfòm e pou l kontinye grandi. Men, si n pa byen wouze l, l ap fennen e l ap mouri. Menm jan an tou, nou bezwen asire nou lafwa nou toujou ret “solid” e l ap kontinye “grandi”. — Tit 2:2; 2 Tesalonisyen 1:3; Lik 22:32; Ebre 3:12.

BIB LA ESPLIKE SA LAFWA YE

6. Ki de esplikasyon Ebre 11:1 bay sou lafwa?

6 Nan Ebre 11:1, Bib la esplike sa lafwa ye. (Li vèsè a.) 1) Lafwa se “tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans”. Bagay nou espere yo gen ladan yo pwomès Bondye fè pou lavni yo. Pa egzanp, nou gen asirans mechanste pral fini e pral gen yon monn nouvo. 2) Lafwa se “prèv klè” oswa bonjan prèv yon moun genyen “sou yon seri bagay reyèl li pa wè”. Nou konnen Jewova Dye, Jezi Kris, zanj yo ak Wayòm nan ki nan syèl la egziste, menm lè nou pa ka wè yo (Ebre 11:3). Ki jan n ka montre nou gen lafwa toutbon nan pwomès Bondye yo ak nan bagay nou pa ka wè yo? Nou fè sa nan fason nou mennen lavi nou, nan sa nou di ak nan sa nou fè.

7. Ki jan egzanp Noye ede nou konprann sa sa vle di pou yon moun gen lafwa? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

7 Ki sa nou aprann nan men Noye konsènan lafwa? Men sa apot Pòl te di konsènan Noye: “Apre Bondye te fin avèti l konsènan bagay moun potko wè, li te demontre li gen krent pou Bondye, e li te konstwi yon lach pou l sove moun lakay li.” (Ebre 11:7). Noye te fè gwo lach sa a paske l te gen lafwa nan sa Jewova te di l yo. Petèt vwazen l yo te mande l pou ki rezon l ap fè lach la. Nou mèt gen asirans Noye pa t ret bouch be. Bib la di Noye te “yon moun ki t ap preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5.) Li te avèti moun yo Bondye pral fè yon gwo delij pou l detwi mechan yo. Petèt li te fè yo konnen egzakteman mesaj Jewova te ba l la, lè l te di l: “Mwen deside detwi tout moun, paske yo fè tè a chaje ak vyolans”, epi “m ap detwi tout sa ki gen souf lavi a nan yo anba syèl la nan yon delij m ap fè sou tè a. Tout sa k sou tè a ap peri”. Apre sa, Noye dwe te esplike moun yo ki sa yo te bezwen fè pou yo sove. Epi, men lòd Jewova te bay Noye: “Ou dwe antre nan lach la.” — Jenèz 6:13, 17, 18.

8. Ki sa Jak te di konsènan lafwa?

8 Jak tou te ekri konsènan lafwa. Sanble li te fè sa yon ti tan apre apot Pòl te ekri kretyen ebre yo. Men sa Jak te ekri: “Montre m lafwa pa w san w pa fè bon aksyon, epi mwen menm m ap montre w lafwa pa m grasa bon aksyon mwen fè.” (Jak 2:18). Jak te esplike pou yon moun gen lafwa, li dwe fè plis pase annik kwè. Demon yo kwè Bondye egziste, men yo pa gen lafwa nan Jewova. Okontrè, yo opoze nèt avè l (Jak 2:19, 20). Yon lòt bò, lè yon moun gen lafwa, l ap fè Bondye plezi lè l fè bon travay, oswa bon aksyon. Se sa Abraram te fè. Men sa Jak te ekri: “Èske se pa lè Abraram, papa nou, te fin mete Izarak, pitit gason l lan, sou lotèl la pou l ofri l kòm sakrifis yo te deklare l jis pou aksyon sa a li te fè a? Ou wè lafwa li te mache ak bon aksyon li te fè, e grasa aksyon sa yo lafwa li te vin konplè.” Apre sa, Jak te montre byen klè lafwa ki pa gen aksyon mache avè l la pa itil anyen, lè l te di: “Menm jan kò ki san espri a mouri, se konsa tou lafwa ki pa gen bon aksyon mache avè l la mouri.” — Jak 2:21-23, 26.

9, 10. Ki sa sa vle di pou yon moun demontre l gen lafwa nan Pitit la?

9 Plis pase 30 an annapre, Jan te ekri Evanjil li a e l te ekri twa lèt. Menm jan ak lòt moun ki te patisipe nan ekri Bib la, Jan te konprann ki sa lafwa ye. Anpil fwa nan sa l te ekri yo, li te itilize yon vèb grèk, pafwa lè yo tradui l an kreyòl, yo mete “demontre lafwa” pou li.

Lè n obeyi Jezi, nou demontre nou gen lafwa nan Pitit la.

10 Pa egzanp, men sa Jan te esplike: “Moun ki demontre l gen lafwa nan Pitit la ap gen lavi ki pap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la pap wè lavi, men l ap sibi kòlè Bondye.” (Jan 3:36). Pou n demontre lafwa nan Pitit la, nou dwe obeyi Jezi. Anfèt, nan sa Jan te ekri yo, byen souvan, nou wè Jezi di pou n gen lavi ki pap janm fini an, nou dwe demontre nou gen lafwa nan li menm ak Papa l. — Jan 3:16; 6:29, 40; 11:25, 26; 14:1, 12.

11. Ki jan n ka montre nou gen Jewova rekonesans dèske nou konn laverite?

11 Jewova te itilize lespri sen l pou l ede nou konprann laverite sou li menm ak Pitit li a e pou l ede nou gen lafwa nan yo. (Li Lik 10:21.) Ki jan n ka montre nou gen Jewova rekonesans pou tout sa l fè? Nou pa dwe janm sispann di l mèsi dèske l pèmèt nou gen relasyon avè l pa mwayen Jezi ki se “Gid prensipal k ap dirije lafwa nou e ki se Sila a k ap fè lafwa nou vin pafè” a (Ebre 12:2). Epi, nou bezwen kontinye fòtifye lafwa nou lè n toujou priye Jewova e nou toujou etidye Pawòl li a. — Efezyen 6:18; 1 Pyè 2:2.

Demontre w gen lafwa lè w preche lòt moun bon nouvèl la nenpòt lè w jwenn okazyon fè sa. (Gade paragraf 12.)

12. Si n gen lafwa, ki sa n ap fè?

12 Nou dwe kontinye demontre nan aksyon nou nou gen yon lafwa solid nan pwomès Jewova yo. Pa egzanp, nou kontinye preche moun yo konsènan Wayòm Bondye a e nou kontinye ede yo pou yo vin disip Jezi. Mete sou sa, nou kontinye fè “byen ak tout moun, men sitou ak moun ki fanmi nou nan lafwa”. (Galat 6:10.) Epi, nou fè anpil efò pou n “retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo” paske nou pa vle anyen fè nou sispann zanmi Jewova. — Kolosyen 3:5, 8-10.

LAFWA NAN BONDYE SE YON PATI NAN BAZ NOU GENYEN AN

13. Ki enpòtans sa genyen pou n gen “lafwa nan Bondye”? Ki esplikasyon Bib la bay sou lafwa, e poukisa?

13 Men sa Bib la di: “San lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi, paske yon moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li egziste e li dwe kwè li tounen Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre.” (Ebre 11:6, nòt). Mete sou sa, Bib la montre “lafwa nan Bondye” se youn nan premye bagay vrè kretyen yo dwe genyen. Lafwa se yon pati nan “baz” nou genyen an (Ebre 6:1). Anplis de sa, nou bezwen lòt kalite enpòtan pou n ka vin zanmi Jewova e pou n ka kontinye ret zanmi l. — Li 2 Pyè 1:5-7; Jid 20, 21.

14, 15. Lè n konpare lafwa ak lanmou, ki enpòtans lafwa genyen?

14 Moun ki te patisipe nan ekri Labib yo te pale de lafwa plis pase nenpòt lòt kalite ki egziste. Èske sa vle di lafwa se kalite ki pi enpòtan nou bezwen genyen?

15 Pòl te konpare lafwa ak lanmou. Men sa l te ekri: “Si mwen tèlman gen lafwa mwen ka deplase mòn, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.” (1 Korentyen 13:2). Jezi te di “pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa” se renmen Bondye (Matye 22:35-40). Lanmou ede nou gen anpil lòt kalite ki fè Bondye plezi. Pa egzanp, Bib la di lanmou “kwè tout bagay”. Kidonk, lanmou ap ede n kwè oubyen gen lafwa nan tout sa Bondye di nou nan Bib la. — 1 Korentyen 13:4, 7.

16, 17. Ki sa Bib la di konsènan lafwa ak lanmou? Kiyès nan kalite sa yo ki pi enpòtan, e poukisa?

16 Lafwa ak lanmou se de kalite ki enpòtan anpil, e byen souvan, moun ki te patisipe nan ekri Labib yo te pale de yo ansanm. Pòl te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo “mete lafwa ak lanmou sou [yo] kòm pwotèj pwatrin”. (1 Tesalonisyen 5:8.) Men sa Pyè te ekri konsènan Jezi: “Byenke nou pa janm wè l, nou renmen l. Byenke nou pa wè l kounye a, nou demontre nou gen lafwa nan li.” (1 Pyè 1:8). Men sa Jak te mande kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl menm jan avè l yo: “Èske se pa moun ki pòv dapre monn nan Bondye chwazi pou yo ka rich nan lafwa, e pou yo ka benefisye Wayòm li te pwomèt moun ki renmen l yo?” (Jak 2:5). Dapre sa Jan te ekri, kòmandman Bondye a se pou n “gen lafwa nan non Jezi Kris, Pitit li a, e se pou nou youn renmen lòt”. — 1 Jan 3:23.

17 Yon lòt bò, men sa Pòl te ekri tou: “Men kounye a, men twa bagay k ap rete: lafwa, esperans, lanmou. Men, sa ki pi enpòtan pami yo, se lanmou.” (1 Korentyen 13:13). Alavni, nou pap bezwen gen lafwa ankò nan monn nouvo Bondye pwomèt la, piske pwomès sa a ap deja reyalize. N ap deja ap jwi bèl lavi Bib la pale de li a. Men, n ap toujou bezwen gen lanmou pou Bondye e pou moun parèy nou. An reyalite, lanmou nou gen pou yo ap kontinye grandi nètale.

JEWOVA BENI LAFWA NOU

18, 19. Ki rezilta sa bay lefètke pèp Bondye a gen lafwa jodi a, e kiyès ki merite louwanj pou sa?

18 Nan epòk nou an, pèp Jewova a gen lafwa nan Wayòm li an e yo soutni l. Epitou, youn renmen lòt. Sa vin posib paske yo kite lespri Bondye gide yo nan fason y ap viv (Galat 5:22, 23). Ki rezilta sa bay? Plis pase uit milyon frè ak sè toupatou sou tè a ap viv anpè e yo gen tèt ansanm nan kongregasyon yo. Sa klè, lafwa ak lanmou se de kalite ki gen anpil pouvwa.

19 Tèt ansanm sa a vin posib sèlman grasa èd Bondye nou an. Li merite louwanj pou sa (Ezayi 55:13). Nou vrèman gen rekonesans dèske Bondye fè l vin posib pou nou “sove grasa lafwa”. (Efezyen 2:8.) Jewova ap kontinye ede pi plis moun vin gen lafwa nan li. E alafen, tout tè a pral chaje ak moun ki pafè, ki jis e ki gen kè kontan k ap fè louwanj pou Jewova pou toutan!