Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Èske se vre nan tan lontan moun te konn simen move zèb nan jaden lòt moun?

Yon kopi Koleksyon anperè Jistinyen an nan ane 1468. Se youn nan pakèt dokiman ki bay detay sou kesyon ki gen rapò ak lalwa nan tan lontan yo.

MEN sa Jezi te di nan Matye 13:24-26: “Wayòm syèl la ka menm jan ak yon moun ki simen bon semans nan jaden l. Pandan tout moun ap dòmi, yon ènmi l vini, li simen move zèb nan mitan ble a, epi l ale. Lè ble a leve e li donnen, lè sa a move zèb yo parèt tou.” Gen kèk ekriven ki pa fin kwè egzanp sa a baze sou yon bagay ki te konn fèt vre. Men, dapre dokiman legal Women nan tan lontan yo te genyen, yon bagay konsa te ka fèt vre.

Gen yon diksyonè biblik ki fè konnen, dapre lwa women an, se yon krim sa te ye lè yon moun simen move zèb nan jaden yon lòt moun pou l tire revanj. Lefètke l te nesesè pou gen yon lwa sou sa, se prèv ki montre sa te konn fèt vre. Gen yon gwo save nan kesyon lalwa ki rele Alastair Kerr ki fè konnen nan ane 533 apre Kris, anperè women Jistinyen te pibliye Koleksyon l lan. Dokiman sa a se yon rezime lwa women an ki gen ladan l deklarasyon kèk espè fè sou lwa sa a ozanviwon ane 100 rive ane 250 apre Kris. Dapre Koleksyon an, gen youn nan espè sa yo ki rele Ilpyen ki te pale de yon ka ki te rive nan dezyèm syèk la. Gen yon moun ki te simen move zèb nan jaden yon lòt moun, e sa te lakòz rekòt la pèdi. Koleksyon an pale de dwa yon fèmye te genyen dapre lalwa pou l fè yon kriminèl dedomaje l, sa vle di peye l lajan rekòt ki pèdi a.

Bagay sa yo te konn fèt sou Anpi women nan tan lontan an, sa ki montre sitiyasyon Jezi te pale de li nan egzanp li an se yon bagay ki te kapab fèt vre.