Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fòtifye lafwa w nan sa w espere a

Fòtifye lafwa w nan sa w espere a

“Lafwa se tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans.” — EBRE 11:1.

KANTIK: 81, 134

1, 2. a) Ki diferans ki genyen ant sa nou espere yo ak sa lòt moun yo espere? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

JEWOVA ban nou yon pakèt bèl bagay ki ban nou espwa. Li pwomèt l ap fè non l vin sen e l pral fè volonte l fèt ni nan syèl la ni sou tè a (Matye 6:9, 10). Pwomès sa yo se bagay ki pi enpòtan n ap tann. Mete sou sa, Jewova pwomèt l ap ban nou lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans, swa nan syèl la, swa sou tè a. Se pa ti bèl sa pral bèl (Jan 10:16; 2 Pyè 3:13)! Epitou, n ap tann pou n wè ki jan Jewova ap kontinye gide pèp li a e l ap kontinye soutni l nan dènye jou sa yo.

2 Bib la di lafwa se “tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans”. Sa vle di, moun ki gen lafwa yo gen yon konfyans total sa Jewova pwomèt yo ap reyalize (Ebre 11:1). Yon lòt bò, gen anpil moun jodi a ki espere yon seri bagay e ki swete yo rive, men, yo pa gen asirans bagay sa yo ap janm rive. Pa egzanp, yon moun ka espere genyen nan lotri, men li pa gen okenn asirans l ap genyen vre. Nan atik sa a, n ap wè ki sa n ka fè pou n fòtifye lafwa nou nan pwomès Bondye yo. Epitou, nou pral wè ki jan yon lafwa solid kapab ede nou depi kounye a.

3. Poukisa nou gen lafwa pwomès Bondye yo ap reyalize?

3 Pa gen nou youn ki fèt tou gen lafwa. Pou n gen lafwa, nou bezwen kite lespri sen Bondye aji nan kè nou (Galat 5:22). Lespri sen kapab ede nou aprann konnen Jewova. Lè n rive konprann li toupisan e l gen sajès, nou vin gen konfyans li gen kapasite pou l reyalize tout pwomès li fè. Lè Jewova ap pale de pwomès li yo, se kòmsi yo te deja reyalize. Men sa l di: “Yo reyalize!” (Li Revelasyon 21:3-6.) Nou konnen Jewova toujou fè sa l pwomèt. Li se “Bondye ki fidèl la”. Se sa k fè nou kwè tout sa l di nou konsènan lavni. — Detewonòm 7:9.

SÈVITÈ BONDYE NAN TAN LONTAN KI TE GEN YON LAFWA SOLID

4. Nan ki sa sèvitè Bondye nan tan lontan yo te gen lafwa?

4 Ebre chapit 11 site non 16 gason ak fi ki te gen yon lafwa solid nan pwomès Jewova yo. Mete sou sa, li pale de anpil lòt moun ki te fè kè Jewova kontan “grasa lafwa yo” te genyen (Ebre 11:39). Yo tout t ap tann “desandans” Jewova te pwomèt la. Yo te konnen “desandans” sa a pral detwi tout ènmi Bondye yo e l pral fè tè a vin yon paradi ankò (Jenèz 3:15). Epi, sèvitè Bondye sa yo te gen yon lafwa solid Jewova t ap fè yo retounen viv ankò. Natirèlman, yo pa t espere Bondye pral resisite yo pou y al viv nan syèl la, piske Jezi potko bay posiblite sa a (Galat 3:16). Okontrè, yo te espere viv pou toutan sou tè a nan yon bèl paradi. — Sòm 37:11; Ezayi 26:19; Oze 13:14.

5, 6. Ki sa Abraram ak fanmi l t ap tann? Ki jan yo te rive kenbe yon lafwa solid? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

5 Men sa Ebre 11:13 di konsènan sèvitè fidèl Jewova sa yo: “Tout moun sa yo te kontinye gen lafwa jiskaske yo mouri, kwak yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo. Men, yo te wè yo delwen, sa te fè yo kontan.” Yo t ap tann monn nouvo a e yo te imajine tèt yo k ap viv ladan l. Youn nan moun sa yo se te Abraram. Jezi te di Abraram “te rejwi anpil poutèt li te gen espwa l ap wè” epòk sa a (Jan 8:56). Sara, Izarak, Jakòb ak anpil lòt moun ankò t ap tann epòk kote Wayòm “se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l” la pral dirije tout tè a. — Ebre 11:8-11.

6 Ki jan Abraram ak fanmi l te rive kenbe yon lafwa solid? Yo te kontinye aprann plis bagay sou Jewova. Pafwa, Bondye te voye zanj vin pale avèk yo, e l te konn pale avèk yo nan vizyon oswa nan rèv. Petèt, yo te konn aprann anpil bagay sou Bondye nan men moun fidèl ki te pi gran yo oswa nan dokiman ki te la depi lontan yo. Abraram ak fanmi l pa t janm bliye pwomès Bondye yo e yo te renmen medite sou yo. Se sa k fè yo pa t gen okenn dout Jewova ap reyalize pwomès li fè yo. Konsa, yo te ret fidèl avè l menm lè yo te jwenn pwoblèm oswa pèsekisyon.

7. Ki sa Jewova ban nou pou fòtifye lafwa nou, e ki sa n bezwen fè?

7 Ki sa k ap ede n kenbe yon lafwa solid? Jewova ban nou Bib la pou anseye nou konsènan pwomès li fè pou lavni yo. Nan Bib la, li montre nou sa n dwe fè pou n gen kè kontan. Se sa k fè l bon pou n li Bib la chak jou e pou n suiv konsèy ki ladan l. (Sòm 1:1-3; li Travay 17:11.) Mete sou sa, Jewova ban nou “manje nan bon moman” pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Matye 24:45.) Menm jan ak pèp Bondye a nan tan lontan, nou bezwen li bagay ki gen rapò ak pwomès Bondye yo epi medite afon sou yo regilyèman. Sa ap ede n ret fidèl ak Bondye epi kontinye tann epòk kote Wayòm li an pral dirije tout tè a.

Lè nou wè jan Jewova reponn priyè nou yo, lafwa nou gen nan li vin pi solid.

8. Ki jan lapriyè kapab fòtifye lafwa nou?

8 Ki lòt bagay ki te ede pèp Jewova a nan tan lontan kontinye gen yon lafwa solid? Yo te priye Jewova pou yo mande l èd, e lè yo te wè jan l reponn priyè yo, lafwa yo te vin pi solid (Neyemi 1:4, 11; Sòm 34:4, 15, 17; Dànyèl 9:19-21). Menm jan an tou, lè n wè jan Jewova tande priyè nou e l ban nou egzakteman sa n gen bezwen, nan moman nou bezwen l lan, lafwa nou gen nan li vin pi solid. (Li 1 Jan 5:14, 15.) Epitou, nou bezwen “kontinye mande” Jewova pou l ban nou lespri sen l pou n ka vin gen plis lafwa. — Lik 11:9, 13.

9. Site kèk bagay nou dwe mansyone nan priyè nou.

9 Lè n ap priye Jewova, nou pa dwe annik mande l pou l ban nou sa n gen bezwen. Mete sou sa, nou dwe di l mèsi e nou dwe fè louwanj pou li chak jou. An reyalite, li tèlman fè yon pakèt bèl bagay (Sòm 40:5)! Anplis de sa, pèp Jewova a priye pou frè ak sè yo gen toupatou sou tè a. Pa egzanp, nou “sonje moun ki nan prizon yo”. Nou priye tou pou “moun k ap dirije nou yo”. Lè nou wè jan Jewova reponn priyè nou yo, lafwa nou gen nan li vin pi solid e nou vin pi pwòch avè l. — Ebre 13:3, 7.

YO TE RET FIDÈL

10. Ki sa k te ede anpil moun met kouraj sou yo e pou yo ret fidèl ak Bondye?

10 Men sa apot Pòl te di nan Ebre chapit 11: “Gen medam ki te gen moun pa yo ki mouri e ki resisite. Men, gen lòt moun yo te matirize, paske yo pa t aksepte bay yon ranson kèlkonk pou yo jwenn liberasyon, yon fason pou yo ka benefisye yon pi bon rezirèksyon.” (Ebre 11:35). Gen anpil moun ki te andire anba eprèv e ki te ret fidèl ak Bondye paske yo te gen yon lafwa solid nan rezirèksyon Bondye pwomèt la. Yo te konnen Jewova pral fè yo retounen viv ankò alavni e yo pral viv pou toutan sou tè a. Panse ak Nabòt ak Zakari. Yo te touye yo ak kout wòch paske yo te obeyi Bondye (1 Wa 21:3, 15; 2 Kwonik 24:20, 21). Yo te lage Dànyèl nan yon twou ki chaje ak lyon ki grangou, e yo te lage zanmi l yo nan yon gwo dife. Yo te pito mouri pase pou yo pa t ret fidèl ak Jewova. Mesye sa yo te gen lafwa Jewova t ap ba yo lespri sen l e l t ap ede yo andire soufrans sa yo. — Dànyèl 3:16-18, 20, 28; 6:13, 16, 21-23; Ebre 11:33, 34.

Sèvitè Bondye yo ret fidèl ak Bondye paske yo gen yon lafwa solid nan rezirèksyon li pwomèt la.

11. Ki eprèv kèk nan pwofèt yo te andire akoz lafwa yo?

11 Yo te pase anpil pwofèt, tankou Mikaya ak Jeremi, nan rizib, oubyen yo te mete yo nan prizon. Gen lòt pwofèt, tankou Eli, ki “te monte desann nan dezè, sou tèt mòn, [e ki] t al viv nan gwòt ak nan twou”. Tout pwofèt sa yo te andire anba eprèv e yo te ret fidèl ak Bondye paske yo t ap “tann sa [yo] espere a avèk asirans”. — Ebre 11:1, 36-38; 1 Wa 18:13; 22:24-27; Jeremi 20:1, 2; 28:10, 11; 32:2.

12. Ki moun ki bay pi bon egzanp nou ka imite? Ki sa k te ede l andire anba eprèv?

12 Jezi Kris te andire anba eprèv ki te pi difisil la e l te ret fidèl ak Jewova. Ki sa k te ede l andire? Men sa Pòl te di: “Poutèt kè kontan ki te rezève pou li a, li andire anba lanmò sou yon poto soufrans, li meprize lawont, epi li chita adwat twòn Bondye a.” (Ebre 12:2). Epi, Pòl te ankouraje kretyen yo pou yo “reflechi seryezman sou” egzanp Jezi. (Li Ebre 12:3.) Menm jan ak Jezi, anpil kretyen nan premye syèk la te pèdi lavi yo paske yo te fidèl ak Jewova. Youn ladan yo se te Antipas (Revelasyon 2:13). Kretyen sa yo deja resevwa rekonpans yo, kontrèman ak lòt sèvitè Bondye ki te la anvan yo ki te gen esperans pou yo viv sou tè a (Ebre 11:35). Kèk tan apre Jezi te vin Wa an 1914, Bondye te resisite kèk kretyen li te chwazi pou yo gen lavi imòtèl nan syèl la, e yo pral dirije lèzòm ansanm ak Jezi. — Revelasyon 20:4.

SÈVITÈ BONDYE JODI A KI GEN YON LAFWA SOLID

13, 14. Ki eprèv Rudolf Graichen te andire, e ki sa k te ede l ret fidèl ak Bondye?

13 Gen plizyè milyon sèvitè Bondye k ap suiv egzanp Jezi. Yo medite sou pwomès Bondye yo e yo ret fidèl lè yo jwenn eprèv. Ann pran egzanp Rudolf Graichen ki te fèt ann Almay an 1925. Lè l te jèn, paran l te dekore kay yo ak plizyè foto istwa biblik. Men sa l te di: “Youn nan foto yo te montre lou a ak ti mouton an, ti kabrit la ak leyopa a, ti bèf la ak lyon an, yo tout te anpè e yon tigason t ap mennen yo.” (Ezayi 11:6-9). Sa te ede Rudolf reflechi anpil sou Paradi ki pral gen sou tè a e sa te fè l gen plis lafwa nan pwomès sa a. Se sa k fè l te ret fidèl ak Jewova, menm lè Gestapo sou rejim Nazi a ansanm ak ajans kominis yo te rele Stasi ki te nan lès peyi Almay la te pèsekite l anpil pandan plizyè ane.

14 Rudolf te andire anpil lòt eprèv. Manman l te mouri ak yon maladi ki rele tifis nan kan konsantrasyon Ravennsbwouk la. Papa l te siyen yon dokiman ki te fè konnen li pa Temwen Jewova ankò. Men, Rudolf te kontinye gen yon lafwa solid. Apre l te sot nan prizon, li te vin siveyan sikonskripsyon. Annapre, li te jwenn envitasyon pou l al Lekòl Galaad e l te jwenn asiyasyon pou l al Chili, kote li te vin siveyan sikonskripsyon ankò. Li te marye ak yon sè ki rele Patsy ki te misyonè nan peyi Chili. Men, ennan apre, yo te vin gen yon pitit fi, e malerezman, tibebe a te mouri. Kèk tan apre sa, Patsy vin mouri tou. Li te gen 43 an sèlman. Malgre tout eprèv sa yo, Rudolf te kontinye sèvi Jewova. Menm lè l te vin granmoun e l pa t viv sante, li te pyonye pèmanan e l te ansyen. Nou ka li byografi li nan Toudegad 1ye out 1997, paj 20-25 (fransè). [1] (Gade nòt la.)

15. Bay egzanp kèk frè ak sè nan epòk nou an k ap sèvi Jewova ak kè kontan menm lè yo jwenn pèsekisyon.

15 Jodi a, gen anpil nan frè ak sè nou yo k ap sèvi Jewova ak kè kontan menm lè yo jwenn gwo pèsekisyon. Gen plizyè santèn ladan yo ki nan prizon nan peyi Eritre, Sengapou ak Kore disid paske yo refize “pran epe”. (Matye 26:52.) Pa egzanp, gen Isaac, Negede ak Paulos ki gen plis pase 20 an nan prizon nan peyi Eritre! Yo maltrete yo anpil nan prizon an. Pandan tout ane sa yo, yo pa gen posiblite pou yo marye oubyen pou yo pran swen paran yo. Malgre sa, yo fidèl ak Jewova, e lafwa yo solid. Kounye a, menm gad prizon yo respekte yo. Gen yon foto frè sa yo sou sit jw.org la. Y ap souri malgre y ap soufri.

Ki jan frè ak sè yo nan kongregasyon w lan kenbe lafwa yo solid? (Gade paragraf 15, 16.)

16. Ki sa yon lafwa solid kapab ede w fè?

16 Pifò moun nan pèp Jewova a pa nan prizon tankou frè nou fèk sot pale de yo pi wo a oubyen yo pa maltrete yo menm jan an. Men, anpil nan yo ap soufri akoz povrete, katastwòf natirèl oswa gè sivil. Gen lòt ki suiv egzanp Abraram, Izarak, Jakòb ak Moyiz, paske yo vire do bay gwo renome oswa richès pou yo ka ret konsantre sou sèvis y ap bay Jewova a. Ki sa k ede frè ak sè nou yo kenbe jwa yo toutpandan y ap sèvi Jewova? Se lanmou yo gen pou li ak lafwa solid yo gen nan pwomès li yo. Yo konnen li pral bay sèvitè fidèl li yo lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo a kòm rekonpans, kote ki pap gen enjistis. — Li Sòm 37:5, 7, 9, 29.

17. Ki sa w pral fè pou lafwa w ret solid, e sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?

17 Nan atik sa a, nou wè lafwa se “tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans”. Pou n gen yon lafwa konsa, nou bezwen priye Jewova e kontinye medite sou pwomès li yo. Konsa, n ap kapab andire kèlkeswa eprèv la. Atik ki vin apre a pral pale plis toujou sou sa sa vle di pou yon moun gen lafwa.

^ [1] (paragraf 14) Gade byografi Andrej Hanák ki moun peyi Eslovaki nan atik ki gen tit “Les épreuves n’ont pas terni mon espérance” ki nan Réveillez-vous! 22 avril 2002 (fransè).