Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kenbe bon relasyon ak Jewova pandan w nan yon tèritwa lang etranje

Kenbe bon relasyon ak Jewova pandan w nan yon tèritwa lang etranje

“Mwen konsève sa w di yo nan kè m.” — SÒM 119:11.

KANTIK: 142, 92

1-3. a) Ki sa n dwe toujou bay priyorite? b) Site kèk pwoblèm moun k ap aprann yon lòt lang konn jwenn, e ki kesyon sa soulve? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

JODI A, anpil Temwen Jewova ap patisipe nan akonplisman pwofesi ki fè konnen yo t ap preche “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp” bon nouvèl la (Revelasyon 14:6). Èske w se yon moun k ap aprann yon lòt lang? Gen moun k ap sèvi kòm misyonè oubyen k ap preche kote yo bezwen plis pwoklamatè nan lòt peyi. Gen lòt menm ki kòmanse asiste reyinyon nan yon kongregasyon lang etranje nan pwòp peyi yo.

2 Tout sèvitè Jewova dwe bay bon relasyon yo gen avè l ak relasyon fanmi yo gen ak Jewova priyorite (Matye 5:3). Poutan, pafwa, nou ka tèlman okipe, sa fè l difisil pou n jwenn tan pou n fè bonjan etid pèsonèl. Sepandan, moun ki nan yon kongregasyon lang etranje gen plis pwoblèm toujou.

3 Moun ki nan yon kongregasyon lang etranje bezwen aprann yon nouvo lang, men, yo bezwen asire yo tou yo etidye bagay pwofon Bondye yo regilyèman (1 Korentyen 2:10). Ki jan y ap rive fè sa si yo pa fin byen konprann sa k ap di nan kongregasyon an? E poukisa paran ki kretyen ki nan yon kongregasyon lang etranje dwe asire yo laverite touche kè pitit yo?

YON DANJE POU RELASYON NOU AK JEWOVA

4. Ki sa k ka met relasyon nou ak Jewova an danje? Bay yon egzanp.

4 Lè nou pa rive konprann ansèyman biblik yo nan yon lang etranje, sa kapab yon gwo danje pou relasyon nou ak Jewova. Lè Neyemi te retounen Jerizalèm, li te wè gen timoun ki pa t konn pale ebre. (Li Neyemi 13:23, 24.) Piske timoun sa yo pa t ka konprann Pawòl Bondye a, relasyon yo ak Jewova te vin fèb. — Neyemi 8:2, 8.

5, 6. Ki sa kèk paran ki nan yon kongregasyon lang etranje remake, e ki sa k pwoblèm nan?

5 Gen kèk paran ki nan yon kongregasyon lang etranje ki remake relasyon pitit yo gen ak Jewova a vin fèb. Piske pitit yo pa fin byen konprann sa k ap di nan reyinyon yo, enfòmasyon an pa pouse yo aji. Men sa Pedro, ki te demenaje ak fanmi l sot ann Amerik disid pou al viv ann Ostrali, te di: “Lè moun ap pale de bagay espirityèl, sa dwe touche kè yo ak santiman yo.” [1] (Gade nòt la.) — Lik 24:32.

6 Lè n ap li nan yon lang etranje, sa ka pa touche santiman nou menm jan ak lè n ap li nan lang pa nou. Mete sou sa, piske sa difisil pou n kominike nan yon lòt lang, nou ka vin tèlman fatige, sa vin gen yon move efè sou relasyon nou ak Jewova. Se sa k fè, toutpandan n ap kontinye chofe pou n al nan yon kongregasyon lang etranje, anmenmtan tou, nou bezwen pwoteje relasyon nou ak Jewova. — Matye 4:4.

YO TE PWOTEJE RELASYON YO AK JEWOVA

7. Ki jan Babilónyen yo t ap eseye fòse Dànyèl aksepte kilti yo ak relijyon yo?

7 Lè Babilónyen yo te mennen Dànyèl ak zanmi l yo ann egzil nan peyi Babilòn, yo te eseye fòse yo aksepte kilti yo ak relijyon yo. Ki jan yo te fè sa? Yo te anseye yo “lang moun peyi Kalde yo” e yo te ba yo non babilónyen (Dànyèl 1:3-7). Nouvo non yo te bay Dànyèl la te gen rapò ak Bèl, dye prensipal peyi Babilòn nan. Petèt se paske wa Nebikadneza te vle kwè dye Babilòn sa a pi pisan pase Jewova, Bondye Dànyèl la, ki fè l te fè sa. — Dànyèl 4:8.

Piske Dànyèl te etidye “woulo ki sakre” ki te ann ebre yo, li te kenbe yon relasyon solid ak Jewova.

8. Ki jan Dànyèl te kontinye kenbe relasyon l ak Jewova djanm?

8 Lè Dànyèl te nan peyi Babilòn, yo te ofri l manje ki gen bon gou wa a te konn manje yo. Men, li te “byen deside nan kè l” pou l pa dezobeyi lwa Bondye yo (Dànyèl 1:8). Piske l te kontinye etidye “woulo ki sakre” ki te ann ebre yo, li te kenbe yon relasyon solid ak Jewova pandan l te nan yon peyi etranje. (Dànyèl 9:2, nòt.) Anviwon 70 an apre l te vin Babilòn, yo te toujou konnen l sou non ebre li te genyen an, anpalan de Dànyèl. — Dànyèl 5:13.

9. Ki jan moun ki te ekri Sòm 119 la te konsidere Pawòl Bondye a?

9 Moun ki te ekri Sòm 119 la te dwe sipòte move pawòl moun ki t ap travay nan palè wa a t ap di sou li. Men, li te jwenn fòs nan Pawòl Bondye a, e sa te ede l konpòte l yon fason ki diferan ak lòt moun yo (Sòm 119:23, 61). Li te kite Pawòl Bondye a gen gwo efè sou santiman l. — Li Sòm 119:11, 46.

KENBE RELASYON W GEN AK JEWOVA A DJANM

10, 11. a) Ki objektif nou ta dwe genyen lè n ap etidye Pawòl Bondye a? b) Ki jan n ka rive atenn objektif nou? Bay yon egzanp.

10 Byenke nou ka okipe anpil akoz responsablite nou gen nan kongregasyon an ak nan travay nou, nou tout bezwen pran tan pou n fè etid pèsonèl ak adorasyon an fanmi (Efezyen 5:15, 16). Objektif nou se pa ta dwe annik li yon pakèt enfòmasyon oswa prepare yon kòmantè pou reyinyon yo. Nou dwe gen objektif pou n kite Pawòl Bondye a gen efè sou nou e fòtifye lafwa nou.

11 Pou n atenn objektif nou, nou dwe ekilibre. Lè n ap etidye, nou pa dwe sèlman reflechi ak bezwen lòt moun, men nou dwe reflechi ak bezwen pa nou tou (Filipyen 1:9, 10). Nou dwe admèt lè n ap prepare n pou travay predikasyon an, pou reyinyon yo oswa pou yon diskou, nou ka pa toujou aplike enfòmasyon an ak tèt nou. Pa egzanp, menm lè yon chèf kwizinye dwe goute manje li fè yo anvan l sèvi yo, li pa ka kontinye viv nan goute sèlman. Si l vle ret an sante, li dwe toujou prepare manje ki gen vitamin pou l manje. Menm jan an tou, si n vle ranfòse relasyon nou ak Jewova, nou bezwen etidye Labib regilyèman. Etid pwofon sa yo ap fè nou jwenn sa nou menm nou bezwen.

12, 13. Poukisa anpil moun wè li bon pou yo etidye Labib nan lang pa yo?

12 Gen anpil moun ki nan kongregasyon lang etranje ki wè li bon pou yo etidye Labib regilyèman nan ‘lang yo pale depi yo fèt la’. (Travay 2:8, nòt.) Menm misyonè yo konnen, pou yo rete djanm nan asiyasyon yo, yo pa ka kontante yo sèlman ak sa yo tande nan reyinyon yo.

13 Men sa Alain, yon frè k ap aprann lang pès depi anviwon uit an, admèt: “Lè m ap prepare reyinyon yo nan lang pès, mwen gen tandans konsantre m sou lang nan. Piske se lespri m k ap travay, panse espirityèl m ap li yo pa vrèman touche kè m. Se sa k fè mwen toujou rezève tan pou m etidye Labib ak lòt piblikasyon yo nan lang manman m.”

TOUCHE KÈ PITIT OU

14. Ki sa paran yo dwe asire yo, e poukisa?

14 Paran ki kretyen yo dwe asire yo laverite touche lespri ak kè pitit yo. Ann pran egzanp Serge ak madanm li, Muriel, ki te fè plis pase twazan nan yon kongregasyon lang etranje. Yo te kòmanse remake pitit gason yo a, ki te gen 17 an, pa t twò renmen preche oswa al nan reyinyon. Men sa Muriel di: “Li pa t alèz pou l preche nan yon lòt lang, tandiske anvan sa, li te renmen preche nan lang li pale depi l fèt la, sa vle di nan lang fransè.” Men sa Serge fè konnen: “Lè n te vin rann nou kont sitiyasyon sa a te anpeche pitit gason nou an fè pwogrè espirityèl, nou te deside retounen nan ansyen kongregasyon nou an.”

Ou dwe asire w laverite touche kè pitit ou. (Gade paragraf 14, 15.)

15. a) Ki sa k ka ede paran yo deside si yo dwe chanje kongregasyon? b) Ki enstriksyon Detewonòm 6:5-7 bay paran yo?

15 Ki sa k ka ede paran yo deside si yo dwe retounen nan yon kongregasyon ki pale lang pitit yo pi byen konprann nan? Premyèman, yo bezwen chèche wè si yo gen ase tan ak enèji pou yo aprann pitit yo renmen Jewova e anmenmtan pou yo anseye yo yon lòt lang. Dezyèmman, yo ka remake pitit yo pa vle al preche, oswa al nan reyinyon, oubyen menm al nan yon tèritwa lang etranje. Pou rezon sa yo, paran yo ka deside retounen nan yon kongregasyon ki itilize lang pitit yo pi byen konprann nan. Epi, apre pitit yo fin devlope yon relasyon solid ak Jewova, paran yo ka deside retounen nan kongregasyon lang etranje a. — Li Detewonòm 6:5-7.

16, 17. Ki sa k ede kèk paran pou yo aprann pitit yo konnen Jewova?

16 Gen lòt paran ki jwenn fason pou yo aprann pitit yo konnen Jewova nan lang yo pale depi yo fèt la toutpandan y ap asiste reyinyon nan yon kongregasyon oswa nan yon gwoup ki pale yon lang etranje. Charles se yon papa ki gen twa pitit fi ki gen ant 9 ak 13 an. Yo nan yon gwoup ki pale lingala. Men sa l di: “Nou te deside fè kèk seyans etid biblik ak adorasyon an fanmi ak timoun yo nan lang nou pale depi nou fèt la. Men, nou fè kèk seyans pratik tou ak kèk jwèt nan lang lingala yon fason pou yo ka aprann lang sa a toutpandan y ap amize yo.”

Fè efò pou w aprann lang moun yo pale nan zòn nan, epi patisipe nan reyinyon yo. (Gade paragraf 16, 17.)

17 Kevin se yon papa ki gen de pitit fi, youn gen senk an e lòt la gen uit an. Li fè anpil efò pou l anseye timoun yo laverite paske yo pa fin twò konprann reyinyon yo nan kongregasyon lang etranje fanmi an ye a. Men sa l di: “Madanm mwen avè m konn fè etid toule de timoun yo an fransè, nan lang manman yo. Epitou, nou fikse objektif pou n asiste yon reyinyon an fransè chak mwa, e n pwofite vakans nou pou n asiste kongrè ki fèt nan lang nou pale depi nou fèt la.”

18. a) Ki jan Women 15:1, 2 ede w pran desizyon ki saj lè w ap ede pitit ou? b) Ki sijesyon lòt paran bay? (Gade nòt la.)

18 Chak fanmi dwe deside ki sa ki pi bon pou pitit yo ak relasyon yo ak Jewova. [2] (Gade nòt la.) (Galat 6:5). Muriel fè konnen byenke li menm ak mari l te vle kontinye rete nan kongregasyon lang etranje a, yo te deside kite kongregasyon sa a pou yo ka ede pitit gason yo a vin gen plis lanmou pou Jewova. (Li Women 15:1, 2.) Jodi a, Serge panse yo te pran bon desizyon an. Men sa l di: “Depi lè nou te retounen nan kongregasyon lang fransè a, pitit gason nou an te vin fè bonjan pwogrè espirityèl e l te vin batize. Kounye a, li pyonye pèmanan. Li menm ap panse retounen nan yon gwoup lang etranje!”

KITE PAWÒL BONDYE A TOUCHE KÈ W

19, 20. Ki jan n ka montre nou renmen Pawòl Bondye a?

19 Jewova renmen tout moun. Li fè Bib la disponib nan plizyè santèn lang yon fason pou “tout kalite moun” ka gen yon konesans egzak sou laverite (1 Timote 2:4). Li konnen relasyon nou avè l ap vin pi solid lè nou li Labib nan lang nou pi byen konprann nan.

20 Nou tout bezwen fè gwo efò pou n kontinye gen bon relasyon ak Jewova. Nou ka fè sa lè n etidye Labib regilyèman nan lang nou pi byen konprann nan. Konsa, n ap kapab ede fanmi nou kontinye gen bon relasyon ak Jewova e n ap montre nou renmen Pawòl Bondye a toutbon. — Sòm 119:11.

^ [1] (paragraf 5) Yo chanje non moun yo.

^ [2] (paragraf 18) Pou w jwenn prensip biblik ki kapab ede fanmi w, gade atik “Élever des enfants à l’étranger: difficile mais enrichissant”, nan Toudegad 15 oktòb 2002 (fransè).