Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Nou te fè tout sa nou kapab pou n imite bon egzanp

Nou te fè tout sa nou kapab pou n imite bon egzanp

Mwen te mande frè Izak Marais: “Ou konn ki laj mwen?” Li te reponn: “Mwen konn egzakteman ki laj ou genyen.” Li te rele m nan Kolorado pandan l te Patèsonn, nan Nouyòk. Kite m rakonte ki sa k te mennen nan konvèsasyon sa a.

MWEN fèt Wichita, nan Kannzas, Ozetazini, 10 desanm 1936. Se mwen ki pi gran nan kat pitit paran m yo te genyen. Papa m, William, ak manman m, Jean t ap sèvi Jewova fidèlman. Papa m te sèvitè kongregasyon, se konsa yo te konn rele kowòdonatè gwoup ansyen an. Manman m te aprann laverite nan men manman l, Emma Wagner. Emma te anseye anpil moun laverite, pami yo te gen Gertrude Steele ki te misyonè Pòtoriko *. (Gade nòt la.) Se sa k fè m te gen anpil bon egzanp pou m imite.

NOU SONJE MOUN KI BAY BON EGZANP YO

Papa m k ap ofri peryodik nan yon kafou.

Yon jou samdi aprèmidi, lè m te gen senk an, papa m avè m t ap ofri moun ki t ap pase nan lari yo Toudegad ak Konsolasyon (yo rele l Réveillez-vous! kounye a). Nan epòk sa a, peyi a te mele byen fon nan Dezyèm Gè mondyal la. Sepandan, papa m pa t mele nan gè a. Gen yon doktè ki te sou ki te vin ap pase e l te akize papa m kòmkwa li se yon lach, e se eskiz l ap chèche pou l pa al nan lagè. Doktè a te met figi l toupre figi papa m, epi l te di: “Poukisa w pa frape m, ti lach!” Mwen te pè, men m te vrèman fyè de papa m. Li te jis kontinye ofri moun yo ki t ap gade sa k ap pase a peryodik yo. Epi, gen yon sòlda ki te vin ap pase, e doktè a te di sòlda a byen fò: “Fè yon jan ak ti lach sa a!” Sòlda a te wè misye sou, se sa k fè l te di l: “Al lakay ou, epi tann tèt ou vin klè!” Yo toule de te deplase ansanm. Mwen gen anpil rekonesans dèske Jewova te bay papa m kouraj. Papa m te gen de salon kwafè nan Wichita, e doktè a te youn nan kliyan l yo!

Mwen menm ak paran m yo ki pral nan yon kongrè Wichita an 1940.

Lè m te gen uit an, paran m yo te vann kay yo a ak salon kwafè yo e yo te konstwi yon ti kay mobil. Apre sa, nou te kite zòn nan, n al Kolorado, toupre Gran Jonksyon, pou n al sèvi kote ki te bezwen plis pwoklamatè. Paran m yo t ap sèvi kòm pyonye e yo te konn pase yon pati nan tan yo ap fè jaden ak gadinay bèt. Grasa benediksyon Jewova ak zèl yo te genyen, te vin gen yon kongregasyon ki fòme. Jou ki te 20 jen 1948 la, papa m te batize m nan yon rivyè ki sot nan yon mòn ansanm ak kèk lòt moun ki te aksepte laverite, tankou Billie Nichols ak madanm li. Annapre, yo t al nan sèvis sikonskripsyon, e pitit gason yo a ak madanm li te fè menm bagay la.

Nou te byen anpil ak yon pakèt moun ki te okipe nan sèvis yo pou Jewova, sitou ak fanmi Steele, Don ak Earlene, Dave ak Julia ansanm ak Si ak Martha. Nou te kontan pale de Bib la ansanm ak yo, e yo te gen yon gwo enfliyans sou lavi m. Yo te montre m se lè n met Wayòm nan an premye lavi nou gen yon sans toutbon e nou gen bonjan kè kontan.

NOU DEMENAJE ANKÒ

Lè m te gen 19 an, Bud Hasty, ki te yon zanmi fanmi an, te mande m pou m al sèvi kòm pyonye avè l nan sid Etazini. Siveyan sikonskripsyon an te mande nou pou n demenaje al Wòstonn, nan Lwizyàn, yon kote ki te gen plizyè Temwen ki te inaktif. Li te di nou pou n kondui tout reyinyon yo chak semèn, menmsi pèsonn pa vini. Nou te jwenn yon kote pou n fè reyinyon e nou te prepare l pou sa. Nou te fè tout reyinyon yo, men pafwa, se nou de a sèlman ki te konn la. Nou te konn fè woulman, lè youn nan nou t ap fè yon patisipasyon nan reyinyon an, lòt la t ap reponn tout kesyon yo. Si patisipasyon an te gen yon demonstrasyon ladan l, nou toule de te monte estrad la pou n fè l e pa t gen pèsonn nan asistans lan! Finalman, te gen yon sè aje ki te kòmanse vin asiste reyinyon. Annapre, gen kèk etidyan Labib ak kèk inaktif ki te kòmanse vin nan reyinyon, e sa pa t pran tan pou n vin yon kongregasyon.

Yon jou, Bud avè m te rankontre yon responsab Legliz Dikris, e l te pale avè n sou yon seri vèsè mwen pa t konnen. Sa te nui m anpil, e sa te fè m reflechi seryezman sou kwayans mwen. Pandan yon semèn, mwen te etidye jis byen ta nan aswè pou m jwenn repons kesyon li te poze yo. Sa te vrèman ede m fòtifye relasyon m ak Jewova, e m te vin anvi rankontre ak yon lòt predikatè.

Yon ti tan apre, siveyan sikonskripsyon an te mande m pou m al sèvi El Dorado, nan Akannsa, pou m ede kongregasyon ki te nan zòn nan. Pandan m te la, byen souvan, mwen te konn oblije retounen Kolorado pou m prezante m devan responsab biwo kote yo te konn anwole sòlda yo, ki te yon komite ki t ap deside kiyès ki dwe al sèvi nan lame. Pandan youn nan vwayaj sa yo, mwen menm ak kèk lòt pyonye ki t ap vwayaje ansanm te fè yon aksidan nan Tegzas e machin mwen an te kraze nèt. Nou te rele yon frè, li te vini, li te mennen nou lakay li e apre sa li te mennen nou nan reyinyon. Nan reyinyon an, yo te fè yon anons konsènan aksidan nou an, e frè yo te byen kontan ban nou yon ti kòb. Epitou, frè a te vann machin mwen an pou $25.

Nou te jwenn yon woulib pou n al Wichita. Nan zòn nan, te gen yon bon zanmi fanmi an, anpalan de E. F. McCartney, nou te konn rele Dòk, ki t ap sèvi kòm pyonye. De pitit gason l yo, Frank ak Francis, ki jimo, se de nan pi bon zanmi m yo. Yo te gen yon vye machin yo te vann mwen pou $25, egzakteman kantite lajan yo te peye m pou machin mwen an ki te kraze a. Se te premye fwa mwen te wè aklè Jewova te ban m sa m gen bezwen paske m te met Wayòm nan an premye nan lavi m. Pandan vizit sa a, fanmi McCartney te prezante m yon bèl ti sè ki rele Bethel Crane. Manman l, ki te rele Ruth, yon Temwen zele ki t ap viv Wèlington, nan Kannzas, te kontinye sèvi kòm pyonye jis lè l te nan 90 an yo. Nan mwens pase ennan annapre, an 1958, Bethel avè m te marye, e nou te kòmanse sèvi kòm pyonye ansanm nan El Dorado.

YON SERI BÈL ENVITASYON

Nou te vle imite bon egzanp nou te jwenn lè nou t ap grandi, se sa k fè n te deside n ap aksepte nenpòt envitasyon òganizasyon Jewova a fè nou. Yo te nome nou pyonye espesyal Walnòt Ridj, nan Akannsa. Apre sa, an 1962, nou te kontan anpil lè n te jwenn envitasyon pou n al asiste 37yèm klas Galaad. Nou te kontan aprann Don Steele te nan menm klas ak nou. Apre nou te fin gradye, yo te voye Bethel avè m al sèvi nan Naywobi, nan peyi Kenya. Nou te tris lè n t ap kite Nouyòk, men nou te kontan anpil lè n te rive nan ayewopò Naywobi e nou te wè frè yo te deja la ap tann nou!

N ap preche nan Naywobi ansanm ak Mary ak Chris Kanaiya.

Sa pa t pran anpil tan pou n vin renmen peyi Kenya ak travay predikasyon ki t ap fèt nan peyi a. Chris ak Mary Kanaiya se premye moun nou te etidye avèk yo ki te pran laverite. Yo toujou nan sèvis aplentan nan peyi Kenya. Nan ane ki te vin apre a, yo te mande n al sèvi nan Kampala, nan peyi Ouganda. Se nou ki te premye misyonè nan peyi sa a. Se te yon bèl epòk paske te tèlman gen anpil moun ki te chofe pou yo aprann verite ki nan Bib la, e yo te vin frè ak sè nou. Sepandan, apre twazan edmi ann Afrik, nou te retounen Ozetazini pou n leve pitit nou t apral genyen. Nou te santi nou pi tris jou nou t ap kite Afrik la pase jou nou t ap kite Nouyòk la. Nou renmen moun ann Afrik yo e nou te espere n ap retounen nan peyi a yon jou.

YON NOUVO ASIYASYON

Nou t al viv nan lwès Kolorado, kote paran m yo te ye a. Yon ti tan apre, Kimberly, premye pitit fi nou an, te fèt, e 17 mwa apre, nou te vin gen Stephany. Nouvo asiyasyon nou an antanke paran te enpòtan anpil pou nou. Nou te fè anpil efò pou n anseye bèl pitit fi nou yo laverite. Nou te vle suiv bon egzanp lòt moun te ban nou. Nou te konnen bon egzanp kapab gen gwo enfliyans sou timoun, men sa pa yon garanti y ap sèvi Jewova lè yo vin gran. Malerezman, ti frè m nan ak ti sè m nan te kite laverite. Mwen espere y ap retounen vin suiv bon egzanp yo te jwenn yo.

Nou te vrèman kontan leve pitit fi nou yo e nou te toujou chèche fè aktivite nou yo an fanmi. Piske nou t ap viv toupre Aspenn, nan Kolorado, nou te aprann monte ski yon fason pou n te ka al monte ski ansanm detanzantan. Sa te ban nou posiblite pou n gen yon seri bon konvèsasyon ak pitit fi nou yo lè n ap monte ansanm nan kabin ski yo. Nou te konn al fè kanmping avèk yo tou, e nou te konn gen konvèsasyon ki vrèman enteresan bò dife yo. Byenke yo te jèn, yo te konn poze kesyon tankou: “Ki sa m ap fè lè m vin gran? Ki kalite moun m ap chwazi pou m marye?” Nou te fè tout sa n kapab pou n anseye pitit fi nou yo pou yo renmen Jewova. Nou te toujou ankouraje yo pou yo fikse objektif pou yo antre nan sèvis aplentan e pou yo marye sèlman ak moun ki gen objektif sa a. Epitou, nou te eseye ede yo konprann l ap pi bon si yo pa marye twò jèn. Byen souvan, nou te konn di: “Ret selibatè jiskaske nou gen omwen 23 an.”

Nou te suiv egzanp paran nou yo e nou te fè anpil efò pou n asiste reyinyon yo e pou n patisipe regilyèman nan travay predikasyon an an fanmi. Nou te aranje nou pou kèk moun ki nan sèvis aplentan pase tan lakay nou. Mete sou sa, byen souvan, nou te fè pitit nou yo konnen jan nou te renmen sèvis misyonè. Nou te gen espwa yon jou, nou toule kat t ap kapab fè yon vwayaj pou n al ann Afrik ansanm. Pitit fi nou yo te vrèman vle fè sa.

Nou te toujou fè etid familyal regilyèman. Nou te konn jwe yon seri sèn sou sitiyasyon ki te ka rive nan lekòl yo, e ti medam yo te konn jwe wòl yon Temwen k ap reponn kesyon moun poze. Yo te kontan aprann fason sa a, e sa te ba yo plis konfyans. Sepandan, tank yo t ap vin pi gran, pafwa yo te konn ap plenyen pou yo pa fè etid familyal la. Yon lè, mwen te tèlman dekouraje, mwen te di yo pou y al nan chanm yo paske nou pap fè etid familyal la. Yo te sezi, yo te kòmanse kriye e yo te di yo vle fè etid la. Se lè sa a nou te kòmanse vin rann nou kont nou te vrèman ap ede yo pou yo pran plezi aprann konnen Jewova. Tank tan t ap pase, yo te vin renmen etidye, e yo te vin santi yo alèz pou yo di nou sa yo panse ak sa yo santi. Pafwa, sa te fè nou mal pou n tande yo k ap di yo pa dakò ak yon ansèyman ki soti nan Bib la. Men, nou te aprann konnen ki jan yo santi yo toutbon. Apre nou fin rezone avèk yo, yo te konn dakò ak prensip Jewova yo.

NOU TE VIN ADAPTE NOU AK PLIS CHANJMAN

Ane nou te pase ap leve pitit fi nou yo te pase byen vit. Grasa èd ak direksyon òganizasyon Bondye a bay, nou te fè tout sa n kapab pou n leve yo yon fason pou yo renmen Jewova. Nou te vrèman rekonesan lè n te wè toule de pitit fi nou yo te kòmanse sèvis pyonye kou yo fin klas segondè yo, e yo te aprann metye k ap pèmèt yo pran swen tèt yo. Yo t al viv Klivlann, nan Tenesi, ak de lòt sè pou yo sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè. Nou te sonje yo anpil, men nou te kontan wè y ap itilize lavi yo nan sèvis aplentan. Annapre, Bethel avè m te vin pyonye ankò, e sa te ban nou privilèj pou n patisipe nan travay sikonskripsyon an kòm ranplasan e nou te konn ede nan òganize kongrè.

Anvan pitit fi nou yo t al viv Tenesi, yo te vwayaje al Lonn, ann Angletè, e yo te vizite biwo filyal la. Lè sa a, Stephany, ki te gen 19 an, te rankontre yon jèn Betelit lòtbò a ki rele Paul Norton. Nan yon lòt vwayaj, Kimberly te rankontre Brian Llewellyn, yon konpayon travay li. Lè Stephany te vin gen 23 an, li te marye ak Paul. Nan ane ki vin apre a, lè Kimberly te gen 25 an, li te marye ak Brian. Konsa, yo te ret selibatè jiskaske yo te gen omwen 23 an. Nou te kontan anpil dèske se mesye sa yo yo te chwazi kòm mari.

Nou ansanm ak Paul, Stephany, Kimberly ak Brian nan filyal Malawi nan ane 2002.

Pitit fi nou yo te fè nou konnen egzanp nou menm ak granparan yo te ba yo te ede yo ‘kontinye chèche Wayòm Bondye a an premye’ menm lè yo te gen pwoblèm lajan (Matye 6:33). Ann avril 1998, Paul ak Stephany te resevwa envitasyon pou y al suiv 105yèm klas Galaad, e yo te voye yo al sèvi Malawi, ann Afrik. Nan menm epòk la, yo te envite Brian ak Kimberly al travay nan Betèl Lonn, epi annapre, yo te transfere yo nan Betèl Malawi. Nou te kontan anpil anpil dèske pitit nou yo t ap itilize lavi yo pi bon fason ki genyen an.

YON LÒT BÈL ENVITASYON

An janvye 2001, mwen te resevwa kout fil mwen te pale de li nan kòmansman an. Frè Marais, siveyan Sèvis tradiksyon an, te esplike m frè yo t ap prepare yon kou anglè pou ede tradiktè yo toupatou sou tè a pi byen konprann tèks anglè a. Byenke m te gen 64 an, yo te vle ban m fòmasyon pou m vin youn nan enstriktè yo. Bethel avè m te priye sou sa e nou te pale ak manman nou pou n mande yo sa yo panse. Malgre yo te granmoun anpil e nou pa t ap la pou ede yo, yo toule de te vle nou ale. Mwen te rele frè Marais pou m di l n ap byen kontan aksepte bèl asiyasyon sa a.

Lè sa a, manman m vin aprann li gen kansè. Mwen te di l n ap rete pou n ede Linda, sè m nan, pran swen l. Manman m te refize e l te di: “Mwen t ap santi m pi mal si nou pa ale.” Linda te santi l menm jan an. Nou te gen anpil rekonesans lè n te wè yo te dispoze fè yon gwo sakrifis konsa, e nou te gen rekonesans tou pou èd frè ak sè yo nan zòn nan. Yon jou apre nou t al nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo nan Patèsonn, Linda te rele nou pou l anonse nou lanmò manman m. Nou te ret okipe nan asiyasyon nou, jan manman m t ap ankouraje n fè sa si l te la.

Nou te kontan anpil lè n te aprann premye asiyasyon nou se te nan filyal Malawi, kote pitit fi nou yo ak mari yo t ap sèvi. Se te yon bèl bagay pou n te ansanm ankò. Annapre, nou t al fè kou a nan peyi Zimbabwe, e apre sa, nou t al fè l nan peyi Zanbi. Apre nou fin pase twazan edmi ap fè kou a, nou te retounen Malawi pou n ekri eksperyans Temwen ki te jwenn pèsekisyon nan peyi a akoz netralite yo antanke kretyen te fè *. — Gade nòt la.

N ap preche ansanm ak pitit pitit nou yo.

An 2005, yon lòt fwa ankò, nou te tris anpil lè n t ap kite Afrik. Nou te retounen lakay nou Basalt, nan Kolorado, kote Bethel avè m te kontinye sèvi kòm pyonye. An 2006, Brian ak Kimberly te vin ret toupre lakay nou pou yo leve de pitit fi yo te vin genyen yo, anpalan de Mackenzie ak Elizabeth. Paul ak Stephany toujou ap sèvi nan Malawi, e Paul se yon manm Komite filyal. Kounye a, mwen prèske gen 80 an, e mwen vrèman kontan lè m wè yon seri frè ki pi jèn pase m mwen te konn travay avèk yo pran responsablite mwen te genyen yo. Pou byen pitit nou yo ak pitit pitit nou yo, nou te eseye imite bon egzanp lòt moun ban nou. Vrèmanvre, sa fè kè nou kontan anpil e sa ban nou anpil jwa.

^ § 5 Pou n jwenn plis enfòmasyon sou travay moun ki nan fanmi Steele yo te fè antanke misyonè, gade Toudegad 15 septanm 1956, paj 275-276 (fransè), ak Toudegad 1ye avril 1972, paj 216-220 (fransè).

^ § 30 Pa egzanp, gade byografi Trophim Nsomba nan Toudegad 15 avril 2015, paj 14-18.