Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pa bliye montre nou janti ak etranje yo”

“Pa bliye montre nou janti ak etranje yo”

“Pa bliye montre nou janti ak etranje yo.” — EBRE 13:2, nòt.

KANTIK: 124, 79

1, 2. a) Jodi a, ki difikilte anpil moun ki sot nan lòt peyi jwenn? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa apot Pòl te fè kretyen yo sonje, e ki kesyon nou pral egzamine?

SA GEN plis pase 30 an depi Osei, ki potko Temwen Jewova lè sa a, te kite kay li nan peyi Gana pou l al viv ann Ewòp. [1] (Gade nòt la.) Men sa l di: “M pa t pran tan pou m rann mwen kont pifò moun pa t enterese nan mwen. Klima a te yon gwo pwoblèm pou mwen tou. Lè m te kite ayewopò a, e fredi te bat mwen pou premye fwa nan lavi m, mwen te pran kriye.” Piske sa te difisil anpil pou Osei aprann lang peyi a, li te fè plis pase ennan anvan l te jwenn yon bon travay. Epitou, piske l te lwen peyi l, li te sonje fanmi l e l te santi l poukont li.

2 Reflechi ak fason w ta renmen yo trete w si w te nan yon sitiyasyon konsa. Ou t ap vrèman kontan si w ta jwenn yon seri moun nan Sal Wayòm nan ki renmen w, ki pa gade sou nasyonalite w oswa koulè po w e ki byen akeyi w. An reyalite, Bib la mande vrè kretyen yo pou yo pa “bliye montre [yo] janti ak etranje yo”. (Ebre 13:2, nòt.) Kounye a, ann egzamine kesyon ki vin apre yo: Ki jan Jewova wè moun ki etranje yo? Èske n bezwen chanje fason nou konsidere etranje yo? Ki jan n ka ede yon moun ki sot nan yon lòt peyi santi l alèz nan kongregasyon nou an?

FASON JEWOVA WÈ ETRANJE YO

3, 4. Selon Egzòd 23:9, ki jan Bondye te vle Izrayelit yo boule ak moun lòt peyi, e poukisa?

3 Apre Jewova te fin libere pèp li a nan esklavaj ann Ejip, li te ba yo yon seri lwa ki te montre yo enpòtans pou yo janti ak moun lòt peyi ki te sot ann Ejip ansanm avèk yo (Egzòd 12:38, 49; 22:21). Piske lavi a pa toujou fasil pou moun lòt peyi yo, Jewova te pran swen yo ak lanmou. Pa egzanp, yo te ka ranmase manje moun ki t ap rekòlte yo te kite dèyè. — Levitik 19:9, 10.

4 Olye Jewova te annik bay Izrayelit yo lòd pou yo respekte moun ki sot nan lòt peyi, li te vle yo sonje ki jan sa te ye pou yo lè yo t ap viv nan yon lòt peyi. (Li Egzòd 23:9.) Menm anvan Izrayelit yo te vin esklav ann Ejip, Ejipsyen yo pa t renmen yo paske yo te diferan (Jenèz 43:32; 46:34; Egzòd 1:11-14). Antanke etranje, lavi a te di anpil pou Izrayelit yo. Jewova te vle yo sonje sa e l te vle yo montre yo janti ak moun lòt peyi ki t ap viv bò kote yo. — Levitik 19:33, 34.

Jewova montre l janti ak moun lòt peyi yo.

5. Ki sa k ap ede n montre n janti ak moun lòt peyi yo menm jan ak Jewova?

5 Jewova pa chanje. Donk, lè gen moun lòt peyi ki vin nan kongregasyon nou, nou pa dwe bliye Jewova toujou janti ak moun sa yo (Detewonòm 10:17-19; Malachi 3:5, 6). Fè yon ti reflechi sou pwoblèm moun lòt peyi yo ka genyen. Pa egzanp, yo ka pa konprann nouvo lang nan e moun ka mal aji avèk yo. Ann fè yon efò pou n ede yo e pou n janti avèk yo. — 1 Pyè 3:8.

ÈSKE N BEZWEN CHANJE FASON NOU WÈ ETRANJE YO?

6, 7. Ki sa k montre Juif ki te kretyen nan premye syèk yo te aprann lite kont gwo prejije yo te genyen?

6 Kretyen yo nan premye syèk la te aprann lite kont gwo prejije anpil nan Juif yo te genyen. Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, Juif ki te kretyen ki t ap viv Jerizalèm yo te byen akeyi moun ki te fèk vin kretyen ki te sot nan divès peyi e yo te montre yo gen bonjan sousi pou yo (Travay 2:5, 44-47). Sa montre Juif ki te kretyen yo te konprann sa sa vle di pou yo “montre [yo] akeyan”, sètadi pou yo “montre [yo] janti ak etranje yo”.

7 Men, nan epòk sa a, gen yon bagay ki te rive. Juif ki te pale grèk yo t ap plenyen paske yo pa t byen boule ak vèv ki pale grèk yo (Travay 6:1). Pou apot yo te rezoud pwoblèm sa a, yo te chwazi sèt mesye pou al asire yo yo te byen aji ak tout moun. Apot yo te chwazi yon seri mesye ki te gen non grèk, petèt pou yo te ka fè vèv yo santi yo pi alèz. — Travay 6:2-6.

8, 9. a) Ki kesyon k ap ede n wè si n gen prejije? b) Ki sa n dwe retire lakay nou (1 Pyè 1:22)?

8 Kit nou rann nou kont, kit nou pa rann nou kont, kilti nou gen gwo enfliyans sou nou (Women 12:2). Anplis de sa, nou ka konn tande vwazen nou, kòlèg travay nou oswa kondisip nou k ap di move bagay sou moun ki sot yon lòt kote, nan yon lòt tribi oswa ki gen yon lòt koulè po. Jis nan ki pwen panse negatif sa yo gen enfliyans sou nou? Oubyen, ki jan nou reyaji lè moun ap fè blag sou nasyonalite nou oswa sou yon bagay ki nan kilti nou?

9 Te gen yon lè, apot Pyè te gen prejije kont moun ki pa t Juif. Men, tikras pa tikras, li te aprann retire move tandans sa a lakay li (Travay 10:28, 34, 35; Galat 2:11-14). Menm jan an tou, si n wè nou gen menm yon ti tras prejije oswa fyète akoz ras nou, nou dwe fè gwo efò pou n retire l nèt lakay nou. (Li 1 Pyè 1:22.) Ki sa k ka ede nou fè sa? Nou bezwen sonje nou tout enpafè, kèlkeswa peyi nou soti, e nou youn pa merite sove (Women 3:9, 10, 21-24). Donk, nou pa gen okenn rezon pou n panse nou pi bon pase okenn lòt moun (1 Korentyen 4:7)! Nou dwe santi nou menm jan ak apot Pòl. Li te fè kretyen parèy li yo konnen yo “pa etranje ankò, ni [yo] pa moun ki soti nan lòt peyi”, men yo se “manm fanmi Bondye”. (Efezyen 2:19.) Se nou tout ki bezwen fè gwo efò pou n retire tout kalite prejije nan nou yon fason pou n ka abiye ak nouvo pèsonalite a. — Kolosyen 3:10, 11.

FASON POU N MONTRE NOU JANTI AK ETRANJE YO

10, 11. Ki jan Bowaz te imite Jewova nan fason li te wè etranje yo?

10 Bowaz, yon mesye ki te fidèl, te imite Jewova nan fason li te wè etranje yo. Ki jan l te fè sa? Yon lè, pandan Bowaz t al enspekte jaden l yo pandan yo t ap fè rekòt, li te wè Rit, yon dam etranje ki moun peyi Mowab. Rit t ap travay di pou l ranmase grap lòj. Selon Lwa Moyiz la, Rit te gen dwa pou l ranmase sa travayè yo te kite dèyè. Men, lè Bowaz te vin aprann Rit te mande pèmisyon pou l ranmase grap yo te kite dèyè nan jaden l lan, sa te touche l anpil e l te ba l pèmisyon pou l menm pran kèk grap nan pake yo te fin fè yo. — Li Rit 2:5-7, 15, 16.

11 Sa k te vin pase annapre a te montre byen klè Bowaz te enkyete l pou Rit akoz sitiyasyon difisil li t ap andire antanke moun lòt peyi. Li te envite l ret bò kot gwoup jèn medam li yo pou mesye ki t ap travay nan jaden l yo pa t ba l pwoblèm. Li te menm asire l Rit jwenn ase manje pou l manje ak dlo pou l bwè, menm jan ak travayè l yo. Bowaz te gen respè pou dam etranje sa a ki te yon malerèz e li te ankouraje l. — Rit 2:8-10, 13, 14.

12. Ki efè jantiyès kapab genyen sou etranje yo?

12 Bowaz pa t janti ak Rit sèlman paske Rit te gen yon lanmou fidèl pou Nawomi, bèlmè l, men tou, li te janti ak Rit paske Rit te vin sèvi Jewova e l te chèche pwoteksyon nan men Jewova. Lè Bowaz te montre l janti ak Rit la, an reyalite, se lanmou fidèl Jewova li t ap imite (Rit 2:12, 20; Pwovèb 19:17). Menm jan an tou jodi a, lè n montre nou janti, sa ap pèmèt nou ede “tout kalite moun” aprann laverite e sa ap fè yo wè Jewova renmen yo anpil. — 1 Timote 2:3, 4.

Èske nou salye etranje yo ak kè kontan lè yo vin nan Sal Wayòm nan? (Gade paragraf 13, 14.)

13, 14. a) Poukisa n dwe salye etranje ki vin nan Sal Wayòm nan? b) Ki sa k ka fè w santi w alèz pou w pale ak moun lòt kilti?

13 Nou ka montre nou janti ak etranje yo lè nou salye yo ak kè kontan nan Sal Wayòm nan. Pafwa, lè imigran yo fèk rive nan yon peyi, yo konn santi yo timid e yo konn ret apa. Akoz kilti yo oswa ran sosyal yo, yo ka santi yo pi ba pase moun lòt ras oswa lòt peyi. Se sa k fè, se nou menm ki dwe salye yo an premye e nou dwe enterese nan yo avèk jantiyès ak tout kè nou. Si aplikasyon JW Language la disponib nan lang pa w, ou ka aprann fason pou w salye yo nan lang pa yo. — Li Filipyen 2:3, 4.

14 Ou ka pa fin santi w alèz pou w pale ak yon moun lòt kilti. Pou w lite kont tandans sa a, ou ka rakonte l yon bagay sou ou. Lè sa a, ou ka vin rann ou kont nou gen plis bagay ki fè nou sanble pase sa w te panse. Sonje chak kilti gen pwòp fòs li ak pwòp feblès li.

FÈ TOUT MOUN SANTI YO ALÈZ

15. Ki sa k ap ede n konprann moun k ap chèche adapte yo ak yon lòt peyi?

15 Pou nou ka fè lòt moun santi yo alèz nan kongregasyon an, mande tèt nou onètman: ‘Si m te nan yon peyi etranje, ki jan m t ap renmen yo boule avè m?’ (Matye 7:12). Pran pasyans ak moun k ap chèche adapte yo ak yon lòt peyi. Okòmansman, nou ka pa fin byen konprann fason yo panse oswa fason yo reyaji. Men, olye nou atann pou yo panse oubyen aji menm jan ak moun nan kilti pa nou, li ta pi bon pou n aksepte yo jan yo ye a. — Li Women 15:7, nòt.

Pran pasyans ak moun k ap chèche adapte yo ak yon lòt peyi.

16, 17. a) Ki sa n ka fè pou n ka vin pi pwòch ak moun lòt kilti? b) Ki fason pratik nou ka ede imigran ki nan kongregasyon nou?

16 Si n pran tan pou n aprann kèk bagay sou peyi ak kilti moun ki sot nan lòt peyi yo, li ka pi fasil pou n aprann konnen yo. Pandan adorasyon an fanmi an, nou ta ka fè kèk rechèch sou kilti imigran ki nan kongregasyon nou oswa nan tèritwa nou. Yon lòt fason pou n vin pi pwòch ak imigran yo se lè n envite yo vin manje lakay nou. Jewova “ouvri pòt pou nasyon yo pou yo ka vin gen lafwa”, donk, nou dwe imite Jewova, nou dwe ouvri pòt kay nou bay etranje “ki fanmi nou nan lafwa” yo. — Travay 14:27; Galat 6:10; Jòb 31:32.

Èske nou montre nou janti e nou akeyan ak moun ki sot nan lòt peyi? (Gade paragraf 16, 17.)

17 Lè n pase tan ak yon fanmi ki vin abite nan peyi nou, sa ap ede nou konprann efò y ap fè pou yo adapte yo ak kilti nou e n ap apresye sa. Nou ka wè yo bezwen èd pou yo aprann lang peyi a. Nou ka fè yo jwenn òganizasyon ki ka ede yo jwenn yon bon kay oswa yon travay. Jan de èd sa yo ka vrèman itil frè ak sè n yo. — Pwovèb 3:27.

18. Egzanp ki moun ki te montre respè ak rekonesans imigran yo ka imite jodi a?

18 Natirèlman, imigran yo ap bezwen fè tout sa yo kapab pou yo adapte yo ak kilti peyi yo vin abite ladan l lan. Rit kite yon bèl egzanp nan sans sa a. Toudabò, Rit te montre l respekte kilti peyi l te vin abite ladan l lan lè l te mande pèmisyon pou l ranmase grap lòj yo te kite dèyè yo (Rit 2:7). Li pa t konsidere dwa sa a kòm yon bagay ki san valè e l pa t santi se yon bagay yo te dwe l. Dezyèmman, li te prese fè lòt moun ki te janti avè l yo konnen jan l gen rekonesans pou sa (Rit 2:13). Lè imigran yo gen yon bèl mantalite konsa, l ap pi fasil pou frè ak sè yo ansanm ak lòt moun nan peyi a respekte yo.

19. Ki rezon nou genyen pou n fè etranje yo santi yo alèz?

19 Nou kontan anpil pou n wè jan Jewova fè tout moun favè san parèy e l pèmèt yo tande bon nouvèl la. Gen kèk moun, lè yo te nan peyi yo, ki gendwa pa t gen posiblite etidye Labib oubyen ale nan reyinyon pèp Jewova a òganize yo. Men, piske kounye a yo gen posiblite rankontre nou, nou dwe ede yo pou yo pa santi se etranje yo ye. Nou gendwa pa gen anpil lajan oubyen nou pa ka bay moun lòt peyi yo anpil èd, men lè n janti ak yo, nou imite Jewova ki gen lanmou pou yo. Antanke moun k ap “imite Bondye”, annou fè tout sa n kapab pou n fè etranje yo santi yo alèz bò kote nou! — Efezyen 5:1, 2.

^ [1] (paragraf 1) Yo chanje non moun nan.