Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w wè l nesesè pou w bay lòt moun fòmasyon?

Èske w wè l nesesè pou w bay lòt moun fòmasyon?

“M ap ban nou bon fòmasyon.” — PWOVÈB 4:2.

KANTIK: 93, 96

1, 2. Poukisa nou dwe bay lòt moun fòmasyon pou yo ka vin gen responsablite nan kongregasyon an?

JEZI te travay di anpil pou l preche mesaj Wayòm nan. Epitou, li te pase yon pakèt tan ap bay disip li yo fòmasyon. Li te montre yo fason pou yo anseye ak fason pou yo pran swen pèp Bondye a. Disip yo te aprann fason pou yo vin tankou bèje k ap pran swen mouton yo (Matye 10:5-7). Filip te okipe anpil nan travay predikasyon an, men li te bay pitit fi l yo fòmasyon pou yo fè menm travay la (Travay 21:8, 9). Jodi a tou, li nesesè pou n bay lòt moun fòmasyon. Poukisa?

2 Toupatou sou tè a, gen anpil nouvo ki poko batize nan kongregasyon yo. Nouvo sa yo bezwen fòmasyon. Nou dwe ede yo konprann rezon ki fè li bon pou yo li Labib e pou yo fè etid pèsonèl yo ladan l. Epi, nou bezwen ba yo fòmasyon pou yo preche bon nouvèl la e pou yo anseye lòt moun. Frè ki fèk batize yo bezwen fòmasyon pou yo ka vin kalifye pou yo sèvi antanke sèvitè ministeryèl e antanke ansyen pi devan. Tout moun nan kongregasyon an ka fè anpil efò pou yo ede nouvo yo. — Pwovèb 4:2.

ANSEYE NOUVO YO FASON POU YO ETIDYE LABIB

3, 4. a) Ki jan Pòl te montre relasyon ki genyen ant etidye Labib ak bon rezilta moun jwenn nan travay predikasyon an? b) Anvan nou ankouraje etidyan nou yo pou yo fè etid Labib pèsonèlman, ki sa nou dwe ap fè?

3 Chak sèvitè Jewova bezwen li Labib epi etidye l pou yo ka konn volonte Jewova. Se sa apot Pòl te esplike frè ak sè l yo nan vil Kolòs lè l te di: “Nou pa janm sispann priye pou nou e nou pa janm sispann mande Bondye pou l ranpli nou ak konesans egzak sou volonte l.” Poukisa li te enpòtan konsa pou yo li Labib e pou yo etidye l? Paske sa t ap fè yo gen sajès e sa t ap ede yo konprann ki jan pou yo “mache yon fason ki diy devan Jewova, yon fason pou [yo] fè l plezi nèt”. Epitou, sa t ap ede yo fè “tout bon travay” Jewova vle yo fè, sitou preche bon nouvèl la (Kolosyen 1:9, 10). Se sa k fè, si n ap fè etid ak yon moun, nou bezwen ede l konprann lè l li Labib e li etidye l regilyèman, sa kapab ede l sèvi Jewova.

4 Nou pap ka ede etidyan Labib nou yo wè enpòtans pou yo etidye Labib pèsonèlman si nou menm nou pa fè sa. An reyalite, si nou li Labib regilyèman e nou medite sou sa nou li a, sa ap ede nou nan lavi nou ak nan travay predikasyon an. Pa egzanp, lè n ap preche, si yon moun poze nou yon kesyon ki difisil, n ap ka itilize Labib pou n reponn. Oubyen lè n li istwa ki montre jan Jezi, Pòl, ak lòt moun ankò pa t sispann fè travay predikasyon an, n ap jwenn ankourajman pou n kontinye preche menm lè sa difisil. Epitou, lè nou rakonte lòt moun sa nou aprann nan etid pèsonèl nou e ki jan sa ede nou, nou ka ankouraje yo fè yon etid ki pi pwofon nan Bib la pou yo ka jwenn menm byenfè yo tou.

5. Bay yon fason nou ka ede nouvo yo vin gen abitid fè etid pèsonèl yo.

5 Ou ka ap mande tèt ou: ‘Ki jan m ka bay yon moun m ap etidye Labib avè l fòmasyon pou l etidye Labib regilyèman?’ Petèt ou ka montre l fason pou l prepare piblikasyon w ap etidye avè l la. Ou ka ankouraje l li enfòmasyon nan nòt ki nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an ki gen rapò ak sijè l ap etidye a, epi ankouraje l chèche vèsè yo bay kòm referans yo. Annapre, ou ka montre l fason pou l prepare reyinyon yo pou l ka fè kòmantè. Ankouraje l li tout Toudegad ak Réveillez-vous! ki parèt. Epi, ou ka montre l fason pou l jwenn repons kesyon l ap poze sou Bib la lè l itilize Watchtower Library oswa BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower a. Lè etidyan an eseye diferan metòd pou l fè etid pèsonèl li, l ap pi fasil pou l renmen fè sa e pou l anvi aprann plis bagay toujou.

6. a) Ki jan w ka ede yon etidyan w vin aprann renmen Bib la ak tout kè l? b) Ki sa yon etidyan Labib ka fè si l vin renmen Bib la ak tout kè l?

6 Lè n ap etidye Labib ak yon moun, nou vle l konprann Bib la gen anpil valè paske l ap ede l aprann konn Jewova pi byen. Olye n fè presyon sou etidyan an pou l fè etid pèsonèl li, nou ka montre l ki jan li ka pran plezi nan etid la. Tank l ap aprann plis bagay nan Bib la, se tank l ap santi l menm jan ak yon sèvitè Bondye ki te patisipe nan ekri Sòm yo ki te di: “Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen. Mwen fè Jewova, Seyè ki Souvren an, tounen refij mwen.” (Sòm 73:28). Se sèten, lespri Jewova ap ede moun ki vle pwoche bò kote Jewova.

BAY NOUVO YO FÒMASYON POU YO PRECHE E POU YO ANSEYE

7. Ki jan Jezi te bay apot yo fòmasyon pou yo preche bon nouvèl la? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

7 Nou ka aprann anpil bagay nan fason Jezi te bay apot li yo fòmasyon. Jezi te konn mennen yo preche avè l, e yo te konn gade fason li te konn anseye moun yo. Li te ba yo yon seri enstriksyon byen klè sou fason yo dwe preche (Matye chapit 10). [1] (Gade nòt la.) Nan yon tikras tan, grasa fòmasyon Jezi te bay apot yo, yo te aprann fason pou yo anseye moun laverite (Matye 11:1). Ann wè de bagay nou ka anseye nouvo yo pou yo fè lè yo nan travay predikasyon an.

8, 9. a) Ki jan Jezi te konn pale ak moun yo nan travay predikasyon an? b) Ki jan n ka ede nouvo pwoklamatè yo pou yo imite Jezi lè y ap fè konvèsasyon ak moun yo?

8 Fè konvèsasyon ak moun yo. Jezi pa t toujou pale ak foul moun. Byen souvan, li te konn pale ak yon sèl moun, e l te fè sa tankou yon zanmi. Pa egzanp, li te gen yon bèl konvèsasyon ak yon fi ki te vin pran dlo nan yon pi toupre vil Sicha (Jan 4:5-30). Jezi te pale ak Matye Levi tou, yon mesye ki te yon pèseptè, e l te envite l vin disip li. Matye te aksepte envitasyon an e annapre li te envite Jezi ak lòt moun vin manje lakay li. Jezi te pale ak yon pakèt moun pandan l lakay Matye. — Matye 9:9; Lik 5:27-39.

Lè n pale ak moun yo tankou yon zanmi e nou janti avèk yo, l ap pi fasil pou yo koute sa n ap di.

9 Jezi te pale ak Natanayèl tankou yon zanmi tou, menm lè Natanayèl pa t di bon pawòl sou moun Nazarèt yo. Piske Jezi te pale ak Natanayèl tankou yon zanmi, Natanayèl te chanje fason l te wè Jezi ki te moun Nazarèt. Epi, Natanayèl te vle aprann plis bagay sou Jezi (Jan 1:46-51). Egzanp Jezi montre nou lè n pale ak moun yo tankou yon zanmi e nou janti avèk yo, l ap pi fasil pou yo koute sa n ap di. [2] (Gade nòt la.) Lè n fòme nouvo yo pou yo pale konsa, y ap pi renmen travay predikasyon an.

10-12. a) Ki sa Jezi te fè pou l kontinye ede moun ki montre yo enterese nan bon nouvèl la? b) Ki jan n ka ede nouvo pwoklamatè yo pou yo amelyore kapasite yo antanke moun k ap anseye verite ki nan Bib la?

10 Anseye moun ki dispoze koute yo. Jezi te okipe anpil. Men, lè moun yo te dispoze koute l, li te pase tan ak yo e l te anseye yo anpil bagay. Pa egzanp, yon jou, gen yon foul moun ki te rasanble bò lanmè pou yo koute Jezi. Se sa k fè Jezi te monte nan yon bato ansanm ak Pyè e l te anseye moun yo detan l nan bato a. Apre sa, li te vle anseye Pyè yon leson tou. Jezi te fè yon mirak kote l te fè Pyè pran yon gwo kantite pwason. Epi li di Pyè: “Apati kounye a, se moun ou pral pran tou vivan.” Menm kote a, Pyè ak moun ki te ansanm avè l yo “mennen bato yo atè, yo abandone tout bagay”, e yo suiv Jezi. — Lik 5:1-11.

11 Nikodèm te vle aprann plis bagay nan men Jezi tou. Men, piske Nikodèm te yon manm Sanedren an, li te pè sa lòt moun te ka di si yo te wè l ap pale ak Jezi. Se sa k fè l te vizite Jezi nan nuit. Jezi pa t voye l ale. Okontrè, li te pataje yon seri verite ki pwofon avè l (Jan 3:1, 2). Jezi te toujou dispoze itilize tan l pou l anseye moun yo laverite e pou l fè lafwa yo vin pi djanm. Menm jan an tou, nou dwe dispoze vizite moun yo nan yon lè k ap bon pou yo, e nou dwe pase tan avèk yo pou n ede yo konprann Bib la.

12 Lè n ap preche ak nouvo yo, nou kapab anseye yo pou yo retounen vizite nenpòt moun yo wè ki ta renmen pale avèk yo ankò. Epi, nou ka envite nouvo yo akonpaye nou nan nouvèl vizit nou yo ak nan etid biblik nou yo. Konsa, y ap aprann fason pou yo anseye lòt moun e y ap wè jan sa bon pou yo ede moun sa yo aprann laverite sou Jewova. Lè sa a, nouvo sa yo ap kontan vizite moun yo ankò e y ap kontan etidye Labib avèk yo. Epitou, y ap aprann gen pasyans e yo pap dekouraje byen vit lè yo pa ka jwenn moun yo lakay yo ankò. — Galat 5:22; gade kare ki gen tit: “ Li pa t dekouraje.”

BAY NOUVO YO FÒMASYON POU YO SÈVI FRÈ AK SÈ YO

13, 14. a) Ki sa w panse de egzanp yon seri moun nan Bib la ki te fè gwo sakrifis pou lòt moun? b) Ki fason pratik nou ka bay nouvo pwoklamatè yo ak jèn yo fòmasyon pou yo demontre lanmou pou frè ak sè yo?

13 Jewova vle pou sèvitè l yo renmen youn lòt antanke frè ak sè e pou youn sèvi lòt. (Li Lik 22:24-27; 1 Pyè 1:22.) Bib la esplike Jezi te bay tout bagay, san wete lavi l, pou l ede lòt moun (Matye 20:28). Dòkas “te konn fè anpil bèl aksyon, e li te konn ede moun ki nan nesesite yo anpil”. (Travay 9:36, 39.) Mari “te travay di” pou frè ak sè l yo nan vil Wòm (Women 16:6). Ki jan nou ka ede nouvo yo konprann li enpòtan anpil pou yo fè sa ki bon pou frè ak sè yo?

Bay nouvo yo fòmasyon pou yo renmen frè ak sè yo e pou yo sèvi yo. (Gade paragraf 13, 14.)

14 Nou ka mande nouvo yo pou yo akonpaye nou lè n ap vizite moun ki aje yo oubyen moun ki malad yo. Epi, lè paran yo ap vizite moun sa yo, yo ka mennen pitit yo avèk yo depi sa posib. Ansyen yo ka mande jèn yo oswa nouvo yo pou yo travay ansanm avèk yo si yo dwe bay moun ki aje yo manje oubyen repare kay yo. Lè jèn yo ak nouvo yo wè fason frè ak sè yo voye je youn sou lòt, y ap aprann fè menm jan an. Pa egzanp, gen yon ansyen, lè l ap preche nan yon zòn ki andeyò, li konn vizite frè k ap viv nan zòn sa a regilyèman pou l wè jan yo ye. Gen yon jèn frè ki te konn ale souvan ansanm avè l ki te aprann nan bèl egzanp sa a enpòtans pou l reflechi pou l wè ki jan l ka ede frè ak sè yo. — Women 12:10.

15. Poukisa l enpòtan pou ansyen yo enterese nan pwogrè gason yo ap fè nan kongregasyon an?

15 Jewova bay gason yo responsablite pou yo anseye kongregasyon an Pawòl li. Se pou rezon sa a, li enpòtan pou frè yo aprann fason pou yo byen anseye lè y ap bay diskou. Si w se yon ansyen, petèt ou ka koute yon sèvitè ministeryèl lè l ap repete yon diskou li pral bay pou w ka ede l amelyore ansèyman l (Neyemi 8:8). [3] — Gade nòt la.

16, 17. a) Ki jan Pòl te montre l enterese nan pwogrè Timote? b) Ki jan ansyen yo ka bay frè k ap vin bèje nan kongregasyon an bonjan fòmasyon?

16 Li nesesè pou plis frè jwenn fòmasyon pou yo ka vin bèje nan kongregasyon an. Pòl te bay Timote fòmasyon e l te ankouraje l bay lòt moun fòmasyon. Men sa Pòl te di: “Kontinye pran pisans nan favè san parèy ou genyen an ki nan Kris Jezi. E bagay ou te tande m di w yo, bagay anpil temwen te apiye, konfye yo bay gason ki fidèl. Yo menm, bò kote pa yo, y ap vin kalifye kòmsadwa pou yo anseye lòt moun.” (2 Timote 2:1, 2). Timote te aprann anpil bagay nan men Pòl ki te yon ansyen e ki te yon apot tou, tankou ki jan pou l amelyore fason l preche e ki jan pou l ede lòt moun nan kongregasyon an. — 2 Timote 3:10-12.

17 Pòl te pase anpil tan ak Timote paske l te vle asire l Timote te jwenn bonjan fòmasyon (Travay 16:1-5). Ansyen yo kapab imite Pòl lè y al fè kèk vizit pastoral ak sèvitè ministeryèl ki kalifye yo. Konsa, ansyen yo ap montre sèvitè ministeryèl yo ki jan pou yo anseye lòt moun, ki jan pou yo demontre pasyans ak lanmou, e ki jan pou yo konte sou Jewova lè y ap pran swen twoupo l la. — 1 Pyè 5:2.

LI ENPÒTAN POU N BAY FÒMASYON

18. Poukisa kesyon bay lòt moun fòmasyon nan sèvis Jewova a dwe enpòtan pou nou?

18 Nan tan lafen sa a, anpil nouvo bezwen fòmasyon pou yo ka amelyore kapasite yo nan travay predikasyon an. Epi, gen frè ki bezwen aprann fason pou yo pran swen kongregasyon an. Jewova vle pou tout sèvitè l yo jwenn bonjan fòmasyon, e li ban nou privilèj pou n ede nouvo yo. Se sa k fè li enpòtan pou n travay di pou n fòme lòt moun menm jan Jezi ak Pòl te fè sa. Nou bezwen fòme plis moun posib paske gen anpil bagay ki pou fèt toujou nan travay predikasyon an anvan lafen an rive.

19. Poukisa w dwe gen konviksyon bonjan efò w ap fè pou w bay lòt moun fòmasyon nan sèvis Jewova a ap bay bon rezilta?

19 Sa mande tan ak efò pou n bay nouvo yo fòmasyon. Men, nou mèt gen asirans Jewova ak Jezi ap ede nou konn pi bon fason pou n fòme lòt moun. N ap kontan wè jan moun nou bay fòmasyon yo ‘ap travay di e y ap lite’ nan kongregasyon an oubyen nan travay predikasyon an (1 Timote 4:10). Toutpandan n ap fè sa, nou bezwen fè tout sa n kapab pou n fè pwogrè espirityèl, pou n amelyore kalite nou genyen antanke kretyen yo, e pou n vin pi pwòch Jewova.

^ [1] (paragraf 7) Pa egzanp, men sa Jezi te di disip li yo: 1) preche mesaj Wayòm nan, 2) konte sou Bondye pou yo jwenn manje ak rad yo bezwen, 3) evite fè kont ak moun, 4) gen konfyans nan Bondye lè moun ap pèsekite yo, e 5) pa pè bagay mal moun ka fè yo.

^ [2] (paragraf 9) Liv Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la, paj 62-64, bay bonjan konsèy sou fason pou n pale ak moun yo nan travay predikasyon an.

^ [3] (paragraf 15) Liv Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la, paj 52-61, esplike ki jan frè yo ka amelyore fason yo bay diskou nan kongregasyon an.