Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen te detèmine pou m pa t kite men m tonbe

Mwen te detèmine pou m pa t kite men m tonbe

“PAPI”, “PAPA”, “TONTON”. Se konsa anpil jèn nan Betèl la konn rele m. Piske m gen 89 an, m renmen sa. M konsidere tit sa yo ki demontre afeksyon kòm yon rekonpans Jewova ban m lefètke m gen 72 an depi m ap sèvi l nan sèvis aplentan. Epitou, dapre eksperyans mwen fè nan sèvis Bondye a, men asirans m kapab bay jèn sa yo ak tout kè m: ‘Y ap rekonpanse n pou travay nou fè, si n pa kite men nou tonbe.’ — 2 Kwo. 15:7, nòt.

PARAN M YO AK FRÈ M AK SÈ M YO

Paran m yo se moun peyi Ikrèn e yo t al viv nan peyi Kanada. Yo te abite nan vil Wosbèn nan pwovens Manitoba. Manman cheri m nan te fè 8 pitit gason ak 8 pitit fi, li pa t fè jimo. M se 14yèm pitit. Papa m te renmen Bib la e l te konn li l pou nou chak dimanch maten, men l te konsidere relijyon kòm yon mwayen pou moun fè lajan. Byen souvan, li te ri lè l te konn di: “M ap mande tèt mwen kiyès ki te konn peye Jezi pou l preche e pou l anseye?”

Finalman, m gen kat frè ak kat sè ki te aksepte laverite. Rose, youn nan sè m yo, te pyonye jiskaske l mouri. Nan dènye jou l te pase yo, li te ankouraje chak moun pou yo pran Pawòl Bondye a oserye, li te di: “M ta renmen wè w nan monn nouvo a.” Okòmansman, gen yon gran frè m ki rele Ted ki te konn preche konsènan dife lanfè. Chak dimanch maten, li te konn preche nan radyo, e avèk fòs, li te toujou ap fè moun ki t ap koute l yo sonje moun k ap fè peche pral boule pou toutan nan dife lanfè a ki pa ka etenn. Men annapre, li te vin yon sèvitè Jewova ki fidèl e ki chofe nan sèvis li.

FASON M TE KÒMANSE NAN SÈVIS APLENTAN

Yon jou nan mwa jen 1944, m te sot lekòl e lè m rive lakay m te jwenn yon ti bwochi ki gen tit Monn k ap vini an ap tounèf  * (anglè) sou tab salamanje a. M te li premye paj la, apre sa, m te li dezyèm nan, e annapre m pa t ka sispann li l. Apre m fin li tout bwochi a, m te pran desizyon pou m sèvi Jewova jan Jezi te fè a.

Ki jan bwochi a te fè rive sou tab nou an? Steve, yon gran frè m, te di m gen de mesye ki t ap “vann” liv ak bwochi ki te vin lakay la. Men sa l te di: “M te achte sa a paske l te koute senk santim sèlman.” Mesye yo te retounen nan dimanch ki te vin apre a. Yo te di n yo se Temwen Jewova e yo sèvi ak Bib la pou yo reponn kesyon moun yo genyen. Nou te kontan paske paran nou te aprann nou respekte Pawòl Bondye a. Anplis de sa, de mesye yo te di n, nan jou ki pral vini yo, Temwen yo ap fè yon kongrè nan Winipèg, yon vil kote yon sè m ki rele Elsie te abite. M te deside asiste kongrè a.

M te fè 320 kilomèt ap pedale bisiklèt mwen an nan yon wout ki difisil pou m t al Winipèg, men m te fè yon ti kanpe nan wout nan vil Kèlwoud, kote de Temwen ki te vin lakay nou an te abite. Pandan m te la, m te asiste yon reyinyon e m te aprann ki sa yon kongregasyon ye. Mete sou sa, m te vin rann mwen kont tout gason, tout fi ak tout jèn dwe anseye kay an kay, menm jan ak Jezi.

Nan Winipèg, m te rankontre yon gran frè m ki rele Jack ki te vwayaje sot nan nò Ontaryo pou l vin nan kongrè a. Nan premye jou kongrè a, gen yon frè ki te anonse ap gen batèm. Mwen menm ak Jack te deside batize nan kongrè sa a. Nou toule de te detèmine pou n kòmanse sèvis pyonye apre batèm nou, kou sa posib. Jack te antre nan sèvis aplentan tousuit apre kongrè a. Piske m te gen 16 an, m te oblije tounen lekòl, men nan ane ki te vin apre a, m te vin pyonye pèmanan tou.

MWEN TE APRANN ANPIL LESON

Mwen te kòmanse nan sèvis pyonye a nan Souris, yon vil nan Manitoba, e m te avèk Stan Nicolson. M pa t pran tan pou m wè sèvis pyonye pa toujou fasil. Lajan nou t ap fini tikras pa tikras, men nou te kontinye preche. Yon lè, apre n te fin fè tout yon jounen ap preche, nou te tounen lakay san senkòb e n te grangou anpil. Se pa ti sezi n te sezi lè n te jwenn yon gwo sak pwovizyon devan pòt nou! Jis jounen jodi a, nou pa konn kiyès ki te mete l. Jou swa sa a, nou te manje tankou wa. Ala yon bèl rekonpans dèske n pa t kite men n tonbe! Anfèt, nan fen mwa sa a, m te peze plis pase kèlkeswa epòk nan lavi m.

Kèk mwa annapre, yo te voye n Gilbert Plains, yon vil ki te nan yon distans anviwon 240 kilomèt nan nò Souris. Nan epòk sa a, chak kongregasyon te gen yon gwo tablo afichaj sou estrad la ki montre aktivite predikasyon kongregasyon an chak mwa. Lè aktivite kongregasyon an bese, m te konn fè yon diskou pou m montre frè ak sè yo bezwen fè efò pou yo amelyore. Apre reyinyon an, men sa yon sè ki pyonye ki granmoun, men mari l pa nan laverite, te di m ak dlo nan je: “M te fè efò, men m jis pa t kapab fè plis pase sa m te fè a.” Apre sa, m te kriye tou, e m te mande l padon.

Menm jan sa te rive m, li fasil pou jèn frè ki gen anpil enèji yo fè kalite erè sa yo e annapre yo ka santi yo dekouraje. Sepandan, eksperyans mwen fè aprann mwen olye yon moun kite men l tonbe, li pi bon pou l aprann yon leson nan erè l fè e pou l sonje leson sa a toutpandan l ap kontinye avanse. Mete sou sa, lè n fidèl nan sèvis la n ap jwenn rekonpans.

BATAY KEBÈK LA

Se te yon gwo privilèj pou mwen lè m te gen 21 an pou m te asiste 14yèm klas Lekòl Galaad la ki te gradye nan mwa fevriye 1950! Yo te voye anviwon yon ka nan elèv ki te nan menm klas avè m yo nan Kebèk nan Kanada, yon zòn kote yo pale fransè e kote yo te pèsekite Temwen yo anpil. Yo te voye m Valdò, yon vil ki nan yon zòn ki gen anpil min lò. Yon jou, nou te fòme yon gwoup e nou t al preche nan yon vilaj ki toupre ki rele Valsenevil. Prèt ki te nan zòn nan te fè n menas pou l fè vyolans sou nou si n pa kite vilaj la tousuit. Menas li te fè a te pouse m al depoze yon plent lajistis. Yo te bay prèt la yon amann *.

Sitiyasyon sa a ak anpil lòt ankò ki sanble avè l te vin fè pati “Batay Kebèk la”. Legliz katolik women te kontwole Kebèk pandan plis pase 300 an. Chèf relijye yo ak politisyen ki te patizan yo te pèsekite Temwen Jewova yo. Se pa t yon epòk ki te fasil, e nou pa t anpil, men nou pa t kite men n tonbe. Moun ki t ap viv Kebèk ki te gen bon kè yo te byen reyaji. M te gen privilèj etidye ak plizyè moun ki te aksepte laverite. Youn nan etid Labib m te genyen yo se te yon fanmi ki te gen dis moun. Tout fanmi an te vin ap sèvi Jewova. Kouraj yo te demontre te yon egzanp ki te pouse lòt moun kite Legliz katolik. Nou te kontinye preche, e alafen nou te genyen batay la!

FRÈ YO JWENN FÒMASYON NAN LANG YO PALE A

An 1956, yo te voye m al sèvi ann Ayiti. Pifò nouvo misyonè nan peyi sa a te fè anpil efò pou yo aprann fransè, men moun yo te konn koute. Men sa yon misyonè ki rele Stanley Boggus te di: “Nou te sezi wè moun yo fè tout sa yo kapab pou yo ede n pale.” Okòmansman, m te gen yon avantaj paske m te aprann fransè lè m te Kebèk. Men, nou pa t pran tan pou n wè pifò frè yo nan peyi a te pale kreyòl ayisyen sèlman. Donk, si n te vle jwenn bon rezilta antanke misyonè, nou te dwe aprann lang yo pale a. Nou te fè sa, e n te jwenn rekonpans pou efò n te fè yo.

Pou n te ka ede frè yo plis toujou, Kolèj santral la te ban n pèmisyon pou n tradui Toudegad ak lòt piblikasyon nan lang kreyòl ayisyen. Byen vit, kantite moun ki te konn asiste reyinyon nan tout peyi a te vin ogmante. Te gen 99 pwoklamatè ann Ayiti nan ane 1950, men kantite sa a te vin ogmante e l te rive plis pase 800 pwoklamatè an 1960! Nan epòk sa a, m t ap sèvi nan Betèl la. An 1961, m te kontan ede frè yo kondui Lekòl ministè Wayòm nan. Nou te rive bay 40 siveyan kongregasyon ak pyonye espesyal fòmasyon. Nan kongrè ki te fèt nan mwa janvye 1962 a, nou te ankouraje frè ki kalifye k ap viv nan peyi a pou yo chèche fè plis nan travay predikasyon an, e gen kèk nan yo yo te nome pyonye espesyal. Sa te fèt atan paske t apral gen opozisyon pi devan.

Jou ki te 23 janvye 1962 a, tousuit apre kongrè a, yo te arete m ansanm ak yon misyonè ki rele Andrew D’Amico nan filyal la, e yo te sezi stòk Reveye n! 8 janvye 1962 a (fransè). Reveye n! nan te site kèk jounal fransè ki te fè konnen yo pratike vodou ann Ayiti. Gen kèk moun ki pa t renmen deklarasyon sa a e yo te fè konnen se nou menm ki te ekri atik la nan filyal la. Kèk semèn annapre, yo te depòte misyonè yo *. Men, frè nan peyi a ki te resevwa fòmasyon yo te kontinye fè yon bèl travay. Jodi a, mwen rejwi ansanm ak yo lè m wè andirans yo demontre ak pwogrè espirityèl yo fè. Kounye a, yo menm gen Labib — Tradiksyon monn nouvo a nan lang kreyòl ayisyen, yon bagay nou te ka wè sèlman nan rèv nan epòk sa a.

KONSTRIKSYON NAN REPIBLIK SANTRAFRIKÈN

Apre m te fin sèvi ann Ayiti, yo te voye m al sèvi kòm misyonè nan Repiblik Santrafrikèn. Annapre, m te gen privilèj pou m sèvi kòm siveyan sikonskripsyon epi kòm siveyan filyal.

Nan epòk sa a, gen anpil Sal Wayòm ki te senp anpil. M te aprann fason pou m ranmase pay nan rakbwa ak fason pou m kouvri kay ak yo. Lè moun ki t ap pase yo te wè jan m t ap redi nan nouvo travay sa a, se te yon evènman pou yo. Yon lòt bò, sa te ankouraje frè yo patisipe plis toujou nan konstwi ak nan pran swen Sal Wayòm pa yo. Chèf relijye yo te konn fawouche n paske legliz yo te kouvri ak tòl, men, Sal nou yo pa t konsa. Malgre sa, nou pa t dekouraje, nou te kontinye konstwi Sal Wayòm nou yo yon fason ki senp e n te kouvri yo ak pay. Fawouch sa a te vin sispann lè te gen yon gwo tanpèt ki te frape Bangui, kapital la. Li te leve twati an tòl yon legliz e l t al kraze l nan mitan lari a. Twati an pay ki te nan Sal Wayòm nou yo te rete djanm. Pou n te ka pi byen sipèvize travay Wayòm nan, nou te konstwi yon nouvo filyal ak yon nouvo kay misyonè nan senk mwa sèlman *.

MWEN MARYE AK YON MOUN KI RENMEN TRAVAY PREDIKASYON AN

Jou maryaj nou.

An 1976, yo te entèdi travay Wayòm nan nan Repiblik Santrafrikèn, e yo te voye m N’Djamena, kapital Tchad, ki te toupre. Yon bagay ki pozitif sèke m te fè konesans ak Happy, yon sè ki te pyonye espesyal e ki te moun peyi Kamewoun. Nou te marye 1ye avril 1978. Nan menm mwa sa a, gen yon gè sivil ki te eklate, e menm jan ak anpil moun, nou t al refijye n nan sid peyi a. Lè gè a fini, nou te tounen lakay nou, men nou te wè kay la tounen katye jeneral yon gwoup ame. Nonsèlman yo t ale ak piblikasyon nou yo, men tou, yo t ale ak wòb maryaj Happy a ansanm ak kado maryaj nou yo. Sepandan, nou pa t kite sa fè men n tonbe. Nou te toujou la youn pou lòt e n te vle fè plis nan travay la.

Anviwon dezan annapre, yo te leve entèdiksyon an nan Repiblik Santrafrikèn. Nou te retounen e n t al sèvi nan travay sikonskripsyon an. Kay nou se te yon bis ki gen yon kabann pliye, yon barik ki te ka pran 53 galon dlo, yon frijidè ki mache ak gaz pwopàn ak yon recho gaz. Vwayaj yo te difisil. Yon lè nan yon vwayaj, lapolis te kanpe nou omwen 117 fwa nan pòs kontwòl yo.

Souvan tanperati yo te konn monte 50 degre Sèlsiyis. Nan asanble yo, pafwa li te difisil pou n jwenn ase dlo pou batèm. Se sa k fè frè yo te konn fouye yon twou nan rivyè a ki sèch e tikras pa tikras yo te konn ranmase ase dlo pou batèm nan, byen souvan yo te konn fè l nan yon barik.

PLIS AKTIVITE NAN KÈK LÒT PEYI ANN AFRIK

An 1980, yo te voye n Nijerya. Pandan dezan edmi, nou te ede frè yo nan preparasyon ki t ap fèt pou konstriksyon nouvo filyal la. Frè yo te achte yon depo ki gen yon etaj, yo te oblije demonte l e yo t al monte l sou teren nou an. Yon jou maten, m te monte byen wo sou tèt bilding nan pou m te ede frè yo demonte l. Vè midi, m te kòmanse desann pa bak menm jan m te monte a. Men, piske n t ap demonte l, sa te chanje bagay yo, pye m te chape e m te tonbe anba. Ka m nan te parèt grav anpil, men apre yo te fin fè radyografi ak egzamen pou mwen, doktè a te di Happy: “Pa enkyete w. Li jis gen kèk ligaman ki dechire e l ap refè nan yon semèn konsa.”

Nou nan wout pou n al nan yon asanble nan “transpò piblik”.

An 1986, nou t al abite Kotdivwa, kote nou te sèvi nan travay sikonskripsyon an. Travay sa a te mennen nou jis Boukina Faso ki te toupre tèritwa nou. M pa t ap janm imajine nou t apral abite Boukina pou yon ti tan kèk ane annapre.

Lè n te nan travay sikonskripsyon an, kay nou se te yon bis.

M te kite Kanada an 1956, men nan ane 2003, apre m fin fè 47 an deyò peyi a, m te tounen nan Betèl Kanada e Happy te avè m fwa sa a. Sou papye, nou se moun Kanada, men nou te santi se moun Afrik nou ye.

M ap kondui yon etid Labib nan Boukina Faso.

Apre sa, an 2007, lè m te gen 79 an, yo te voye n Afrik ankò! Yo te voye n Boukina Faso, kote m te sèvi kòm manm Komite pou peyi a. Annapre, yo te vin chanje biwo sa a e yo te fè l tounen yon biwo tradiksyon anba sipèvizyon filyal Benen an, epi nan mwa out 2013, yo te voye n nan Betèl Benen.

Mwen menm ak Happy, lè n t ap sèvi nan filyal Benen.

Malgre fòs mwen pa pèmèt mwen fè tout sa m te konn fè, m toujou renmen preche. Pandan twazan ki pase yo, grasa bonjan èd ansyen yo ak madanm mwen ban mwen, m te kontan wè Gédéon ak Frégis, de nan etidyan Labib mwen yo, batize. Kounye a, yo chofe nan sèvis y ap bay Jewova a.

Nan menm epòk la, yo te transfere m ansanm ak madanm mwen nan filyal Afrik disid la, kote fanmi Betèl la ap ede m pran swen sante m avèk lanmou. Afrik disid se setyèm peyi ann Afrik kote m gen privilèj pou m sèvi. Epi, nan mwa oktòb 2017, nou te resevwa yon gwo benediksyon. Nou te gen posiblite asiste inogirasyon syèj mondyal la nan Wòwik, Nouyòk. Se yon evènman nou pap janm bliye!

Men sa nou li nan liv Aktivite 1994 la, paj 255 (fransè): “Men ankourajman n ap bay tout moun ki kontinye nan travay la pandan plizyè ane: ‘Se pou n met kouraj sou nou epi pa kite men n tonbe, paske y ap rekonpanse n pou travay nou fè.’ — 2 Kwo. 15:7.” Mwen menm ak Happy detèmine pou n suiv konsèy sa a e pou n ankouraje lòt moun fè menm jan an.

^ § 9 Se Temwen Jewova ki te pibliye liv sa a an 1944. Yo pa enprime l ankò.

^ § 18 Gade atik ki gen tit “Yo kondane yon prèt nan Kebèk paske l te atake Temwen Jewova” ki te parèt nan Reveye n! 8 novanm 1953, paj 3-5 (anglè).

^ § 23 N ap jwenn plis esplikasyon sou sa nan Liv aktivite Temwen Jewova yo — 1994, paj 148-150 (fransè).

^ § 26 Gade atik ki gen tit “Konstwi sou yon fondasyon ki solid” ki te parèt nan Reveye n! 8 me 1966, paj 27 (anglè).