Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske fason w abiye bay Bondye glwa?

Èske fason w abiye bay Bondye glwa?

“Fè tout bagay pou glwa Bondye.” — 1 KORENTYEN 10:31.

KANTIK: 34, 61

1, 2. Poukisa Temwen Jewova yo gen bonjan prensip pou gide yo nan kesyon abiman? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

GEN yon jounal nan Peyiba ki te esplike fason yon seri responsab legliz te abiye nan yon reyinyon yo te òganize. Men sa l te di: “Nou te wè anpil moun abiye yon fason ki twò rilaks, sitou lè l fè cho.” Sepandan, menm jounal sa a te fè konnen se pa fason sa a Temwen Jewova yo te abiye nan yon kongrè yo te òganize. Jounal la te rapòte tigason yo ak mesye yo te met vès ak kravat e tifi yo ak medam yo te met jip ki gen yon longè ki kòrèk, men ki alamòd. Byen souvan, moun felisite Temwen Jewova yo pou fason yo abiye. Apot Pòl te fè konnen kretyen yo dwe abiye yon fason ki “senp e avèk bon jijman”, sa ki apwopriye pou sèvitè Bondye yo (1 Timote 2:9, 10, nòt). Byenke Pòl t ap pale de fi yo, menm prensip sa a valab pou gason ki kretyen yo.

2 Antanke pèp Jewova, sa enpòtan pou nou pou n gen bonjan prensip k ap gide nou nan fason nou abiye, e sa enpòtan tou pou Bondye n ap adore a (Jenèz 3:21). Bib la fè konnen aklè, Jewova, Souvren linivè a, etabli yon seri prensip sou fason li vle sèvitè l yo abiye. Donk, sa nou chwazi met sou nou dwe nonsèlman fè n plezi, men, sa k pi enpòtan an, li dwe fè Jewova, Seyè ki Souvren an, plezi.

3. Ki sa n ka aprann sou kesyon abiman nan Lwa Bondye te bay Izrayelit yo?

3 Nan Lwa Moyiz la, te gen yon seri règ ki te pwoteje Izrayelit yo kont nasyon ki te ozalantou yo ki t ap viv yon fason ki imoral anpil. Selon Lalwa, Jewova pa wè sa byen ditou pou moun met rad ki fè l difisil pou moun wè si yo se gason oubyen si yo se fi. Jodi a, gen yon seri stil ki fè l difisil pou moun wè si yon moun se gason oubyen si l se fi. (Li Detewonòm 22:5.) Lwa Moyiz la montre Jewova pa renmen rad ki fè gason sanble ak fi, ki fè fi sanble ak gason, oubyen ki fè l difisil pou moun wè si yon moun se gason oubyen si l se fi.

4. Ki sa k ka ede kretyen yo pran bon desizyon sou fason yo dwe abiye?

4 Prensip ki nan Bib la ka ede nou pran bon desizyon sou fason nou dwe abiye. Prensip sa yo valab kèlkeswa peyi a oswa klima kote n ap viv la oswa kèlkeswa kilti nou. Nou pa bezwen yon lis byen long sou abiman ki akseptab oswa ki pa akseptab. Nou jis bezwen suiv prensip ki nan Bib la, yon seri prensip ki toujou ban nou posiblite pou n mete sa nou renmen. Annou egzamine kèk prensip biblik ki ka ede n konnen “volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè” lè n gen pou n deside ki sa n ap mete sou nou. — Women 12:1, 2.

“NOU REKÒMANDE TÈT NOU KÒM SÈVITÈ BONDYE”

5, 6. Ki efè fason nou abiye dwe genyen sou lòt moun?

5 Bondye te enspire apot Pòl pou l bay prensip enpòtan nou jwenn nan 2 Korentyen 6:4 la. (Li vèsè a.) Aparans nou voye yon mesaj bay lòt moun, e sa anpil moun pral panse de nou ap baze sou aparans nou (1 Samyèl 16:7). Piske nou se sèvitè Bondye, nou pa dwe annik met bagay ki konfòtab oswa bagay nou renmen, nou bezwen fè plis pase sa. Lè n aplike prensip ki nan Bib la, sa dwe ede nou evite met rad ki sere, rad ki kale kò, oswa ki eveye dezi seksyèl lakay moun. Sa vle di nou dwe evite met rad ki pa kouvri pati entim nou oswa ki fè yo parèt. Pèsonn pa ta dwe santi yo jennen oswa yo oblije vire tèt yo lè yo wè fason nou abiye.

Lè rad nou byen ranje, nou pwòp, aparans nou kòrèk e rad nou senp, moun yo ka vin gen plis respè pou nou antanke sèvitè Jewova, Seyè ki Souvren an.

6 Lè rad nou byen ranje, nou pwòp, aparans nou kòrèk e rad nou senp, moun yo ka vin gen plis respè pou nou antanke sèvitè Jewova, Seyè ki Souvren an. Epitou, yo ka vin plis anvi konnen Bondye n ap adore a, yo ka vin gen plis respè pou òganizasyon nou an, e yo ka pi dispoze koute mesaj nou an k ap sove lavi moun.

7, 8. Ki lè sitou nou bezwen abiye yon fason ki apwopriye?

7 Se yon obligasyon nou genyen anvè Bondye nou an ki sen, anvè frè ak sè n yo ansanm ak moun ki nan tèritwa nou pou n abiye yon fason ki onore Jewova ak mesaj n ap preche a (Women 13:8-10). Sa nou met sou nou enpòtan sitou lè n pral nan reyinyon ak lè n ap preche. Antanke moun k ap adore Bondye, nou dwe abiye yon fason ki kòrèk (1 Timote 2:10). Se vre, gen rad ki apwopriye pou yon okazyon, men, ki gendwa pa apwopriye pou yon lòt okazyon. Se sa k fè, kèlkeswa kote n ap viv, antanke Temwen Jewova, nou dwe evite choke lòt moun akoz fason nou abiye.

Èske abiman w ap fè lòt moun gen respè pou Bondye ou reprezante a? (Gade paragraf 7, 8.)

8 Li 1 Korentyen 10:31. Lè n al nan asanble ak nan kongrè, abiman nou dwe kòrèk e li dwe senp. Nou pa dwe imite stil abiman ki egzajere anpil moun genyen nan monn nan. Menm lè se anvan oswa apre pwogram nan, e menm lè n ap antre oswa n ap soti kote nou loje a, nou dwe asire nou abiman nou pa twò rilaks oswa twò vag. Konsa, n ap santi n fyè pou n idantifye nou antanke Temwen Jewova, e n ap santi n pare pou n bay temwayaj kèlkeswa moman an.

9, 10. Poukisa Filipyen 2:4 dwe gen efè sou sa n ap mete?

9 Li Filipyen 2:4. Poukisa nou dwe reflechi sou efè abiman nou genyen sou frè ak sè nou yo nan kongregasyon an? Youn nan rezon ki fè sa, se paske pèp Bondye a fè anpil efò pou yo suiv konsèy ki di: “Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl.” (Kolosyen 3:2, 5). Gen kèk nan frè ak sè nou yo ki te abandone yon vi ki imoral nan domèn seksyèl, men ki gendwa toujou ap goumen ak move dezi. Si nou pa fè atansyon, fason nou abiye ka fè l vin pi difisil pou yo suiv konsèy Bib la bay pou yo goumen ak dezi sa yo (1 Korentyen 6:9, 10). Nou pa ta renmen fè konba y ap mennen an vin pi difisil pou yo, pa vre?

10 Lè n ansanm ak frè ak sè n yo, nou pwoteje anba moun k ap ankouraje moun fè imoralite. Fason nou abiye dwe kontribye pou anbyans sa a rete pwòp, kit nou nan reyinyon, kit nou nan yon lòt aktivite. Byenke nou lib pou n chwazi sa n ap met sou nou, nou gen responsablite tou pou n met rad ki fè l pi fasil pou lòt moun kenbe panse yo, pawòl yo ak konduit yo pwòp nan je Bondye (1 Pyè 1:15, 16). Vrè lanmou an “pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l”. — 1 Korentyen 13:4, 5.

ABIMAN KI APWOPRIYE POU CHAK MOMAN AK CHAK KOTE

11, 12. Ki jan Eklezyas 3:1, 17 ede nou pou n rezonab?

11 Lè sèvitè Bondye yo ap deside ki sa y ap mete, yo konnen “gen yon lè pou chak aktivite ak chak aksyon”. (Eklezyas 3:1, 17.) Gen divès bagay ki ka gen efè sou sa n ap mete, tankou klima a, sezon yo, kondisyon n ap viv ak sitiyasyon nou. Men, prensip Jewova yo pa janm chanje. — Malachi 3:6.

Prensip Jewova yo pa janm chanje.

12 Lè l fè cho, li pi difisil pou n veye pou abiman nou montre nou gen respè pou lòt moun e pou l senp. Frè ak sè nou yo kontan lè nou pa met rad ki tèlman sere oswa ki tèlman laj sa fè moun wè tout kò nou (Jòb 31:1). Mete sou sa, lè n nan plaj oswa nan pisin, sa nou mete pou n benyen yo dwe kòrèk (Pwovèb 11:2, 20). Menmsi anpil moun nan monn nan ap benyen ak kostim deben kale kò, nou dwe asire nou sa nou chwazi met sou nou onore Jewova, Bondye nou an ki sen.

13. Poukisa konsèy nou jwenn nan 1 Korentyen 10:32, 33 a ta dwe gen efè sou abiman n ap chwazi?

13 Gen yon lòt prensip enpòtan ki ta dwe gen efè sou abiman n ap chwazi. Nou dwe veye pou n pa nui konsyans lòt moun. (Li 1 Korentyen 10:32, 33.) Se responsablite pa nou pou n evite met rad ki ka choke ni frè ak sè nou yo, ni moun ki pap sèvi Jewova. Men sa apot Pòl te ekri: “Se pou nou chak fè pwochen nou plezi pou byen l, pou nou ankouraje l.” Epi, Pòl te bay rezon ki fè l te di sa, li te di: “Paske, menm Kris la pa t fè tèt li plezi.” (Women 15:2, 3). Menm jan ak Jezi, nou dwe bay volonte Bondye ak èd n ap bay lòt moun plis enpòtans pase preferans nou. Se sa k fè, nou pap chwazi mete stil rad nou renmen, men, ki ka fè moun pa tande mesaj nou an.

14. Ki jan paran yo ka fòme pitit yo pou yo bay Bondye glwa nan fason yo abiye?

14 Paran kretyen yo gen responsablite pou yo anseye pitit yo pou yo suiv prensip biblik yo. Sa vle di yo bezwen asire yo yo menm ak pitit yo fè kè Bondye kontan nan fason yo abiye ak nan aparans yo ki senp (Pwovèb 22:6; 27:11). Ki jan paran yo ka fòme pitit yo pou yo gen respè pou Bondye nou an ki sen e pou prensip li yo? Paran yo dwe bay pitit yo bon egzanp. Epitou, avèk lanmou, yo dwe anseye pitit yo ki kote ak ki fason y ap jwenn rad ki apwopriye pou yo mete. Timoun yo pa dwe chwazi rad y ap mete senpleman paske yo renmen rad sa yo, men, sa k pi enpòtan an, yo dwe chwazi rad ki onore Jewova, Bondye yo reprezante a.

SÈVI AK LIBÈTE W GENYEN AN YON FASON KI SAJ

15. Ki sa k ta dwe ede nou pran desizyon ki saj?

15 Bib la se yon bon gid ki kapab ede n pran desizyon ki saj k ap onore Bondye. Aktout sa, sa nou met sou nou montre sa nou renmen. Stil nou renmen ak rad nou kapab achte ka pa menm ak stil lòt moun renmen ak sa yo kapab achte. Men, rad nou dwe toujou byen ranje, pwòp, senp, apwopriye pou okazyon an, e l dwe akseptab pou zòn n ap viv la.

16. Poukisa sa vo lapenn pou n fè efò pou n byen abiye?

16 Li pa toujou fasil pou moun jwenn abiman ki senp e ki apwopriye. Gen anpil magazen ki vann sèlman rad ki alamòd. Se sa k fè, sa ka mande plis tan ak plis efò pou moun jwenn jip, wòb, kòsaj, oubyen pou yo chwazi kostim ak pantalon ki pa twò sere. Men, frè ak sè n yo ap wè efò nou fè pou n met rad ki bèl e ki apwopriye, e y ap bay sa anpil valè. Epitou, satisfaksyon nou jwenn dèske nou fè Papa nou ki nan syèl la nou renmen an jwenn glwa gen plis valè lontan pase kèlkeswa sakrifis nou ta ka fè pou n abiye yon fason ki ba l glwa.

17. Ki sa k ka ede yon frè konnen si l ka kite bab nan figi l?

17 Èske l apwopriye pou frè yo kite bab nan figi yo? Lwa Moyiz la te mande pou gason yo kite bab nan figi yo. Sepandan, kretyen yo pa sou Lwa Moyiz la, ni yo pa mande yo pou yo suiv li (Levitik 19:27; 21:5; Galat 3:24, 25). Nan kèk kilti, moun yo ka aksepte pou moun gen bab ki byen fèt e yo ka respekte sa, epi sa ka pa bay okenn pwoblèm pou moun koute mesaj nou an. Anfèt, gen kèk frè nome ki gen bab. Malgre sa, gen kèk frè ki ka deside pa kite bab nan figi yo (1 Korentyen 8:9, 13; 10:32). Nan lòt kilti oswa nan lòt zòn, se pa koutim moun yo pou yo kite bab nan figi yo e yo pa wè l akseptab pou kretyen fè sa. Anfèt, sa ka anpeche yon frè bay Bondye glwa e sa ka fè l pa vin “san repwòch”. — 1 Timote 3:2, 7; Women 15:1-3.

18, 19. Ki jan Miche 6:8 ede nou?

18 Nou gen Jewova anpil rekonesans poutèt li pa ban nou yon seri lis byen long pou abiman ak aparans ki akseptab oswa ki pa akseptab. Olye de sa, li ban nou libète pou n pran desizyon ki rezonab ki baze sou prensip ki nan Bib la. Se sa k fè, menm lè n ap pran desizyon ki gen rapò ak abiman nou ak aparans nou, nou kapab montre nou vle rekonèt limit nou toutpandan n ap sèvi Bondye nou an. — Miche 6:8.

19 Avèk imilite, nou rekonèt Jewova se yon Bondye ki pwòp, ki sen, e prensip li yo se pi bon gid nou genyen. Si n vle rekonèt limit nou e nou vle gen imilite, n ap suiv prensip li yo nan lavi nou. Mete sou sa, lè n rekonèt limit nou, sa ap ede nou respekte santiman lòt moun ak opinyon yo.

20. Ki efè abiman nou ak aparans nou dwe gen sou lòt moun?

20 Abiman nou dwe montre byen klè nou se sèvitè Jewova. Prensip Jewova yo wo nivo, e nou kontan suiv yo. An jeneral, frè ak sè nou yo merite felisitasyon pou aparans yo ak bon konduit yo genyen, sa atire moun ki sensè yo pou yo aksepte mesaj Bib la bay k ap sove lavi yo, e sa fè Jewova jwenn glwa ak kè kontan. Lè n pran desizyon ki saj konsènan sa n ap mete, n ap kontinye fè louwanj pou Sila a ki abiye “ak diyite e ak glwa” a. — Sòm 104:1, 2.