Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye lite pou w jwenn benediksyon Jewova

Kontinye lite pou w jwenn benediksyon Jewova

“[Ou] te lite ni ak Bondye ni ak moun, e alafen ou genyen.” — JENÈZ 32:28.

KANTIK: 60, 38

1, 2. Nan ki konba sèvitè Jewova yo ye?

SOTI nan Abèl, yon moun ki te jis, rive nan moun ki fidèl yo jodi a, tout sèvitè fidèl Bondye yo nan yon konba. Apot Pòl te fè kretyen ebre yo konnen yo “te mennen yon gwo konba malgre [yo] te soufri anpil” toutpandan yo t ap eseye jwenn favè ak benediksyon Jewova (Ebre 10:32-34). Pòl te konpare konba kretyen yo ladan l lan ak konba atlèt yo te konn fè nan chanpyona Grèk yo te konn òganize ki te gen ladan yo kous, lit ak bòks (Ebre 12:1, 4). Jodi a, nou nan kous pou lavi a, nou gen ènmi ki vle fè n distrè e ki vle fè n pèdi jwa nou genyen kounye a ak rekonpans nou pral jwenn alavni yo.

2 Pi gwo konba oswa “lit” n ap mennen se kont Satan ak monn li an (Efezyen 6:12, nòt). Li enpòtan anpil pou n pa kite ansèyman monn nan, filozofi l yo ak move konduit moun ki ladan l yo genyen, tankou fè imoralite, fimen, bwè twòp alkòl ak pran dwòg, kontamine nou. Mete sou sa, nou dwe kontinye goumen kont dekourajman ak feblès nou genyen. — 2 Korentyen 10:3-6; Kolosyen 3:5-9.

3. Ki jan Bondye antrene nou pou n goumen ak ènmi nou yo?

3 Èske l vrèman posib pou n genyen konba n ap fè ak ènmi sa yo ki pisan? Wi, men sa pap fasil! Pòl te konpare tèt li ak yon moun k ap fè bòks lè l te di: “M ap tire kou m yo yon fason pou se pa nan lib mwen tire yo.” (1 Korentyen 9:26). Menm jan de moun k ap fè bòks ap goumen youn ak lòt, nou menm tou, nou dwe goumen ak ènmi nou yo. Jewova ede nou e li antrene nou pou n fè sa. Li fè sa pa mwayen Bib la. Li ede nou tou pa mwayen piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo. Èske w sèvi ak tout enstriksyon ou jwenn yo? Si w pa fè sa, ou gendwa pa kapab byen goumen ak ènmi w lan, w ap tankou yon moun k ap fè bòks k ap tire kou nan lib.

4. Ki jan n ka anpeche sa ki mal pot laviktwa sou nou?

4 Nou dwe vijilan toutan. Poukisa? Se paske ènmi nou yo ka atake nou sanzatann oswa lè nou fèb. Nonsèlman Bib la avèti nou, men li ankouraje nou lè l di: “Pa kite sa ki mal pot laviktwa sou ou, men kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen.” (Women 12:21). Si nou kontinye goumen kont sa ki mal, nou kapab pot laviktwa! Men, si nou bese vijilans nou e nou sispann goumen, lè sa a, Satan, monn li an ak feblès nou yo ka pot laviktwa sou nou. Kidonk, pa janm bay legen! Pinga w dekouraje e pinga w kite men w vin fèb! — 1 Pyè 5:9.

5. a) Ki sa n dwe sonje pou n ka gen favè ak benediksyon Bondye? b) Egzanp ki moun nan Bib la nou pral egzamine?

5 Pou n ka pot laviktwa, nou dwe sonje rezon ki fè n ap lite. N ap lite paske nou vle gen favè ak benediksyon Bondye. Men sa Ebre 11:6 di: “Yon moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li egziste e li dwe kwè li tounen Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre.” Chèche Jewova toutbonvre vle di nou dwe fè anpil efò si nou vle gen favè l (Travay 15:17). Nan Bib la, gen anpil gason ak fi ki kite bèl egzanp nan sans sa a. Jakòb, Rachèl, Jozèf ak Pòl, yo tout te rankontre sitiyasyon ki te difisil pou yo nan domèn afektif ak nan domèn fizik. Men, yo te rive fè fas ak yo. Egzanp moun sa yo montre si nou fè anpil efò, nou menm tou, nou ka jwenn benediksyon Jewova. Ann wè kòman.

W AP JWENN BENEDIKSYON SI W PÈSEVERE

6. Ki sa k te ede Jakòb pèsevere, e ki rekonpans li te jwenn? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

6 Jakòb, yon moun ki te fidèl, te lite e li te andire paske l te renmen Jewova e li te bay relasyon li te gen avè l la anpil valè. Li te gen yon lafwa total nan pwomès Jewova te fè pou l beni desandan l yo (Jenèz 28:3, 4). Lè Jakòb te prèske gen 100 an, li te menm lite ak yon zanj pou l resevwa yon benediksyon nan men Bondye. (Li Jenèz 32:24-28.) Èske Jakòb te gen ase fòs vre pou l te lite ak zanj pisan sa a? Nòmalman, non! Men, li te gen anpil detèminasyon, e l te bay prèv li te vle fè anpil efò pou l jwenn yon benediksyon! Jewova te beni Jakòb paske l te pèsevere e li te rele l Izrayèl, ki vle di “Moun ki lite (oubyen pèsevere) ak Bondye”. Jakòb te jwenn menm rekonpans n ap chèche a, sa vle di, favè ak benediksyon Jewova.

7. a) Ki sitiyasyon ki te fè Rachèl dekouraje? b) Ki sa Rachèl te fè, e ki jan Bondye te beni l?

7 Rachèl, madanm Jakòb te renmen anpil la, te chofe pou l wè jan Jewova t ap kenbe pwomès li te fè mari l la. Men, te gen yon pwoblèm. Rachèl pa t ka fè pitit. Nan epòk sa a, pwoblèm sa a te konn fè medam yo soufri anpil. Ki jan Rachèl te kontinye lite malgre sitiyasyon li te ladan l lan te fè l dekouraje? Li pa t janm pèdi espwa. Olye de sa, pou l te kontinye lite, li te priye Jewova pi plis toujou. Jewova te tande priyè sensè Rachèl te fè yo, e Rachèl te santi Jewova beni l lè finalman li te vin gen pitit. Se poutèt sa li te di: “Mwen fè yon gwo lit [...] e se mwen ki genyen!” — Jenèz 30:8, 20-24.

8. Ki pwoblèm Jozèf te jwenn, e ki bon egzanp li kite pou nou?

8 Petèt, fidelite Jakòb ak Rachèl te enfliyanse Jozèf, pitit gason yo, e sa te ede Jozèf lè l te jwenn pwoblèm nan lavi a. Lè Jozèf te gen 17 an, lavi l te chanje nèt. Frè l yo, ki te jalou sò l, te vann li kòm esklav. Annapre, li te pase plizyè ane nan prizon nan peyi Ejip, byenke l te inosan (Jenèz 37:23-28; 39:7-9, 20, 21). Men, Jozèf pa t vin dekouraje, li pa t vin gen rankin, e li pa t chèche tire revanj. Poukisa? Paske Jozèf te bay relasyon l ak Jewova anpil valè e li te ret konsantre sou relasyon sa a ak tout kè l (Levitik 19:18; Women 12:17-21). Egzanp Jozèf la kapab ede nou. Menmsi fason nou te leve a pa t bon oubyen fason n ap viv jodi a parèt sanzespwa, nou dwe kontinye lite epi pèsevere. Lè nou fè sa, nou mèt gen asirans Jewova ap beni nou. — Li Jenèz 39:21-23.

9. Ki jan n ka imite Jakòb, Rachèl ak Jozèf?

9 Jodi a, nou menm tou, nou ka oblije andire anba gwo pwoblèm. Petèt w ap soufri akoz enjistis, prejije oswa akoz moun ap pase w nan rizib, oubyen akoz lòt moun jalou sò w. Olye w vin dekouraje, sonje ki sa k te ede Jakòb, Rachèl ak Jozèf kontinye sèvi Jewova ak kè kontan. Bondye te ba yo fòs e l te beni yo paske yo te vrèman bay relasyon yo te gen avè l la anpil valè. Yo te kontinye goumen oswa lite, e yo te kontinye aji ann amoni ak priyè yo. Piske n ap viv nan dènye jou yo, li enpòtan pou n kenbe esperans nou genyen pou lavni an djanm! Èske w dispoze lite oswa fè anpil efò pou w jwenn favè Jewova?

SE POU W DISPOZE LITE POU W JWENN YON BENEDIKSYON

10, 11. a) Sa k fè n ka bezwen lite pou n jwenn benediksyon Bondye? b) Ki sa k ap ede n pran desizyon ki bon yo?

10 Sa k fè n ka bezwen lite pou n jwenn benediksyon Bondye? Youn nan rezon yo se paske nou enpafè, nou gendwa ap lite kont yon seri move dezi. Gen moun k ap lite pou yo chanje fason yo wè travay predikasyon an, e gen lòt k ap lite akoz pwoblèm sante oswa akoz yo santi yo poukont yo. Gen lòt moun ankò ki twouve l difisil pou yo padone moun ki te fè yo mal. Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou tout bezwen goumen kont yon seri bagay ki fè l difisil pou n sèvi Bondye, Sila a ki rekonpanse moun ki fidèl yo.

Èske w ap lite pou w jwenn benediksyon Bondye? (Gade paragraf 10, 11.)

11 Vrèmanvre, li ka difisil anpil pou n viv antanke kretyen e pou n pran desizyon ki bon yo, sitou lè n ap goumen ak move dezi (Jeremi 17:9). Si se ka pa w, priye Jewova epi mande l pou l ba w lespri sen. Lapriyè ak lespri sen kapab ede w jwenn fòs pou w fè sa ki dwat, apre sa, w ap kapab jwenn benediksyon Bondye. Se pou w pran detèminasyon pou w viv ann amoni ak priyè w. Fè efò pou w li Labib chak jou, epi rezève tan pou w fè etid pèsonèl ou ak adorasyon an fanmi. — Li Sòm 119:32.

12, 13. Ki jan de kretyen te jwenn èd pou yo kontwole move dezi yo genyen?

12 Gen anpil egzanp ki montre jan Pawòl Bondye a, lespri sen ak piblikasyon nou yo ede frè ak sè nou yo venk move dezi yo genyen. Gen yon adolesan ki te li atik ki gen tit “Comment résister aux mauvais désirs?” ki te parèt nan Réveillez-vous! 8 desanm 2003 a. Ki jan l te reyaji? Li te di: “M ap goumen pou m kontwole move panse mwen genyen yo. Lè m te wè nan atik la, ‘pou anpil moun, batay pou rive venk move dezi se yon batay ki vrèman difisil’, sa te fè m santi m fè pati yon fanmi frè ak sè. Mwen te santi mwen pa t poukont mwen.” Jèn sa a te jwenn byenfè tou nan atik ki gen tit “Dieu approuve-t-il les mœurs ‘différentes’?” ki te parèt nan Réveillez-vous! 8 oktòb 2003 a. Nan atik sa a, li te remake, pou kèk moun, batay la pa janm sispann, li tankou “yon pikan nan chè” yo (2 Korentyen 12:7). Malgre sa, toutpandan y ap kontinye batay pou konduit yo ret pwòp, yo gen bonjan espwa pou lavni. Men sa l te di: “Pou rezon sa a, mwen panse chak jou ki pase mwen kapab ret fidèl. Mwen gen Jewova anpil rekonesans dèske l sèvi ak òganizasyon l lan pou l ede nou lite chak jou nan sistèm mechan sa a.”

13 Ann egzamine yon lòt eksperyans yon sè k ap viv Etazini te fè. Men sa l ekri: “Mwen vle di nou mèsi paske nou toujou ban nou manje nou bezwen nan moman nou bezwen l lan. Mwen konn santi se pou mwen yo ekri atik sa yo. Gen plizyè ane depi m ap goumen ak yon gwo dezi pou m fè yon bagay Jewova rayi. Pafwa, mwen konn anvi bay legen epi m sispann goumen. Mwen konnen Jewova gen mizèrikòd e li konn padone, men, piske m gen move dezi sa a e nan fon kè m mwen pa rayi l, mwen santi mwen pa anmezi pou m resevwa èd li. Batay sa a ki pa janm fini an gen efè sou tout aspè nan lavi m. [...] Apre m te fin li atik ki gen tit ‘Èske w gen “yon kè pou w konnen” Jewova?’ ki te parèt nan Toudegad 15 mas 2013 la, mwen te vrèman rann mwen kont Jewova vle ede m.”

14. a) Ki jan Pòl te santi l parapò ak konba li t ap mennen an? b) Ki jan n ka rive pot laviktwa sou feblès nou yo?

14 Li Women 7:21-25. Grasa eksperyans Pòl te fè, li te konnen jan sa ka difisil pou yon moun goumen ak move dezi ansanm ak feblès li genyen. Sepandan, li te gen asirans li t ap kapab genyen batay la si l te priye Jewova, si l te konte sou li pou ede l, e si l te demontre lafwa nan sakrifis Jezi a. E nou menm? Èske n ap rive pot laviktwa sou feblès nou yo? Wi, akondisyon nou imite Pòl e nou konte nèt sou Jewova, nou pa konte sou fòs pa nou e nou gen lafwa nan ranson an.

15. Ki jan Jewova ka ede n ret fidèl e pou n andire eprèv yo?

15 Pafwa, Bondye ka kite nou fè fas ak yon sitiyasyon pou n ka montre jis nan ki pwen yon bagay enpòtan pou nou. Pa egzanp, si nou menm oswa yon moun nan fanmi nou ap soufri akoz yon gwo maladi oswa akoz yon enjistis nou sibi, ki jan n ap reyaji? Si nou met tout konfyans nou nan Jewova, n ap sipliye l pou l ban nou fòs nou bezwen pou n ka ret fidèl e pou n ka kenbe jwa nou ak relasyon nou gen avè l la djanm (Filipyen 4:13). Egzanp anpil kretyen ki t ap viv nan tan lontan ak kretyen k ap viv nan epòk nou an montre lapriyè kapab ban nou fòs ak kouraj nou bezwen pou n ka kontinye andire.

KONTINYE LITE POU W JWENN BENEDIKSYON JEWOVA

16, 17. Ki detèminasyon w dwe pran?

16 Dyab la ta renmen wè w vin dekouraje, pou w bay legen e pou w kite men w vin fèb. Donk, “sa ki bon an, kenbe l fèm”, e se detèminasyon sa a ou dwe pran (1 Tesalonisyen 5:21). Ou kapab pot laviktwa nan lit w ap mennen kont Satan an, kont monn mechan l lan e kont kèlkeswa move dezi ou genyen! Ou kapab pot laviktwa si w gen yon konfyans total Bondye ap ba w fòs e l ap ede w. — 2 Korentyen 4:7-9; Galat 6:9.

17 Kidonk, ann kontinye batay! Ann kontinye goumen! Ann kontinye lite! Ann kontinye pèsevere! Ou mèt gen yon konfyans total Jewova ap ‘vide benediksyon sou ou jiskaske ou pa manke anyen’. — Malachi 3:10.