Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou menm paran, ede pitit ou vin gen lafwa

Ou menm paran, ede pitit ou vin gen lafwa

“Nou menm jèn gason, nou menm jèn fi, [...] se pou [nou] louwe non Jewova.” — SÒM 148:12, 13.

KANTIK: 88, 115

1, 2. a) Sa k fè l pa fasil pou paran yo anseye pitit yo pou yo gen lafwa nan Jewova, e ki sèl fason paran yo kapab fè sa? b) Bay kat pwen nou pral pale de yo kounye a.

MEN sa yon manman ak yon papa nan peyi Lafrans te di: “Nou kwè nan Jewova, men sa pa vle di otomatikman pitit nou yo ap kwè nan li. Lafwa se pa yon bagay ou eritye. Se tikras pa tikras pitit nou yo ap vin genyen l.” Men sa yon frè nan peyi Ostrali te ekri: “Pi gwo defi petèt w ap jwenn nan lavi w se ede pitit ou yo devlope lafwa nan kè yo.” Men sa l te ajoute: “Ou ka gen enpresyon ou te byen reponn yon kesyon pitit ou te poze w. Apre sa, ou wè l vin poze w menm kesyon an ankò! Pitit ou gendwa dakò ak yon repons ou ba li jodi a, men demen li ka pa fin dakò avè l.” Tank timoun yo ap vin gran, anpil paran rann yo kont yo bezwen esplike yo menm bagay yo ankò epi ba yo plis detay. Epi, yo vin rann yo kont yo dwe itilize divès metòd pou yo aprann pitit yo renmen Jewova.

2 Si w se yon paran, èske pafwa ou konn ap mande tèt ou si vrèmanvre w ap ka aprann pitit ou renmen Jewova e pou yo kontinye sèvi l menm lè yo vin gran? An reyalite, nou youn pa ka fè sa poukont nou (Jeremi 10:23). Se sa k fè nou bezwen konte sou Jewova pou l ede nou. Li bay anpil konsèy pou paran yo. Ki jan w ka ede pitit ou? 1) Chèche byen konnen yo. 2) Anseye yo bagay ou konnen sou Jewova ki nan kè w. 3) Sèvi ak egzanp. 4) Priye pou w jwenn lespri sen e se pou w gen pasyans ak pitit ou.

CHÈCHE BYEN KONN PITIT OU

3. Ki jan paran yo ka imite fason Jezi te anseye disip li yo?

3 Byen souvan, Jezi te konn mande disip li yo nan ki sa yo kwè (Matye 16:13-15). Ou ka suiv egzanp li. Lè w ap fè ti pale ak pitit ou oubyen w ap fè yon bagay ansanm ak yo, mande yo sa yo panse e kite yo di w ki jan yo vrèman santi yo. Èske petèt yo gen dout sou kèk bagay? Men sa yon jèn frè ki gen 15 an e k ap viv ann Ostrali te di: “Byen souvan, papi konn pale avè m sou lafwa m e l konn ede m rezone. Li konn mande m: ‘Ki sa Bib la di?’ ‘Èske w kwè sa l di a?’ ‘Poukisa w kwè sa l di a?’ Li vle m bay repons pa m, li pa vle m annik repete sa l konn di oubyen sa manmi konn di. Tank mwen t ap grandi, mwen te dwe bay plis esplikasyon lè m ap reponn li.”

4. Poukisa l enpòtan pou w gen pasyans ak pitit ou e pou w reponn kesyon yo poze w? Bay yon egzanp.

4 Si pitit ou pa kouri kwè yon bagay Bib la anseye, se pou w gen pasyans. Ede yo jwenn repons kesyon yo poze yo. Men sa yon papa te di: “Pran kesyon pitit ou poze oserye. Pa vag sou yo kòmsi yo pa enpòtan, e pa pase sou yon sijè sèlman paske sa mete w malalèz.” An reyalite, li enpòtan pou pitit ou poze w kesyon, paske sa vle di yo vle konprann. Menm Jezi te poze kesyon lè l te jèn. (Li Lik 2:46.) Men sa yon jèn nan peyi Dànmak te di: “Lè m te di paran m m ap mande tèt mwen si nou nan vrè relijyon an, yo te ret byen kalm, byenke yo te gendwa ap enkyete pou mwen. Yo te sèvi ak Bib la pou yo reponn tout kesyon m yo.”

Pale de Jewova chak jou ak pitit ou lè n ap fè kèk aktivite ansanm.

5. Menm lè timoun yo sanble yo gen lafwa nan Jewova, ki sa paran yo dwe fè?

5 Chèche byen konn pitit ou. Pa panse yo gen lafwa nan Jewova sèlman paske y al preche oubyen y al nan reyinyon. Ki santiman yo gen pou Jewova, e ki sa yo panse de Bib la? Fè tout sa w kapab pou w wè si gen yon bagay ki fè l difisil pou yo ret fidèl ak Jewova. Pale de Jewova chak jou ak pitit ou lè n ap fè kèk aktivite ansanm. Priye pou pitit ou, kit se lè w ansanm avèk yo, kit se lè w poukont ou.

ANSEYE YO BAGAY KI NAN KÈ W OU KONNEN SOU JEWOVA

6. Lè paran yo kontinye aprann plis bagay sou Jewova e sou Bib la, ki jan sa ede yo anseye pitit yo?

6 Moun yo te kontan koute Jezi paske l te renmen Jewova e l te byen konn Ekriti yo. Epitou, yo te santi Jezi renmen yo. Se sa k fè yo te pran san yo pou yo koute l lè l ap pale (Lik 24:32; Jan 7:46). Menm jan an tou, lè pitit ou wè jan w renmen Jewova, sa fè yo renmen l tou. (Li Detewonòm 6:5-8; Lik 6:45.) Donk, se pou w kontinye fè bonjan etid nan Bib la, epi li piblikasyon nou yo regilyèman. Chèche konn plis bagay sou sa Jewova kreye yo (Matye 6:26, 28). Tank ou konn plis bagay sou Jewova, se tank w ap kapab anseye pitit ou plis bagay sou li. — Lik 6:40.

Pataje sa w aprann sou Jewova ak pitit ou.

7, 8. Chak fwa w aprann yon bagay sou Jewova, ki sa w kapab fè? Ki jan kèk paran rive fè sa?

7 Lè w aprann yon bagay sou Jewova, pale de sa ak pitit ou. Fè sa chak fwa w avèk yo, se pa sèlman lè w ap prepare reyinyon oubyen lè w ap fè adorasyon an fanmi pou w fè sa. Se sa yon manman ak yon papa k ap viv nan peyi Etazini te fè. Yo pale de Jewova ak pitit yo lè yo wè yon bèl bagay nan lanati oubyen lè y ap manje yon bon manje. Men sa yo te di: “Nou fè timoun nou yo sonje lanmou ak prevwayans Jewova te demontre nan tout sa l ban nou.” Gen yon manman ak yon papa k ap viv ann Afrik disid ki te renmen pale de kreyasyon an ak de pitit fi yo genyen yo lè y ap travay ansanm nan jaden. Petèt yo te konn pale sou fason estrawòdinè yon ti grenn vin tounen yon plant. Men sa paran sa yo te di: “Nou eseye fè pitit fi nou yo vin gen yon gwo respè pou lavi e pou fason lavi bèl e li sofistike.”

8 Yon papa k ap viv nan peyi Ostrali te mennen yon pitit gason l ki gen anviwon dizan nan yon mize. Papa a te deside pwofite okazyon sa a pou l ede pitit gason l lan fòtifye lafwa l e pou l wè prèv ki montre se Jewova ki Kreyatè a. Men sa l di: “Nou te wè yon ekspozisyon kote yo t ap montre yon seri ansyen bèt ki te konn viv nan lanmè yo rele amonit ak trilobit. Sa te touche nou pou n wè jan bèt sa yo ki pa egziste ankò te bèl, jan yo te sofistike, e jan yo pa t manke anyen, yo pa gen okenn diferans ak bèt nou ka wè jodi a. Donk, si lavi te evolye sot nan fòm ki pi senp lan pou al nan fòm ki pi konplike a, sa k fè ansyen bèt sa yo te deja sofistike konsa? Se te yon leson ki te enpresyone m anpil mwen te pataje ak pitit gason m nan.”

SÈVI AK EGZANP

9. Poukisa l bon pou n sèvi ak egzanp? Ki egzanp yon manman te pran?

9 Byen souvan, Jezi te konn sèvi ak egzanp. Li te konn rakonte istwa oubyen l te konn bay egzanp pou l anseye yon pakèt leson enpòtan (Matye 13:34, 35). Lè w sèvi ak egzanp, ou bay pitit ou okazyon pou l sèvi ak imajinasyon l. Sa ap ede yo reflechi ak leson ou vle anseye yo a, pou yo byen konprann li e pou yo sonje l. Y ap vin renmen aprann. Pa egzanp, gen yon manman nan peyi Japon ki te vle anseye de pitit gason l fason Jewova te fè atmosfè tè a montre jis nan ki pwen li gen sousi pou nou. Youn nan tigason yo te gen uit an, e lòt la te gen dizan. Pou manman an te fè sa, li te sèvi ak yon egzanp yo te kapab konprann pou laj yo. Li te bay timesye yo lèt, sik ak kafe. Epi, li te mande yo chak pou yo prepare yon tas kafe pou li. Men sa sè a te esplike: “Yo te byen pran san yo pou yo fè l. Lè m te mande yo poukisa yo fè sa, yo te di yo te vle fè kafe a jan m renmen l lan. Mwen te esplike yo se menm jan an tou Bondye te pran san l pou l melanje gaz yo nan atmosfè a fason ki bon pou nou an.” Timesye yo te kontan aprann leson sa a, e yo pa janm bliye l!

Ou ka sèvi ak egzanp ki senp pou w montre pitit ou dwe gen yon Kreyatè. (Gade paragraf 10.)

10, 11. a) Ki egzanp ou ta ka itilize pou w montre pitit ou dwe gen yon Kreyatè? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki egzanp ou konn itilize?

10 Ki egzanp ou ta ka itilize pou w montre pitit ou dwe gen yon Kreyatè? Ou ta ka sèvi ak yon resèt pou w fè yon gato ansanm ak pitit ou. Esplike l rezon ki fè li enpòtan pou n fè egzakteman sa ki nan resèt la. Lèfini, bay pitit ou a yon pòm oswa nenpòt lòt fwi, epi mande l: “Èske w te konnen pòm sa a gen yon resèt?” Apre sa, koupe pòm nan de bò e ba l youn nan ti grenn ki anndan pòm nan. Esplike l ti grenn nan tankou yon resèt. Li gen enstriksyon ladan l ki montre fason pou yo fè yon pòm. Men, enstriksyon sa yo pi konplike lontan pase enstriksyon pou yon moun fè yon gato. Ou ta ka mande l: “Se yon moun ki te envante resèt gato a. Bon, kiyès ki envante resèt pòm nan?” Si timoun nan pi gran, ou ka esplike l nan ADN ki anndan grenn pòm nan gen enstriksyon pou fè yon pye pòm ki kapab bay plis pòm. Ou ta ka menm montre l kèk foto ak egzanp ki nan paj 10 a 20 nan bwochi nou pibliye ki gen tit: Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie.

11 Gen anpil paran ki li seri atik ki rele “Hasard ou conception?” ki parèt nan Réveillez-vous! ansanm ak pitit yo. Si timoun yo piti, paran yo ka esplike yo enfòmasyon yo yon fason ki senp. Pa egzanp, gen yon manman ak yon papa nan peyi Dànmak ki te konpare avyon ak zwazo. Men sa yo te di: “Avyon sanble anpil ak zwazo. Men, èske avyon ka ponn ze pou yo kale ti avyon? Èske zwazo yo bezwen yon kote espesyal pou yo ateri? Ki diferans ou t ap di ki genyen ant son yon avyon ak chan yon zwazo? Bon, kiyès ki pi entèlijan, moun ki fè avyon yo, oubyen Sila a ki kreye zwazo yo?” Lè w rezone ak pitit ou yo e w poze yo kesyon, ou ede yo pou yo “aprann reflechi” e pou yo fòtifye lafwa yo nan Jewova. — Pwovèb 2:10-12.

12. Ki egzanp ou ka itilize pou w aprann pitit ou tout sa Bib la di egzak?

12 Ou ka sèvi ak egzanp pou w aprann pitit ou tout sa Bib la di egzak. Pa egzanp, ou ka li Jòb 26:7. (Li vèsè a.) Pa annik di pitit ou se Pawòl Jewova enfòmasyon ki nan vèsè a ye. Olye de sa, ede l sèvi ak imajinasyon l. Ou kapab di l moun nan epòk Jòb la gendwa pa t kwè tè a pandye nan lespas. Pou yo menm, tout bagay te dwe chita sou yon lòt bagay, menm jan ak yon boul oswa yon wòch. Nan epòk sa a, potko gen pèsonn ki te montre tè a te pandye nan lespas, piske potko gen teleskòp oswa veso spasyal. Leson nou ka aprann, menm lè yo te ekri Bib la depi byen lontan, li toujou egzak paske li se Pawòl Jewova. — Neyemi 9:6.

ANSEYE YO REZON KI FÈ YO BEZWEN KITE BIB LA GIDE YO

13, 14. Ki jan paran yo ka anseye pitit yo pou yo obeyi sa Bib la di?

13 Li enpòtan tou pou w anseye pitit ou kè yo ap pi kontan lè yo obeyi sa Bib la di. (Li Sòm 1:1-3.) Pa egzanp, ou ta ka mande pitit ou pou yo imajine yo menm ki pral viv sou yon zile. Yo dwe chwazi kèk moun pou al viv sou zile a avèk yo. Apre sa, ou ta kapab mande yo: “Ki kalite moun ou t ap pran al avè w si w ta renmen tout moun viv byen youn ak lòt?” Alafen, ou ta ka li Galat 5:19-23 pou ede l wè ki kalite moun Jewova vle nan monn nouvo a.

14 Konsa, ou t ap ka anseye pitit ou de leson enpòtan. Premyèman, Jewova ap anseye nou fason pou n viv ak kè kontan depi kounye a e pou n viv anpè ak lòt moun. Dezyèmman, l ap anseye nou fason pou n viv nan monn nouvo a (Ezayi 54:13; Jan 17:3). Epitou, ou ta ka montre pitit ou fason Bib la ede frè ak sè nou yo. Pa egzanp, pou w fè sa, ou ka chèche yon byografi nan youn nan piblikasyon nou yo, petèt nan ribrik “Labib chanje lavi moun” ki parèt nan Toudegad. Oubyen ou ka mande yon moun nan kongregasyon w lan pou l rakonte ou menm ak pitit ou ki jan Bib la te ede l fè gwo chanjman pou l ka fè Jewova plezi. — Ebre 4:12.

15. Ki sa k ap ede w anseye pitit ou?

15 Sèvi ak imajinasyon w pou w fè leson w ap anseye pitit ou yo vin enteresan pou yo e pou yo fè kè yo kontan. Reflechi sou divès fason ou ka ede yo pran plezi aprann plis bagay sou Jewova e vin pi pwòch avè l. Epi, kontinye fè sa toutpandan y ap grandi. Men sa yon papa te di: “Pa janm bouke eseye nouvo metòd pou w pale sou sijè nou te deja pale yo.”

PRIYE JEWOVA POU L BA W LESPRI SEN EPI PRAN PASYANS AK PITIT OU

16. Lè n ap anseye timoun, poukisa l enpòtan pou n gen pasyans? Ki jan kèk paran te montre yo gen pasyans?

16 Lespri sen Jewova ka ede pitit ou vin gen yon lafwa ki solid (Galat 5:22, 23). Men, sa ap pran tan pou lafwa yo vin solid. Donk, pran pasyans ak pitit ou, epi kontinye anseye yo. Men sa yon papa nan peyi Japon ki gen yon pitit gason ak yon pitit fi te di: “Mwen menm ak madanm mwen annik bay pitit nou yo anpil atansyon. Depi lè yo toupiti, mwen te konn pase 15 minit chak jou ap etidye Labib avèk yo, sof jou nou gen reyinyon yo. Kenz minit lan pa t twò rèd ni pou nou ni pou yo.” Men sa yon siveyan sikonskripsyon te ekri: “Lè m te yon adolesan, mwen te gen plis kesyon oswa plis dout lontan pase sa m te janm fè konnen. Tank tan t ap pase, mwen te jwenn enfòmasyon sou anpil nan pwen sa yo nan reyinyon yo oswa pandan m ap fè etid pèsonèl. Se poutèt sa, li enpòtan pou paran yo kontinye anseye pitit yo.”

Pou w vin yon bon anseyan, ou dwe renmen Pawòl Bondye a. (Gade paragraf 17.)

17. Poukisa l enpòtan pou paran yo fòtifye lafwa pa yo? Ki jan yon manman ak yon papa nan Bèmid te ede pitit fi yo genyen yo vin gen lafwa nan Jewova?

17 Nòmalman, pitit ou yo ka aprann plis bagay toujou lè yo wè ou menm ou gen yon lafwa ki solid nan Jewova. Y ap gade sa w ap fè. Kidonk, kontinye fòtifye lafwa w. Kite pitit ou yo wè jan Jewova reyèl pou ou. Pa egzanp, lè yon manman ak yon papa nan Bèmid enkyete yo pou yon bagay, yo priye ansanm ak pitit fi yo genyen yo e yo mande Jewova pou l gide yo. Apre sa, yo ankouraje pitit yo pou yo priye poukont yo. “Epi, men sa nou di pi gran pitit fi nou an: ‘Se pou w gen yon konfyans total nan Jewova, rete okipe nan sèvis Wayòm nan, e pa bay tèt ou twòp pwoblèm.’ Lè l wè jan tout bagay fini, li konnen se Jewova k ap ede nou. Sa gen gwo efè sou lafwa li gen nan Bondye ak nan Bib la.”

18. Ki sa paran yo pa dwe bliye?

18 Paran, pinga n janm bliye nou pa ka fòse pitit nou gen lafwa. Nou ka plante e nou ka wouze, men se sèl Jewova ki ka fè sa n plante a grandi (1 Korentyen 3:6). Kidonk, fè anpil efò pou n aprann pitit nou yo nou renmen anpil konnen Jewova, epi priye pou lespri sen l ede yo gen lafwa. Nou mèt gen konfyans Jewova ap beni tout efò nou fè. — Efezyen 6:4.