Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pinga w kite men w vin fèb”

“Pinga w kite men w vin fèb”

“Pinga w kite men w vin fèb.” — SOFONI 3:16.

KANTIK: 81, 32

1, 2. a) Ki kalite pwoblèm anpil moun genyen jodi a, e ki konsekans sa gen sou yo? b) Ki bonjan espwa Ezayi 41:10, 13 bay?

MEN sa yon sè ki pyonye pèmanan e ki marye ak yon ansyen di: “Malgre m gen bonjan abitid espirityèl, mwen fè plizyè ane ap lite anba strès. Sa fè m pèdi somèy, sa gen efè sou sante m ak sou fason m trete lòt moun, e pafwa sa fè m anvi bay vag.”

2 Èske w ka konprann santiman k ap travèse sè sa a? Malerezman, piske n ap viv nan monn Satan an ki mechan, nou anba anpil gwo presyon. Menm jan lank yon bato kapab anpeche bato a deplase, se konsa tou, tètchaje nou genyen kapab fè nou santi n vin lou oswa dekouraje (Pwovèb 12:25). Ki bagay konsa ki kapab chaje tèt ou? Petèt ou ka tris paske ou gen yon moun pa w ki mouri oswa ou ka ap lite anba yon maladi grav oswa anba pèsekisyon. Ou ka ap lite pou w pran swen fanmi w akoz sitiyasyon ekonomik la difisil anpil. Tank tan ap pase, strès kapab fè w pèdi fòs e sa kapab menm fè w pèdi jwa w. Sepandan, ou mèt gen asirans Bondye la pou ede w. — Li Ezayi 41:10, 13.

3, 4. a) Ki jan Bib la sèvi ak mo “men” an? b) Ki sa k ka lakòz yon moun kite men l tonbe?

3 Byen souvan, Bib la sèvi ak pati nan kò moun pou l esplike divès kalite yon moun genyen oswa aksyon l fè. Pa egzanp, li fè referans ak mo men an plizyè santèn fwa. Lè Bib la di yo bay men yon moun fòs, sa ka vle di moun nan jwenn ankourajman, li vin gen plis fòs, e li pare pou l aji (1 Samyèl 23:16, nòt; Esdras 1:6, nòt). Sa ka vle di tou li se yon moun ki pozitif e li gen yon espwa pou lavni.

4 Gen lòt lè, Bib la konn pale de yon moun ki kite men l tonbe. Sa fè referans ak yon moun ki dekouraje oswa ki pèdi espwa (2 Kwonik 15:7, nòt; Ebre 12:12). Lè w anba strès oswa ou santi w about, oubyen w santi relasyon w ak Jewova ap febli, ou ka anvi bay vag. Ki kote w ka jwenn ankourajman? Ki sa k ka motive w e ki ka ba w fòs pou w andire e pou w kenbe jwa w?

“MEN JEWOVA PA TWÒ KOUT POU L SOVE MOUN”

5. a) Ki jan n ka santi n lè n gen pwoblèm, men, ki sa n dwe sonje? b) Sou ki sa n pral pale?

5 Li Sofoni 3:16, 17. Lè nou gen pwoblèm, nou pa dwe vin pè e nou pa dwe dekouraje, oubyen nou pa dwe kite men nou vin fèb. Jewova, Papa nou ki renmen nou anpil la, envite nou lage tout tètchaje nou genyen sou li (1 Pyè 5:7). Jewova gen sousi pou nou menm jan l te gen sousi pou nasyon Izrayèl la. Li te di yo men l “pa twò kout pou l sove moun”. Li toujou pare pou l sove sèvitè fidèl li yo (Ezayi 59:1). Nan atik sa a, nou pral pale sou twa bèl egzanp nan Bib la ki montre Jewova vle bay pèp li a fòs pou yo fè volonte l malgre gen gwo pwoblèm, e li kapab fè sa. Ann wè ki jan egzanp sa yo kapab ba w fòs.

6, 7. Ki sa n ka aprann nan viktwa pèp Izrayèl la te ranpòte sou moun Amalèk yo?

6 Yon ti tan apre Izrayelit yo te sot nan esklavaj nan peyi Ejip, moun Amalèk yo te atake yo. Moyiz te di Jozye, yon gason vanyan, pou l dirije Izrayelit yo nan batay la. Apre sa, Moyiz te ale ak Arawon ansanm ak Ou sou yon mòn ki te toupre. Kote yo te ye a, yo te ka wè kote batay la t ap fèt la. Èske se kouri twa mesye sa yo t ap kouri pou batay la paske yo te pè? Jamè!

7 Moyiz te suiv yon plan ki te ede Izrayelit yo genyen konba yo t ap fè ak moun Amalèk yo. Li te kenbe baton vrè Dye a nan men l e l te leve men l anlè nan direksyon syèl la. Lè Moyiz te fè sa, Jewova te bay Izrayelit yo fòs pou yo goumen ak moun Amalèk yo. Men, lè men Moyiz te kòmanse fè l mal e men l te kòmanse tonbe, moun Amalèk yo te kòmanse genyen batay la. Arawon ak Ou te kouri ede Moyiz. “Yo te pran yon wòch pou l chita sou li epi Arawon ak Ou te soutni men l, youn sou bò dwat li, youn sou bò goch li, yon fason pou men l te rete anlè pou jis solèy la kouche.” Wi, grasa men Bondye ki gen anpil fòs, Izrayelit yo te genyen batay la. — Egzòd 17:8-13.

8. a) Ki sa Aza te fè lè moun Etyopi yo te menase moun Jida yo? b) Ki jan n ka imite Aza?

8 Yon lòt fwa ankò, Jewova te pare pou l itilize men l ki chaje ak fòs pou l ede pèp li a nan epòk wa Aza a. Bib la pale de anpil lame, men, pi gwo lame li pale de li se lame Zera a, moun Etyopi a, ki te gen 1 000 000 sòlda ki te chaje ak eksperyans. Lame moun Etyopi yo te prèske fè de fwa lame Aza a. Èske Aza te panike, li te pè, oswa l te dekouraje? Èske l te kite men l vin fèb? Non! Aza te mande Jewova èd lapoula. Si n ta konpare de lame yo, li parèt enposib pou Izrayelit yo ta pot laviktwa sou moun Etyopi yo. “Men pou Bondye, tout bagay posib.” (Matye 19:26). Bondye te itilize kokenn fòs li genyen an pou l “fè Aza [...] pot laviktwa sou moun Etyopi yo”, e Aza te “sèvi Jewova ak tout kè l pandan tout vi l”. — 2 Kwonik 14:8-13; 1 Wa 15:14.

9. a) Ki sa k pa t anpeche Neyemi rebati miray Jerizalèm nan? b) Ki jan Bondye te reponn priyè Neyemi an?

9 Lè Neyemi t al Jerizalèm, ki sa l te wè? Li te wè ènmi ki soti nan lòt peyi ap menase Juif yo, e sa te fè yo sispann konstwi miray la. Vil la te san pwoteksyon e Juif yo te dekouraje. Ki jan Neyemi te santi l? Èske l te vin dekouraje tou e l te kite men l vin fèb? Non! Menm jan ak Moyiz ak Aza ansanm ak lòt sèvitè fidèl Jewova yo, Neyemi te toujou konte sou Jewova. Nan sitiyasyon sa a tou, Neyemi te priye Jewova pou l ede l, e Jewova te reponn li. Bondye te sèvi ak “fòs [li] ki san parèy” ansanm ak “pisans” li pou l bay Juif yo fòs. (Li Neyemi 1:10; 2:17-20; 6:9.) Èske w kwè Jewova sèvi ak “fòs [li] ki san parèy” ansanm ak “pisans” li pou l bay sèvitè l yo fòs jodi a?

JEWOVA AP BAY MEN W FÒS

10, 11. a) Ki jan Satan ap eseye fè n kite men nou vin fèb? b) Ak ki sa Jewova sèvi pou l ban nou fòs ak pisans? c) Ki jan w jwenn byenfè nan enstriksyon Jewova bay?

10 Nou mèt sèten Dyab la pap janm kite men pa l vin fèb. L ap kontinye atake nou pou l eseye kanpe aktivite nou antanke kretyen. Li fè gouvènman yo, chèf relijye yo ak aposta yo bay manti sou nou epi menase nou. Ki objektif li? Li vle fè n sispann preche bon nouvèl Wayòm nan. Men, Jewova kapab ede nou e li dispoze fè sa, epi li ban nou lespri sen l pou ban nou fòs (1 Kwonik 29:12). Li enpòtan anpil pou n mande Bondye lespri sen pou n ka lite ak Satan ansanm ak monn mechan l lan (Sòm 18:39; 1 Korentyen 10:13). Epitou, nou gen rekonesans pou èd nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Fè yon ti reflechi tou sou valè bagay nou aprann nan piblikasyon nou yo chak mwa. Yo te di pawòl nou jwenn nan Zakari 8:9, 13 la (li vèsè yo) lè yo t ap rekonstwi tanp lan nan Jerizalèm, poutan, pawòl sa yo kapab ede n jodi a.

Li enpòtan anpil pou n mande Bondye lespri sen pou n ka lite ak Satan ansanm ak monn mechan l lan.

11 Mete sou sa, Jewova ban nou fòs pa mwayen enstriksyon nou jwenn nan reyinyon yo, asanble yo, kongrè yo ak divès lekòl teyokratik yo. Enstriksyon sa yo kapab ede n sèvi Bondye ak bon entansyon, y ap ede n fikse objektif e y ap ede n ranpli pakèt responsablite nou genyen antanke kretyen (Sòm 119:32). Èske w chofe pou w jwenn fòs grasa enstriksyon Jewova bay yo?

12. Ki sa n dwe fè pou n ret djanm?

12 Jewova te ede pèp li a pot laviktwa sou moun Amalèk yo ak moun Etyopi yo, e li te bay Neyemi ansanm ak Juif yo fòs pou yo fin rebati miray Jerizalèm nan. Menm jan an tou, Bondye ap ban nou fòs pou n kontinye nan travay predikasyon an malgre tètchaje nou genyen, malgre nou jwenn opozisyon e nou rankontre moun ki pa twò enterese nan mesaj la (1 Pyè 5:10). Jewova pap fè mirak pou l retire pwoblèm nou yo. Olye de sa, nou dwe fè efò pa nou. Ki jan n ka fè sa? Nou dwe li Pawòl Bondye a chak jou, prepare reyinyon yo chak semèn epi asiste yo, kontinye fè etid pèsonèl ak adorasyon an fanmi, epi konte sou Jewova lè n priye l. Pa janm kite anyen anpeche n wè dispozisyon Jewova pran pou ban nou fòs e pou ankouraje nou. Si w santi men w vin fèb nan youn nan domèn sa yo, mande Bondye ede w. Apre sa, w ap wè jan lespri Bondye ap ‘fòtifye w, l ap ba w volonte e l ap ba w fòs pou w aji’. (Filipyen 2:13.) Èske ou menm ou ka fòtifye men lòt moun?

BAY MEN KI PARÈT PANDYE YO FÒS

13, 14. a) Ki jan yon frè te jwenn fòs apre lanmò madanm li? b) Ki jan n ka bay lòt moun fòs?

13 Jewova ban nou yon fanmi entènasyonal ki gen frè ak sè ki gen sousi pou nou e ki kapab ankouraje nou. Men sa apot Pòl te di: “Fòtifye men ki pandye yo ak jenou ki febli yo, epi kontinye fè chemen yo dwat pou pye nou.” (Ebre 12:12, 13). Gen anpil kretyen nan premye syèk la ki te jwenn yon èd konsa nan men frè ak sè yo. Se menm bagay la tou jodi a. Ann pran yon egzanp. Men sa yon frè ki te gen madanm li mouri e ki t ap fè fas ak lòt sitiyasyon ki rèd anpil te di: “Mwen te aprann nou pa kapab chwazi eprèv n ap jwenn yo, ni lè y ap vini, ni kantite fwa n ap jwenn yo. Lapriyè ak etid pèsonèl tankou yon jile sovtaj ki ede m kenbe tèt mwen anlè dlo a. Mete sou sa, sipò m te jwenn nan men frè ak sè espirityèl mwen yo te konsole m anpil. Mwen vin rann mwen kont li enpòtan pou m chèche gen yon bon relasyon avèk Jewova anvan sitiyasyon difisil yo rive.”

Chak moun nan kongregasyon an ka ankouraje lòt moun. (Gade paragraf 14.)

14 Arawon ak Ou te bay men Moyiz fòs lè yo te soutni men l lè Izrayelit yo t ap goumen ak moun Amalèk yo. Jodi a, nou menm tou, nou ka chèche fason pou nou soutni lòt moun epi ede yo. Gen nan frè nou yo k ap soufri akoz vyeyès, pwoblèm sante, pèsekisyon yo jwenn nan fanmi yo, akoz yo santi yo poukont yo oswa yo gen yon moun pa yo ki mouri. Nou ka bay jèn yo fòs tou, paske se toutan yo anba presyon pou yo fè sa ki mal oswa pou yo chèche reyisi nan monn nan (1 Tesalonisyen 3:1-3; 5:11, 14). Chèche fason pou w montre w vrèman enterese ak lòt moun lè w nan Sal Wayòm nan, lè w ap preche, lè w ap manje ansanm ak yo oswa lè w ap pale nan telefòn.

15. Ki efè pawòl ki pozitif ka gen sou frè ak sè nou yo?

15 Apre Aza te fin ranpòte yon gwo viktwa sou gwo lame peyi Etyopi a, men ki ankourajman pwofèt Azarya te bay ni li menm ni pèp li a: “Men nou menm, mete gason sou nou, pa kite men nou tonbe paske y ap rekonpanse n pou travay nou fè.” (2 Kwonik 15:7, nòt). Sa te pouse Aza fè anpil chanjman pou l retabli adorasyon ki pwòp la. Menm jan an tou, pawòl pozitif ou di lòt moun ka ankouraje yo e sa ka ede yo kontinye sèvi Jewova (Pwovèb 15:23). Epitou, ou pa ta dwe janm bliye jan frè w yo jwenn fòs lè w fè kòmantè ki ankouraje yo nan reyinyon yo.

Neyemi pa t annik ret ap gade moun yo k ap travay, li te bay kout men tou nan travay rekonstriksyon miray Jerizalèm nan.

16. Ki jan ansyen yo ka imite Neyemi? Bay yon egzanp ki montre jan frè ak sè yo te ede w pèsonèlman.

16 Grasa èd Jewova, Neyemi ak Juif yo te bay men yo fòs. Yo te fin konstwi miray Jerizalèm nan nan 52 jou sèlman (Neyemi 2:18, nòt; 6:15, 16)! Neyemi pa t annik ret ap gade moun yo k ap travay, li te bay kout men tou nan travay rekonstriksyon miray Jerizalèm nan (Neyemi 5:16). Se konsa tou, anpil ansyen imite Neyemi lè yo bay kout men nan travay konstriksyon k ap fèt oswa nan netwayaj ak nan antretyen Sal Wayòm yo. Epitou, mesye sa yo ki gen lanmou bay frè ak sè “k ap viv ak kè sote yo” fòs lè yo vizite yo e lè yo patisipe nan travay predikasyon an avèk yo. — Li Ezayi 35:3, 4.

“PINGA W KITE MEN W VIN FÈB”

17, 18. Lè nou gen pwoblèm oswa nou gen tètchaje, ki asirans nou kapab genyen?

17 Lè nou travay ansanm ak frè ak sè yo, sa fè nou vin gen plis tèt ansanm. Mete sou sa, sa ede n fè yon seri zanmi k ap dire lontan e sa fè n gen plis konfyans nan benediksyon Wayòm Bondye a pral pote talè konsa. Lè nou fòtifye men lòt moun, nou ede yo andire anba yon seri sitiyasyon difisil e nou ede yo gen bonjan espwa pou lavni. Mete sou sa, lè n ede lòt moun, sa bay men nou fòs e sa ede nou kenbe lespri nou fikse sou lavni.

18 Lè nou reflechi sou fason Jewova te ede sèvitè fidèl li yo nan tan lontan ak fason l te pwoteje yo, lafwa ak konfyans nou gen nan li vin djanm. Se sa k fè, lè w gen pwoblèm e w santi w strese, “pinga w kite men w vin fèb”! Si w priye Jewova pou w mande l èd, ou mèt gen asirans men l ki gen anpil fòs ap fè w vin djanm e l ap ede w jwenn benediksyon Wayòm nan ap pote yo talè konsa. — Sòm 73:23, 24.