Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byennere moun k ap sèvi “Bondye ki gen kè kontan an”

Byennere moun k ap sèvi “Bondye ki gen kè kontan an”

“Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la.” — SÒM 144:15.

KANTIK: 44, 125

1. Poukisa moun k ap adore Jewova yo se yon pèp ki gen kè kontan? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

PA GEN dout nan sa, Temwen Jewova yo se yon pèp ki gen kè kontan. Kit se nan reyinyon yo, nan asanble yo ak nan aktivite yo fè an gwoup pou yo detann yo, yo toujou gen bèl konvèsasyon e yo toujou ap ri ak kè kontan. Poukisa kè yo kontan konsa? Pi gwo rezon an se paske yo konnen se Jewova, “Bondye ki gen kè kontan an”, y ap sèvi e y ap fè efò pou yo imite l (1 Tim. 1:11; Sòm 16:11). Piske Bondye se Sila a ki fè moun gen kè kontan an, li vle pou n gen kè kontan e li ban nou anpil rezon pou nou rejwi. — Det. 12:7; Ekl. 3:12, 13.

2, 3. a) Ki sa kè kontan ye? b) Ki sa k ka fè l difisil pou n gen kè kontan?

2 E ou menm pèsonèlman? Èske w gen kè kontan? Èske w ka vin gen plis kè kontan? Nou ka defini kè kontan kòm “yon santiman ki fè yon moun santi l byen toutan. Se kapab yon senp satisfaksyon ki rive nan yon jwa ki pwofon e ki pisan moun nan genyen toutpandan l ap viv, ansanm ak anvi natirèl moun sa a genyen pou l kontinye gen kè kontan”. Bib la montre se moun ki gen benediksyon Jewova yo ki gen vrè kè kontan an. Sepandan, nan monn n ap viv jodi a, li ka difisil anpil pou yon moun gen kè kontan. Sa k fè sa?

3 Gen kèk evènman ki bay strès ki ka fè n pa gen kè kontan, tankou lè yon moun nou renmen mouri oswa l eskominye, lè n ap fè fas ak yon divòs oswa lè n pèdi travay nou. Nou ka pa santi n byen akoz mezantant ki gen nan fanmi n e lè moun nan fanmi n sispann kominike nan lapè. Nou ka pa gen kè kontan akoz kòlèg travay nou oswa kamarad lekòl nou k ap pase n nan rizib, akoz pèsekisyon n ap sibi poutèt relijyon oswa akoz nou nan prizon. Anplis de sa, sante n ka ap bese, nou ka gen yon maladi ki pa gen tretman oswa n ka fè depresyon. Aktout sa, Jezi Kris, “Sila a ki gen kè kontan an e ki sèl Chèf la”, te pran plezi pou l rekonfòte moun e pou l fè kè yo kontan (1 Tim. 6:15; Mat. 11:28-30). Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te pale konsènan yon pakèt kalite ki ka ede n gen kè kontan malgre gwo eprèv ki gen nan monn Satan an.

BONJAN RELASYON AK BONDYE SE BAZ POU MOUN GEN KÈ KONTAN

4, 5. Ki jan n ka vin gen kè kontan e pou n kontinye gen kè kontan?

4 Premye bagay Jezi te atire atansyon sou li a vrèman enpòtan. Men sa l te di: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye, piske Wayòm syèl la se pou yo.” (Mat. 5:3). Ki fason nou montre nou pran konsyans nou gen bezwen sa a? Nou fè sa lè n manje nan domèn espirityèl, lè n bay bagay espirityèl yo valè ak lè n bay adorasyon n ap bay Bondye ki gen kè kontan an premye plas. Si n fè bagay sa yo, n ap vin gen plis kè kontan. N ap vin gen plis lafwa pwomès Bondye yo ap akonpli. E n ap jwenn ankourajman nan “esperans ki bay kè kontan” Pawòl Bondye a bay vrè adoratè yo. — Tit 2:13.

5 Pou n toujou gen kè kontan, li enpòtan pou n chèche gen yon relasyon solid ak Jewova. Men ki sa Jewova te enspire apot Pòl pou l ekri: “Se pou nou toujou rejwi nan Seyè a [Jewova]! M ap di nou ankò: Se pou nou rejwi!” (Flp. 4:4). Pou n vin gen yon relasyon enpòtan konsa, nou dwe chèche gen sajès Bondye bay la. Pawòl Bondye a di: “Byennere moun ki jwenn sajès ak moun ki vin gen bon jijman. Li se yon pyebwa k ap bay moun ki kenbe l yo lavi, e moun ki kenbe l byen di yo ap kontan.” — Pwo. 3:13, 18.

6. Pou n toujou gen kè kontan, ki sa n dwe fè?

6 Sepandan, pou n toujou gen kè kontan, nonsèlman l enpòtan pou n li Pawòl Bondye a, men, nou dwe aplike sa n li a tou. Men sa Jezi te di pou l montre jan l enpòtan pou n pratike sa n aprann yo: “Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo.” (Jan 13:17; li Jak 1:25.) Sa se yon aspè enpòtan pou n rive konble bezwen nou genyen nan domèn espirityèl e pou n toujou gen kè kontan. Men, ki jan n ka gen kè kontan lè gen anpil bagay ki ka lakòz nou pa gen kè kontan? Ann egzamine sa Jezi te di annapre nan Diskou sou mòn nan.

KALITE KI BAY PLIS KÈ KONTAN

7. Ki jan moun ki nan lapenn ka gen kè kontan?

7 “Byennere moun ki nan lapenn, piske y ap jwenn konsolasyon.” (Mat. 5:4). Gen kèk moun ki ka mande: ‘Ki jan l fè posib pou moun ki nan lapenn gen kè kontan?’ Jezi pa t ap pale konsènan tout moun ki nan lapenn pou nenpòt kalite rezon. Menm moun ki mechan yo nan lapenn akoz pwoblèm ki bay strès ki gen nan ‘tan sa yo ki di e ki difisil pou moun sipòte’. (2 Tim. 3:1.) Men, lapenn yo genyen an ki santre sou tèt yo pa fè yo vin pwòch ak Jewova, e sa pap fè yo gen kè kontan. Jezi dwe t ap pale konsènan moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye, epi apre sa, ki vin nan lapenn lè yo wè nan ki kondisyon lòt moun ki rejte Bondye yo ye. Yo ka vin rann yo kont nan ki eta yo ye antanke pechè ak konsekans grav peche lèzòm yo lakòz. Jewova wè lapenn moun ki gen kè sensè sa yo genyen an, li rekonfòte yo e l beni yo lè l fè yo jwenn konsolasyon nan domèn espirityèl, kè kontan ak lavi. — Li Ezekyèl 5:11; 9:4.

8. Esplike nan ki sans lè yon moun gen tanperaman dou sa fè l gen kè kontan.

8 “Byennere moun ki gen tanperaman dou, piske Bondye pral ba yo tè a.” (Mat. 5:5). Nan ki sans yon moun ki gen tanperaman dou ka gen kè kontan? Gen moun ki vin chanje apre yo fin gen yon konesans egzak sou laverite. Petèt yon lè yo te di anpil, yo te renmen fè kont e yo te agresif. Men, kounye a yo abiye ak “nouvo pèsonalite a” e yo montre yo gen “yon afeksyon [...] ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e [yo abiye] ak bonte, imilite, dousè ak pasyans”. (Kol. 3:9-12.) Kòm rezilta, kounye a y ap viv anpè, yo gen lanmou e yo gen kè kontan. Mete sou sa, Pawòl Bondye a fè konnen Bondye pral ‘bay moun sa yo tè a’. — Sòm 37:8-10, 29.

9. a) Nan ki sans moun ki gen tanperaman dou yo pral posede tè a? b) Poukisa “moun ki swaf pou se sa ki jis ki fèt” yo ka gen kè kontan?

9 Nan ki sans ‘Bondye pral bay moun ki gen tanperaman dou yo tè a’? Disip Jezi yo Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l pral posede tè a lè y ap dirije tè a antanke wa ak prèt (Rev. 20:6). Sepandan, gen plizyè milyon moun ki pa gen esperans pou y al viv nan syèl ki pral posede tè a nan sans Bondye ap pèmèt yo viv sou li pou toutan antanke moun pafè nan lapè ak lakontantman. Se menm moun sa yo ki byennere paske yo “swaf pou se sa ki jis ki fèt”. (Mat. 5:6.) Swaf yo genyen pou se sa ki jis ki fèt la ap satisfè nèt nan monn nouvo a (2 Pyè 3:13). Lè Bondye fin elimine tout mechanste nèt, ni bagay lalwa kondane ni enjistis pap janm anpeche moun ki jis yo gen kè kontan ankò. — Sòm 37:17.

10. Ki sa sa vle di pou yon moun gen mizèrikòd?

10 “Byennere moun ki gen mizèrikòd, piske y ap fè yo mizèrikòd.” (Mat. 5:7). Yon vèb ebre ki gen rapò ak mizèrikòd vle di “briye, chofe ak anpil tandrès, [...] demontre konpasyon”. Menm jan an tou, vèb grèk la gen ladan l yon santiman ki fè kè w fè w mal pou lòt moun. Sepandan, mizèrikòd vle di plis pase yon santiman ki gen tandrès. Nan Bib la, li gen ladan l santiman ki pouse yon moun demontre pitye lè l aji ak mizèrikòd.

11. Ki sa n ka aprann konsènan mizèrikòd nan egzanp Jezi te bay konsènan bon Samariten an?

11 Li Lik 10:30-37. Egzanp Jezi te bay konsènan bon Samariten an byen montre ki sa sa vle di pou yon moun gen mizèrikòd. Piske Samariten an te gen konpasyon ak mizèrikòd nan kè l, sa te pouse fè yon aksyon pozitif pou l ede viktim nan ki t ap soufri. Apre Jezi te fin bay egzanp lan, li te di: “Ou mèt ale, epi fè menm bagay la tou.” Kidonk, nou kapab mande tèt nou: ‘Èske m fè menm bagay la? Èske m fè sa Samariten an ki te gen konpasyon te fè a? Èske m ka pi aktif nan demontre mizèrikòd e m ka fè plis aksyon pozitif pou m demontre bonte anvè moun k ap soufri yo? Pa egzanp, èske m ka chèche ede kretyen parèy mwen yo ki granmoun e ki vèv, ansanm ak timoun ki pa gen papa yo k ap sèvi Jewova? Èske m ka pran inisyativ pou m “pale yon fason pou [m] konsole moun ki tris yo”?’ — 1 Tes. 5:14; Jak 1:27.

Pran inisyativ pou w demontre mizèrikòd, epi w ap wè jan sa ap fè w gen anpil kè kontan. (Gade paragraf 12.)

12. Ki jan lè n gen mizèrikòd n ap gen kè kontan?

12 Men, ki jan lè n gen mizèrikòd n ap gen kè kontan? Lè n aji ak mizèrikòd anvè lòt moun, nou vin gen kè kontan yon moun jwenn lè l bay. Mete sou sa, nou konnen nou fè Jewova plezi. (Tra. 20:35; li Ebre 13:16.) Men ki sa wa David te di konsènan yon moun ki pran ka lòt moun: “Jewova ap pwoteje l, l ap fè l ret vivan. Moun sou tè a ap fè konnen li gen kè kontan.” (Sòm 41:1, 2). Anplis de sa, lè n fè aksyon ki demontre konpasyon pou lòt moun, n ap nan pozisyon pou n resevwa mizèrikòd Jewova, sa ki ka fè n gen kè kontan pou toutan. — Jak 2:13.

REZON KI FÈ ‘MOUN KI GEN KÈ PWÒP YO’ GEN KÈ KONTAN

13, 14. Ki lyen ki genyen ant gen yon kè ki pwòp ak gen kè kontan?

13 Jezi te di: “Byennere moun kè yo pwòp, piske y ap wè Bondye.” (Mat. 5:8). Pou n kenbe kè nou pwòp, nou dwe pwòp pa anndan e n dwe chèche gen dezi ak santiman ki pwòp. Nou dwe toujou gen panse ki pwòp yon fason pou n ka san tach nan atachman nou gen ak Jewova a. — Li 2 Korentyen 4:2; 1 Tim. 1:5.

14 Moun ki gen kè yo pwòp yo ka gen yon relasyon ki pwòp e ki bay kè kontan ak Jewova piske l fè konnen: “Byennere moun ki lave wòb long yo.” (Rev. 22:14). Nan ki sans yo “lave wòb long yo”? Kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la “lave wòb long yo” nan sans yo se moun ki pwòp nan je Jewova, yo pral resevwa lavi imòtèl e y ap byennere pou toutan nan pozisyon yo nan syèl la. Epitou, moun ki fè pati gwo foul moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ka vin gen yon relasyon ki jis ak Bondye antanke zanmi l. Kounye a, yo menm “lave wòb long yo, e yo blanchi yo nan san Ti Mouton an”. — Rev. 7:9, 13, 14.

15, 16. Ki fason moun ki gen kè pwòp yo ka “wè Bondye”?

15 Men, nan ki sans moun ki gen kè pwòp yo “wè Bondye” etandone “pèsonn pa ka wè [Bondye] epi pou l kontinye viv”? (Egz. 33:20.) Mo grèk lè yo tradui l yo met “wè” pou li a kapab gen sans “wè ak entèlijans, konprann, konnen”. Moun ki wè Bondye ak “kè” yo se moun ki vin konnen l toutbon e ki apresye kalite l yo (Efe. 1:18). Jezi te reflete pèsonalite Bondye yon fason ki pafè, se sa k fè l te kapab di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” — Jan 14:7-9.

16 Nonsèlman vrè adoratè yo aprann konnen kalite Bondye yo, men, yo ka “wè Bondye” lè yo wè fason l aji anvè yo (Jòb 42:5). Epitou, yo fikse “kè” yo sou bèl benediksyon Bondye rezève pou moun k ap fè efò pou yo rete pwòp e pou yo sèvi l fidèlman. Nòmalman, moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki resisite yo ap wè Jewova toutbon lè yo resevwa rekonpans yo nan syèl la. — 1 Jan 3:2.

KÈ NOU KONTAN MALGRE PWOBLÈM

17. Ki wòl lapè jwe nan gen kè kontan?

17 Annapre, Jezi te di: “Byennere moun ki renmen fè lapè.” (Mat. 5:9). Moun ki pran inisyativ pou yo fè lapè yo gen bonjan rezon pou yo gen kè kontan. Men sa disip Jak te ekri: “Moun k ap fè lapè yo ap simen semans fwi jistis la nan lapè, e y ap rekòlte fwi li bay.” (Jak 3:18). Lè n gen pwoblèm ak yon moun nan kongregasyon an oswa nan fanmi nou, nou ka sipliye Bondye pou l ede n vin moun ki renmen fè lapè. Konsa, nou ka vin gen lespri sen Jewova, bon konduit ak kè kontan. Jezi te montre enpòtans sa genyen pou n pran inisyativ pou n fè lapè lè l te di: “Donk, si w ap pote ofrann ou devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen, w a bay ofrann ou an.” — Mat. 5:23, 24.

18, 19. Poukisa kretyen yo ka rejwi menmsi y ap pèsekite yo?

18 “Nou byennere lè moun joure nou, lè yo pèsekite nou, e lè yo di tout kalite move bagay ki pa vre sou nou poutèt mwen.” Ki sa Jezi te vle di? Men sa l te ajoute: “Nou mèt rejwi e nou mèt kontan anpil, piske nou gen yon gwo rekonpans nan syèl la. Paske, se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan nou yo.” (Mat. 5:11, 12). Lè yo te bat apot yo e yo te ba yo lòd pou yo sispann preche, ‘yo te soti devan Sanedren an tou kontan’. Nòmalman, yo pa t ret konsantre sou doulè yo te santi akoz yo te bat yo. Men, yo te rejwi “dèske Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi”. — Tra. 5:41.

19 Nan epòk nou an, pèp Jewova a andire ak kè kontan tou lè yo soufri poutèt non Jezi oswa lè y ap fè fas ak eprèv ki difisil. (Li Jak 1:2-4.) Menm jan ak apot yo, nou pa pran plezi nan okenn kalite soufrans. Men, si n kenbe entegrite nou devan Bondye nan moman eprèv, Jewova ka ede n andire avèk kouraj. Pa egzanp, ann out 1944, otorite nan yon gouvènman diktati te voye Henryk Dornik ak frè l la nan yon kan konsantrasyon. Sepandan, men sa opozan yo te rekonèt: “Li enposib pou yo fòse yo fè kèlkeswa bagay la. Tribilasyon yo jwenn yo fè yo gen kè kontan.” Men sa frè Dornik te esplike: “Byenke m pa t anvi mouri akoz pèsekisyon, kè m te kontan dèske m t ap soufri avèk kouraj e ak diyite paske m te fidèl ak Jewova. [...] Bonjan lapriyè te fè m vin pi pwòch ak Jewova e Jewova te montre m ka konte sou li antanke Èd mwen.”

20. Poukisa n kontan sèvi “Bondye ki gen kè kontan an”?

20 Lè n gen apwobasyon “Bondye ki gen kè kontan an”, nou kapab gen kè kontan malgre pèsekisyon nan domèn relijyon, opozisyon nan fanmi, maladi oswa laj k ap avanse (1 Tim. 1:11). Anplis de sa, nou gen kè kontan paske Bondye nou an ki “pa ka bay manti” fè nou yon pakèt bèl pwomès (Tit 1:2). Akonplisman pwomès Jewova yo ap tèlman bèl, kèlkeswa difikilte ak eprèv n ap andire kounye a pap reprezante anyen devan yo. Nan Paradi k ap vini an, benediksyon Jewova yo pral depase tout sa nou ka imajine. E n gen asirans nou pral gen yon kè kontan nou potko janm genyen. Wi, n ap “kontan anpil akoz [nou] pral viv nan yon lapè total”. — Sòm 37:11.