Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye demontre lanmou: Li fòtifye moun

Kontinye demontre lanmou: Li fòtifye moun

“Lanmou fòtifye moun.” — 1 KOR. 8:1.

KANTIK: 109, 121

1. Sou ki sijè enpòtan Jezi te pale nan dènye nuit li te pase ak disip li yo?

NAN dènye nuit Jezi te pase ak disip li yo, li te pale konsènan lanmou prèske 30 fwa. Li te sitou fè disip li yo konnen se pou “youn renmen lòt”. (Jan 15:12, 17.) Lanmou yo gen youn pou lòt la t ap tèlman parèt klè, sa t ap fè lòt moun wè yo se vrè disip Jezi (Jan 13:34, 35). Lanmou sa a pa yon senp santiman. Jezi t ap pale konsènan yon kalite ki gen plis valè lontan: yon lanmou ki mache ak sakrifis. Men sa l te di: “Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l. Nou se zanmi m si nou fè sa mwen ban nou lòd fè.” — Jan 15:13, 14.

2. a) Ki sa n jwenn pami sèvitè Bondye yo? b) Ki kesyon n pral reponn nan atik sa a?

2 Se bonjan lanmou ki mache ak sakrifis la ansanm ak inite san fay ki egziste pami sèvitè Jewova yo jodi a ki fè moun rekonèt yo kòm pèp Bondye (1 Jan 3:10, 11). Nou gen anpil rekonesans dèske lanmou sa a ki sanble ak pa Kris la egziste pami sèvitè Jewova yo kèlkeswa nasyonalite yo, tribi yo, lang yo ak orijin yo! Sepandan, nou gendwa ap mande tèt nou: ‘Poukisa l sitou enpòtan pou n demontre lanmou nan epòk nou an? Ki fason Jewova ak Jezi fòtifye nou nan lanmou? Ki jan nou chak ka demontre lanmou ki sanble ak pa Kris la, yon lanmou ki “fòtifye moun”?’ — 1 Kor. 8:1.

REZON KI FÈ L SITOU ENPÒTAN KOUNYE A POU N DEMONTRE LANMOU

3. Ki efè ‘tan difisil’ sa yo n ap viv ladan yo a gen sou moun yo?

3 Piske lavi a chaje ak “pwoblèm ak tristès”, gen anpil moun k ap viv nan ‘tan difisil’ sa yo k ap soufri anba tout kalite pwoblèm afektif (Sòm 90:10; 2 Tim. 3:1-5). Gen yon pakèt moun nou pa ka konte ki santi yo jis pa kapab ankò. Selon kèk estimasyon yo fè, gen plis pase 800 000 moun ki touye tèt yo chak ane, sa vle di chak 40 segonn gen anviwon yon moun ki touye tèt li. Sa tris pou n di menm gen kèk kretyen ki kite presyon sa yo pote y ale e ki touye tèt yo.

4. Ki moun Bib la pale de yo ki te di yo vle mouri?

4 Nan tan biblik yo, te gen kèk nan sèvitè fidèl Bondye yo ki te tèlman santi sitiyasyon yo te ladan l lan twòp pou yo, yo te vle mouri. Pa egzanp, men sa Jòb te di pandan l te nan gwo soufrans: “Mwen rayi lavi m, mwen pa vle kontinye viv.” (Jòb 7:16; 14:13). Jonas te tèlman santi l about pou fason bagay yo te pase nan asiyasyon Bondye te ba li a, li te di: “O Jewova, kounye a, tanpri, ou mèt retire lavi m, paske, pito m mouri pase m viv.” (Jon. 4:3). Anplis de sa, rive yon lè, pwofèt Eli te tèlman santi efè sitiyasyon l te ye a te gen sou li, li te mande pou l mouri. Men sa l te di: “Mwen pa kapab ankò! O Jewova, se pou w pran lavi m kounye a.” (1 Wa 19:4). Sepandan, Jewova te bay sèvitè sa yo ki te atache avè l anpil valè e l te vle yo viv. Olye Jewova te fache pou fason yo te santi yo a, li te ede yo pou yo lite kont anvi yo te genyen pou yo mouri e l te fòtifye yo nan lanmou yon fason pou yo te ka kontinye sèvi l fidèlman.

5. Poukisa frè n ak sè n yo bezwen santi nou renmen yo sitou kounye a?

5 Menmsi frè n ak sè n yo pa vrèman santi yo vle kite sa, jodi a, gen anpil nan yo k ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil e ki bezwen nou fòtifye yo nan lanmou. Gen kèk k ap andire anba pèsekisyon e y ap pase yo nan rizib. Gen kèk lòt, moun ap kritike yo oswa y ap fè tripotay sou yo kote y ap travay la. Oswa yo santi yo about paske yo oblije fè siplemantè nan travay yo oubyen paske yo toujou gen twòp travay. Mete sou sa, genyen k ap fè fas ak gwo pwoblèm nan fanmi yo, petèt akoz mari yo oswa madanm yo ki pa kwayan toujou ap kritike yo. Akoz pwoblèm sa yo ansanm ak lòt presyon, anpil moun nan kongregasyon an santi yo about nan domèn fizik ak afektif. Ki moun ki ka ede moun ki dekouraje yo pou yo kontinye kenbe?

LANMOU JEWOVA FÒTIFYE N

6. Ki fason Jewova fòtifye sèvitè l yo nan lanmou?

6 Jewova fòtifye adoratè l yo lè l ba yo asirans li pap janm sispann renmen yo. Se pa ti ankouraje Izrayelit ki te fidèl yo dwe te santi yo ankouraje lè yo te tande Jewova k ap di yo: “[Ou] vin gen anpil valè pou mwen, ou enpòtan pou mwen, mwen renmen w. [...] Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w.” (Eza. 43:4, 5). Antanke sèvitè Jewova, ou kapab gen asirans Jewova renmen w avèk plis tandrès toujou *. Men pwomès Pawòl Bondye a fè moun k ap pratike adorasyon ki pwòp la: “Piske li se Sila a ki gen pisans lan, l ap sove nou. L ap kontan anpil pou nou.” — Sof. 3:16, 17.

7. Nan ki sans lanmou Jewova genyen an menm jan ak lanmou yon manman k ap chouchoute pitit li? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

7 Kèlkeswa eprèv pèp Jewova a ka ap rankontre, Jewova pwomèt l ap fòtifye yo e l ap konsole yo. Men sa l di: “Y ap pote nou bò ranch yo, e y ap pran swen nou avèk tandrès sou janm yo. Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa tou, m ap kontinye konsole nou.” (Eza. 66:12, 13). Imaj sa a touchan anpil: yon manman ki gen lanmou k ap pote pitit li bò ranch li oswa k ap pran swen l avèk tandrès sou janm li! Yon fason touchan, egzanp sa a montre kokennchenn lanmou ki chaje ak tandrès Jewova gen pou vrè adoratè yo. Nou pa dwe janm gen dout sou fason nou gen anpil valè pou Jewova. — Jer. 31:3.

8, 9. Ki fason lanmou Jezi ka fòtifye nou?

8 Gen yon lòt rezon ankò ki fè lanmou Bondye genyen an atire vrè kretyen yo: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:16). Se pa ti lanmou Jezi te demontre tou lè l te bay lavi l pou nou! Epitou, se pa ti efè lanmou sa a gen sou nou! Pawòl Bondye a fè konnen menm “tribilasyon, oswa detrès” pa ka “separe nou ak lanmou Kris la gen pou nou an”. — Wom. 8:35, 38, 39.

9 Lè n ap lite anba difikilte ki fè n santi n about nan domèn fizik ak afektif oswa ki fè n vin fèb nan domèn espirityèl, fòs ki nan lanmou Kris la k ap atire n nan ka ban nou fòs pou n andire. (Li 2 Korentyen 5:14, 15.) Lanmou Jezi genyen an gen pouvwa pou l fòtifye nou e pou l motive n pou n pa dekouraje, menmsi n ap fè fas ak kèk eprèv tankou katastwòf, pèsekisyon, desepsyon oswa enkyetid k ap fin avè n.

FRÈ N AK SÈ N YO BEZWEN LANMOU NOU

Lè n etidye egzanp Jezi, sa ka motive nou. (Gade paragraf 10, 11.)

10, 11. Ki moun ki gen responsablite pou fòtifye frè ki dekouraje yo? Esplike.

10 Youn nan mwayen Jewova itilize pou l fòtifye nou nan lanmou se kongregasyon kretyen an. Nou chak ka demontre lanmou sa a youn pou lòt lè n renmen frè n ak sè n yo ak lè n fòtifye yo nonsèlman nan domèn espirityèl, men tou, nan domèn afektif (1 Jan 4:19-21). Men ki konsèy apot Pòl te bay kretyen yo: “Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt, menm jan nou deja ap fè sa.” (1 Tes. 5:11). Wi, tout moun nan kongregasyon an, se pa ansyen yo sèlman, kapab imite Jewova ak Jezi lè yo konsole frè ak sè yo ak lè yo fòtifye yo. — Li Women 15:1, 2.

11 Gen kèk moun nan kongregasyon an ki gen pwoblèm afektif ki ka bezwen èd yon pwofesyonèl e ki ka bezwen pran medikaman (Lik 5:31). Ansyen yo ak lòt moun nan kongregasyon an konn limit yo e yo rekonèt yo pa resevwa fòmasyon kòm pwofesyonèl nan domèn sante mantal. Sepandan, yo menm ak lòt moun nan kongregasyon an gen yon wòl enpòtan pou yo ranpli, sètadi pou yo “pale yon fason pou [...] konsole moun ki tris yo, soutni moun ki fèb yo, pran pasyans ak tout moun”. (1 Tes. 5:14.) Tout kretyen bezwen demontre lanmou lè yo mete yo nan plas lòt moun, lè yo demontre pasyans anvè yo e lè yo pale ak moun ki dekouraje yon fason pou yo konsole yo e pou yo fòtifye yo. Èske w se yon moun ki konn konsole e ki konn ankouraje lòt moun? Lè w konn ki jan w ka bay èd sa a, w ap vin pi maton nan efò w ap fè yo.

12. Bay egzanp yon moun ki te santi l fòtifye grasa lanmou kongregasyon an.

12 Ki jan lanmou nou genyen an ka fòtifye moun k ap soufri nan domèn afektif? Men sa yon sè nan yon peyi ann Ewòp fè konnen: “Pafwa, m konn anvi touye tèt mwen. Men, mwen jwenn bonjan èd. Moun nan kongregasyon kote m ye a te sove lavi m. Frè ak sè yo toujou ap ankouraje m anpil e yo toujou demontre anpil lanmou pou mwen. Aktout se sèlman kèk nan yo ki konnen m ap soufri akoz depresyon, tout kongregasyon an toujou la pou mwen. Gen yon mari ak madanm li ki tankou paran m nan domèn espirityèl. Yo byen pran swen m e yo toujou la pou mwen 24 sou 24.” Se vre se pa tout moun ki ka bay èd yo nan menm degre a. Men, bonjan èd nou bay ka gen gwo efè sou moun k ap soufri nan domèn afektif yo *.

FASON POU N FÒTIFYE LÒT MOUN NAN LANMOU

13. Ki sa k enpòtan anpil si n vle fòtifye lòt moun?

13 Se pou w byen koute (Jak 1:19). Lè n koute moun yo e n mete n nan plas yo, nou montre n gen lanmou. Nou ka poze kèk kesyon avèk tak e avèk jantiyès pou n rive konprann santiman yon moun k ap soufri. Konsa, n ap ka mete n nan plas sèvitè Bondye parèy nou an e n ap ka fòtifye l. Kite enterè sensè ki plen lanmou ou gen pou moun nan parèt nan figi w. Si lòt kretyen an santi l bezwen bay plis detay, montre w gen pasyans epi fè efò pou w pa chèche anpeche l pale. Lè w koute avèk pasyans, petèt w ap pi konprann santiman moun nan. Sa ka pouse frè w la oswa sè w la k ap soufri a fè w konfyans, e konsa, pou l pi dispoze koute sa w ap di a pandan w ap fè efò pou w fòtifye l. Lè w montre w gen bonjan sousi pou lòt moun, enterè ki plen lanmou w demontre a ka rekonfòte yo anpil.

14. Poukisa n vle evite kritike moun?

14 Evite kritike moun. Si yon moun ki deprime rann li kont n ap kritike l, sa ka fè l vin gen plis lapenn e sa ka kraze bonjan efò n ap fè pou n fòtifye l nan lanmou. Bib la di: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe, men, lang moun ki gen sajès la geri moun.” (Pwo. 12:18). Nòmalman, sa ka rive nou di yon move pawòl ki blese yon moun ki deprime san n pa fè espre. Sepandan, menmsi w ta blese yon moun san w pa fè espre, sa ka fè l anpil lapenn. Pou n fòtifye lòt moun nan lanmou lè n ankouraje yo, sa mande pou n aprann mete n nan plas yo, sa vle di mete n nan sitiyasyon yo ye a otan nou kapab. — Mat. 7:12.

15. Ki zouti ki gen anpil valè nou ka itilize pou n fòtifye lòt moun nan lanmou?

15 Sèvi ak Pawòl Bondye a pou w konsole lòt moun. (Li Women 15:4, 5.) Ekriti ki sakre yo se yon trezò kote n ka jwenn rekonfò ak konsolasyon. Se “Bondye ki bay andirans ak konsolasyon an” ki Mèt Bib la. Anplis konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo, nou gen yon pakèt zouti pou ede n etidye Bib la. Nou ka sèvi ak Index des publications de la Société Watch Tower a ansanm ak Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la. Zouti sa yo ka ede n jwenn yon seri panse biblik ankourajan k ap ede n fè fas ak tout kalite pwoblèm. Zouti sa yo ka ede n gen tout sa n bezwen pou n pataje kèk panse ankourajan ak moun yo, sa k ap pèmèt efò ki plen lanmou n ap fè yo vin pi efikas.

16. Ki kalite n bezwen genyen lè n ap ankouraje yon kretyen ki fè depresyon?

16 Montre n gen tandrès ak jantiyès. Kalite sa yo se de aspè ki gen anpil valè nan lanmou san enterè nou demontre lè n ap ankouraje yon moun e lè n ap fòtifye l. Jewova se “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an” e l gen “kè sansib” pou sèvitè l yo. (Li 2 Korentyen 1:3-6; Lik 1:78; Wom. 15:13.) Pòl te bay yon bèl egzanp nan sans sa a, men sa l te ekri: “Nou te vin dou nan mitan nou, tankou lè yon manman ap chouchoute pitit li ki nan tete. Piske nou gen anpil afeksyon pou nou, nou te byen deside pou nou ban nou nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou bay lavi nou pou nou ka ede nou, paske nou te vin tèlman renmen nou.” (1 Tes. 2:7, 8). Lè n montre n gen tandrès menm jan ak Bondye, nou ka vin tounen repons priyè yon moun ki fè depresyon.

17. Ki pwennvi ekilibre nou dwe genyen sou frè n yo k ap ede n fòtifye yo nan lanmou?

17 Pa atann pou frè n ak sè n yo pafè. Chèche gen yon pwennvi ekilibre sou frè n ak sè n yo. Si n atann pou frè n ak sè n yo san defo, nou pap montre n rezonab e sa ap fè n dekouraje (Ekl. 7:21, 22). Sonje Jewova montre l rezonab nan sa l atann nan men sèvitè l yo. Si n suiv egzanp li, n ap prepare n pou n fè fas ak enpèfeksyon lòt moun (Efe. 4:2, 32). Olye n fè yo panse yo pa janm fè ase, chèche felisite yo pou sa yo fè. Sa ka ankouraje yo. Lè n felisite lòt moun ak tout kè n, sa ka fòtifye yo nan lanmou e sa ka ede yo jwenn yon “rezon pou [yo] rejwi” nan sèvis sakre y ap bay Bondye a. Li pi bon lontan lè n fè sa pase lè n chèche konpare yo ak lòt moun, sa ki kapab fè yo tris. — Gal. 6:4.

18. Ki sa k pouse n fòtifye lòt moun nan lanmou?

18 Tout moun ki fè pati mouton Jewova yo gen anpil valè pou li menm ak Jezi ki te bay sakrifis ranson an (Gal. 2:20). Nou renmen frè n ak sè n yo anpil. E n vle pran swen yo avèk tandrès ak lanmou. Pou n ka vin yon sous ankourajman pou yo, “annou kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè ak bagay k ap fòtifye youn lòt”. (Wom. 14:19.) Se pa ti tann nou tout ap tann Paradi ki gen pou vini an, kote n pap janm gen rezon pou n dekouraje! Pap gen maladi ankò, pap gen lagè, lanmò nou eritye a pap la ankò, pap gen pèsekisyon, pwoblèm nan fanmi ak dekourajman. Apre Rèy mil an an, lèzòm pral vin pafè. Lè sa a, Jewova Dye pral adopte moun ki chape nan dènye eprèv la kòm pitit li ki sou tè a e moun sa yo pral gen “libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. (Wom. 8:21.) Kidonk, annou tout kontinye demontre lanmou k ap fòtifye moun nan, epi ann ede youn lòt rive atenn objektif sa a ki bay kè kontan ak anpil byenfè.

^ § 12 Pou n jwenn konsèy pratik sou fason pou n fè fas ak santiman ki fè yon moun anvi touye tèt li, gade atik nan Reveye n! ki vin annapre yo: “Pourquoi s’accrocher?”, “1 Les choses changent”, “2 Vous pouvez recevoir de l’aide”, “3 Il y a de l’espoir” (avril 2014), “Quand on veut en finir avec la vie” (janvye 2012), “Un fléau mondial”, “Pourquoi renonce-​t-​on à vivre ?”, “Vous pouvez trouver de l’aide” (22 oktòb 2001).