Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo”

“Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo”

“Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.” — JAN 4:34.

KANTIK: 80, 35

1. Ki efè etadespri egoyis ki gaye nan monn nan kapab genyen sou imilite nou?

POUKISA li difisil pou n aplike sa n aprann nan Pawòl Bondye a? Youn nan rezon yo se paske sa mande imilite pou n fè sa ki dwat, epi kapasite n genyen pou n demontre imilite a ap sibi eprèv. Nan “dènye jou” sa yo, nou antoure ak moun ki “renmen pwòp tèt yo, [ki] renmen lajan, [ki] grandizè, [ki] ògeye” e ki “san metriz”. (2 Tim. 3:1-3.) Lè moun yo ap fè wè jan yo egoyis e yo menm fè elòj pou sa, yon sèvitè Bondye gendwa rayi yon konduit konsa, men l ka anvye rezilta sa bay (Sòm 37:1; 73:3). Yon moun gendwa menm mande tèt li: ‘Èske sa vrèman vo lapenn pou m met enterè lòt moun anvan enterè pa m? Si m konpòte m “kòm yon moun ki pa enpòtan”, èske m pap pèdi respè lòt moun?’ (Lik 9:48). Si n kite etadespri egoyis ki gaye nan monn nan gen enfliyans sou nou, sa ka gen move efè sou relasyon ki baze sou lanmou nou gen nan kongregasyon an ak sou idantite n antanke kretyen. Men, nou jwenn byenfè lè n etidye bon egzanp ki nan Bib la ak lè n imite yo.

2. Ki enfliyans sèvitè fidèl Bondye yo ka gen sou nou?

2 Si n vle pran moun fidèl yo kòm modèl, nou bezwen chèche konn ki sa yo te fè ki te pèmèt yo jwenn rezilta yo te vle a. Ki jan yo te rive vin zanmi Bondye, yo te jwenn apwobasyon l e yo te jwenn fòs pou yo fè volonte l? Yon etid konsa se yon aspè ki enpòtan anpil nan manje espirityèl n ap manje a.

MANJE ESPIRITYÈL VLE DI PLIS PASE SENP ENFÒMASYON

3, 4. a) Ki fason nou jwenn enstriksyon nan domèn espirityèl? b) Poukisa n kapab di manje espirityèl vle di plis pase vin gen konesans?

3 Nou resevwa anpil bon konsèy ak fòmasyon nan Bib la, nan piblikasyon nou yo, sou sit Entènèt nou an, sou Tele JW, nan reyinyon nou yo ak nan asanble yo. Men, selon pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 4:34 la, manje espirityèl vle di plis pase annik vin gen konesans. Ki lòt bagay li gen ladan l? Jezi te di: “Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.”

4 Pou Jezi, manje espirityèl gen ladan l aji anba direksyon Bondye. Nan ki sans li tankou manje? Menm jan lè n manje yon bon ti manje sa fè kò nou satisfè e l vin pi anfòm, konsa tou, lè n patisipe nan fè volonte Bondye, kè nou vin djanm e lafwa nou genyen nan lavi ki pap janm fini an vin pi solid. Konbyen fwa w t al nan yon reyinyon predikasyon san w pa t santi w byen, epi apre w fin preche jou sa a ou santi w anfòm e w repran fòs?

5. Ki byenfè n jwenn lè n aji avèk sajès?

5 Gen sajès vle di sitou met enstriksyon Bondye yo an pratik (Sòm 107:43). Byenfè n jwenn lè n aji avèk sajès montre sa vo lapenn pou n fè efò. Bib la di: “Pa gen anyen ou anvi genyen ki tankou l. [...] Li se yon pyebwa k ap bay moun ki kenbe l yo lavi, e moun ki kenbe l byen di yo ap kontan.” (Pwo. 3:13-18). Jezi te di: “Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo.” (Jan 13:17). Disip yo t ap toujou gen kè kontan si yo te kontinye fè sa Jezi te anseye yo pou yo fè. Yo pa t annik aksepte ansèyman ak egzanp li yo kòm yon repons yo te jwenn byen vit nan yon okazyon. Sa te vin fè pati lavi yo.

6. Poukisa n dwe kontinye demontre sajès?

6 Jodi a, li vrèman enpòtan pou n kontinye aplike sa n konnen ki laverite. Ann pran yon egzanp: yon mekanisyen kapab gen zouti, materyèl ak konesans. Men, bagay sa yo pap itil li si l pa sèvi ak yo. Si l te konn travay kòm mekanisyen anvan sa e l te vin gen bonjan eksperyans nan domèn nan, li dwe kontinye pratike sa l te aprann nan pou l kontinye byen fè travay li e pou l bay bon rezilta. Menm jan an tou, okòmansman sa ka byen mache pou nou paske n aplike sa n li nan Bib la. Men, n ap toujou gen kè kontan lè n viv ann amoni ak enstriksyon Jewova bay chak jou e n fè sa avèk imilite.

7. Nan kesyon demontre sajès, ki efè egzanp ki nan Bib la ta dwe gen sou nou?

7 Ann egzamine kèk sitiyasyon kote imilite nou ka pase anba eprèv e n ap wè ki jan moun fidèl nan tan lontan yo te rive fè fas ak yon seri difikilte menm jan an. N ap jwenn fòs nan domèn espirityèl lè n fè plis pase annik egzamine enfòmasyon an. Kidonk, reflechi ak fason w ka aplike chak pwen sa yo nan lavi w, epi fè sa san pèdi tan.

CHÈCHE WÈ TOUT MOUN MENM JAN AN

8, 9. Ki sa evènman ki rapòte nan Travay 14:8-15 lan aprann nou konsènan imilite apot Pòl te genyen? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

8 Bondye vle pou “tout kalite moun sove e [li] vle yo gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:4.) Ki jan w wè pakèt moun ki poko aprann laverite yo? Byenke apot Pòl te konn al nan sinagòg yo pou l jwenn moun ki te deja konn kèk bagay sou Bondye, se sèten l pa t annik chèche jwenn moun ki Juif. Fason moun ki te konn adore lòt dye yo te reyaji devan mesaj li a t apral montre jis nan ki pwen l gen imilite.

9 Pa egzanp, nan premye vwayaj Pòl te fè antanke misyonè, moun ki pale lang likawónyen yo te pran li menm ak Banabas pou dye paske yo te panse se Zes ak Èmès, fo dye yo te genyen yo, ki pran fòm kò moun. Èske Pòl ak Banabas te eseye pwofite okazyon an pou yo vin popilè? Èske sa pa t sanble yon soulajman pou yo apre tout pèsekisyon yo te andire nan de dènye vil yo te sot vizite yo? Èske yo te panse piblisite sa a te ka ede bon nouvèl la gaye plis toujou? Non! San pèdi tan, yo te montre yo pa dakò lè yo te chire rad sou yo, yo vòltije antre nan foul la e yo rele byen fò: “Sa n ap fè konsa a [...]? Nou menm tou, nou se moun ki gen menm feblès ak nou.” — Tra. 14:8-15.

10. Poukisa Pòl ak Banabas te ka wè moun ki pale lang likawónyen yo kòm moun ki menm jan avè yo?

10 Lè Pòl ak Banabas te di yo menm tou yo se moun ki enpafè, yo pa t vle di adorasyon y ap bay Bondye a ak adorasyon moun payen sa yo te konn bay dye yo genyen yo te prèske menm jan. Èske yo toule de pa t resevwa yon asiyasyon espesyal antanke misyonè (Tra. 13:2)? Èske Bondye pa t chwazi yo toule de pa mwayen lespri sen e yo te resevwa yon bèl esperans? Wi, men, Pòl ak Banabas te konprann moun ki te pale lang likawónyen yo te ka jwenn menm avantaj yo si yo te byen reyaji devan bon nouvèl la.

11. Lè n ap preche, ki jan n ka chèche gen bonjan imilite menm jan ak Pòl?

11 Ki jan n ka chèche gen bonjan imilite menm jan ak Pòl? Toudabò, nou dwe reziste devan nenpòt tantasyon pou n atann moun fè elòj pou nou pou sa n rive akonpli grasa fòs Jewova oswa pou n aksepte sa. L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Ki jan m wè moun m ap preche yo? San m pa rann mwen kont, èske m ka montre m nan paspouki ak kèk moun jan moun nan zòn m ap viv la abitye fè sa?’ Erezman, toupatou nan monn nan, Temwen Jewova yo byen egzamine tèritwa yo pou yo wè si toujou gen lòt moun k ap byen reyaji devan bon nouvèl la. Pafwa, sa ka mande pou yo aprann lang ak koutim moun sosyete a pa bay enpòtans an jeneral. Temwen yo pa dwe konsidere yo siperyè moun sa yo. Okontrè, yo chèche konprann chak moun yon fason pou yo fè mesaj Wayòm nan touche kè yo.

SITE NON MOUN YO LÈ N AP PRIYE POU YO

12. Ki jan Epafras te montre l gen sousi pou lòt moun san se pa enterè l t ap chèche?

12 Yon lòt fason n ka montre n koute konsèy Bondye ban nou yo avèk imilite se lè n priye pou moun ki deja gen “yon lafwa ki gen anpil valè menm jan ak lafwa pa nou”. (2 Pyè 1:1.) Epafras te fè sa. Yo pale de li nan Bib la sèlman twa fwa, e toule twa fwa sa yo se nan pawòl Bondye te pouse Pòl ekri yo. Pandan Pòl te nan kay kote yo te kenbe l kòm prizonye nan vil Wòm nan, li te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Kolòs yo e l te fè yo konnen Epafras “toujou ap lite pou [yo] nan priyè li”. (Kol. 4:12.) Epafras te byen konnen frè yo e l te gen bonjan sousi pou yo. Malgre l te “nan prizon ansanm” ak Pòl, sa pa t anpeche l wè bezwen lòt moun te genyen nan domèn espirityèl (Flm. 23). E l te fè yon bagay pou sa. Èske sa pa montre l gen bonjan sousi pou lòt moun san se pa enterè l ap chèche? Priyè nou fè pou moun k ap sèvi Jewova menm jan avè n yo gen anpil fòs sitou lè n sonje yo pèsonèlman, pa egzanp lè n site non yo. — 2 Kor. 1:11; Jak 5:16.

13. Ki jan w ka suiv egzanp Epafras lè w ap priye?

13 Reflechi ak moun ou ka site non yo lè w ap priye pou yo. Menm jan ak Epafras, gen anpil nan frè ak sè n yo ki konn priye pou moun nan kongregasyon yo ye a e pou kèk fanmi ki gen anpil gwo responsablite oswa ki gen gwo desizyon pou yo pran oubyen k ap fè fas ak gwo tantasyon. Gen anpil moun ki konn priye pou moun yo site non yo nan atik ki gen tit “Témoins de Jéhovah emprisonnés en raison de leur foi” ki sou sit jw.org la. (Gade anba seksyon SALLE DE PRESSE > VEILLE JURIDIQUE.) Anplis de sa, l ap bon pou n sonje moun ki gen moun pa yo ki mouri, moun ki te chape anba katastwòf ak lagè ki fèk sot frape, ansanm ak moun k ap andire gwo pwoblèm ekonomik. Sa klè, gen anpil frè ak sè ki bezwen nou priye pou yo e ki ka jwenn byenfè grasa priyè sa yo. Lè n priye pou moun sa yo, nou montre n pap chèche enterè pa nou sèlman, men n ap chèche enterè pa lòt moun tou (Flp. 2:4). Jewova tande priyè sa yo.

NOU “DWE DISPOZE KOUTE”

14. Ki fason Jewova bay pi bèl egzanp antanke Sila a ki konn koute?

14 Yon lòt fason nou ka montre jis nan ki pwen nou gen imilite se lè n dispoze koute lòt moun. Jak 1:19 di nou “dwe dispoze koute”. Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan sans sa a (Jen. 18:32; Joz. 10:14). Ann wè sa n ka aprann nan konvèsasyon ki nan Egzòd 32:11-14 la. (Li vèsè yo.) Aktout Jewova pa t bezwen konsèy nan men Moyiz, li te ba l posiblite pou l di sa l santi. Ki moun ki t ap pran tout tan l pou l koute rezònman yon lòt moun k ap fè move rezònman epi pou l fè sa moun sa a di a? Sepandan, avèk pasyans, Jewova koute moun ki rele l sou baz lafwa yo gen nan li.

15. Ki jan n ka chèche onore lòt moun menm jan ak Jewova?

15 L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Si Jewova ka bese pou l pale ak moun e pou l koute yo jan l te fè sa ak Abraram, Rachèl, Moyiz, Jozye, Manowa, Eli ak Ezekyas, èske l pa t ap bon pou m onore tout frè m yo, pou m ba yo valè, pou m koute sa y ap di e pou m menm suiv bon ide yo bay? Èske gen yon moun nan kongregasyon m nan oswa nan fanmi m ki merite pou m ba l atansyon kounye a menm? Ki sa m dwe fè pou sa? Ki sa m pral fè pou sa?’ — Jen. 30:6; Jij 13:9; 1 Wa 17:22; 2 Kwo. 30:20.

“PETÈT, JEWOVA AP WÈ MIZÈ M”

David te di: “Kite l!” Ki sa w t ap fè ou menm? (Gade paragraf 16, 17.)

16. Ki fason wa David te reyaji lè Chimeyi t ap pwovoke l?

16 Imilite ap ede n demontre metriz tou lè y ap pwovoke n (Efe. 4:2). Nou ka jwenn yon bèl egzanp nan 2 Samyèl 16:5-13. (Li vèsè yo.) Chimeyi, yon fanmi wa Sayil, t ap repwoche David ak sèvitè l yo e l te fè yo menas fizik. David te andire sa aktout li te gen otorite pou l fè l sispann. Ki jan David te fè jwenn fòs pou l metrize lespri l? N ap jwenn plis esplikasyon sou sa lè n egzamine twazyèm Sòm nan.

17. Ki sa k te ede David metrize lespri l, e ki jan n ka suiv egzanp li?

17 Pawòl ki anlè tèt Sòm 3 a montre se David ki te ekri chante sa a lè l “t ap kouri pou Absalon, pitit gason l”. Pawòl ki nan vèsè 1 ak vèsè 2 a koresponn ak kèk evènman yo rapòte nan chapit 16 liv 2 Samyèl la. Apre sa, Sòm 3:4 montre konfyans David te genyen, lè l di: “M ap rele Jewova byen fò, e l ap reponn mwen detan l sou mòn li an ki sakre.” Nou menm tou nou ka priye Jewova lè y ap atake nou. Kòm repons, Jewova ap ban nou lespri sen l ki kapab ede n andire. Èske gen yon sitiyasyon kote w bezwen demontre metriz oswa w bezwen padone ak tout kè w paske yon moun mal aji avè w san rezon? Èske w gen konfyans Jewova kapab wè mizè w e l ap fè w jwenn byenfè?

“SAJÈS SE BAGAY KI PI ENPÒTAN” AN

18. Ki fason n ap jwenn byenfè si n kontinye aplike enstriksyon Bondye bay yo?

18 Lè n fè sa n konnen ki dwat, sa ap fè n jwenn anpil benediksyon. Pwovèb 4:7 gen rezon di “sajès se bagay ki pi enpòtan” an! Byenke sajès baze sou konesans, li sitou gen rapò ak desizyon n ap pran olye l annik baze sou sa n konnen. Menm foumi yo montre ki sa sajès ye. Foumi yo montre yo gen sajès pa ensten lè yo prepare manje yo pandan sezon ete (Pwo. 30:24, 25). Kris, li menm ki se “sajès Bondye”, toujou fè sa ki fè Papa l plezi (1 Kor. 1:24; Jan 8:29). Bondye konnen diferans ki genyen ant lè yon moun fè yon bon chwa ak lè l aji ann amoni ak chwa sa a. Li rekonpanse moun ki demontre imilite ak andirans e ki pratike sa yo konnen ki verite. (Li Matye 7:21-23.) Kidonk, ann fè efò pou n pwoteje anviwònman espirityèl nou an kote vrè imilite a kapab grandi. Sa mande tan ak pasyans pou n aplike sa n konnen ki verite. Men, lè n fè sa nou montre n gen imilite k ap pèmèt nou gen kè kontan depi kounye a e pou toutan.