Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kretyen ki granmoun yo: Jewova bay fidelite n anpil valè

Kretyen ki granmoun yo: Jewova bay fidelite n anpil valè

TOUPATOU sou tè a, ansyen yo bay privilèj yo genyen pou yo sèvi pami pèp Bondye a anpil valè. Se pa ti byenfè nou tout jwenn grasa yo! Men, sa pa gen lontan, yo te fè yon ajisteman. Yo te mande ansyen ki granmoun yo pou yo bay ansyen ki jèn yo kèk nan gwo responsablite yo te genyen yo. Nan ki sans?

Nan nouvo dispozisyon sa a, yo te mande siveyan sikonskripsyon yo ak frè k ap sèvi kòm enstriktè nan lekòl òganizasyon an òganize yo pou yo kanpe nan sèvis sa yo lè yo gen 70 an. Anplis de sa, ansyen ki gen 80 an yo ap remèt ansyen ki pi jèn yo divès lòt responsablite yo te genyen, tankou kowòdonatè Komite filyal oswa kowòdonatè gwoup ansyen nan kongregasyon an. Ki fason ansyen sa yo nou renmen anpil te reyaji devan dispozisyon sa a? Yo te montre yo fidèl ak Jewova ansanm ak òganizasyon l lan!

Men sa Ken, ki te fè prèske 49 an ap sèvi kòm kowòdonatè yon komite filyal, di: “Mwen te dakò nèt ak desizyon sa a. Anfèt, menm jou maten m te aprann sa a, m te priye Jewova pou m di l nou bezwen yon jèn frè pou sèvi kòm kowòdonatè.” Fason Ken te reyaji a montre ki jan moun ki granmoun k ap sèvi Bondye fidèlman toupatou sou tè a te santi yo. Nòmalman, piske yo renmen sèvi frè yo, sa te fè yo yon ti jan dekouraje okòmansman.

Men sa Esperandio ki te sèvi kòm kowòdonatè gwoup ansyen nan kongregasyon l di: “Sa te fè m yon ti jan tris.” Men, li fè konnen: “M te bezwen plis tan pou m pran swen sante m k ap bese.” Jan n ka atann sa, Esperandio toujou ap sèvi Jewova fidèlman e l toujou ede moun nan kongregasyon l lan jwenn byenfè.

E konsènan moun ki te gen lontan depi yo t ap sèvi kòm siveyan itineran ki te oblije al nan yon lòt fòm sèvis yo? Men sa Allan, ki te fè 38 an ap sèvi kòm siveyan itineran, admèt: “Lè m te aprann nouvèl la, sa te choke m.” Aktout sa, li te rekonèt byenfè sa bay lè n bay jèn gason yo fòmasyon pou yo fè travay la, e l kontinye sèvi fidèlman.

Russell, ki te fè 40 an antou ap sèvi kòm siveyan itineran e kòm enstriktè nan lekòl òganizasyon an ap òganize yo, fè konnen okòmansman li menm ak madanm li te dekouraje. Men sa l di: “Nou te renmen privilèj nou an anpil e n te santi n gen fòs fizik ak mantal pou n kontinye ladan l.” Russell ak madanm li ap sèvi ak fòmasyon yo te resevwa a ansanm ak eksperyans yo genyen yo pou yo ede kongregasyon yo ye a e sa fè pwoklamatè k ap sèvi avèk yo gen kè kontan.

Menmsi w pa santi w menm jan ak moun nou site pi wo yo, gen yon istwa nan 2 Samyèl ki ka ede w konprann moun sa yo.

YON MESYE KI KONN LIMIT LI E KI REZONAB

Ann fè yon ti reflechi ak lè Absalon, yon pitit gason wa David, te fè rebelyon l lan. David te kouri kite Jerizalèm pou l al Maanayim, yon zòn ki twouve l nan lès Rivyè Jouden. Pandan David ak moun ki te avè l yo nan zòn sa a, yo te vin bezwen kèk bagay pou yo viv. Èske w sonje sa k te rive?

Gen twa mesye nan zòn nan ki te kontan ba yo kabann, plizyè kalite manje ansanm ak veso yo te bezwen. Bazilayi te youn nan mesye sa yo (2 Sam. 17:27-29). Kou rebelyon Absalon an te fini, David te ka retounen Jerizalèm, e Bazilayi te akonpaye l rive bò Rivyè Jouden an. David te mande l pou l vin Jerizalèm. Wa a te di l l ap ba l manje aktout Bazilayi te “rich anpil” e l pa t ap bezwen manje wa a te ofri l la (2 Sam. 19:31-33). Men, sanble David te apresye kalite Bazilayi te genyen yo ansanm ak nenpòt konsèy li te ka ba li. Se sèten l t ap gen yon bèl privilèj pou l viv e pou l travay nan palè wa a!

Piske Bazilayi te rezonab e l te konn limit li, li te fè wa a konnen se 80 an li genyen. Apre sa, li te ajoute: “Èske m ka distenge byen ak mal?” Ki sa l te vle di? Bazilayi dwe te vin gen anpil sajès pandan tout vi l. E l te ka toujou bay bon konsèy, menm jan “granmoun” yo te bay wa Wobowam bon konsèy pi devan (1 Wa 12:6, 7; Sòm 92:12-14; Pwo. 16:31). Donk, sa Bazilayi te di konsènan distenge byen ak mal la kapab gen rapò ak efè laj li genyen sou kò l ak limit li. Li te admèt pakèt laj li genyen an te deja gen efè sou gou bouch li ak sou fason l tande (Ekl. 12:4, 5). Se sa k fè Bazilayi te ankouraje David pou l al Jerizalèm ak yon jèn gason ki rele Kimam, petèt ki te pitit Bazilayi. — 2 Sam. 19:35-40.

PLANIFIKASYON POU LAVNI

Ajisteman konsènan laj nou te pale de li nan kòmansman an sanble ak desizyon Bazilayi te pran an. Nòmalman, nan epòk nou an, sa n dwe pran an konsiderasyon an gen plis bagay ladan l pase sitiyasyon ak kapasite yon moun, jan sa te ye nan ka Bazilayi a. Yon fason rezonab, nou bezwen konsidere sa ki pi bon pou ansyen k ap sèvi Bondye fidèlman toupatou sou tè a.

Moun aje sa yo ki konn limit yo gendwa pa pran tan pou yo wè jan òganizasyon Jewova a ap fè plis pwogrè alavni si se frè ki pi jèn yo ki vin gen responsablite yo te genyen depi lontan yo. Nan pifò ka, se frè ki granmoun yo ki te bay jèn sa yo fòmasyon, menm jan petèt Bazilayi te bay pitit gason l lan fòmasyon epi apot Pòl te bay Timote fòmasyon (1 Kor. 4:17; Flp. 2:20-22). Jèn frè sa yo bay prèv yo se “gason kòm kado” kounye a ki kapab bay èd nan “konstriksyon kò Kris la”. — Efe. 4:8-12; konpare ak Nonb 11:16, 17, 29.

DIVÈS POSIBLITE POU N PATISIPE NAN SÈVIS LA

Anpil frè nan kongregasyon pèp Bondye a toupatou sou tè a ki te remèt kèk nan responsablite yo te genyen kapab pwofite nouvo posiblite yo jwenn nan travay Jewova a oswa pou yo fè plis nan travay la.

Men sa Marco ki te fè 19 an kòm siveyan itineran te di: “Gen kèk sè nan kongregasyon m nan ki gen mari yo ki pa kwayan, nouvo sitiyasyon m nan pèmèt mwen chèche ede mari sa yo.”

Men sa Geraldo, ki te fè 28 an nan sèvis itineran, di: “Nouvo objektif nou genyen yo gen ladan l ede moun ki inaktif yo epi kondui plis etid biblik.” Li fè konnen li menm ak madanm li ap kondui 15 etid biblik e gen anpil moun ki te inaktif ki asiste reyinyon yo kounye a.

Men ki remak Allan, nou te pale de li pi wo a, fè: “Kounye a, nou gen posiblite pou n bay tout nou menm nan travay predikasyon an. Nou renmen patisipe nan temwayaj piblik, preche tèritwa ki gen biznis, nou renmen preche vwazen nou yo, e gen de nan yo ki vin nan Sal Wayòm nan.”

Si w se yon frè ki kalifye e ki fidèl, e w te resevwa yon nouvo asiyasyon pami pèp Bondye a, gen yon lòt fason espesyal ou ka bay èd ou. Ou ka soutni travay Jewova a lè w pataje eksperyans ki gen anpil valè ou genyen yo ak jèn gason nan kongregasyon an. Men sa Russell, nou te pale de li pi wo a, di: “Jewova ap bay yon seri jèn ki bèl, ki gen anpil talan fòmasyon e l ap sèvi avèk yo. Frè yo sou tout tè a jwenn byenfè grasa ansèyman ak sèvis frè sa yo ap bay ak tout kè yo!” — Gade kare ki gen tit “ Ede jèn gason yo atenn tout kapasite yo”.

JEWOVA BAY FIDELITE N ANPIL VALÈ

Si w pa gen lontan depi w antre nan yon lòt fòm sèvis, rete pozitif. Grasa travay w ap fè ak tout kè w la, ou deja touche lavi yon kantite moun nou pa ka konte, e w ka kontinye fè sa. Nou renmen w e se sèten n ap kontinye renmen w.

Sa k pi enpòtan an, ou rive touche kè Jewova nèt. Li pap janm ‘bliye travay ou fè ak lanmou ou demontre pou non l lè w ede moun ki sen yo e w kontinye ap ede yo’. (Ebre 6:10.) Vèsè sa a Bondye te pouse apot Pòl ekri a ban nou asirans tout sa l pwomèt nou yo depase tout travay nou te fè yo. Ou gen twòp valè pou Jewova pou l ta bliye efò w te fè ak efò w ap kontinye fè pou w fè l plezi!

E si w pa t gen yon chanjman asiyasyon menm jan ak sa n te pale pi wo a? Chanjman sa a kapab gen yon efè dirèk sou ou. Nan ki sans?

Si kounye a ou konn yon frè aje ki fidèl ki te chanje asiyasyon, ou ka jwenn byenfè grasa matirite li genyen ansanm ak eksperyans li vin genyen pandan plizyè ane. Chèche jwenn konsèy nan men l. Mande l kèk sijesyon. Epi gade ki jan l sèvi ak eksperyans li genyen yon fason ki fidèl nan asiyasyon l gen kounye a.

Kit ou se yon moun ki granmoun k ap sèvi nan yon lòt asiyasyon oswa w se yon frè oubyen yon sè ki nan pozisyon pou w jwenn byenfè, toujou sonje Jewova bay moun ki gen lontan depi y ap sèvi l fidèlman e ki kontinye fè sa anpil valè.