Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Montre n gen konsiderasyon ak bonte menm jan ak Jewova

Montre n gen konsiderasyon ak bonte menm jan ak Jewova

“Byennere moun ki pran ka moun ki ba yo.” — SÒM 41:1.

KANTIK: 130, 107

1. Ki fason lanmou parèt aklè pami pèp Bondye a?

PÈP Bondye a fòme yon fanmi nan domèn espirityèl, yon fanmi ki gen lanmou youn pou lòt (1 Jan 4:16, 21). An jeneral, lanmou sa a pa parèt nan yon seri gwo aksyon moun pa wè fasil, men, li parèt nan yon seri ti bagay sanzenpòtans nou pa ka konte, tankou kèk pawòl byen reflechi ak kèk aksyon ki demontre bonte. Lè n trete lòt moun avèk bonte ak konsiderasyon, nou montre n ap “imite Bondye, antanke pitit li renmen”. — Efe. 5:1.

2. Ki jan Jezi te montre l gen lanmou menm jan ak Bondye?

2 Jezi te imite Papa l yon fason ki pafè. Men sa l te di: “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs [...], paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” (Mat. 11:28, 29). Lè n suiv egzanp Kris nan fason n “pran ka moun ki ba yo”, Papa nou ki nan syèl la ap fè n favè e n ap gen anpil kè kontan (Sòm 41:1). Ann wè ki jan n ka montre konsiderasyon pou moun nan fanmi nou, nan kongregasyon an ak nan travay predikasyon an.

MONTRE KONSIDERASYON POU MOUN NAN FANMI W

3. Pou yon mari, ki jan bon konprann ak konsiderasyon dwe mache men nan men? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Mari yo dwe pran latèt nan demontre konsiderasyon pou moun nan fanmi an (Efe. 5:25; 6:4). Pa egzanp, yo jwenn ankourajman pou yo viv ak madanm yo “dapre konesans”, yon ekspresyon yo ka met “gen konsiderasyon pou yo, kontinye konprann yo” pou yo tradui l tou (1 Pyè 3:7, nòt). Bon konprann ak konsiderasyon mache men nan men. Pa egzanp, yon mari ki gen bon konprann, konnen madanm li, antanke konpay li, diferan avè l nan anpil domèn, men, sa pa vle di li pi ba pase l (Jen. 2:18). Nan ka sa a, li dwe montre l gen bonjan konsiderasyon pou santiman madanm nan e l dwe trete l ak diyite ak onè. Men sa yon madan marye nan peyi Kanada te di konsènan mari l: “Li pa janm minimize santiman m oswa pou l ta di: ‘Ou pa ta dwe santi w konsa.’ Anplis de sa, li toujou koute m. Lè l ap ede m korije pwennvi m sou yon bagay, li fè sa avèk bonte.”

4. Ki jan yon mari dwe montre konsiderasyon pou madanm li nan fason l aji ak lòt fi?

4 Anplis de sa, yon mari ki gen konsiderasyon ap pran santiman madanm li oserye nan fason l aji ak lòt fi. Li pap janm flète ak yo oswa montre l enterese nan yo yon fason ki pa kòrèk, ni l pap montre enterè sa a lè l ap sèvi ak rezo sosyal oswa ak Entènèt (Jòb 31:1). Wi, l ap ret fidèl ak madanm li, nonsèlman paske l renmen l, men tou, paske l renmen Bondye e l rayi sa ki mal. — Li Sòm 19:14; 97:10.

5. Ki jan yon madanm ka montre konsiderasyon pou mari l?

5 Lè yon mari konsidere Jezi Kris, chèf li, kòm yon modèl, l ap ede madanm li vin gen “gwo respè” pou li (Efe. 5:22-25, 33). Kòm rezilta, respè madanm nan gen pou mari l ap pouse l montre konsiderasyon pou li, petèt lè mari a oblije pase plis tan nan aktivite Wayòm nan oswa lè l gen pwoblèm k ap trakase lespri l. Men sa yon mari nan peyi Grann Bretay di: “Pafwa, madanm mwen konn remake yon chanjman nan konpòtman m ki fè l konprann gen yon bagay k ap boulvèse m. Lè konsa, li konn aplike prensip nou jwenn nan Pwovèb 20:5 la, menm lè sa mande pou l tann bon moman an pou l ‘rale’ sa k nan panse m yo ‘met deyò’ si se yon bagay mwen ka pale avè l.”

6. Ki fason nou tout ka ankouraje timoun yo pou yo montre konsiderasyon pou lòt moun, e ki byenfè timoun yo ap jwenn?

6 Lè paran yo montre konsiderasyon youn pou lòt, yo bay timoun yo yon bèl egzanp pou yo suiv. Nòmalman, premye responsablite paran yo genyen se anseye pitit yo fason pou yo montre konsiderasyon pou lòt moun. Pa egzanp, paran yo ka anseye yo pou yo pa plede ap kouri nan Sal Wayòm nan. Nan aktivite nou òganize an gwoup, paran yo ka di timoun yo pou yo kite moun ki pi gran yo pran devan lè y ap fè liy pou y al manje. Nòmalman, tout moun nan kongregasyon an ka ede paran yo. Pa egzanp, lè yon timoun fè yon aksyon ki montre l gen konsiderasyon pou nou, petèt lè l ouvri yon pòt, nou dwe felisite l. Lè n fè sa, sa ka gen bon efè sou timoun nan, sa ka touche kè l pou l konnen “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. — Tra. 20:35.

ANN “VOYE JE YOUN SOU LÒT” NAN KONGREGASYON AN

7. Ki jan Jezi te montre konsiderasyon pou yon mesye ki soud, e ki leson nou ka aprann nan egzanp Jezi?

7 Yon lè, pandan Jezi te nan rejyon Dekapòl, moun yo te “mennen yon mesye ki soud e ki gen lang lou ba li”. (Mak 7:31-35.) Olye Jezi geri mesye a devan tout moun, li “deplase ak mesye a” epi l geri l. Poukisa? Andikap mesye a te genyen yo te ka fè l santi l pa alèz nan mitan yon foul moun. Petèt Jezi te santi sa e l te geri l an prive. Nòmalman, nou pa ka fè mirak pou n geri moun. Men, nou kapab gen konsiderasyon pou bezwen ak santiman adoratè parèy nou yo e n dwe fè sa. Men sa apot Pòl te ekri: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon.” (Ebre 10:24). Jezi te konprann fason yon mesye ki soud te santi l e l te montre konsiderasyon pou li. Ala yon bèl egzanp li kite pou nou!

8, 9. Ki fason n ka montre konsiderasyon pou granmoun ak moun ki enfim? (Bay kèk egzanp.)

8 Montre konsiderasyon pou granmoun ak moun ki enfim. Yo pa rekonèt kongregasyon kretyen an pou bon ansèyman l bay, men, pou lanmou li gen ladan l (Jan 13:34, 35). Lanmou sa a pouse n fè tout sa n kapab pou n ede granmoun yo ak moun ki enfim yo asiste reyinyon kretyen yo e pou yo preche bon nouvèl la. Nou fè sa menmsi yo pa ka fè tout bagay (Mat. 13:23). Michael, yon frè ki sou chèz woulant, kontan anpil pou èd moun nan fanmi l ak frè ki nan gwoup predikasyon l lan ba li. Men sa l di: “Grasa èd yo tout ban mwen, m ka asiste pifò reyinyon yo e m ka patisipe regilyèman nan travay predikasyon an. M sitou renmen bay temwayaj an piblik.”

9 Nan anpil Betèl, gen Betelit ki granmoun e ki enfim. Siveyan ki gen lanmou yo montre konsiderasyon pou sèvitè fidèl sa yo lè yo fè aranjman pou yo patisipe nan bay temwayaj pa mwayen lèt ak telefòn. Men sa Bill, ki gen 86 an e ki konn ekri lèt pou voye bay moun k ap viv nan zòn ki izole, fè konnen: “Nou renmen privilèj nou genyen pou n ekri lèt la.” Men sa Nancy, ki prèske gen 90 an, fè konnen: “M pa konsidere ekri lèt kòm yon senp aktivite pou ranpli anvlòp. Se travay predikasyon an. Moun yo bezwen konn laverite!” Men sa Ethel, ki fèt an 1921, di: “Doulè fè pati lavi m. Gende jou sa rèd anpil pou m annik met rad sou mwen.” Malgre sa, li renmen bay temwayaj nan telefòn e l gen kèk bon nouvèl vizit. Barbara, ki gen 85 an, fè konnen: “Piske sante m pa anfòm, m twouve l difisil anpil pou m preche regilyèman. Men, temwayaj nan telefòn pèmèt mwen pale ak lòt moun. Mèsi Jewova!” Nan mwens pase ennan, gen yon gwoup granmoun nou renmen anpil ki te fè 1 228 èdtan nan travay predikasyon an, yo te ekri 6 265 lèt, yo te fè plis pase 2 000 apèl e yo te bay 6 315 piblikasyon! Se sèten efò sa a te fè kè Jewova kontan! — Pwo. 27:11.

10. Ki jan n ka ede frè nou yo jwenn byenfè nan reyinyon kretyen yo?

10 Montre konsiderasyon nan reyinyon kretyen yo. Nou vle pou frè n yo jwenn bonjan byenfè nan reyinyon yo. Lè n montre konsiderasyon, sa ka ede yo fè sa. Ki jan? Youn nan fason n ka fè sa se lè n rive alè yon fason pou n pa distrè moun san nesesite. Nòmalman, sitiyasyon nou pa t prevwa ka lakòz nou anreta pafwa. Men, si n gen abitid vin anreta, nou ta dwe reflechi ak fason n ka montre plis konsiderasyon. Epitou, sonje se Jewova ak Pitit Gason l lan ki envite n (Mat. 18:20). Se sèten yo merite bonjan respè nan men nou!

11. Poukisa moun ki gen patisipasyon nan reyinyon yo dwe suiv konsèy ki nan 1 Korentyen 14:40 lan?

11 Mete sou sa, montre konsiderasyon pou frè yo vle di koute enstriksyon sa a ki di: “Se pou tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd.” (1 Kor. 14:40). Frè ki gen patisipasyon nan reyinyon yo obeyi enstriksyon sa a lè yo pa depase lè yo ba yo a. Lè yo fè sa, yo montre konsiderasyon nonsèlman pou oratè k ap vin apre a, men tou, pou moun nan kongregasyon an. Gen kèk frè ki gendwa fè yon vwayaj byen long pou y al lakay yo. Gen lòt ki ka oblije pran transpò piblik. E gen kèk ki ka gen mari yo oswa madanm yo ki pa kwayan ki pa ka tann ki lè pou yo tounen.

12. Poukisa ansyen k ap travay di yo merite “pou nou renmen yo anpil [e pou n] gen anpil konsiderasyon pou yo”? (Gade kare ki gen tit “ Montre konsiderasyon pou moun k ap dirije nou yo”.)

12 Bèje espirityèl k ap travay di nan kongregasyon an e ki chofe pou pran latèt nan travay predikasyon an merite yon konsiderasyon espesyal. (Li 1 Tesalonisyen 5:12, 13.) Se sèten w apresye efò ansyen yo fè pou ou. Kidonk, montre sa lè w kowopere ak yo ak lè w soutni yo ak tout kè w. Dayè, “yo toujou ap veye sou nou antanke moun ki gen kont pou yo rann”. — Ebre 13:7, 17.

MONTRE KONSIDERASYON NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

13. Ki sa n ka aprann nan fason Jezi te konn aji ak moun?

13 Men ki sa Ezayi te pwofetize konsènan Jezi: “Li pap kase wozo ki pliye a, e li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an.” (Eza. 42:3). Lanmou Jezi te gen pou moun yo te fè l mete l nan plas yo. Li te konprann santiman moun ki te tankou wozo ki pliye oswa mèch lanp ki prèt pou etenn nan yon sans senbolik. Konsa, li te montre l gen konsiderasyon, bonte ak pasyans. Menm timoun yo te renmen vin jwenn li (Mak 10:14). Nòmalman, nou pa gen bon konprann Jezi te genyen an ni kapasite l te genyen pou l anseye a! Men, nou kapab montre konsiderasyon pou moun nan tèritwa nou yo e n dwe fè sa. Sa gen ladan l fason pou n pale ak yo, nan ki moman pou n fè sa ak ki kantite tan pou n pran.

14. Poukisa nou dwe veye sou fason n ap pale ak moun yo?

14 Ki jan n ta dwe pale ak moun yo? Jodi a, gen plizyè milyon moun ki fin “depafini e [ki] lage” akoz gwo komèsan, chèf politik ak chèf relijye ki nan koripsyon e ki san pitye (Mat. 9:36). Kòm konsekans, gen anpil moun ki pa fè moun konfyans e ki sanzespwa. Kidonk, se pa ti enpòtan l enpòtan dèske n demontre bonte ak konpasyon lè n chwazi mo pou n di ak fason pou n pale! Konsa, mesaj nou an rive atire anpil moun nonsèlman paske n gen konesans sou Bib la oswa n konn rezone byen, men tou, paske n montre n enterese toutbon nan moun yo e n gen konsiderasyon pou yo.

15. Ki fason pratik nou ka montre konsiderasyon pou moun n ap preche yo?

15 Gen anpil fason pratik pou n montre konsiderasyon pou moun n ap preche yo. Pa egzanp, poze kesyon se yon bon fason pou n anseye. Nou ta dwe poze kesyon nou yo avèk bonte ak respè. Gen yon pyonye k ap preche nan yon tèritwa kote anpil moun pa renmen pale ak moun e yo timid, konsa, pyonye a aprann pou l pa poze kesyon ki kapab anbarase moun. Sa gen ladan l kèk kesyon moun nan gendwa pa kapab reponn oswa l gendwa pa byen reponn. Pa egzanp, li evite poze kesyon tankou: ‘Èske w konn non Bondye?’ oswa ‘Èske w konn ki sa Wayòm Bondye a ye?’ Olye de sa, li ka di yon bagay tankou: “Mwen te aprann nan Bib la Bondye gen yon non pèsonèl. Èske m ka montre w ki non sa a?” Piske chak kilti ak chak moun pa menm, donk, nou pa bezwen règ pou n suiv. Sepandan, nou ta dwe toujou montre konsiderasyon ak respè, sa ki gen ladan l chèche byen konnen moun nan zòn nan.

16, 17. Ki jan konsiderasyon n gen pou pwochen nou ka gen efè sou: a) moman n al vizite yo? b) kantite tan nou pase ap pale ak yon moun?

16 Ki lè n ta dwe vizite pwochen nou? Lè n ap preche kay an kay, nou se vizitè yo pa t envite. Kidonk, li vrèman enpòtan pou n al lakay moun yo nan yon lè kote yo ka pi dispoze pale (Mat. 7:12)! Pa egzanp, èske moun nan tèritwa w la renmen leve ta lè wikenn? Si se wi, ou ka kòmanse preche nan lari, fè temwayaj piblik oswa fè nouvèl vizit kay yon moun ou konnen ki gentan leve.

17 Ki kantite tan n ta dwe pase? Gen anpil moun ki okipe anpil, donk, li ka bon pou n fè vizit nou yo tou kout, omwen lè n fèk kòmanse. Li pi bon pou n fini yon konvèsasyon pi bonè olye n fè twòp tan (1 Kor. 9:20-23). Lè moun yo wè nou konprann sitiyasyon yo oswa n konnen yo gen yon pwogram ki chaje, yo ka pi dispoze pou n retounen vizite yo. Sa klè, fwi lespri Bondye pwodui a dwe gen efè sou travay predikasyon nou an. Lè sa fèt, n ap vin bonjan “konpayon travay Bondye” e menm yon mwayen Jewova ka sèvi pou l atire yon moun nan laverite. — 1 Kor. 3:6, 7, 9.

18. Lè n gen konsiderasyon pou lòt moun, ki benediksyon nou ka espere jwenn?

18 Kidonk, ann fè tout sa n kapab pou n montre konsiderasyon pou moun: nan fanmi nou, nan kongregasyon an ak nan travay predikasyon an. Lè n fè sa, n ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a e alavni. Sòm 41:1, 2 di: “Byennere moun ki pran ka moun ki ba yo. Jewova ap delivre l nan jou malè a. [...] Moun sou tè a ap fè konnen li gen kè kontan.”