Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li Toupisan, men l gen konsiderasyon pou moun

Li Toupisan, men l gen konsiderasyon pou moun

“[Jewova] byen konnen ki jan nou fèt. Li sonje se pousyè nou ye.” — SÒM 103:14.

KANTIK: 30, 10

1, 2. a) Kontrèman ak moun ki gen anpil pouvwa yo, ki jan Jewova aji ak moun? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

BYEN souvan, pouvwa ak enfliyans konn fè moun “domine” lòt moun (Mat. 20:25; Ekl. 8:9). Se pa ti diferan Jewova diferan! Aktout li Toupisan, se li ki gen plis konsiderasyon pou lèzòm ki enpafè. Li gen bonte e l konn pran ka moun. Li montre l konprann santiman nou e l bay sa n gen bezwen enpòtans. “Li sonje se pousyè nou ye”, li pa janm mande n fè plis pase sa n ka fè. — Sòm 103:13, 14.

2 Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp sou fason Jewova te montre konsiderasyon pou sèvitè l yo. Ann egzamine twa nan yo. Premyèman, fason Bondye te montre konsiderasyon lè l te ede Samyèl ki te yon timoun pou l bay gran prèt Eli yon mesaj jijman. Dezyèmman, fason Jewova te demontre pasyans anvè Moyiz lè Moyiz te yon jan renka pou l sèvi antanke moun k ap dirije Izrayelit yo. Epi, twazyèmman, fason Bondye te montre konsiderasyon lè l te fè pèp Izrayèl la kite peyi Ejip. Toutpandan n ap reflechi sou egzanp sa yo, ann wè ki sa yo aprann nou sou Jewova e ki leson nou ka aplike.

TANKOU YON PAPA, LI MONTRE KONSIDERASYON POU YON TIGASON

3. Ki bagay dwòl ki te rive ti Samyèl yon jou swa, e ki kesyon sa soulve? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Samyèl te toupiti lè l te kòmanse “fè sèvis Jewova” nan tabènak la (1 Sam. 3:1). Yon jou swa, apre Samyèl fin kouche, gen yon bagay dwòl ki te rive *. (Li 1 Samyèl 3:2-10.) Li te tande yon vwa ki rele l nan non l. Piske l te panse se te vwa gran prèt Eli ki te fin granmoun, avèk obeyisans, li te kouri al jwenn li epi l di: “Men mwen wi. Mwen tande w rele m.” Eli te di l li pa rele l. Lè menm bagay la vin rive de lòt fwa ankò, Eli vin rann li kont se Bondye k ap rele Samyèl. Se sa k fè l te fè tigason an konn ki jan pou l reponn, e Samyèl te obeyi l. Poukisa premye fwa a Jewova pa t sèvi ak zanj li an pou l fè Samyèl konnen se li menm ki te rele l? Bib la pa di poukisa, men, fason bagay yo te vin pase montre konsiderasyon Jewova te gen pou ti Samyèl se te yon aspè enpòtan. Kòman sa?

4, 5. a) Ki jan Samyèl te reyaji devan asiyasyon Bondye te ba li a, e ki jan bagay yo te vin pase nan demen maten? b) Ki sa istwa sa a aprann nou sou Jewova?

4 Li 1 Samyèl 3:11-18. Lwa Jewova a te mande pou timoun yo demontre respè pou granmoun, sitou si se yon chèf (Egz. 22:28; Lev. 19:32). Èske w ka imajine Samyèl k al kot Eli nan demen maten epi l met kran sou li pou l ba l mesaj jijman ki pike Bondye bay la? Non, li pa t fè sa! Olye de sa, istwa a fè konnen Samyèl “te pè rakonte Eli vizyon l te fè a”. Sepandan, yon fason klè, Bondye te fè Eli konprann se Li ki t ap rele Samyèl. Konsa, Eli te vin konprann sitiyasyon an e l te mande Samyèl pou l pale. Eli te di l: “Pa kache m [...] menm yon pawòl nan tout sa l te di w yo!”. Samyèl te obeyi e l te “rakonte l tout bagay”.

5 Mesaj Samyèl te bay la pa t vrèman fè Eli sezi. Li te ann amoni ak sa yon ‘sèvitè Bondye’, Bib la pa bay non l, te di gran prèt la anvan sa (1 Sam. 2:27-36). Istwa sa a ki konsènan Samyèl ak Eli montre n ki jan Jewova gen konsiderasyon ak sajès.

6. Ki leson n ka aprann nan fason Bondye te ede ti Samyèl?

6 Èske w se yon jèn? Si se wi, istwa ti Samyèl la montre Jewova konprann difikilte w ap rankontre yo ak ki jan w santi w. Petèt ou timid e w twouve l difisil pou w preche moun ki granmoun mesaj Wayòm nan oswa pou w parèt diferan pami jèn parèy ou yo. Ou mèt gen asirans Jewova vle ede w. Kidonk, ouvri kè w ba li nan lapriyè (Sòm 62:8). Reflechi sou egzanp Bib la bay konsènan kèk jèn tankou Samyèl. Epi, pale ak kretyen parèy ou yo, jèn kou granmoun, ki petèt te fè fas ak difikilte ki sanble ak sa w ap rankontre yo. Anfèt, yo ka pale avè w konsènan moman Jewova te ede yo petèt yon fason yo pa t menm atann.

LI TE MONTRE KONSIDERASYON POU MOYIZ

7, 8. Ki fason Jewova te montre yon konsiderasyon estrawòdinè pou Moyiz?

7 Lè Moyiz te gen 80 an, Jewova te ba l yon asiyasyon ki vrèman difisil. Moyiz te gen pou l delivre pèp Izrayèl la nan esklavaj ann Ejip (Egz. 3:10). Antanke moun ki te fè 40 an ap travay kòm gadò mouton nan peyi Madyan, sandout li te choke lè l te resevwa asiyasyon sa a. Men sa l te di: “Kiyès mwen ye pou m al pale ak Farawon e pou m fè Izrayelit yo kite peyi Ejip?” Men ki asirans Bondye te bay Moyiz: “M ap avèk ou.” (Egz. 3:11, 12). Mete sou sa, li te di l: “Se sèten [ansyen ann Izrayèl yo] ap koute w.” Malgre sa, Moyiz te reponn: “E si yo [...] pa koute?” (Egz. 3:18; 4:1). Anfèt, Moyiz te kontredi Bondye! Men, Jewova te kontinye demontre pasyans. E l te menm fè plis. Li te bay Moyiz pouvwa pou l fè mirak, e konsa, Moyiz se premye moun Bib la montre ki te gen pouvwa sa a. — Egz. 4:2-9, 21.

8 Moyiz te kontinye ap chèche eskiz lè l te fè konnen li pa konn pale byen. Kòm repons, Bondye te di l: “M ap avèk ou lè w ap pale, e m ap fè w konnen sa pou w di.” Èske Moyiz te vin dakò finalman? Non, paske avèk imilite li te mande Bondye pou l voye yon lòt moun. Lè sa a, Jewova te gen rezon vin fache. Men, li pa t kanpe sou desizyon l. Olye de sa, Bondye te fè yon lòt jès ki montre l konprann sa Moyiz santi lè l te nome Arawon kòm pòtpawòl Moyiz. — Egz. 4:10-16.

9. Ki jan fason Jewova te demontre pasyans ak konsiderasyon an te ede Moyiz nan asiyasyon l?

9 Ki sa istwa sa a aprann nou sou Jewova? Antanke Bondye Toupisan an, li te ka fè Moyiz pè pou l soumèt byen vit devan l. Olye de sa, Jewova te montre l gen pasyans ak bonte e l te fè efò pou l bay sèvitè l la ki te konn limit li e ki te gen imilite asirans. Èske fason sa a li te montre konsiderasyon an te mache? Wi! Moyiz te vin tounen yon dirijan estrawòdinè ki te eseye trete lòt moun ak menm dousè ak konsiderasyon Jewova te trete l la. — Nonb 12:3.

Èske w imite Jewova nan fason w aji ak lòt moun? (Gade paragraf 10.)

10. Ki fason n jwenn byenfè lè n montre konsiderasyon pou lòt moun menm jan ak Jewova?

10 Leson nou ka aprann: Èske w se yon mari, yon paran oswa yon ansyen nan kongregasyon an? Si se wi, ou gen yon sèten otorite. Donk, se pa ti enpòtan l enpòtan pou w imite Jewova lè w montre konsiderasyon, bonte ak pasyans nan fason w trete moun w ap pran swen yo (Kol. 3:19-21; 1 Pyè 5:1-3)! Lè w fè efò pou w imite Jewova ansanm ak Jezi Kris, Gran Moyiz la, nonsèlman w ap yon moun ki abòdab, men, w ap ankouraje lòt moun (Mat. 11:28, 29). Anplis de sa, w ap vin yon bon egzanp pou moun imite. — Ebre 13:7.

YON SOVÈ KI FÈ MOUN GEN LAKRENTIF MEN KI GEN KONSIDERASYON

11, 12. Toutpandan Jewova t ap fè Izrayelit yo kite peyi Ejip, ki sa l te fè pou yo santi yo byen e an sekirite?

11 Lè Izrayelit yo te kite peyi Ejip nan ane 1513 anvan epòk nou an, petèt yo te plis pase twa milyon moun. Se te twa oswa menm kat jenerasyon moun, te gen timoun, granmoun, e se sèten kèk nan yo te enfim oswa paralize. Pou rive mennen yon gwo foul moun konsa kite peyi Ejip, se sèten sa te mande pou yo gen yon moun ki gen bon konprann ak konsiderasyon alatèt yo. Pa mwayen Moyiz, Jewova te montre l se yon moun konsa. Se sa k fè Izrayelit yo te santi yo an sekirite toutpandan yo t ap kite sèl kote yo te konnen kòm kay yo. — Sòm 78:52, 53.

12 Ki fason Jewova te fè pèp li a santi yo byen e an sekirite? Toudabò, lè l t ap fè yo kite peyi Ejip, yo te byen òganize “tankou sòlda ki pral nan lagè”. (Egz. 13:18.) Se sèten fason sa a Izrayelit yo te òganize a te fè yo gen asirans Bondye yo a gen kontwòl tout bagay. Epitou, Jewova te fè prezans li parèt aklè pa mwayen “yon nyaj [lajounen] ak yon dife ki t ap ba yo limyè” leswa (Sòm 78:14). Anfèt, se kòmsi Jewova te di yo: “Pinga nou pè. Mwen avèk nou pou m gide nou e pou m pwoteje nou.” Vrèmanvre, yo te vin bezwen asirans sa a yon ti tan annapre!

Ki bagay Jewova te fè pou Izrayelit yo nan Lanmè Wouj ki te montre l gen konsiderasyon pou yo? (Gade paragraf 13.)

13, 14. a) Ki bagay ki demontre konsiderasyon Jewova te fè pou Izrayelit yo nan Lanmè Wouj? b) Ki jan Jewova te demontre pisans li sou Ejipsyen yo?

13 Li Egzòd 14:19-22. Eseye imajine w te la, ou twouve w ant lame Farawon an ak Lanmè Wouj. Apre sa, Bondye kòmanse aji. Nyaj ki te gen fòm poto a deplase al dèyè kan Izrayelit yo, li bloke Ejipsyen yo e l lage yo nan fènwa. Men, grasa yon mirak, gen limyè nan kan pa w la ki gwo anpil! Apre sa, ou wè Moyiz ki lonje men l sou lanmè a, epi yon gwo van ki soti nan direksyon lès fann lanmè a de bò. Yon fason ki òdone, ou menm, moun nan fanmi w ak bèt ou yo pase nan mitan lanmè a ansanm ak rès moun yo. Menm kote a, ou remake yon bagay ki etranj. Mitan lanmè a pa ni glise ni jele, li sèk e li di, sa ki fè l fasil pou w mache ladan l. Kòm rezilta, menm moun ki mache pi dousman yo rive travèse sou lòt bò lanmè a san pwoblèm.

14 Li Egzòd 14:23, 26-30. Pandan tan sa a, ògèy Farawon ak foli l genyen fè l kouri antre nan mitan lanmè a pou l pousuiv pèp la. Yon lòt fwa ankò, Moyiz lonje men l sou lanmè a. Fwa sa a, toule de miray dlo yo vin frape ansanm. Toule de bò lanmè a vin frape ak tout fòs tankou de sounami ki frape youn ak lòt. Farawon ak lame l la pa gen okenn chans! — Egz. 15:8-10.

15. Ki sa istwa sa a aprann nou sou Jewova?

15 Istwa sa a aprann nou Jewova se yon Bondye ki gen lòd, e kalite sa a ap ede n santi n byen e an sekirite (1 Kor. 14:33). Anplis de sa, Jewova montre l se yon bèje ki gen lanmou ki konn pran swen pèp li a yon fason ki pratik. Avèk tandrès, li pran yo nan bra l, li pwoteje yo kont ènmi yo. Se pa ti asirans nou jwenn nan verite sa a toutpandan fen sistèm sa a ap pwoche! — Pwo. 1:33.

16. Lè n konsidere fason Jewova te delivre Izrayelit yo, ki jan sa ka fè n jwenn byenfè?

16 Jodi a tou, Jewova pran swen pèp li a antanke gwoup, ni nan domèn espirityèl ni nan domèn fizik. L ap kontinye fè sa pandan gwo tribilasyon an k ap pwoche byen vit (Rev. 7:9, 10). Se sa k fè, kit yo jèn kit yo granmoun, kit yo an sante kit yo pa an sante, pèp Bondye a pap panike ni yo pap kite laperèz anvayi yo pandan gwo tribilasyon an *. Anfèt, y ap fè egzakteman lekontrè! Y ap sonje pawòl sa yo Jezi Kris te di: “Kanpe dwat, leve tèt nou, paske se delivrans nou k ap pwoche.” (Lik 21:28). Y ap kontinye gen konfyans sa a menm lè y ap fè fas ak atak Gòg la, ki se rasanbleman yon pakèt nasyon k ap gen plis pisans lontan pase Farawon (Eze. 38:2, 14-16). Poukisa pèp Bondye a ap kontinye gen konfyans sa a? Se paske yo konnen Jewova pa chanje. Yon lòt fwa ankò, l ap montre l se yon Sovè ki konn pran swen moun e ki gen konsiderasyon pou moun. — Eza. 26:3, 20.

17. a) Ki jan n ka jwenn byenfè nan istwa Bib la rakonte sou fason Jewova pran swen pèp li a? b) Sou ki sa n pral pale nan atik ki vin apre a?

17 Egzanp nou pran nan atik sa a se kèk pami plizyè egzanp ki montre bonte ak konsiderasyon Jewova gen pou pèp li a nan fason l pran swen yo, li dirije yo e l delivre yo. Toutpandan w ap medite sou istwa sa yo, note tout ti detay ki montre menm aspè nan kalite Jewova yo ki parèt anba anba. Lè w fè sa, sa ap fè bèl kalite sa yo antre pi fon nan lespri w ak nan kè w, e konsa w ap vin gen plis lanmou pou Bondye ak plis lafwa nan li. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou fason n ka imite Jewova nan demontre konsiderasyon pou lòt moun. Nou pral konsantre sou fanmi, kongregasyon an ak travay predikasyon an.

^ § 3 Jozèf, yon istoryen juif, fè konnen Samyèl te gen 12 an lè sa a.

^ § 16 Li rezonab pou n panse gen moun andikape k ap chape nan Amagedon. Pandan Jezi te sou tè a, li te geri “tout kalite enfimite” moun yo te genyen, konsa, li te ban nou yon apèsi sou sa l pral fè pou moun ki chape nan Amagedon yo, men, se pa pou moun ki resisite yo (Mat. 9:35). Se sèten moun ki resisite yo ap resisite ak tout pati nan kò yo e y ap an sante.