Al gade sa k anndan l

M te panse fè bèbèl se peche

M te panse fè bèbèl se peche

M te panse fè bèbèl se peche

DAPRE EILEEN BRUMBAUGH

MWEN te leve nan relijyon Batis Frè alman ansyen tan yo, yon relijyon ki sanble ak relijyon Amich ak Menonit yo. Relijyon sa a te soti nan yon mouvman ki te kòmanse ann Almay an 1708 nan kad yon revèy espirityèl. Gen yon ansiklopedi (The Encyclopedia of Religion) ki fè konnen rezon ki fè yo vin ak mouvman sa a se paske yo “te gen konviksyon limanite bezwen levanjil Kris la”. Sa te fè mouvman an kòmanse yon seri kanpay misyonè ki te byen mache nan plizyè peyi.

An 1719, gen yon ti gwoup moun Alexander Mack t ap dirije ki te rive Ozetazini nan vil ki rele Pennsilvani kounye a. Depi lè sa a, te vin gen lòt gwoup ki fòme e ki te separe youn ak lòt. Chak gwoup te rete kole ak fason li te konprann ansèyman Alexander Mack yo. Ti legliz nou an te gen anviwon 50 moun ladan l. Yo te toujou fè nou sonje pou n li Bib la e pou n suiv tout desizyon moun k ap dirije legliz la ban nou.

Fanmi m te fè pati relijyon sa a pandan omwen twa jenerasyon e nou te viv ann amoni ak sa nou te aprann yo. Mwen te vin fè pati legliz la e m te batize lè m te gen 13 an. Yo te fè m kwè se te yon bagay ki mal pou yon moun posede oswa sèvi ak yon machin, yon traktè, yon telefòn, menm yon radyo oswa kèlkeswa aparèy elektrik la. Nou menm medam yo, nou te abiye yon fason ki senp alekstrèm e nou pa t gen dwa koupe cheve nou oswa rete san tèt nou pa kouvri. Gason yo te gen bab. Pou nou menm, pa fè pati monn nan te gen ladan l pa mete rad ki alamòd, pa makiye, pa mete bijou. Nou te kwè bagay sa yo montre yon moun gen ògèy, ki se yon peche.

Yo te aprann nou pou n gen gwo respè pou Bib la, e nou te konsidere l kòm manje nou nan domèn espirityèl. Chak maten anvan nou manje, nou te konn reyini nan salon an e n te konn koute papa nou k ap li yon chapit nan Bib la. Apre sa, li te konn fè kòmantè sou sa l te li a. Lè l fini, nou te konn met ajenou pandan l ap priye. Apre sa, manman nou te konn resite Nòtrepè. Mwen te toujou ap tann moman adorasyon nan maten an, paske tout fanmi an te reyini e nou te konsantre sou bagay ki gen rapò ak Bondye.

Nou t ap viv sou yon gwo bitasyon toupre Dèlfi, nan Inndyana, kote nou te konn plante tout kalite bagay. Nou te konn pote yo nan vil la sou bourik oswa nan charyo. Nou te konn vann yo nan lari oswa nou te konn al frape pòt kay moun yo pou nou ofri yo. Nou te santi travay di se te yon pati nan sèvis n ap bay Bondye a. Se sa k fè nou te konsantre sou sa, sof dimanch, kote nou pa t konn fè okenn “gwo travay”. Men, pafwa, fanmi an te tèlman konsantre sou travay la, sa te fè l difisil pou n konsantre sou aktivite nou fè pou nou adore Bondye yo.

Maryaj ak lavi fanmi

An 1963, lè m te gen 17 an, mwen te marye ak James, youn nan manm legliz mwen te ladan l lan. Fanmi pa l te nan relijyon an depi sou gran gran paran l. Nou toude te gen gwo anvi pou n sèvi Bondye e n te kwè se sèl legliz nou an ki te bon.

Rive 1975, nou te gentan gen sis pitit e an 1983, mwen te fè dènye a. Sa te fè nou gen sèt pitit. Rebecca, dezyèm pitit nou an, se sèl tifi nou te genyen. Nou te konn travay di, nou pa t konn depanse anpil e nou te viv yon fason ki senp. Nou te fè efò pou n anseye timoun nou yo prensip nan Bib la paran pa nou ak lòt moun nan legliz la te aprann nou.

Moun nan relijyon Frè alman ansyen tan yo te bay aparans fizik anpil enpòtans. Kòm pèsonn pa ka li kè moun, nou te panse sèl fason pou n konnen sa yon moun gen nan kè l se nan fason l abiye. Se sa k fè, si yon moun te fè kwafi nan tèt li, nou te konsidere sa kòm yon siy ki montre li gen ògèy. Si desen ki sou rad yon moun te twò gwo, se te yon lòt siy ki te montre nou moun sa a gen ògèy. Pafwa, kesyon sa yo te gen plis enpòtans pou nou pase sa Bib la di.

Yon eksperyans nan prizon

Nan fen ane 1960 yo, Jesse, ti frè mari m, ki te grandi nan relijyon Frè alman ansyen tan yo tou, te nan prizon paske l te refize fè sèvis militè. Pandan l nan prizon an, li te rankontre Temwen Jewova yo e yo menm tou, yo te konsidere patisipe nan lagè depaman ak prensip nan Bib la (Ezayi 2:4; Matye 26:52). Jesse te renmen konvèsasyon li te gen ak Temwen yo e l te wè bèl kalite yo genyen. Apre anpil etid Labib, li te batize antanke Temwen Jewova, yon bagay ki pa t fè nou plezi menm.

Jesse te pale ak mari m sou bagay li te aprann yo. Li te asire l tou James resevwa Toudegad ak Reveye n! regilyèman. Lefètke James t ap li peryodik sa yo, sa te vin fè l pi enterese nan Labib. James te toujou anvi sèvi Bondye, men, souvan li te konn santi l lwen Bondye. Se sa k fè, tout sa ki te ka ede l vin pwòch ak Bondye te enterese l anpil.

Ansyen yo nan legliz la te konn ankouraje nou li peryodik Amich yo, Menonit yo ak peryodik lòt legliz Frè ansyen tan yo, malgre nou te konsidere relijyon sa yo kòm relijyon monn nan. Men, Papa m te gen anpil prejije sou Temwen Jewova yo. Pou li menm, nou pa t dwe janm li ni Toudegad ni Reveye n! Se sa k fè, chak fwa m te wè James ap li yo, sa te deranje m. Mwen te pè pou l pa t pran nan fo ansèyman.

Men, gen kèk nan kwayans Frè ansyen tan yo genyen James pa t fin kwè ki ann amoni ak Labib, sitou kwayans kòmkwa travay jou dimanch se yon peche. Pa egzanp, yo te fè konnen nou ka bay bèt yo dlo jou dimanch, men, menm yon move zèb nou pa ka rache. Ansyen yo pa t ka ba l yon vèsè ki montre sa. Tikras pa tikras, mwen menm tou mwen te kòmanse gen dout sou ansèyman sa yo.

Kòm nou te toujou kwè se legliz nou an ki vrè relijyon an, e nou te rann nou kont tout sa ki te ka rive nou si nou te kite l, li te difisil pou nou kite. Men, konsyans nou pa t pèmèt nou rete nan yon relijyon nou te santi ki pap suiv prensip Bib la san pousan. Se sa k fè, an 1983, nou te ekri yon lèt ki te esplike rezon ki fè n ap kite relijyon an e nou te mande tou pou yo li lèt la devan tout moun nan legliz la. Yo te mete nou deyò nan gwoup la.

N ap chèche vrè relijyon an

Apre sa, nou te kòmanse chèche vrè relijyon an. Nou t ap chèche yon relijyon kote moun yo aji ann amoni ak sa y ap anseye yo. Premye sa nou te fè, se elimine tout relijyon ki patisipe nan lagè. Nou te toujou ap chèche relijyon kote moun yo viv e abiye yon fason ki senp alekstrèm paske nou te panse si yon relijyon pa t ankouraje moun yo pou yo viv epi abiye yon fason ki senp alekstrèm, sa te vle di yo te fè pati monn nan. Soti ane 1983 rive ane 1985, nou te pran tan pou n vwayaje nan tout peyi a pou n egzamine plizyè relijyon: Menonit yo, Kwekèz yo, ak lòt gwoup ki t ap mennen yon vi ki senp alekstrèm.

Nan menm epòk sa a, Temwen Jewova yo te konn vizite nou sou bitasyon nou an toupre Kanmdenn, nan Inndyana. Nou te konn koute yo, men, nou te mande yo pou yo sèvi ak Bib Wa Jak la sèlman. Mwen te dakò ak Temwen yo sou kesyon pa patisipe nan lagè a. Men, li te difisil pou m kwè se yo ki te vrè relijyon an paske pou mwen menm kòm se pa rad ki senp alekstrèm sèlman yo te konn mete, sa te vle di yo te fè pati monn nan. Mwen te panse se ògèy ki fè moun pa abiye jan nou menm nou te abiye. Mwen te kwè bagay materyèl moun posede te fè yo gen ògèy.

James te kòmanse al nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo e l te konn mennen kèk nan tigason nou yo avè l. Mwen te fache anpil. Li te konn sipliye m pou m al avè l men m t ap rale kò m dèyè. Epi, yon jou, li di m: “Menmsi w pa dakò ak tout sa y ap anseye yo, ale pou w wè ki jan youn trete lòt.” Se yon bagay ki te gen gwo efè sou li.

Finalman, mwen te deside ale, men m te pran anpil prekosyon. Mwen te antre nan Sal Wayòm nan ak rad mwen ki te senp alekstrèm ak yon bone nan tèt mwen. Kèk nan pitit gason nou yo te pye atè, e rad sou yo te senp anpil tou. Malgre sa, Temwen yo te vin kote nou e yo te byen aji avèk nou. Mwen te di tèt mwen: “Malgre nou diferan, yo aksepte nou kanmenm.”

Lanmou yo te demontre a te enpresyone m, men m te detèmine pou m jis gade. Mwen pa t kanpe lè y ap chante e m pa t chante. Apre reyinyon an, mwen benyen yo ak kesyon sou sa m te panse yo pa t fè byen oswa sou sans yon vèsè. Malgre m pa t montre twòp respè lè m t ap poze kesyon yo, tout moun mwen te adrese te demontre bonjan enterè pou mwen. Yon lòt bagay ki te enpresyone m sèke mwen te poze plizyè moun menm kesyon an e m te jwenn menm repons lan chak fwa. Pafwa, yo te konn ekri repons yo, sa ki te vrèman ede m paske mwen te ka verifye sa yo di a poukont mwen annapre.

Nan ete ane 1985, fanmi an t al asiste yon kongrè Temwen Jewova yo Menmfis, nan Tenisi, jis pou n te wè ki jan sa fèt. James te toujou gen bab li e nou te toujou mete rad ki senp alekstèm nou yo. Nan poz yo, prèske pa t gen yon moman ki te pase san yon moun pa t vin salye nou. Lanmou yo te demontre, atansyon yo te ban nou e lefètke yo te aksepte nou jan nou te ye a, tout sa te atire nou. Inite ki genyen an te enpresyone nou tou, paske kèlkeswa kote nou te asiste yon reyinyon, se menm ansèyman yo nou te tande.

Enterè Temwen yo demontre pou James te pouse l aksepte yon etid Labib. Li te byen egzamine tout bagay, li te vle sèten sa l t aprann yo se te laverite (Travay 17:11; 1 Tesalonisyen 5:21). Rive yon lè, James te santi li te jwenn laverite. Men, mwen te santi m boulvèse. Mwen te vle fè sa ki byen, men, mwen pa t vle vin alamòd pou moun pa t konsidere m monden. Lè m te resi dakò pou m fè etid, mwen te gen Labib Wa Jak la sou yon janm epi Tradiksyon monn nouvo a sou lòt janm nan. Mwen te gade chak vèsè nan toude Bib yo pou m asire m yo pa t ap twonpe m.

Sa k te konvenk mwen

Pandan nou t ap etidye ak Temwen yo, nou te aprann Papa nou ki nan syèl la se yon sèl Bondye, se pa twa dye ki fè youn e se nou menm ki nanm nan, nou pa gen yon nanm ki pa ka mouri (Jenèz 2:7; Detewonòm 6:4; Ezekyèl 18:4; 1 Korentyen 8:5, 6). Nou te aprann tou lanfè se tonm kote tout moun ki mouri ale, se pa yon dife kote moun ki mouri al soufri (Jòb 14:13; Sòm 16:10; Eklezyas 9:5, 10; Travay 2:31). Lefètke mwen te aprann laverite sou lanfè se te yon gwo pa, paske Frè alman ansyen tan yo pa t antann yo sou sa lanfè ye.

Malgre sa, mwen te toujou potko kwè Temwen Jewova yo gen laverite paske, dapre mwen, yo te toujou fè pati monn nan. Yo pa t ap mennen yon vi ki senp alekstrèm, jan m te panse yo ta dwe fè a. Anmenmtan tou, mwen te rann mwen kont yo te suiv kòmandman Jezi te bay pou yo preche tout moun bon nouvèl konsènan Wayòm nan. Sa te lage m nan konfizyon. — Matye 24:14; 28:19, 20.

Pandan moman difisil sa a, lanmou Temwen yo te demontre pou mwen te ede m kontinye nan rechèch mwen. Tout kongregasyon an te demontre enterè pou fanmi nou. Plizyè moun nan kongregasyon an te konn vizite nou, pafwa yo te konn vin achte lèt ak ze nan men nou pou yo jwenn yon rezon pou yo vin wè nou. Sa te ban nou posiblite pou n vin konnen yo e n te wè se bon moun yo ye. Lefètke te deja gen yon Temwen ki t ap fè etid avèk nou, sa pa t anpeche lòt Temwen yo vin vizite nou. Okontrè, chak fwa moun nan kongregasyon an te toupre lakay nou, yo te konn pase wè nou. Nou te vrèman bezwen sa pou n te ka konnen yo pi byen e nou te vrèman apresye bonjan lanmou ak enterè yo te demontre pou nou.

Se pa Temwen nan kongregasyon ki pi pre nou an sèlman ki te demontre enterè pou nou. Pandan m t ap lite pou m konprann kesyon abiman ak kwafi a, gen yon Temwen nan yon kongregasyon nan zòn nan ki rele Kay Briggs ki te vin vizite m. Se yon sè ki te chwazi abiye yon fason ki pi senp pase lòt moun yo e ki pa t konn makiye. Mwen te santi m alèz avè l e m te konn ouvè kè m ba li. Apre sa, frè Lewis Flora, yon Temwen ki te leve nan yon relijyon ki te ankouraje moun yo viv yon fason ki senp alekstèm tou, te vin wè m. Li te wè jan m te boulvèse e l te ekri m yon lèt dis paj pou l te ka ede m. Jantiyès li te demontre a te fè dlo sot nan je m e m te li lèt li a plizyè fwa.

Mwen te mande frè O’Dell, yon siveyan sikonskripsyon, pou l esplike m Ezayi 3:18-23 ak 1 Pyè 3:3, 4. Mwen te di l: “Èske vèsè sa yo pa montre nou dwe abiye yon fason ki senp alekstrèm pou n fè Bondye plezi?” Li te mande m: “Èske gen yon mal si yon moun mete yon bone, oswa si l trese cheve l?” Nan relijyon m te ye a, nou te konn trese cheve tifi yo e medam yo te konn mete bone. M te wè sa m te kwè yo pa t mache ak vèsè a, e pasyans ak jantiyès siveyan sikonskripsyon sa a te enpresyone m.

Tikras pa tikras, mwen te vin gen plis konviksyon se laverite, men, gen yon bagay ki te twouble m toujou sèke medam yo te konn koupe cheve yo. Gen kèk ansyen ki te ede m rezone. Yo te fè m wè gen kèk fi ki pa ka gen cheve long alòske gen lòt ki gen cheve long anpil. Men, sa pa vle di gen yon kalite cheve ki pi bon pase yon lòt. Yo te ede m konprann wòl konsyans jwe nan kesyon abiman ak kwafi e yo te ban m kèk piblikasyon pou m al li lakay mwen.

Nou aji selon sa nou aprann yo

Nou t ap chèche yon relijyon ki pwodui bon fwi e nou te jwenn li. Men sa Jezi te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” ​(Jan 13:35). Nou te gen konviksyon Temwen Jewova yo se yon pèp ki demontre vrè lanmou an. Malgre sa, Nathan ak Rebecca, de premye pitit nou yo, te santi yo twouble paske yo te gentan batize nan legliz Frè ansyen tan yo. Rive yon lè, verite ki nan Bib la nou te esplike yo ak lanmou Temwen yo te demontre te touche kè yo.

Pa egzanp, Rebecca te toujou anvi gen yon relasyon sere sere ak Bondye. Lè l te vin aprann Bondye pa tou trase lavi nou e li pa tou trase fason n ap aji, sa te fè l pi fasil pou l priye l. Li te vin pi pwòch Bondye tou lè l te vin konnen Bondye se yon moun ki reyèl, yon moun li ka imite ki pa jis fè pati yon Trinite moun pa ka konprann (Efezyen 5:1). E l te kontan dèske l pa t bezwen sèvi ak yon seri mo ansyen ki nan Bib Wa Jak la pou l priye Bondye. Plis li t ap aprann konn fason Bondye vle nou priye l ak objektif li gen pou lèzòm viv pou toutan sou tè a k ap vin yon paradi, se plis li te vin pwòch ak Kreyatè l la. — Sòm 37:29; Revelasyon 21:3, 4.

Privilèj nou genyen kounye a

Mwen menm ak James ansanm ak senk nan pi gran pitit nou yo, anpalan de Nathan, Rebecca, George, Daniel ak John, te batize antanke Temwen Jewova an 1987. Harley te batize an 1989, e Simon te batize an 1994. Tout fanmi an rete fidèl nan travay Jezi Kris te bay disip li yo fè a, sa vle di preche bon nouvèl Wayòm Bondye a.

Senk nan pitit gason nou yo, Nathan, George, Daniel, John ak Harley ansanm ak Rebecca, pitit fi nou an, te sèvi nan biwo filyal Temwen Jewova yo ki Etazini an. Sa fè 14 an depi George ap sèvi nan filyal la e l toujou la. Simon, ki fini lekòl an 2001, pa gen lontan depi l nan filyal la tou. Tout pitit gason nou yo se ansyen oubyen sèvitè ministeryèl nan kongregasyon yo. Mari m ap sèvi kòm ansyen nan kongregasyon Tayè, nan Misouri, e mwen menm mwen okipe nan travay predikasyon an.

Kounye a, nou gen twa pitit pitit: Jessica, Latisha ak Caleb. Nou kontan wè paran yo ap fè efò pou mete lanmou pou Jewova nan ti kè yo. Antanke fanmi, nou kontan dèske Jewova te atire nou vin jwenn li e l te ede nou rive rekonèt pèp li a, ki pote non l, grasa lanmou yo demontre.

Nou panse ak tout moun ki anvi fè Bondye plezi, men, se pa Labib ki fòme konsyans yo, se anviwònman kote y ap viv la ki fòme l. Nou swete pou yon jou, yo menm tou, yo gen kè kontan nou genyen lè n al frape pòt moun yo, pa pou n ofri yo pwodui nou rekòlte, men pou n ofri yo mesaj konsènan Wayòm Bondye a ak bèl bagay Wayòm nan pral fè yo. Lè m ap panse ak tout pasyans ak lanmou pèp Bondye a te demontre pou nou, sa fè m gen dlo nan je!

[Foto]

Lè m te gen anviwon setan, e Iè m te vin gran.

[Foto]

James, George, Harley ak Simon ki abiye ak rad ki senp anpil.

[Foto]

Foto sa a kote m t ap pote pwodui m rekòlte yo nan mache te parèt nan jounal lokal la.

[Kote foto yo soti]

Journal and Courier, Lafayette, Indiana

[Foto]

Mwen menm ak fanmi m jodi a.