Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa k fè nou bezwen gen espwa?

Sa k fè nou bezwen gen espwa?

Sa k fè nou bezwen gen espwa?

KI SA ki t ap pase si Daniel, tigason ki te mouri ak kansè nou te pale de li nan kòmansman atik anvan an, pa t pèdi espwa? Èske l t ap geri? Èske l t ap toujou vivan jodi a? Menm moun ki kwè toutbon espwa gen bon efè sou sante moun pap reponn wi pou kesyon sa yo. E sa se yon pwen enpòtan. Nou pa dwe mete espwa kote l pa ye tou. Se pa yon remèd ki geri tout maladi.

Gen yon gwo chèn radyo televizyon ameriken ki te fè yon entèvyou ak yon doktè ki rele Nathan Cherney. Doktè a te bay kèk danje ki genyen lè moun bay espwa pouvwa li pa genyen, sitou lè y ap boule ak moun ki malad grav. Men sa l di: “Nou konn wè yon seri mari k ap repwoche madanm yo ki malad grav kòmkwa madanm nan pa medite ase oswa li pa gen ase panse ki pozitif. Fason sa a kèk moun wè bagay yo fè moun yo kwè yo ka gen kontwòl sou maladi. E lè sante moun nan deteryore, yo ka panse se paske moun nan pa t fè ase efò pou l kontwole kansè a. Yon panse konsa pa rezonab.”

An reyalite, yon moun ki nan dènye etap yon maladi k ap touye l se yon moun k ap fè yon gwo efò, k ap mennen yon gwo konba. Lè nou fè l santi l koupab kòmkwa se fòt li si l pa rive geri, se yon chay anplis nou ba l pote. Nou pa vle fè yon moun nou renmen sa. Èske sa ta dwe fè nou panse espwa pa gen okenn enpòtans?

Non. Dayè, menm doktè sa a se yon doktè ki espesyalize nan bay moun ki malad ki pral mouri swen pou ede yo pase dènye moman nan lavi yo yon tikras pi byen malgre maladi a, san se pa tretman yo jwenn. Doktè sa yo kwè li enpòtan pou moun ki malad yo, menm malad ki prèske mouri yo, jwenn yon tretman ki ede yo gen kè kontan. Gen bonjan prèv ki montre espwa kapab fè moun gen plis kè kontan e l gen lòt bon efè sou moun toujou.

Enpòtans espwa genyen

Gen yon doktè ki jounalis ki rele Dr. W. Gifford-Jones ki di: “Espwa se yon gwo terapi.” Li te egzamine plizyè etid ki te fèt pou wè jan l enpòtan pou malad ki prèske mouri yo jwenn bonjan sipò afektif. Sanble, kalite sipò sa a ede moun malad yo rete pozitif epi kenbe espwa. Nan yon etid ki te fèt an 1989, yo te wè pasyan ki te jwenn kalite sipò sa a te viv pi lontan, byenke dènye etid ki fèt yo pa montre sa klè konsa. Sepandan, etid ki fèt yo montre aklè pasyan ki jwenn sipò gen mwens tandans fè depresyon e yo gen mwens doulè pase pasyan ki pa jwenn li yo.

Ann konsidere sa yon lòt etid yo te fè sou efè fason moun panse genyen sou maladi kè. Yo te egzamine yon gwoup ki te gen plis pase 1 300 gason pou yo gade ki jan yo wè lavi a, si se yon fason ki pozitif oswa negatif. Dizan apre, lè yo te refè etid la, yo te jwenn plis pase 12 pousan nan mesye sa yo te gen yon pwoblèm kèlkonk nan kè. Pami yo, gen prèske de fwa plis moun ki te wè lavi a yon fason ki negatif. Men sa Laura Kubzansky, yon asistan pwofesè nan domèn sante ak konpòtman sosyal nan lekòl sante piblik nan Harvard di: “Anvan sa, pifò ka kote yo te fè konnen lè yon moun panse yon fason ki pozitif sa bon pou sante l te sanble istwa. Men, etid sa a ki fèt la vin ak bonjan prèv syantifik ki montre panse konsa gen bon efè sou maladi kè.”

Gen kèk nan etid yo fè yo ki montre moun ki panse yo gen yon bon sante te reprann yo pi byen apre yon operasyon pase moun ki panse yo pa gen yon bon sante. Yo menm rive wè moun viv pi lontan lè yo wè lavi a yon fason ki pozitif. Yo te fè yon rechèch sou jan granmoun yo reyaji selon fason moun pale de vyeyès devan yo. Lè yo te fè yo konprann laj fè yo gen plis sajès ak eksperyans, apre sa, yo te mache ak plis fòs. Anfèt, amelyorasyon ki te genyen nan fason yo ye se kòmsi yo te fè 12 semèn ap fè egzèsis!

Sa k fè espwa ak panse yon fason ki pozitif sanble gen bon efè sou sante moun? Petèt, syantifik yo ak doktè yo poko konprann sèvo ak kò lòm ase pou yo rive jwenn yon repons klè pou kesyon sa a. Men, espesyalis k ap etidye sijè a kapab bay kèk esplikasyon ki plizoumwen egzak sou sa. Pa egzanp, men sa yon pwofesè ki etidye nè di: “Lè nou kontan e nou gen espwa, sa fè nou santi nou byen. Lè konsa, nou pa gen anpil strès e tout bagay nan kò a mache byen. Se yon bagay yon moun ka fè si l vle kontinye gen bon sante.”

Ide sa a kapab parèt nouvo pou kèk doktè, sikològ ak syantifik, men li pa nouvo pou moun k ap etidye Labib yo. Sa gen plis pase 3 000 an, Bondye te enspire Salomon, yon wa ki te gen sajès, pou l ekri pawòl sa yo: “Kè kontan se bon remèd, men, lè yon moun dekouraje nèt, sa fè l pèdi fòs.” (Pwovèb 17:22). Gade ki jan vèsè a reyalis! Li pa di kè kontan ap geri tout maladi, men li di li se “bon remèd”.

Anfèt, nou ka menm mande tèt nou si espwa te yon medikaman, èske gen yon doktè ki pa t ap preskri l? Anplis bon sante, espwa bay lòt avantaj ankò.

Panse pozitif, panse negatif ak lavi w

Gen kèk moun k ap fè rechèch ki wè lè moun panse yon fason ki pozitif, sa bon pou yo plizyè fason. Yo gen tandans bay pi bon rezilta nan lekòl, nan travay, e menm nan domèn spò. Pa egzanp, gen yon etid yo te fè sou plizyè fi ki te gen pou kouri. Antrenè yo te egzamine kapasite fizik medam yo pou konnen kiyès ki gen plis chans genyen. Men, yo te suiv medam yo pèsonèlman tou pou wè si etadespri pozitif yo genyen ap ede yo pi byen kouri. Yo te vin wè se etadespri a ki plis detèmine si moun nan ap genyen oubyen si l pap genyen. Sa k fè espwa gen gwo efè sa a?

Syantifik yo aprann anpil bagay lè yo wè efè panse negatif genyen sou moun. Pandan ane 1960 yo, gen yon seri eksperyans yo te fè sou konpòtman bèt ki bay rezilta yo pa t ap atann e yo te vin rann yo kont gen kèk bèt ki pa t aji yon fason ki negatif anvan ki vin aprann fè sa. Yo te vin konprann tou moun kapab gen pwoblèm sa a. Pa egzanp, yo te fè eksperyans ak de gwoup moun. Yo te fè yo tande yon seri gwo bri e yo te di yo yo ka fè bri a sispann si yo peze yon seri bouton. Premye gwoup la te rive fè bri a sispann.

Yo te di lòt gwoup moun yo menm bagay la, men yo pa t rive fè bri a sispann malgre yo te peze bouton yo. Jan w ka imajine sa, anpil moun nan dezyèm gwoup la te vin santi yo dekouraje. Nan tès yo te fè annapre, moun sa yo te vin renka pou yo aji. Yo te gen konviksyon pa gen anyen yo ka fè pou chanje sitiyasyon yo. Men, nan dezyèm gwoup sa a gen kèk moun ki te gen panse pozitif ki pa t janm pèdi espwa.

Doktè Martin Seligman, ki te ede nan prepare kèk nan eksperyans nou sot pale de yo la a, te santi l pouse pou l etidye kesyon panse pozitif ak panse negatif la. Li te egzamine fason moun ki gen tandans santi yo sanzespwa yo panse. Li te vin konprann tandans sa a ralanti moun yo nan anpil aktivite e l ka menm fè yo rete san yo pa fè anyen. Men sa doktè Seligman te di sou fason negatif moun panse: “Apre 25 an mwen fè ap etidye moun ki gen panse negatif, mwen vin gen konviksyon si nou gen abitid kwè tout malè ki rive se fòt nou, oswa malè sa yo la pou lontan oswa tout sa nou fè ap echwe kanmenm, lè sa a malè ap rive nou pi fasil pase moun ki pa panse konsa yo.”

Yon lòt fwa ankò, ide sa a kapab parèt yon bagay nouvo pou kèk moun jodi a, men, li pa nouvo pou moun k ap etidye Labib. Men sa yon pwovèb nan Bib la di: “Si w dekouraje nan jou malè a, w ap prèske san fòs.” (Pwovèb 24:10). Kidonk, Bib la di byen klè dekourajman, sa vle di tou panse negatif, ap fè nou pa gen fòs pou n aji. Nan ka sa a, ki sa nou ka fè pou n lite kont panse negatif, pou n panse yon fason ki pozitif e pou n gen espwa?

[Foto nan paj 4, 5]

Espwa ka fè anpil bon bagay pou nou.