Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

YO TE LEVE DEFI A

Istwa Ricardo ak Andres

Istwa Ricardo ak Andres

Fòmasyon ki baze sou Bib la gen anpil pouvwa pou l chanje lavi moun. Ann konsidere de egzanp ki pwouve sa:

RICARDO: Mwen te gen 15 an sèlman lè m te antre nan yon gang. Zanmi m yo te gen move enfliyans sou mwen. Anfèt, objektif mwen se te pase 10 an nan prizon. Sa ka sanble yon bagay moun fou. Men nan zòn kote m t ap viv la, moun yo te gen anpil respè pou moun ki te pase nan prizon e yo te fè lwanj pou yo. Se poutèt sa mwen te vle pase nan prizon tou.

Mwen te fè tout sa yon moun ki nan gang konn fè, e pran dwòg, fè sèks ak vyolans te pami bagay sa yo tou. Yon jou swa, te gen yon lòt gang ki vin nan zòn kote mwen menm ak kèk zanmi m t ap bwè, e ni nou menm ni yo menm te pran tire. Mwen panse mwen t ap mouri jou sa a. Apre sa k te rive a, mwen te kòmanse reflechi pi seryezman sou lavi m ak objektif mwen, e se konsa mwen te deside chanje vi m t ap mennen an. Men, ki jan m t ap ka fè sa? Ki kote m t ap jwenn èd?

Lavi pifò moun nan fanmi m te tèt anba. Yo te chaje ak pwoblèm. Epoutan, gen youn nan tonton m yo ki te gen kè kontan nan fanmi l. Mwen te konnen yo se bon moun, e prensip ki nan Bib la gen yon plas enpòtan nan lavi yo. Anfèt, yon lè yo te aprann mwen Bondye rele Jewova. Se sa k fè, yon ti tan apre tire a, mwen te priye Jewova, mwen te site non l e m te mande l pou l ede m. Se pa ti sezi mwen te sezi lè yon Temwen Jewova te frape pòt lakay mwen nan demen! Se frè sa a ki te etidye Labib avè m.

Mwen te kòmanse jwenn pwoblèm byen vit. Byen souvan, ansyen zanmi m yo te konn rele m pou m vin pase tan ansanm avèk yo. Byenke sa pa t fasil, mwen te konn refize. Mwen te detèmine pou m kontinye etidye Labib. E mwen kontan dèske m te fè sa. Paske, lavi m te vin chanje nèt, kè m te vin kontan toutbon.

Mwen sonje yon lè, mwen te priye Bondye. Mwen te di l piske mwen te dispoze pase dizan nan prizon pou moun te ka respekte m kòm yon moun ki nan gang, pèmèt mwen fè pou piti dizan ap preche aplentan pou m ka ede lòt moun menm jan yon moun te ede m. Bondye te reponn priyè m. Mwen gen 17 an depi m ap pase pifò tan m ap preche! E kite m di tou, mwen pa t janm pase nan prizon.

Men, yo kondane anpil nan ansyen zanmi m yo pou yo fè plizyè ane nan prizon. E menm gen nan ansyen zanmi m yo ki mouri. Lè m ap panse ak fason m t ap viv, sa fè m gen anpil rekonesans pou tonton m nan ak fanmi l ki Temwen Jewova. Yo te chwazi bay lavi yo yon lòt direksyon, yo viv ann amoni ak Bib la. Chak jou ki pase, mwen gen plis respè pou yo, yon respè mwen pa t janm genyen pou okenn moun nan gang mwen te ye a. Men, mwen gen plis rekonesans toujou pou Bondye, dèske l kontinye montre m pi bon fason pou m viv.

ANDRES: Mwen te fèt epi grandi nan yon katye kote zafè pran dwòg, fè presyon sou moun pou vòlè afè yo, krim ak pwostitisyon te bagay moun konn viv chak jou. Papa m te konn bwè pou l sou e l te konn toujou ap pran kokayin. Manman m avè l te konn joure youn lòt epi batay toutan.

Mwen te jèn anpil lè m te kòmanse bwè epi pran dwòg. Mwen te konn pase pifò tan m nan lari, mwen te konn vòlè epi vann sa m te pran yo. Lè m te vin pi gran, papa m te eseye vin pi pwòch avè m, men, jan l te fè sa a pa t bon. Li te montre m ki jan pou m antre dwòg ak lòt bagay ki ilegal nan peyi a epi vann yo. Mwen te fè anpil kòb byen vit. Yon jou, lapolis te debake lakay mwen, yo te arete m e yo te kondane m pou senkan prizon akoz mwen te chèche touye yon moun.

Yon jou maten, pandan m te nan prizon an, yo te fè yon anons pou tout prizonye yo. Yo te envite nou vin nan yon ti pale Temwen Jewova yo t ap fè sou Bib la. Mwen te ale vre. Sa m te tande yo te fè sans. Se sa k fè, mwen te aksepte etidye Labib avèk yo. Yo pa t jis montre m sa yo panse ki t ap fè m plezi, men yo te montre m prensip Bondye yo ki wo nivo.

Mwen pa t pran tan pou m rann mwen kont mwen bezwen èd pou m fè chanjman ki nesesè yo, sitou lè lòt prizonye ki pa t dakò ak sa m t ap fè a te konn fè m menas. Donk, mwen te priye Jewova pou l ban m fòs ak sajès, e li te ede m. Anfèt, mwen te menm jwenn fòs ak kouraj pou m pale avèk yo sou Bib la olye m te pran nan presyon yo t ap fè sou mwen.

Lè lè a te rive pou m kite prizon an, mwen te tèlman enkyè, mwen te menm swete pase plis tan nan prizon an. Lè m t aprale, gen anpil nan prizonye yo ki te fè m babay. Gen nan yo ki te menm di m “antre lakay ou, pastè”, pou yo montre jan yo te apresye m.

Sa fè m pè lè m ap reflechi ak ki jan lavi m t ap ye si m pa t kite Bondye anseye m. Se ak tout kè m mwen di Bondye mèsi dèske l renmen m e l pa t konsidere m kòm yon ka pèdi *.

^ N ap jwenn plis egzanp ki montre jan Bib la gen pouvwa pou l chanje lavi moun sou sit jw.org a. Ale nan BIBLIYOTÈK epi chèche seri atik “Labib chanje lavi moun”.