Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON DEFI A PRAL LEVE NÈT

Lè Wayòm Bondye a ap dirije tè a, “lapè ap blayi tout kote”

Lè Wayòm Bondye a ap dirije tè a, “lapè ap blayi tout kote”

Talè konsa, Wayòm Bondye a, yon Wayòm lèzòm ap tann depi byen lontan, yon gouvènman Bondye tabli, pral fè gen lapè ak tèt ansanm sou tout tè a nèt. Jan Bondye te pwomèt sa nan Sòm 72:7, “lapè ap blayi tout kote”. Men, ki lè Wayòm Bondye a pral kòmanse dirije tout tè a? Ki jan l pral fè sa? E ki sa w ka fè pou w kapab la lè Wayòm nan pral dirije?

KI LÈ WAYÒM BONDYE A AP VINI?

Labib te anonse yon pakèt evènman estrawòdinè ki t ap gen pou rive e ki t ap montre Wayòm Bondye a pa lwen vini. Evènman sa yo fòme yon sèl “siy” ki gen ladan l lagè sou tout tè a, grangou, maladi, anpil tranblemanntè ak mechanste ki kontinye ap ogmante. — Matye 24:3, 7, 12; Lik 21:11; Revelasyon 6:2-8.

Gen yon lòt pwofesi ki te fè konnen “nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, [...] y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, yo pap fidèl, yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, yo pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, [...] y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye”. (2 Timote 3:1-4.) Se vre, te toujou gen moun ki gen kalite defo sa yo. Men, jodi a, pifò moun konsa.

Pwofesi sa yo te kòmanse reyalize nan ane 1914. Anfèt, anpil istoryen, òm d eta ak ekriven pale sou jan monn nan te vin chanje apre ane sa a. Pa egzanp, men sa yon istoryen nan Dànmak ki rele Peter Munch te ekri: “Gè ki te eklate an 1914 la se yon gwo chanjman nan istwa lèzòm. Nou te soti nan yon epòk pwogrè ki estrawòdinè, [...] pou nou antre nan epòk kote t apral gen katastwòf, laperèz ak lahèn, e t apral gen ensekirite tout kote.”

Yon lòt bò, bagay sa yo vle di tou lè moman difisil yo fin pase, se bon moman sèlman nou pral viv. Yo fè nou wè Wayòm Bondye a pral dirije tout tè a talè konsa. Anfèt, Jezi te di ap gen yon bon bagay tou nan siy ki t ap montre n ap viv nan tan lafen an. Li te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Matye 24:14.

Bon nouvèl sa a se tèm prensipal mesaj Temwen Jewova yo ap preche a. Dayè, prensipal jounal yo pibliye a gen tit sa a: Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a. Toudegad toujou ap pale sou bèl bagay Wayòm Bondye a pral fè pou lèzòm ak tè a.

KI JAN WAYÒM BONDYE A PRAL KÒMANSE DIRIJE TOUT TÈ A?

Pou nou jwenn repons lan, nou bezwen reflechi sou kat pwen enpòtan ki annapre yo:

  1. Wayòm nan pap sèvi ak okenn lidè politik ki gen nan monn nan pou reprezante l.

  2. Lidè politik ki gen nan monn nan pap vle lage pouvwa yo e yo pral goumen kont Wayòm Bondye a tankou moun ki pa gen bonsans. — Sòm 2:2-9.

  3. Wayòm Bondye a pral oblije detwi tout gouvènman yo ki vle kontinye dirije lèzòm (Dànyèl 2:44; Revelasyon 19:17-21). Sa pral fèt nan Amagedon, dènye gè ki pral gen sou tè a. — Revelasyon 16:14, 16.

  4. Bondye pral pwoteje tout moun ki te dakò soumèt yo anba Wayòm li an nan gè Amagedon an epi l ap fè yo antre nan yon monn nouvo kote lapè pral blayi tout kote. Se yo Labib rele “yon gwo foul moun” nan, sandout k ap gen plizyè milyon moun ladan l. — Revelasyon 7:9, 10, 13, 14.

KI SA W KA FÈ POU W KAPAB LA LÈ WAYÒM NAN PRAL DIRIJE?

Pou yon moun viv anba dominasyon Wayòm Bondye a, premye bagay li bezwen se fòmasyon. Jezi te gen rezon di pawòl sa yo nan yon priyè li te fè Bondye: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” — Jan 17:3.

Lè moun aprann konnen Jewova Dye antanke yon Moun reyèl, yo jwenn byenfè plizyè fason. Ann pran de ladan yo. Toudabò, yo vin gen lafwa solid nan li. Lafwa sa a chita sou yon seri prèv, e li konvenk yo Wayòm Bondye a se yon bagay reyèl, epi talè konsa Wayòm sa a pral pran mayèt la (Ebre 11:1). Ansuit, yo vin gen plis lanmou pou Bondye ak pwochen yo. Lanmou yo gen pou Bondye a pouse yo obeyi l ak tout kè yo. Lanmou yo gen pou pwochen yo ankouraje yo obeyi pawòl Jezi te di nou jwenn nan Lik 6:31 yo ki di: “Sa nou ta renmen moun fè pou nou, se menm bagay la nou dwe fè pou yo.” Byen souvan, yo konn rele pawòl sa yo Règ annò a, sa vle di bonjan prensip moun byen konnen e ki enpòtan pou nou suiv.

Menm jan ak yon papa ki gen lanmou pou pitit li, Kreyatè nou an vle sa ki pi bon an pou nou. Li vle nou jwenn sa Bib la rele “lavi toutbon an”. (1 Timote 6:19.) Lavi n ap viv jodi a pa “lavi toutbon an”. Pou plizyè milyon moun, lavi a di anpil, e yo fè kou yo kapab pou yo rive viv kanmenm. Men, pou n ba w yon apèsi sou jan “lavi toutbon an” pral ye, ann pale sou kèk bon bagay Wayòm Bondye a pral fè pou moun li pral dirije yo.

Lè Wayòm nan pral dirije, moun yo pral viv byen, y ap an sekirite e yo pral gen manje agogo.