Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon bon remèd dwe elimine sa ki lakòz maladi a.

DEFI A

Ale nan rasin pwoblèm nan

Ale nan rasin pwoblèm nan

Èske w panse lèzòm kapab rezoud tout pil pwoblèm nou genyen ki anpeche n viv anpè, an sekirite e ki reprezante yon danje pou avni nou? An reyalite, yon bon remèd pap annik soulaje yon moun anba yon maladi, men l ap trete sa ki lakòz maladi a.

Ann pran yon egzanp pou n esplike sa. Gen yon mesye ki te rele Tòm ki te malad, e rive yon lè li te mouri. Ki sa k fè l te mouri? Men sa yon doktè nan lopital Tòm te ale yon ti tan anvan l mouri a te fè konnen: “Lè l te fèk malad, sa pa t pase nan tèt pèsonn pou y al chèche konnen sa ki lakòz maladi a.” Sanble moun ki te ba l premye swen yo te annik ba l kèk medikaman pou soulaje l.

Èske se pa menm bagay la lèzòm ap eseye fè ak pwoblèm ki gen nan monn nan? Pa egzanp, gouvènman yo etabli yon seri lwa, yo enstale kamera siveyans e yo menm chèche ranfòse lapolis pou yo wè si yo ta ka elimine krim k ap fèt yo. Se vre dispozisyon sa yo pèmèt yo elimine anpil krim, sepandan, yo pa rive rezoud vrè koz yo. E an jeneral, fason moun aji montre sa yo gen nan lespri yo toutbon, sa yo kwè ak sa yo vle.

Daniel ap viv nan yon peyi ann Amerik disid, yon peyi k ap vin pi pòv chak jou. Men sa l di: “Te gen yon lè nou t ap viv byen. Nou pa t pè pou vòlè ak zam atake nou. Men, jodi a, pa gen okenn gwo vil oswa ti vil ki anpè. Sitiyasyon difisil sa yo peyi a ladan l lan fè n wè aklè kiyès anpil moun ye toutbonvre, yo ava e yo pa gen okenn respè pou lavi moun ak sa yo posede.”

Gen yon mesye nou bay non Elias ki te kouri kite kote l t ap viv nan yon zòn nan Moyenn Oryan akoz yon gè ki t ap fèt. Annapre, Elias te vin etidye Labib. Li te di: “Nan vil mwen t ap viv la, fanmi anpil jèn gason te ankouraje yo al nan lagè pou moun te ka konsidere yo kòm gason vanyan. Relijyon ak sistèm politik la te ankouraje yo nan sans sa a tou. Yo te di moun ki te nan kan ènmi an menm bagay la tou. Tout bagay sa yo fè m wè jis nan ki pwen sa tris pou moun fè dirijan yo konfyans.”

Yon liv ki la depi byen lontan e ki gen anpil konsèy saj ladan l gen rezon pou l di:

  • “Tandans lòm gen nan kè l se fè sa k mal depi l toupiti.” — Jenèz 8:21.

  • “Kè a pi trèt pase tout lòt bagay, e li pa bon menm. Ki moun ki kapab konnen l?” — Jeremi 17:9.

  • “Bagay tankou move rezònman, zak asasinay [...], imoralite seksyèl, vòl, fo temwayaj [...], se nan kè a yo soti.” — Matye 15:19.

Lèzòm pa rive jwenn remèd kont tandans yo gen lakay yo ki lakòz y ap fè lòt moun ditò. An reyalite, jan nou te wè sa nan atik anvan an, sanble se pi mal lèzòm ap vin pi mal chak jou (2 Timote 3:1-5). E pakèt konesans yo genyen jodi a pa ka fè anyen pou konbat tandans sa yo. Menm kapasite yo genyen pou yo kominike yon fason moun potko janm fè sa anvan pa ka rive fè yo derasinen tandans sa yo lakay yo. Poukisa lèzòm pa ka met lapè ak sekirite nan monn nan? Èske sa depase limit nou? Èske sa posib pou gen lapè ak sekirite nan monn nan, oubyen se eseye n ap eseye kouri dèyè van?

ÈSKE N AP KOURI DÈYÈ VAN?

Menmsi lèzòm ta rive jwenn yon fason pou yo chanje move tandans yo genyen yo, yo pa t ap kapab rive met lapè ak sekirite nan tout monn nan. Sa k fè sa? Se paske nou gen limit.

Men sa Bib la di byen klè: “Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” (Jeremi 10:23). Pa gen dout nan sa, Bondye pa t fè nou pou nou dirije pwòp tèt nou. Anfèt, li pa t kreye n pou n dirije lòt moun, tou kòm li pa t kreye n pou n viv ni nan lespas ni anba dlo.

Bondye pa t kreye nou pou n dirije lòt moun, tou kòm li pa t kreye nou pou n viv anba dlo.

Pa egzanp, an jeneral, èske moun renmen lòt moun di yo ki jan pou yo mennen lavi yo oswa ki prensip pou yo suiv nan kesyon moral? Èske moun renmen pou moun dikte yo sa pou yo fè anrapò ak kesyon jete pitit oswa fason pou yo bay pitit yo disiplin? Sitiyasyon sa yo se jis kèk nan bagay tout moun pa fin dakò sou yo. Kidonk, sa Labib di a fè sans, menmsi li gendwa difisil pou yon moun aksepte sa. Nou pa gen ni kapasite ni dwa pou n dirije lòt moun. Si se konsa, ki kote menm nou kapab jwenn èd?

Pi bon repons lan se: Konte sou Kreyatè nou an. Dayè, èske se pa li menm ki fè nou? Li pa bliye n, jan kèk moun konn panse sa. Anfèt, pawòl nou jwenn nan Bib la ki gen anpil sajès montre aklè jis nan ki pwen li gen sousi pou nou. Lè nou rive konprann liv sa a, ki se yon trezò, n ap rive pi byen konprann ki moun nou ye. E konsa, n ap kapab konprann poukisa lèzòm nan eta sa a. N ap rive konprann tou, menm jan yon filozòf alman te di sa yon lè, ‘lèzòm ak dirijan yo pa aprann nan erè y ap fè depi lontan, se pou sa yo pa chanje fason y ap aji’.

BON KONSÈY KI NAN BIB LA PWOTEJE NOU!

Jezi, Pitit Bondye a, te di yon lè: “Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès.” (Lik 7:35). Nou jwenn yon egzanp sou jan sajès sa kapab itil nan Ezayi 2:22. Men sa l di: “Sispann met konfyans nou nan lòm, e sa ap bon pou nou.” Konsèy sa a ki gen anpil sajès ladan l kapab ede nou pou n pa kwè nan pwomès moun ap fè met la oswa nan yon seri bagay yo vle fè, alòske sa pa posib. Kenneth, yon mesye k ap viv nan yon peyi ann Amerik dinò kote vyolans ap fè kenken, fè konnen: “Se pa ni de ni twa politisyen ki pwomèt pou yo amelyore sitiyasyon an, men yo pa kapab. Lefètke yo pa kapab kenbe pwomès yo fè, sa fè n toujou sonje jan Bib la gen anpil sajès ladan l.”

Daniel nou te pale de li pi wo a te di pawòl sa yo: “Chak jou ki pase fè m gen plis konviksyon lèzòm pa ka dirije kòmsadwa. [...] Lajan yon moun sere labank ak kèk ti kòb li envesti pa ba l garanti avni l asire. Mwen wè moun ki pran gwo sipriz nan sans sa a.”

Labib pa jis ede n pou nou pa kwè nan yon seri bagay yo pwomèt ki pap janm fèt vre, men, li ban nou espwa tou. Se sou sa nou pral pale kounye a.