Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Georgette Douwma/Stone via Getty Images

ÈSKE GEN ESPWA POU PLANÈT NOU AN?

Lanmè

Lanmè

LANMÈ a pwodui majorite sa nou bezwen pou n manje e se nan lanmè a nou jwenn anpil bagay nou bezwen pou n fè medikaman. Lanmè a pwodui plis pase mwatye nan oksijèn ki gen nan monn nan, e li absòbe gaz kabonik lèzòm lage nan atmosfè a. Mete sou sa, lanmè a kontwole klima a.

Sa k fè lanmè a an danje

Chanjman ki fèt nan klima a se yon danje pou koray yo, bèt ki viv nan lanmè, ak lòt sa ki vivan nan lanmè a. Syantifik yo fè konnen resif yo, ki gen ladan yo pou pi piti yon ka nan tout sa ki vivan nan lanmè a, riske pa egziste ankò nan 30 ane k ap vini yo.

Moun ki fè rechèch yo panse li posib pou prèske 90 pousan nan zwazo ki manje nan lanmè yo deja manje plastik, e plastik sa yo touye plizyè milyon bèt k ap viv nan lanmè a chak ane.

Men sa António Guterres, sekretè jeneral Nasyonzini, te di nan ane 2022: “Nou te panse lanmè a t ap toujou anfòm, e jodi a, n ap fè fas ak sa m ta ka rele ‘yon lanmè ki an danje.’”

Tè a fèt pou l la pou toutan

Lanmè a ak sa ki vivan ladan l yo fèt yon fason pou yo kenbe tèt yo pwòp e an sante lè lèzòm pa twò kontamine yo. Gen yon liv ki fè konnen lè lèzòm pa kontamine lanmè a, “lanmè a kontinye netwaye tèt li poukò l” (Regeneration: Ending the Climate Crisis in One Generation). Ann pran kèk egzanp:

• Gen yon seri òganis ki piti anpil ki rele fitoplankton ki absòbe gaz kabonik epi stoke l, se prensipal gaz moun yo kwè ki lakòz tanperati tè a ogmante a. Fitoplankton yo poukont yo stoke prèske menm kantite gaz kabonik ak tout pyebwa yo, zèb yo, ansanm ak lòt plant ki sou tè a.

• Bakteri yo manje pwason ki mouri nan lanmè yo, se sa k fè lanmè a pa kontamine. Annapre, bakteri sa yo vin tounen manje pou lòt bèt k ap viv nan lanmè yo. Selon Smithsonian Institution Ocean Portal, aranjman sa a fè “dlo lanmè a rete pwòp e byen klè”.

• Fason anpil pwason dijere manje redui kantite asid ki gen nan dlo lanmè a, sa ki t ap yon danje pou koray yo, bèt ki nan lanmè yo, ak lòt sa ki vivan nan lanmè a.

Sa lèzòm deja fè

Lè nou sèvi ak valiz ansanm ak boutèy nou ka itilize ankò, sa ka ede nou redui kantite plastik ki nan lanmè a.

Si nou pa janm jete fatra nan lanmè a, yo pap janm bezwen netwaye l. Moun ki fè rechèch yo ankouraje moun yo sèvi ak valiz, veso ak resipyan yo ka itilize ankò, olye yo sèvi ak bagay plastik yo oblije jete chak fwa yo fin sèvi avèk yo.

Men, sa pa sifi. Sa pa gen twò lontan, nan yon sèl ane, yon òganizasyon k ap travay pou pwoteje anviwònman an te ranmase 9200 tòn fatra sou plaj bò lanmè nan 112 peyi. Epoutan, sa reprezante sèlman yon milyèm nan fatra ki antre nan lanmè a chak ane.

Yon jounal ki rele National Geographic fè konnen “ta sanble li enposib pou yo netwaye kantite asid [ki gen nan lanmè a]”. Lèzòm tèlman jete pwodui toksik nan lanmè a, bèt ki viv nan lanmè yo “pa kapab netwaye lanmè a jan yo ta dwe fè sa. Sa vrèman pa nòmal”.

Rezon ki fè nou gen espwa — Sa Bib la di

“Tè a chaje ak sa w fè. Gen lanmè a ki fon e ki gwo anpil. Li chaje ak yon pakèt kreyati vivan moun pa ka konte, gwo kou piti.” — Sòm 104:​24, 25.

Kreyatè nou an fè lanmè a ak kapasite pou l netwaye tèt li. Fè yon ti reflechi: Si l konn tout bagay sa yo sou lanmè a ak tout sa ki vivan nan lanmè a, èske l pa gen kapasite tou pou l repare dega lèzòm fè nan lanmè a? Gade atik ki gen tit “Bondye pwomèt gen espwa pou planèt nou an”, ki nan paj 15 lan.