Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

REVEYE N! No 1 2024 | Ki sa k rive ak kesyon respè a?

An jeneral, moun pa demontre respè pou moun ankò, e lè moun demontre respè pou moun, sa fè moun sezi.

Pa egzanp, anpil moun manke respè youn pou lòt, pou paran yo, pou moun ki aje, pou lapolis, pou patwon yo ak pwofesè yo. Mete sou sa, gen anpil kòmantè moun fè sou rezo sosyal ki montre yo pa gen respè pou moun! Selon sa yon atik nan jounal ki rele Harvard Business Review fè konnen, ‘moun vin plis pa gen respè pou moun, e sa gen kèk tan depi anpil moun ap plenyen pou sa’.

 

Ki sa k rive ak kesyon respè pou lòt moun?

Gad rezon ki fè respè pou lòt moun enpòtan ak sa w ka fè pou w demontre respè.

Ki sa k rive ak kesyon respè pou lavi?

Gad ki konsèy Bib la bay sou fason pou n demontre respè pou lavi pa nou ak lavi lòt moun.

Ki sa k rive ak kesyon respè nan fanmi?

Chak fanmi ka gen plis kè kontan lè chak moun nan fanmi an demontre respè youn pou lòt.

Ki sa k rive ak kesyon respè pou tèt ou?

Bib la kapab ede moun rejwenn diyite yo, epi ede yo amelyore lavi yo, konsa yo vin gen plis respè pou tèt yo.

Ki sa k rive ak kesyon respè a?

Li atik ki pale sou respè ak sa Temwen Jewova yo ap fè pou yo ankouraje moun demontre respè nan zòn kote y ap viv toupatou sou tè a.