Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon

Entwodiksyon

12 sekrè pou fanmi yo reyisi

Nou tande anpil bagay konsènan sa k lakòz kèk fanmi kraze. Men, ki sa k fè kèk lòt fanmi reyisi?

  • Ant 1990 ak 2015, kantite moun ki gen plis pase 50 an ki divòse nan peyi Etazini vin de fwa pi plis, e kantite moun ki gen plis pase 65 an ki divòse vin twa fwa pi plis.

  • Paran yo pa konn sa pou yo fè: Gen kèk espesyalis ki di pou paran yo toujou ap fè lwanj pou pitit yo, alòske gen lòt ki fè konnen fòk paran yo di ak pitit yo.

  • Jèn yo rantre nan adolesans san yo pa gen fòmasyon ki nesesè pou yo reyisi.

Antouka, reyalite a sèke...

  • Maryaj ka yon inyon ki solid e ki bay kè kontan.

  • Paran yo ka aprann disipline pitit yo ak lanmou.

  • Jèn yo ka vin gen fòmasyon y ap bezwen pou lè yo vin adolesan.

Kòman? Peryodik sa a pral pale sou 12 sekrè pou fanmi yo reyisi.