Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 5

Èd granmoun yo enpòtan anpil

Èd granmoun yo enpòtan anpil

KI SA K GEN NAN ÈD GRANMOUN YO AP BAY LA?

Timoun yo bezwen pou granmoun yo ba yo direksyon ak konsèy. Antanke paran, ou pi byen plase pou w ede yo nan sans sa a, epitou, se responsablite pa w. Sepandan, gen lòt moun tou ki kapab ede w bay pitit ou direksyon.

SA K FÈ ÈD GRANMOUN YO AP BAY LA ENPÒTAN?

Nan anpil peyi, se apèn si jèn yo pase tan ak granmoun. Ann konsidere ka sa a:

  • Timoun yo pase pifò tan yo lekòl, kote elèv yo pi plis lontan pase pwofesè yo ak lòt granmoun yo.

  • Lè lekòl lage, gen kèk jèn ki retounen lakay yo. Yo poukont yo nan kay la paske manman yo ak papa yo al travay.

  • Selon yon etid yo te fè Ozetazini, timoun ki ant 8 a 12 an pase pou pi piti anviwon sizèdtan chak jou ap gade televizyon, koute mizik ak jwe jwèt videyo. *

Men sa liv ki gen tit Pa lage timoun ou yo (anglè) fè konnen: “Jèn yo kite se lòt jèn parèy yo ki ba yo konsèy, fòme yo epi ede yo olye pou se manman yo, papa yo, pwofesè yo ak lòt granmoun ki responsab yo kite fè sa.”

FASON POU W BA YO ÈD

Pase tan ak pitit ou.

PRENSIP BIBLIK: “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — Pwovèb 22:6, nòt.

Se yon bagay ki nòmal lakay timoun yo pou yo chèche èd nan men paran yo. Anfèt, selon sa espesyalis yo fè konnen, menm lè timoun yo nan laj 13 a 19 an, konsèy paran yo gen plis enpòtans lontan pou yo pase konsèy lòt jèn parèy yo. Men sa Laurence Steinberg, yon pwofesè sikoloji, fè konnen nan yon liv li ekri: “Paran yo kontinye gen plis enfliyans lontan sou fason timoun yo panse ak sou konduit yo pandan timoun yo ap grandi e menm apre yo vin gran.” (Ou menm ak pitit ou ki vin jèn) (anglè). Pwofesè Laurence ajoute: “Jèn yo vle konnen sa w panse e yo vle fè sa w di yo fè, menm lè yo pa toujou admèt sa oswa yo pa toujou dakò ak chak sa w di.”

Etandone pitit ou bezwen èd ou, fè tout sa w kapab pou w ede l. Pase tan avè l epi fè l konnen sa w panse oswa sa w santi konsènan yon seri bagay. Fè l konnen tou sa ki enpòtan pou ou ak eksperyans ou fè nan lavi a.

Ede l jwenn yon moun ki ka ba l bon konsèy.

PRENSIP BIBLIK: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” — Pwovèb 13:20.

Èske w ka jwenn yon granmoun ki ka yon bon egzanp pou pitit ou? Sa w panse si w ta pran dispozisyon pou moun sa a pase tan ak pitit ou? Nòmalman, ou pap janm ba l plas ou antanke paran. Sepandan, egzanp moun sa a ou konnen ou ka fè konfyans e ki pap fè pitit ou anyen ki mal ap ede w pi byen fòme l. Selon sa nou wè nan Bib la, Timote te vin zanmi apot Pòl, e amitye sa a te vrèman gen bon efè sou Timote menm lè l te vin gran. Amitye sa a te ede apot Pòl tou. — Filipyen 2:20, 22.

Jodi a, gen anpil fanmi ki pap viv nan menm kay oswa nan menm zòn. E byen souvan, granpè, tonton, matant ak lòt moun nan fanmi an ap viv nan lòt peyi. Si se konsa sa ye nan fanmi w, chèche okazyon pou w ede pitit ou aprann nan men granmoun ki gen yon seri bèl kalite ou ta renmen wè lakay pitit ou.

^ § 9 Etid la montre, an mwayèn, jèn yo pase prèske nevèdtan ap fè bagay sa yo chak jou. Sepandan, etid sa a pa konte kantite tan timoun yo ak jèn yo fè ap navige sou Entènèt swa nan lekòl yo, swa ap fè devwa yo ba yo.