Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa syantifik yo pa ka di nou?

Ki sa syantifik yo pa ka di nou?

Syantifik yo sanble etidye prèske tout aspè ki gen nan linivè. Poutan, gen yon bann kesyon enpòtan yo pa ka reponn.

Èske lasyans te fè konnen ki jan linivè ak lavi te kòmanse? Repons senp lan se non. Gen moun ki fè konnen gen yon branch nan lasyans ki rele kosmoloji ki ka esplike orijin linivè. Sepandan, men ki repons Marcelo Gleiser, yon pwofesè nan astwonomi nan Dartmouth College, ki pa kwè nan Bondye te bay: “Nou pa t bay esplikasyon sou orijin linivè ditou.”

Menm jan an tou, konsènan orijin lavi, men sa yon atik nan peryodik Science News rapòte: “Li ka enposib pou n etabli ki jan lavi te kòmanse sou tè a toutbon, pifò achiv jeyolojik sou sa k te pase toutbon lè tè a t ap pran fòm disparèt sa gen lontan.” Pawòl sa yo montre lasyans poko reponn kesyon sa a: ki jan linivè ak lavi te kòmanse?

Men ou ka ap mande tèt ou, ‘Si se kreye yo te kreye lavi sou tè a, kiyès ki Kreyatè a?’ Ou ka ap poze kesyon sa yo tou: ‘Si yon Kreyatè ki saj e ki gen lanmou egziste, poukisa l ta pèmèt moun li kreye yo ap soufri? Poukisa pou l ta pèmèt tout fòm relijyon dozado sa yo? Poukisa pou l ta kite adoratè l yo ap fè tout move bagay sa yo?’

Lasyans poukont li, pa ka reponn kesyon sa yo. Men sa pa vle di ou pa ka jwenn repons lojik pou yo. Anfèt, anpil moun te jwenn repons ki ba yo satisfaksyon nan Bib la.

Si w ta vle wè rezon ki fè kèk syantifik ki te pran tan pou etidye Bib la di yo kwè nan yon Kreyatè, ale sou jw.org. Chèche seksyon “Kèk opinyon sou fason lavi te kòmanse”.